Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Diznevyèm Gradiyasyon Haitian Multi-Service Center

Diskou envite espesyal, E. W. VEDRINE*
(Boston, Massachusetts - 9 jen, 2007)

In English:
The Haitian Multi-Service Center 19th graduation (pdf, 25 KB)

Envite espesyal, administratè, pwofesè, estaf Haitian Multi-Service Center, paran, zanmi gradye yo, ak gradye yo.

Se tout yon onè pou mwen jodiya dèske ou te chwazi mwen kòm pòtpawòl diznevyèm gradiyasyon Haitian Multi-Service Center. Imedyatman Msye. Dulson Brunace te kontakte m pou wè si m te ka volontè kòm pòtpawòl gradiyasyon ou jodiya, repons mwen se te “wi” san grate tèt.

Pou gradye yo, mwen vle felisite ou dèske ou sot travèse youn nan pon nan lavi ou, e youn ki gen pou wè ak edikasyon. Mwen vle felisite ou pou pèseverans ak travay di ou ki ede w reyalize youn nan bi enpòtan ou gen sou lis ou.

Isit, Ozetazini, trè souvan nan gradiyasyon nou tande mo “commencement” (nan lang anglè) ou kòmansman an kreyòl. Donk, nou pa gen pwoblèm konprann mo fanmi sa yo. Nan sans sa a, sètifika ou pral resevwa jodiya pa dwe siyifi «fen» edikasyon ou, men pito yon kòmansman. Donk, ou gen plizyè kilomèt pou pakouri toujou paske konesans enfini; li pa gen fen. Chak jou nou aprann yon bagay nouvo nan Inivèsite Lavi kote nou tout se elèv e pwofesè alafwa.

Mwen pwofite gran opòtinite sa a pou felisite gradye yo e tout moun ki t ap sipòte yo pou atenn bi yo jodiya. An patan, mwen vle mansyone pwofesè sant lan. Lè nou di “gradiyasyon” se yon kòmansman, nou kapab wè tou yon fòm renesans (yon bagay nouvo) oubyen yon nouvo pa yon moun fè nan lavi. Donk, nou gen tan imajine lajwa nan kè ou jodiya pou yon tèl akonplisman, tout yon rekonpans pou travay di ou yo nan sant sa a e ke kounyeya ou pre pou ale de lavan, ou pre pou grenpe yon mach ki pi wo.

Nan kontinye ale vè lavan sou mach pi wo sa a, kèk nan nou kapab wè sa kòm yon kle pou ouvri pòt travay; kèk nan nou kapab wè l kòm yon opòtinite pou ale vè lavan entelektyèlman. Men kèlkeswa entèpretasyon ou de sètifika w la jodiya, mwen vle felisite ou ankò pou gran akonplisman sa a nan lavi. M ap pran opòtinite sa a pou raple ou devwa w vizavi kominote ou isit nan vil Boston e an(n) Ayiti. Wi, li enpòtan pou raple w kominote ou an tèm responsablite w pou eseye pote pwòp kontribisyon w paske sètifika ou pral resevwa toutalè konsa se tankou yon flanbo li pral ye nan men ou. Lè yon moun gen yon flanbo nan men l, bi l se pou klere. Donk, chak moun ki gradye pral gen yon flanbo nan men yo.

Moun itilize flanbo lè li fènwa; yo itilize l pou klere. E an patan, nou wè Haitian Multi-Service Center kòm sant prensipal ki distribiye zouti ekleraj sa yo paske wòl li se prepare moun nan kominote a e jodiya, ou pami moun sa yo ki benefisye de travay l ap fè depi plis pase ven ane nan kominote nou nan vil Boston. Donk, avèk flambo sa a nan men ou jodiya, apa bi prensipal ou pou jwenn yon pi bon travay, pou avanse nan lekòl e pou viv mye nan sosyete ameriken an, pa bliye panse a kontribisyon ou pou ede kominote ou isit, lòt Ayisyen ki nan bezwen (yon fason, yon lòt) epitou, pa bliye pou kontinye sipòte Haitian Multi-Service Center fason ou kapab. Sant edikasyonèl sa a se kay ou, donk mete ou alèz lakay ou. Pa abandone l apre ou fin resevwa sètifika ou jodiya. Kenbe kontak avèk administratè, pwofesè, e estaf yo paske sant lan vin fè pati de fanmi ou nan lavi.

