Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Desalin 2012...
Serge Moléon Blaise. Source Galérie Monnin. |
![]() |
Mèsi papa Desalin,
ou bwave danje,
bay nou disiplin
pou nou gen libète...
Ou bay pèp nwa fiète
pou gade zot lan je...
Ou bay nou yon kay
ki rele nou chè mèt
apre gran mèt...
Ou apran nou di NON
anba kout kanon,
anba mitray,
SISPAN-N DI BAN-M,
SISPAN-N LONJE KWI,
SISPAN-N DI WI WI,
BWÈ KRAS BABIN-N...
SISPAN-N VIE VIS,
APWAN-N FÈ SAKRIFIS,
APWAN-N TRAVAY
ANSAN-M ANAN-M,
PWOTEJE LAKAY...
Si nou pa bosi,
nou di ou MÈSI
Papa Desalin...
Dessalines tombé au pont rouge le 17 octobre 1806...