Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Seyans oryantasyon pou motive Ayisyen Photo: Courtesy Védrine Creole Project 8 jiyè 2020 |
Pandan 44 ane depi m ap viv Etazini, mwen pa janm gen chans tande oken pwogram radyo ayisyen, ni pwogram televizyon, ni oken enstitisyon ayisyen (kouwè legliz*) ki ta fè pwogram pou edike e oryante kominote ayisyen sou biznis, e kijan pou prepare retrèt yo (pou evite al trennen nan nursing home*, men planifye yon bèl retrèt epi pou gen ase lajan depi avan yo gen karant an.
Nan sans sa a, n ap bat bravo pou tout moun k ap eseye fè kèk travay sou rezo sosyal yo pou bouche gwo vid sa a, pou eseye atenn maksimòm moun posib. Nou swete tou medya ayisyen va panche sou tèm enpòtan sa a pou debat. Yo kapab fè entèvyou ak espesyalis nan diferan domèn pou aprann de yo, yon bagay k ap benefye Ayisyen nan dyaspora e Ayisyen Ayiti ki bezwen amelyore sitiyasyon ekonomik e sosyal yo.
Kisa nou menm, manm kominote ayisyen nan dyaspora, ka fè nan sans sa a pou ede kominote nou e edike l sou tout pwen? Nou pa ka rete inaktif lè n ka bay kèk konsèy pou gide tout moun nan sans sa a. Pafwa kèk konsèy sèlman kapab ede plizyè santèn moun, ki pa bezwen moun ki manm kominote nou oubyen ki ta fè pati de gwoup etnik nou. Tout moun ka benefisye de bon konsèy k ap gide yo.
Medya ayisyen (an jeneral) ta santre plis sou pwoblèm politik Ayiti. Gen pwogram radyo k ap pase plis mizik konpa olye yo ta pwofite pran opòtinite a pou fè pwogram edikatif ke dyaspora a, e Ayisyen Ayiti bezwen pou amelyore sitiyasyon y ap viv.
Jèn jenerasyon an Ayiti ta fokis plis sou mizik rabòday. Yo pa gen anyen ankò nan tèt yo (an tèm panse pou ede tèt yo demen, e tout sa ki bon pou yo ta fè) epi… epi anyen an tèm edikasyon esansyèl ke tout Ayisyen bezwen pou ede yo viv mye (kèlkeswa kote yo ta ye), pou aprann envesti depi bonè, pou aprann plizyè metye ak bagay teknik pou fè lajan, pou panse a retrèt yo demen, kijan pou gen ase lajan e mwayen ekonomik depi avan yo ta atenn laj karant an.
(Anpil) Ayisyen travay kou wobo kay Tonton Sam (nan peyi Etazini), san mete de kote omwen 15% (15 pou san) nan salè yo nan yon fon espesyal pou retrèt yo. Nou p ap blame yo paske yo pa gen pesonn, oken enstitisyon ayisyen ki pou te anseye yo sa. Nou ka konprann kòman yo travay di, non sèlman fò yo peye plizyè bil (fakti) chak mwa (Etazini, Kanada, e lòt kote nan dyaspora a) men tou, anpil nan yo ap sipòte kèk fanmi Ayiti (e pa janm di fanmi sa yo, oubyen ba yo konsèy pou yo menm ta aprann devlope ti biznis dekwa pou aprann ede tèt yo, pou aprann kèk metye pou siviv, e pou aprann kreye endepandans ekonomik yo).
Pandemi sa a anseye n anpil bagay an tèm kijan l enpòtan pou n aprann prepare pou demen (sou tout fòm), e pou sispann konte sou peyi vwazen pou tout bagay menm pou ban nou manje, epi n gen bon tè ki ka pwodui tout sa nou vle. Gen dlo prèske tout kote (ki te ka kapte) pou ede ak pwojè irigasyon atravè peyi a pou fè agrikilti.
Nou rezime tout bagay sa yo nan woman nou, Sezon sechrès Ayiti. Nou dwe aprann pran swen tèt nou (pa egzanp: al lekòl, aprann diferan metye, aprann pwodui nan tout domèn e pwodui sa nou bezwen pou n pa depann de zòt tout tan, devlope agrikilti nan tout peyi a (yon bagay esansyèl pou devlopman Ayiti), devlope enfrastrikti touristik (pou atire touris, pou kreye travay e pou brase aktivite ekonomik), konstwi bèl wout pou kokekte gran vil nan tout depatman yo e wout lokal ak pon ki dwe fèt nan tout komin pou fasilite komès ak touris sikile san pwoblèm. Lè n konnen majistra, depite, senatè pa enterese nan bagay sa yo pou devlopman Ayiti, omwen kèk dekrè prezidansyèl ta dwe pran rapidman pou jete baz enfrastrikti esansyèl sa yo.
Dyaspora ayisyen an se kolòn vètebral ekononik Ayiti, e resous pi enpòtan l (enkli resous imèn). Malerezman, politisyen Ayiti bloke menm dyaspora sa a nan Konstitisyon 1987 la pou pa patisipe nan politik peyi a men yo janm bloke transfè lajan Ayisyen, ki epapiye nan dyaspora, ap voye. Taks (ou enpo), dola senkant lan ($1.50) sou transfè lajan k ap soti nan dyaspora te ka itilize pou ede bati ensfrastrikti nesesè pou ede Ayisyen ale vè lajan men sa pa enterese magouyè sa yo ki sou pouvwa. Yo jis itilize dyaspora a kòm yon vach y ap tire lèt li sèlman.