Men mande ou pou panse a tout pwoblèm kominote a ap konfwonte e panse a èd ou kapab bay pou founi kèk amelyorasyon. Paske jodiya, ou gen yon flanbo nan men ou, youn ki limen k ap klere. Moun ki nan tenèb pral benefisye de iliminasyon l. Sètadi, konesans ou pran nan Haitian Multi-Service Center ap toujou jwenn yon plas kèlkonk nan kominote w la.

Mwen vle di w tou ke se moman pou panse a Ayiti – patri ou. Panse a sa ou kapab fè avèk konesans ou pou ede Ayiti. Patri nou an bezwen ti moso ladan. Donk, panse a tout fason posib ke Ayiti kapab benefisye de konesans sa a (sa kapab atravè kèk konsèy, patisipasyon ou nan òganizasyon rejyonal yo nan dyaspora a pou ede Ayiti /oubyen òganizasyon rejyon lokal kote w soti Ayiti a an tèm de kisa ou kapab fè pandan w isit, nan yon peyi kote ou gen anpil opòtinite).

Nou dwe fyè tou de akonplisman nou. Pa gen anyen mal nan sa. Men, mete sou sa, nou dwe pi fyè toujou lè nou fè yon bagay pou kominote nou nan dyaspora a e pou manman peyi a, Ayiti ka benefisye de li. Donk, nan tout sa ou kapab fè nan kapasite ou, pa bliye bezwen Ayiti ak soufrans li, pa bliye plizyè milye Ayisyen ki nan bezwen (pa sèlman Ayiti men nan dyaspora a tou).

Pou klotire, nou gen privilèj viv nan pi gran peyi nan lemonn jodiya, Etazini e nan de (2) pi gran syèk: ventyèm ak venteyinyèm syèk. Donk ou wè tout bagay, men an menm tan kominote nou an nan bezwen. Toujou gen anpil pwoblèm nan peyi nou Ayiti e akoz tout opòtinite ke anpil nan nou ap jwi isit, nou gen tandans bliye sa yo ki nan bezwen (swa yo se manm kominote lokal nou oubyen Ayiti). Kenbe la, pa lage!

Ankò, mwen felisite ou avèk pwofesè, administratè e estaf ki te toujou la ap sipòte ou pou te kapab travèse jodiya youn nan gran pon nan lavi. Vrè defi ou pou pataje ak kominote ou konesans ou sot akeri nan Haitian Multi-Service Center kòmanse jodiya e avèk èd ki sot nan men Bondye avèk sajès ou pral mande l ba ou, sètènman w ap kapab travèse plis pon enpòtan nan lavi ou dekwa pou rive atenn bi ou yo, epitou pou ede kominote ou an retou.

Mèsi! Ke Bondye beni ou. Bondye, beni Amerik!

*Emmanuel W. VEDRINE. Ekriven ayisyen-ameriken. Fondatè E. W. Védrine Creole Project (premye pwojè kreyòl sou entènèt la ki ekipe ak materyèl didaktik pou Pwogram Bileng Ayisyen) e fondatè Haiti’s Super Web Directory (pi gwo wèb ki ekipe ak dokiman sou Ayiti).

(© E. W. Védrine, 2007)

boule   boule   boule 

Emmanuel W. Védrine
E. W. VEDRINE CREOLE PROJECT, Inc.
P.O.B. 255962
Dorchester, MA 02125-5110 (U.S)
evedrine@hotmail.com, e_vedrine@yahoo.com

Viré monté