Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Jounen entènasyonal lang kreyòl

Guy Cayemite

Yo di lan kreyòl
tout voum se do
konm si se gagòt,
ala lang gen bon do...
Si se te panyòl,
angle ou franse
yo t'a wete chapo
monte yo k'on drapo...
Se ranse y'ap ranse,
kreyòl gen yon literati,
yon gramè ak yon stikti
yon kilti tankou tout zòt...
Yo pale'l Ayiti, Matinik,
Gwadloup jis lan Zil Tik...
Si yo te konnen bote
lang sila, tout kalite
li genyen, bèl imaj
yo pa t'a janm sipoze
poezi fòlklò itilize,
yo t'a koube byen ba
pase y'ap ba'l kout ba,
yo t'a rann li omaj
pami tout bèl lang
pase y'ap ba'l kout lang...

boule

 Viré monté