Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
Rat konnen, chat konnen,
barik mantèg la sou siveyans

(Emmanuel W. VEDRINE)
28 novanm 2010, jou (s) eleksyon Ayiti

 

 

Iimage issue du vidéo préparé par Alterpresse

Elections 2010

Lapèsòn kwense tankou yon chat mawon chen chas sènen. Makou plòtonnen sou pyebwa a, chen yo ap gade nan ki direksyon l ap vole pou atrap li. Enben depi w ap vòlè, fò yo tann pèlèn pou kenbe w. Sa m te wè pou li, Antwàn nan Gonmye pa t wè l. Kisa ekip Chat la pral fè? Tout kesyon se kesyon. Tout kesyon se ouvèti chemen koze, e koze mande chita. Tout kesyon gen repons menm si repons lan pa satisfè tout moun. Men tout moun konnen mechanste Timal fè l pran nan gonm. Vye gòl la anile; pèp souvren an pa dakò l. Sèt min mare nan fon pèp tilandeng sa a pou di kidnapè elektoral: «Men kwa manman w, men kwa papa w, vin pile l!».

Vòt zonbi p ap pase fasil fwa sa a. Bon yo fin mouri nan goudou goudou 12 janvye a epi pou ta vote jodiya! Ala pasaj mezanmi! Pèp la wè reyalite a. Li pran bal li nan fon men se bon kòk, li p ap vole gagè. Fò n di Timal: rat konnen chat konnen. Nou dwe fè l konnen se lanmè nou ye, nou pa sere kras. Li ka bouche yon zòrèy pou l pa tande pawòl twò fò ki fè machwè gonfle men pawòl piman bouk k al jwenn zòt se sewòm oral pèp la ki gen trip li k ap kòde pou deplise fon l nan epòk kolera politik. Rat konnen, chat konnen, barik mantèg la sou siveyans!

Ti Sonson fè lide l se vre men se Bondye ki ba l dwa. Je Ti Djo se fizi kout men l tire lwen. Eske se pa yon lòt maryonèt parèy li Makou ta pral mete ranplase l nan yon peyi ki okipe, yon peyi ki san palè, e depi ou okipe enben ou bizi wi (ou pa lib), sètadi ou pran (kounyeya, se kilès ou chwazi nan 3 wa yo?  Koze sa a sanble yon mòpyon 3 tèt. Ou pral grate nan twa kote, vle ou pa). Ou pran nan mera. Kafe w gen tan koule ak ma. Makou pran nan  3 wa pase pèp tilandeng pral kontinye bat chalbari dèyè l pou l desann pyebwa a.

Okipan toujou pedan. Li p ap gade w pou anyen, e ou pa ka di l pòtè kolera paske l konsidere w deja kòm kokorat. Li jis pral griyen trannde l sou ou lè l konnen ou se ti maymay fwonte k ap lonje dwèt jouda l nan figi Lakansyèl pou krache kòlè l. Si w ap eseye moke l, enben ou pral grandi anba tè. L ap ba ou viza pou peyi san chapo san ou pa mande l.  L ap gade w tankou yon fou k ap moke Lavi pase w bliye si w se flèch palmis men an reyalite, ou pa bayonnèt tout bon vre. Ou nan ilizyon (ou nan nyaj) lè ou pran fwomaj pou lalin. Chwal ou pral bouke kanmenm nan chemen Lavi ki pa janm fè yon pa kita yon pa nago. Fò n fè nou likid pou n antre nan boutèy Lavi. Tansèlman, yon jou pou chasè, youn pou jibye tande! Jouva, jouvyen! Tout priyè, kèlkeswa longè l, toujou fini pa yon «ensiswatil». Pèp Ayisyen gen pasyans manch long, se sa k fè l ap rive wè trip foumi.
 
Mwen menm, se Sen Toma m ye: fò m wè pou m kwè. Zòt ak atoufè se pwason kraze nan bouyon. Yo konnen m piti men m pa pitimi, e yo konnen m pa timoun ayè pase m konn sa k pase Ayiti Cheri depi sou prezidan bann machwè. Tout voum pa do pou mwen. Mwen pa dijere tout manje dòmi. Twòkèt mwen trese, chay mwen devan je m, chaje m poko chaje. Ou di w se gran doktè, enben m ap tann ou vin ak yon remèd efikas pou trete Sò Ayiti dekwa pou kwape maladi kòtchòkò l ap soufri depi lè ti konkonm t ap goumen ak berejèn. Granmoun nan gen plis pase desanzan depi l ap trennen zèl sapat lamizè nan tout granchimen. Mizè yon pitit li se touman lòt. Si je youn pran kou, nen lòt kouri dlo. Gen anpil doktè; se vre yo tout rele «doktè», alòske tout pa menm. Ou di n ou gen preskripsyon pou maladi Sò Ayiti soufri, enben n ap ret gade. Je pa gen lizyè, enben n ap kontinye pran jòf paske gade pa bouke nawè. Men fwenk! Mennen koulèv lekòl se youn, fè l chita se de. Rat konnen chat konnen, barik mantèg la sou siveyans!

Ayiti gen yon dyare politik k ap minen l depi lè dyab te kaporal men manmzèl reziste. Li dangoye, li pa moli, li bwè boujon gwayav. Ayiti se yon fanm wozo, li pliye anba gwo frap gason men ren l pa kase. Kounyeya kolera se pwennfèpa sou tè papa Jean-Jacques Dessalines nan. Kolera rive menm fè dega nan nivo politik; nou mèt tou rele l kolera politik. Donk se kouri bay malerèz la dlo sèl annatan 7 fevriye 2011 (si dat sa a pa chanje) pou n wè kisa nouvo doktè fèy la pral rale nan dyakout Kouzen Zaka l. Enben, depi tèt pa koupe, li gen espwa met chapo. Nou wè jodi men nou pa konn sa demen va pote. Annatandan jou va jou, ann kontinye fofile zegwi chanjman pou n pyese wòb Sò Ayiti.

boule

 Viré monté