Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Guy Cayemite

Fan-m

Haïti, mai 2011 Photo Alfonso Zirpoli.

Fan-m se bwa kajou,
se flanm lanmou...
Li gen sèt so dlo
pou li pase...
Lè ou jete-l
yon lot pase
li ranmase-l...
Li gen pwemie lo...
Si ou lepèdan.
lepèdan kalsitran...
Fan-m pa jan-m vieyi...
Jis bay li yon ti poli
li ap vinn pi swa
ke yon ze zwa....

boule

 Viré monté