Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Guy Cayemite

Se Kanaval...
Tout chwal
lague
nan savann...
Tout bann
kanpe,
marie
je fèmen
ak fiyèt lalo
pou de grenn
pistach griye...
Men tou Novanm
rive Desanm
vant plen
apre souse zo...
Lalinn plenn
kague sou do,
kase lè zo
nan mizè,
rèl kay makorèl
nan Chansrèl
ouswa dispansè
matènite lopital
jeneral...

boule

 Viré monté