Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
«12 Janvye 2010, yon pèt kapital
Emmanuel W. VEDRINE
Haïti, Avril 2006. Photo Frédéric Gircour. |
Nan atik sa a, se jis kèk ti konsèy pou moun k ap ekri, e sa k ap fè rechèch tou apre 12 janvye 2010. Petèt lòt moun kapab jwenn kichòy enpòtan ladan pou nouri lespri yo.
«Ekri ak fè rechèch» se yon pasyon pou anpil moun, youn ki enpòtan nou dwe ankouraje tou, e sipòte alafwa. Konsa, dotyen nan moun sa yo vin tounen ekriven (ki kapab pwodui zèv fiktif tèlkòm istwa kout, pyesèt, pyès teyat, pwezi, e roman) ki kapab ekri sou kèk sitiyasyon, evennman (kote yo montre yon nivo «kreyativite»). Yo kapab ekri tou dirèkteman sou yon sègman reyalite (kote yo fè rechèch sou sa toudabò, epi yo òganize sa yo deside ekri a, suivan yon nòm). Men, se pa tout ekriven ki òganize travay yo menm jan (annòd); se pa tout ki ta parèt pwofesyonèl (nan fason yo kapab ap fonksyone). Kijan nou menm, obsèvatè, kritik kapab ede nan sans sa a?
Jodiya, ak avantay bab e moustach «entènèt la» ban nou, patikilyèman nou menm ki nan dyaspora, ki kapab gen plis aksè a li pou pwonmennen sou otowout savwa entènasyonal sa a, se ta yon bèl ide pou n pwofite itilize l, pou navige nan oseyan syantifik sa a dekwa pou n òganize nou pi byen (nan tout sans), pou n eseye ede youn lòt (long distans), e pataje savwa nou pou ede limanite. Donk, li enpòtan pou otè ayisyen (Ayiti kou nan dyaspora) rete konekte youn ak lòt (atravè entènèt la, pataje konesans yo, e petèt moso nan rechèch yo kote youn kapab di sa l panse de zèv yon lòt (ap) pwodui avan menm zèv sa a ta pibliye). Epitou, avèk «fowòm piblik yo» (kote n ap jwenn anpil Ayisyen), enfòmasyon sikile trapde kote plis moun kapab okouran de aktive literè youn lòt, piblikasyon liv, atik, rechèch kèlkonk ki ka enterese plizyè moun oubyen pote limyè sou plizyè koze. Lè yon otè, chèrchè rete nan ti kwen l poukont li, se pa yon bagay ki reyèlman avantaje pou li, ni pou zèv l ap pwodui, pa konsekan «echanj kominikasyon» jwe yon wòl kapital nan siksè yon otè kapab genyen nan lavni.
Nan enfòmasyon nou pran sou tranblemanntè 12 janvye a, nou menm ki nan mouvman «ekri» ak «rechèch», fò n pa rete inaktif. Nou dwe patisipe nan rekonstriksyon Ayiti sou tout ang; pa egzanp, si gen yon konferans k ap fèt nan kad rechèch, ekri, ou dokimantasyon, nou dwe fè yon jan pou n patisipe ladan oubyen sipòte sa. Si yon gwoup entelektyèl ta vle desann Ayiti pou al fè atelye pou ede moun, nou dwe ankouraje sa. Nou pa ka rete kanpe de bra kwaze apre 12 janvye. Se vre, kou a frape nou fò; li fè nou mal paske nou tout se Ayisyen. Se vre anpil nan nou estrese apre dezas la, men sa k pase deja pase. Nou dwe sige pou pi devan. Nou tankou chofè k ap kondi sou yon otowout (haywe); nou pa ka fè bak; se avan sèlman nou ka fè. Pakonsekan, fò nou tout mete men nan pat la pou bay patisipasyon nou nan rekonstriksyon peyi a. Fò nou tout jwe yon wòl aktif pase gen anpil travay ki pou fèt, e bagay ki potko janm fèt menm avan 12 janvye 2010 lè Ayiti te deja an degraba.
Gen yon pèt kapital nan koze dokiman ki antere anba grava (dekonm). Nou pa kwè moun k ap patisipe nan debleyay dekonm pral pèdi tan ranmase tout dokiman sa yo. Donk bouldozè ap ranmase prèske tout bagay pou al jete san triye yo. Nou ka gen yon ide ki valè bagay ki pèdi nan tout sektè, e sitou lè «vèsyon elektwonik» dokiman sa yo pa t janm egziste oparavan (pou ta kenbe yo nan yon sistèm achiv elektwonik an sekirite).