Konbyen Ayisyen dyaspoa ki ta panse retounen Ayiti pou retrèt yo? Se kesyon tout Ayisyen ta dwe poze e reponn. Mwen pa pral reponn li pou yo. Èske Ayiti prè pou biznis? Èske l ap janm prè an tèm estabilite politik (34 ane apre chit rejin Duvalier yo) lè dirijan yo pa gen oken vizyon devlopman pou ven ane k ap vini yo?
Èske se sèlman an Ayiti dyaspora ayisyen an ka panse pou retrèt li? Ki lòt kote twopikal li ka panse? (pa egzanp, Florid, Pòtoriko, Sen Toma – Il Vyèj yoki toujou fè pati Etazini)? E lòt kote nan Karayib la ki estab (an tèm sekirite), kote yo ka al pase vakans e kote ki gen prezans yon kominote ayisyen (pa egzanp, zile Olanndè yo (zile ABC yo) Aruba, Bonaire, Curaçao)?
Ki aktivite yo ka panse fè pou retrèt yo dekwa pou rete aktif pou maladi ayzamè pa atake yo twò bonè? Nou ka mansyone aktivite tankou: 1. Zèv misyonè akoutèm nan lòt peyi. 2. Ede komin kote yo soti, e moun zòn lan. 3. Konferans (pou twoke lide sou diferan sijè). 4. Kreyasyon bibliyotèk prive nan zòn oubyen komin yo soti. 5. Pwogram ou pwojè alfabetizasyon (nan komin yo soti) 6. Seminè ou seyans fòmasyon (tèlke sou agrikilti, devlopman, devlopman biznis, konstriksyon [motèl ou apatman] pou fè lajan, rebwazman, travay kominotè, travay sivik (pou ede yon komin). 7. Ale an vakans an gwoup (zanmi, manm fanmi), pa egzanp sou batwo kwazyè (k ap estope diferan kote). 8. Vizite lòt peyi pou gade sa k ladan yo, epi pwodui yon liv sou sa pou fè kòb.
*Nòt
- Nursing home. (mezon retrèt, mezon vyeyès, kay ti granmoun). Enstitisyon kote yo lage granmoun nen peyi kouwè Etazini, Kanada... N ap jwenn nan moun sa yo ki fè maladi tankou ayzamè, ki enfim, sa ki ka gen pwoblèm mantal, sa ki ka pa gen fanmi pre pou ta pran swen yo lakay.
- Legliz. Etan enstitisyon anndan yon kominote (ki ka konsidere yon ti kominote li menm), ta dwe fè kèk travay sosyal tou. Pami yo, nou ka mansyone diferan seyans fòmasyon pou edike e oryante fidèl yo, tèlke pa egzanp: (1) Estrateji pou (al) evanjelize (e kreye disip). (2) Etid biblik (pou fòme fidèl yo, antrene yo pou preche, evanjelize, elt.). (3). Zèv misyonè akoutèm an diferan zòn, e aletranje. (4) Fidèl kòm vrè legliz la (yon legliz mobil), e kisa sa vle di. (5) Kan d ete (kòm aktivite pou moun diferan laj, e sa moun ka fè ladan). (6) Konferans (sou sijè enpòtan mond lan ap fè fas ak yo jodiya, e nan kominote nou). (7) Konnen e ankadre manm asanble a (ki ka ap fè fas ak kèk difikilte). (8) Kriz ekonomik ki ka afekte kominote a, e kijan pou siviv. (9) Pwoblèm familyal (moun anndan asanble a ka ap konfwonte). (10) Pwoblèm moun anndan asanble a ka genyen, e kijan pou ankadre yo. (11) Pwogram ete ou pandan gran vakans (sa k ka ofri ou kreye selon bezwen moun yo). (12) Pwogram mizikal (pou ankouraje jèn yo fè kòm aktivite pou jwe legliz pi devan, e kijan pou parene kèk jèn ki ka bezwen sipò finansyè). (13) Pwogram sosyal ki ka fèt pou tout moun aktif (ap fè yon bagay). (14) Pwogram pou adil diferan laj. (15) Seyans fòmasyon sou karyè, metye, pwofesyon. (16) Pwogram pou lajenès (prepare yon lis). (17) Selil ki pral fè vizit nan prizon. (18) Selil ki pral vizite malad (ki pa bezwen malad ki fè pati de asanble a) lakay yo, nan lopital, nan nursing home (mezon vyeyès). (19) Seyans fòmasyon, ti konferans ou mini-konferans (senpozyòm) espesyalis ki nan asanble a ka fè oubyen ka envite pwofesyonèl vin fè. (20) Vakans (ide e planifikasyon, ki kote pou ale e aktivite pou fè). (21). Yon legliz mobil (ki pa sèlman vin chante, priye nan yon andwa presi yon jou presi). Gade modèl Jezikri (ak travay disip Li yo).
Tèks Anekse
LOUIS, Martin.
VEDRINE, Emmanuel W.
- A look at the problem of schools in Haiti.
- Civic duty should have been mandatory for all young people in Haiti.
- Educating Haitian youth and the Haitian Community in Diaspora.
- Haitians presence and contribution to the society of Curaçao.
- L’importance d’acquérir un diplôme de fins d’études segondaires.
- Network of Haitian Students, Haiti – Diaspora.
- Orientation and Formation Training.
- Orientation seminar for Haitian students coming to the United States.
- Reflection on February 7, 2019 : 33 years after the fall of the Duvalier’s Regime.
- Selfishness: a virus destroying the Haitian Community.
- Seyans Oryantasyon pou ede Jèn Ayisyen Ayiti wè klè.
- Seyans oryantasyon pou etidyan ayisyen k ap vin Etazini.
- Some key information to help the Haitian Community.
- Tardiness in foreign language teaching in Haiti’s schools.
Courtesy E. W. Védrine Creole Project
Boston, Massachusetts. USA
*