Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

En marge de «Les grands chantiers de la traduction en créole haïtien»

Yon lèt tou louvri pou Kaptenn Koukourouj

Robert Berrouët-Oriol

Linguiste-terminologue
Montréal, le 28 janvier 2015

Version en créole

Kaptenn Koukourouj monchè,

Mwen kontan lè m wè etid mwen an, «Les grands chantiers de la traduction en créole haïtien1», rive jwenn ou kòm sa dwa epitou m ap remèsye w pou mesaj2 (nòt) ou voye ban mwen pou w banm lide pa w sou analiz mwen an. Se konsa mwen swete pou gen dyalòg ak deba pami tout langajye yo, tout tradiktè pwofesyonèl osnon amatè ki apresye travay mwen an menm jan yo apresye travay lòt lengwis kreyolis yo. Mais la configuration de ton frêle message, cher Kaptenn Koukourouj, à la suite de mon étude laisse songeur et il convient de s’en désoler comme il faut se désoler de toute «félicitation» incongrue et de nature clanique que tu as reçue à propos de ton texte. Lors de la diffusion de mon étude, le 18 janvier 2015 et les jours suivants, j’ai souhaité sa mise en débat public par la survenue d’articles de fond. Men Kaptenn ou chwazi pale yon pawòl ti mamit anndan yon lòt ti mamit, yon pawòl ki pa pòy pawòl pa m nan: mesaj ou a monchè se yon repons dilatwa, mwen pral di pou kisa. Se regretan, men se chwa pa w. Mwen swete lòt moun ki vle mete pye nan diskisyon an va vini ak lòt kalte agiman.

Kaptenn Koukourouj devlope yon sèl lide pa li nan mesaj li voye ban mwen an: li di mwen kritike tradiksyon kreyòl ki fèt yo [pou magazin Haïti perspectives], koulyè a mwen ta dwe tounen yon tradiktè, mwen ta dwe bay tradiktè yo solisyon pou yo fè travay yo, epitou mwen ta dwe tradwi an kreyòl «Les grands chantiers de la traduction en créole haïtien». Mwen di repons Kaptenn nan se dilatwa li ye poutèt li kouri l al kache pou gwo problèm mwen poze yo nan zafè tradiksyon kreyòl la, li pito ap jwe marèl ak koze «solisyon» mwen ta dwe bay lò mwen fin fè analiz mwen an. Pawòl dilatwa Kaptenn Koukourouj la merite jwenn bon jan limyè si nou pa vle tonbe nan konfizyon menm lè tout moun ap mache ak bòn volonte yo lan pla men yo.

M ap tanmen reponn ak mo «kritike» a: en créole haïtien, dans le parler de tous les jours, «kritike» est un terme péjoratif qui comporte le sens négatif de «juger les personnes et les choses en relevant surtout leurs défauts». Poutèt li vle kouvri tradiksyon kreyòl tout moun konnen li fè pou magazin Haïti perspectives la, Kaptenn Koukourouj chwazi fè mawonaj devan tout gwo pwoblèm mwen analize nan etid mwen an, kòm kwa li pran pòz l ap bay tèt li baboukèt pour l ka ban mwen baboukèt. Se poutèt sa tou mwen di mesaj ou a monchè se yon repons dilatwa li ye. Menm jan an, Kaptenn koukourouj, ou di: mwen fin kritike, mwen fin «denonse travay ki mal fèt yo», koulye a mwen dwe bay solisyon epitou al mete men nan chantye tradiksyon yo. Mwen pa p jwe jwèt marèl sila a, mwen menm mwen pa p mare pye m nan zafè «kritike» sa a: ak atik mwen an, mwen pa rete nan nivo « kritike», mwen fè yon «étude critique», se pa menm bagay. Tansèlman kilès ki pè kanpe devan yon «étude critique»? Pi fò lan moun ki pè kanpe devan yon «étude critique» se moun ki dogmatik, ki sektè, ki renmen fonksyone lan ti gwoup k ap bat bravo k ap di «félicitation» lajounen kou lannuyit. Il importe par ailleurs de savoir que le refus de la critique chez beaucoup d’Haïtiens comporte un enjeu éthique3 relevant de la quête de la connaissance et de la vérité  –cet aspect de la question devra cependant être développé ailleurs. Pour l’heure, je dirai que l’exercice de la faculté critique, de l’esprit critique est une condition primordiale et première du processus de connaissance lui-même. Pour comprendre et accéder à des niveaux supérieurs de connaissance, l’esprit humain a besoin d’identifier, de situer, de classer, d’analyser, de critiquer en comparant les éléments de connaissance entre eux. Priver l’esprit humain de la faculté de critiquer c’est le rendre inapte au processus de compréhension, donc de connaissance.