Ou menm k ap ekri, k ap fè rechèch, panse e repanse a ki konsèy ou ka bay sou entènèt la, mesaj ou ka pataje ak yon gwoup moun oubyen difize sou entènèt la, papye ou ka prezante nan konferans sou sijè a. Tout sa pral fè pati de koutmen ou ka bay nan «rekonstriksyon Ayiti» (nan tout domèn). Si ou se yon espesyalis nan yon domèn patikilye, montre sa ou ka fè pou ede oubyen mete espètiz ou o sèvis ijan Ayiti bezwen. Se yon moman espesyal tou pou n montre «solidarite» antre nou menm Ayisyen. Se vre, li enposib pou n ta dakò sou tout bagay (patikilyèman lè n antre nan domèn politik). Men nan moman patikilye sa a, ann dakò pou tout Ayisyen patisipe nan ‘rekonstriksyon Ayiti’. Se tou yon opòtinite pou montre talan nou (pou ede Ayiti), kapasite entelektyèl nou (pou pwodui si n potko janm fè sa, oubyen si n pa t pwodui sifizamman, men toujou nan menm espri a: ede Ayiti), e bon kè nou (pou lonje men bay yon moun ki bezwen sekou).
Lè ou pwodui yon dokiman (ki poko pibliye, yon dokiman inedi), toujou panse nan ki fason ou kapab pataje li ak kèk moun (ou alèz ak yo, ak yon gwoup moun ou travay ak yo, nan yon atelye ekriven (si ou manm youn), epi toujou panse a ‘vèsyon elektwonik’ dokiman sa a (konsève li sou yon dis elektwonik, voye kopi l tou bay imel ou, enprime l epi mete yon kopi l avidèy sou biwo ou, epi li enpòtan pou date sa ou ekri. Ou ka voye l bay lòt moun kenbe pou ou (kopi enprime a oswa vèsyon elektwonik la) sizanka ou ta pèdi orijinal la. Date tou nouvo edisyon ou travay sou li a dekwa pou konnen ki edisyon ki pi resan (apre kèk chanjman ou fè ladan), epi toujou ekri non ou kòm otè yon dokiman ou pwodui. Si pou yon rezon kèlkonk yon otè vle gade anonima, se chwa pa l.
Gen chèrchè, ekriven, otè ki peri nan katastwòf 12 janvye a. Pa gen dout ke sèten nan yo t ap travay sou rechèch, dokiman, maniskri ki potko pran lari. Anpil nan dokiman sa yo pèdi jodiya, e domaj si otè yo pa t gen tan pataje yo ak lòt moun (difize yo yon fason pou n ta jwenn kopi yo). Pwovèb la di: «Ou wè jodi, ou pa konn demen». Se vre wi; nou pa konnen sa demen ap pote oubyen sa k ap rive demen. Men si nou gen sajès, nou ka antisipe plizyè bagay demen; konsa, nou ka prepare nou sou tout ang pou demen. Nan refleksyon sa a, nou ka fè yon kanpe yon ti moman pou n panse sou «11 janvye» ak «12 janvye»: de epòk diferan nan istwa Ayiti (kèk èd tan separe sèlman), ki fè nou reflechi anpil, e kijan nou kapab aprann kiltive «sajès».
Pou konkli, ann pa rete de bra kwaze. ‘Rekonstriksyon Ayiti’ se yon konbit manch long kote tout moun dwe mete men nan kokenn kòve (konbit) sa a pou bati yon Ayiti tounèf, youn kote «espwa» ka boujonnen tout bon pou tout moun. Kèlkeswa nan kwen kote n ap viv sou planèt latè, avèk entènèt la jounen jodiya, nou tout rapwoche nou youn lòt; nou tout Ayisyen pa santi distans ki elwaye n ak Ayiti. Donk se yon moman refleksyon sou tout sa nou ka fè pou yon pi bon Ayiti, e pou byennèt tout Ayisyen. Ann panse e repanse a avni Ayiti. Ann chanje move fason nou te konn panse ki soudevlope mantalite nou, e ki te kontribye sèlman nan soudevlopman Ayiti. Jodiya, nou (tout Ayisyen) gen yon defi anfas nou pou n leve apre lanati fin leve wòb sò Ayiti byen wo pou l dekilote l. Men ansanm ansanm, e san pèdi tan, nou ka rekikote l epi desann wòb li.
E. W. Védrine Publications & Online Creole Publications
e_vedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com