En choisissant l’enfermement (yon pawòl ti mamit) qui consiste --par l’injonction que tu m’adresses de me muer en traducteur--, à réduire mon propos à une fourniture d’équivalents créoles tu témoignes, cher Kaptenn Koukourouj, d’un souci légitime tout en prêtant le flanc à une certaine démagogie populiste à l’œuvre chez nombre de «militants» créolistes. Il s’agit donc selon ton message (a) de me décréter traducteur vers le créole afin de fournir illico des «solutions» aux traducteurs; et (b) de produire dans la langue créole mon texte «Les grands chantiers de la traduction en créole haïtien». Kaptenn Koukourouj monchè, gen lè ou pa t byen li entwodiksyon etid mwen an: mwen di aklè ki sa mwen te vle analize nan tèks mwen an, epitou ki sijesyon ak pèspektiv mwen te vle bay nan koze fòmasyon akademik/fòmasyon pwofesyonèl tradiktè to. Etid mwen an pa chita sou resèt mirak, sou solisyon prese prese mwen ta dwe bay tradiktè yo. Il eût été présomptueux de ma part de prétendre pouvoir ou devoir apporter des solutions toutes cuites aux traducteurs au terme de mon étude: je ne suis pas traducteur de formation, je ne m’improvise pas traducteur vers le créole alors même que je plaide pour une professionnalisation de la traduction créole. Ainsi, c’est par souci de rigueur dans la démarche et parce que je sais que la traduction est un métier exigeant que j’ai fait appel en mai 2014 à une traductrice professionnelle afin de traduire en créole mon «Plaidoyer pour une éthique et une culture des droits linguistiques en Haïti4» sous le titre de «Pledwaye pou yon etik ak yon kilti ki tabli respè dwa lengwistik ann Ayiti». Ce livre est disponible en version tête-bêche créole-français, à Montréal, aux Éditions du Cidihca.

Produire des textes de haut niveau en créole haïtien est une perspective légitime et un objectif concret qui ne doivent pas être enfouis sous des spasmes populistes. J’appartiens à une génération qui a reçu toute sa formation intellectuelle en français, je suis parfaitement conscient que lorsque j’écris en créole je procède à une opération traduisante5 et que pareille opération  draine toutes sortes de difficultés à la fois lexicales, sémantiques et terminologiques. Mais l’option de produire des textes de haut niveau en créole est juste en son principe car cette langue doit chaque jour confirmer sa prise de possession de l’écrit sur différents registres. Produire en créole: par la rédaction de premier niveau ou par la traduction professionnelle, le processus n’est pas le même. Et produire en français une étude critique sur les problèmes de la traduction créole ne m’autorise pas à décréter que je serais devenu, par autoproclamation, un traducteur attitré vers le créole. De même, il est hors de question que je réponde à l’injonction selon laquelle une fois posé un diagnostic critique sur les problèmes de la traduction créole, mon propos pour demeurer crédible devrait emprunter le chemin caillouteux des chantiers de traduction  –ce n’est pas mon métier et il y a lieu de récuser à visière levée pareil détournement de mon étude.

Kaptenn Koukourouj monchè, gen lè ou pa t byen li konklizyon etid mwen an: mwen trase yon pèspektiv pratiko pratik an jeneral («rompre avec les équivalents créoles de type périphrase définitoire/explicative»), epitou mwen louvri yon kokenn chenn pèspektiv nan zafè fòmasyon pou mete kanpe pwofesyonalizasyon metye tradiktè a ann Ayiti. Kidonk monchè, fòk ou reli konklizyon m nan, m pa konprann kouman ou ka rete bèbè sou zafè fòmasyon tradiktè yo: «À vouloir faire de la traduction un métier, il s’agira de définir un programme commun de formation en traduction et en rédaction technique et scientifique en phase avec les besoins du pays et qui saura donner la priorité à la traduction vers le créole. Ce programme de formation universitaire devra, à l’horizon 2020 – 2025, fournir au pays des langagiers compétents pouvant entre autres contribuer à la production d’ouvrages unilingues créoles comme de vocabulaires et de lexiques bilingues français-créole (ou encore anglais-créole, espagnol-créole»6.

Kaptenn Koukourouj monchè, nan reflechi n ap reflechi sou pwoblèm tradiksyon kreyòl yo, fòk nou elve nivo diskisyon an pou n fè travay la vanse tout bon vre…

Le refus ou la banalisation de la théorie, d’un enjeu théorique, est un procédé qu’utilise le populisme linguistique pour asseoir l’idée que le simplisme est l’équivalent de la simplicité, alors même que le simplisme est une porte ouverte sur la confusion comme sur le déficit de vision. Il faut savoir, à ce sujet, que subsiste encore de nos jours l’idée erronée selon laquelle on peut se contenter du service minimum, de la simplification à outrance, du «chemen dekoupe» dès lors qu’il s’agit du créole. Le populisme linguistique s’arc-boute ainsi au mépris de la langue créole et lui porte préjudice. Ainsi voudra-t-on privilégier «en toute simplicité» l’option des solutions recettes aux dépens d’une vision linguistique conséquente qui s’articule à la nécessaire formation universitaire et professionnelle des traducteurs  –l’ornière du parcellaire à contre-courant d’une démarche d’ensemble, formelle et méthodique.

Zafè vizyon an se pa pawòl anlè. Vizyon lengwistik m ap defann nan tout liv ak atik mwen pibliye yo makònen ak yon pèspektiv ki klè kou ròch lagalèt: bay kreyòl la tout dwa li menm jan ak tout lòt lang natirèl kretyen vivan pale, anpeche zòt neye kreyòl la nan yon ti kwi, lan yon ti mamit de pou kenz. Kidonk an menm tan n ap chache bon jan ekivalan kreyòl pou tout tradiksyon nou yo, menm jan an tou nou dwe veyatif pou n mare travay tradiksyon an ak yon vizyon lengwistik konsekan jan mwen te moutre l la nan «Plaidoyer pour une éthique et une culture des droits linguistiques en Haïti».

Cher Kaptenn Koukourouj, nous voici interpellés par la définition et la mise en œuvre d’un modèle standard en traduction générale comme en traduction scientifique et technique créoles. Alors quelle devrait être la configuration d’un tel modèle standard? Comment l’incontournable formation universitaire en traduction devrait-elle contribuer à l’édification d’un tel modèle pour qu’il soit durablement institutionnalisé?

Vaste enjeu s’il en est, qui devra à son niveau être abordé plus tard en un texte distinct.

Cordialement,

Robert Berrouët-Oriol

Notes

  1. Robert Berrouët-Oriol (2015). «Les grands chantiers de la traduction en créole haïtien»
     
  2. Ce message figure en annexe à la présente Lettre ouverte.
     
  3. Sur l’enjeu éthique, voir entre autres Pierre V. Zima, «Idéologie, théorie et altérité: l'enjeu éthique de la critique littéraire». Études littéraires, vol. 31, n° 3, 1999, p. 17-30
     
  4. Robert Berrouët-Oriol (2014). «Plaidoyer pour une éthique et une culture des droits linguistiques en Haïti»
     
  5. Sur l’opération traduisante, voir entre autres Christine Durieux: «L’opération traduisante entre raison et émotion». Meta: journal des traducteurs / Meta: Translators' Journal, volume 52, numéro 1, mars 2007, p. 48-55
     
  6. Robert Berrouët-Oriol (2015). «Les grands chantiers de la traduction en créole haïtien»
     

------------------------------

ANNEXE: YON MESAJ MICHEL-ANGE HYPPOLITE (KAPTENN KOUKOUROUJ)

Pou Robert Berrouët-Oriol [25 janvier 2015]

Mwen li analiz-kritik Robert Berrouët-Oriol la, ki rele: LES GRANDS CHANTIERS DE LA TRADUCTION EN CRÉOLE HAÏTIEN. Nan analiz li a, mwen remake li al chèche konnen sa ki te deja fèt nan domèn tradiksyon nan lang kreyòl la. Travay Berrouët-Oriol la gen yon nivo istorik, yon nivo analiz ak bon jan kritik solid sou travay tradiksyon ki ap fèt, soti nan franse ale nan kreyòl. Se trè byen! Travay analiz kritik Robert Berrouëtt-Oriol la pral fòse moùn ki ap fè travay tradiksyon (pwofesyonèl kou amatè) ale an pwofondè nan nannan sans mo yo anvan yo kouche yo sou papye.

Konsta Robert Berrouët-Oriol fè yo montre limit anpil nan tradiktè yo ansanm ak limit ki genyen nan materyèl ki ta dwe ekziste pou ede moùn ki ap fè tradiksyon yo nan akonplisman travay yo. Anfèt, pi gwo defi nan fè travay tradiksyon se jwenn mwayen pou kòlte ak absans divès materyèl ki ta dwe ekziste pou travay tradiksyon an rive byen fèt.

Robert Berrouët-Oriol siyale aklè, apati kèk ekzanp, tradiksyon ki pa byen fèt. Se trè byen, men travay Robert Berrouët-Oriol pa kab kanpe senpman nan nivo denonse travay ki mal fèt yo. Robert Berrouët-Oriol dwe ale pi lwen toujou, paske li genyen anpil konesans nan domèn leksikoloji ak tèminoloji ki kab pèmèt li devlope materyèl nan nivo leksikal nan chan konpetans li oubyen ede lòt kreyolis yo nan konble twou vid ki genyen nan domèn tradiksyon kreyòl la.

Robert Berrouët-Oriol chwazi yon echantiyon tradiksyon ki soti nan Haïti Perspectives pou li demontre erè ki parèt nan anpil tradiksyon ki fèt an kreyòl , men li pa bay okenn pwopozisyon pou korije erè li siyale yo.

Nan travay Robert Berrouët-Oriol la, li rapòte pawòl Marie-Christine Hazaël-Massieux nan «La traduction de la Bible en créole haïtien: problèmes lingusitiques, littéraires et culturels.» Se trè byen. Anfèt, pawòl Hazaël-Massieux yo se konsta li fè pandan li te ap analize tradiksyon labib la. Nan sans sa a, li klè pou tout moùn, se aksyon plis kritik byen chita ki pou mennen chanjman. Si pyèsmoùn pa vle pran chans fè tradiksyon kreyòl epitou si tout moùn deside pran yon atitid founi je gade, lang kreyòl la ap toujou rete menm plas.

Nan faz moùn ki ap fè tradiksyon kreyòl yo rive la, yo bezwen pi plis toujou pase remak jeneral. Yo bezwen zouti pou yo travay. Yo bezwen modèl. Se poutèt sa mwen ta ankouraje Robert Berrouët-Oriol vin mete men nan chantye tradiksyon an ansanm ak tout lòt kreyolis ki ap pran risk nan domèn lan pou pèmèt lang kreyòl la vanse. Kounye a, se tou pa Robert Berrouët-Oriol pou li vin konsolide fondasyon chantye konstriksyon kreyòl la nan nivo konpetans li. Tankou mwen toujou di li :Menm jan ak tout lòt lang, kreyòl pa gen limit. Limit lang kreyòl la, se limit moùn ki ap sèvi ak li yo.

Alaverite, tankou tout moùn konnen li, nou pa kab soti nan zewo pou nou rive sibitman nan san. Fòk gen etap ki franchi. Se nan devlopman etap sa yo menm, mwen kwè Robert Berrouët-Oriol ta dwe vin pote-kole.

Yon premye etap se ta, si Robert Berrouët-Oriol pa deja fè li, tradwi tèks li a: Les Grands chantiers de la traduction en créole haïtien, nan lang kreyòl la, epi pataje li ak lòt kreyolis. Kalite travay sa a ta kab ede nan devlopman yon vokabilè espesyalize nan domèn lengwistik ak nan domèn tradiksyon, paske, mennen koulèv lekòl se yonn, fè li chita se de. Epitou, pa gen pi bèl fason pou yon moùn ede nan fasilite chanjman pase aji apati ekzanp pozitif. Mwen ap pale la a apati eksperyans pa mwen sou teren an. Genyen kèk tan moùn ki anti kreyòl yo te pran plezi di : kreyòl pa kab fè lasyans, se tankou, se lang lan ki pou devlope pwòp tèt li. Pou mwen te pwouve yo se moùn nan ajisman yo, ki fè yon lang vanse, mwen te pibliye Atlas / Leksik Zo mounn: Leksik an 4 lanng, nan ane 1989. Nan liv sa a, mwen te konpare fason lang angle, franse, panyòl te chwazi mo pou divès zo nan kò moùn epi mwen te fè pwopozisyon ki kab sèvi nan lang kreyòl Ayiti a. Ak liv sa a, mwen te devlope yon baz leksikal pou fasilite travay tradiksyon / adaptasyon nan domèn byoloji.

Nan Educa-Vision, Féquière Vilsaint fè parèyman. Li mete men nan travay kreyasyon leksikal la nan tradwi/adapte liv nan domèn byoloji, syans latè, syans fizik, elatriye. Se menm apwòch sa a mwen ta ankouraje Robert Berrouët-Oriol swiv, nan chan konpetans li kòm tèminològ, pou avansman lang kreyòl la, paske pwovèb la di li aklè: se ti pa ti pa pou nou rive kay granpapa!

Michel-Ange Hyppolite (Kaptenn Koukourouj)
Akademisyen Kreyòl Ayisyen an
Manm Sosyete Koukouy

 boule

Viré monté