Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
(S)eleksyon 2010 Ayiti : dezyèm tou, yon pyèj ki tann

(Emmanuel W. VEDRINE)

4 desanm 2010

Elections 2010

Source de la photo Alterpresse

Separasyon manje dòmi an dire. L ap pran plis pase yon semèn pou ekip magouyè a separe l. Wi, li dire pase fò yo pran ti tan pou kalkile konbyen kiyè yo pral mete nan plat chak timoun pou di tout te jwenn. Timoun ki parèt twò wòklò, twò afre, se kat make; yo va jwenn pi gwo kiyè. Men pou konbyen jou yo pral manje? Sa a, nou poko konnen. Timoun rechiyè yo va jwenn yon ti lalbèk (lasibab) pou dekòde trip yo ak grangou.

Makou fentè anpil. Se yon gwo manipilatè tou. Se pa yon Chat k ap fè «myaw» fasil. Kote l plòtonnen kò l sou tèt pywebwa a, li konnen l se bwapiwo pase l domine tout bagay. Sant barik mantèg sa a agreyab. Kolangit! Li atire anpil kanivò k ap file lang yo. Ras bèt ki rive pran l lan pral danse, fete, manje jouk yo konstipe. Epi kite mele yo ak lòt bèt ki grangou! Se yon savann kote chak koukouy klere pou je l. Chak nanchon (ou gwoup) va demele yo jan yo konnen, jan yo konn abitwe fè l deja. Yè te kou pa w, jodiya se kou pa m.

Nou wè gen timoun k ap danse nan bann madigra a, ki cho pase leve danse. Kè yo kontan pase Makou ap fè yo filalang. Se bon tande timoun, tansèlman se bon! Sa m wè pou nou, Antwàn nan Gonmye pa wè l! Kou kè ti poul kontan, se malfini ki dèyè l. Pa bliye se jou lesann k ap apwoche pou madigra boule.

Lè w ap manje ak dyab, depi w ba li yon dwèt l ap pran tout ponyèt ou. Donk kenbe kiyè w long, epi rete lwen l. Moun ki entelijan va konprann pyèj dezyèm tou a pou legalize (s)eleksyon 28 novanm yo. Epi apre rezilta a, kandida ki pa monte a va vin plenyen malchans (kòmkidire l pa t konnen pèlen ki tann nan). Lagè avèti pa touye kokobe.

Annatandan, ann tann «blan yo» pou wè desizyon yo pral pran pou Fanm sòt yo bay pou Sò Ayiti a, sa y ap pote pou pèp ayisyen an 2011 (lè yo konnen Ayisyen pa ka met tèt ansanm pou travay; youn pa ka respekte lòt; depi youn monte sou pouvwa, koudeta gen tan ap maniganse pa anba pou lage l atè pou fè l pran egzil). Si nou vle konprann nan ki enpas Ayiti ye, n a eseye konprann, epi n va reyalize solisyon pwoblèm li se nan men nou menm Ayisyen. Annou tout dakò sou sa menm si nou pa vle travay pou sa.

Nou ka dakò si yon prezidan pa ka dirije peyi a pou l demisyone (bay sa ki pi kapab dirije), men manman lwa peyi a pa mande pou yo fòse yon sitwayen ale an egzil. Annou tout dakò sou sa menm si nou pa vle travay pou sa. Epi li lè li tan pou Ayisyen (k ap pale anpil) kòmanse pale sou enpòtans «seperasyon branch pouvwa a»  dekwa pou prezidan peyi a pa toujou rete kòm sèl kòk chante k ap fè e defè.

Pou separasyon enpòtan sa a ta rive fèt, fò depite, senatè, majistra, jij ak tout lòt potanta pa ta kite egzekitif la achte yo ak kout lajan, tèt bèf, elt. Fò yo ta vin pran konsyans de sa pou ede demokrasi jèmen. Men, Ayiti Cheri se bèso magouyè; nou pa ka bliye sa. Se vre anpil nan nou wè pwoblèm yo, anpil nan nou wè solisyon yo tou men (pifò) politisyen pèp la eli (nan kèlkeswa nivo a) toujou sousye de avantay pa yo olye yo ta eseye fè yon bagay pou ede  peyi a.

Anfennkont, nou reyalize ke chak politisyen (blofè) parèt ak yon nouvo diskou «bounda nini», youn ki chaje ak bèl pwomès men yon fwa l rive sou pouvwa, li jwe jwèt «Rena te jwe avèk Kaw la» (tout flatè viv o depan moun k ap koute l). An reyalite, se toujou yon «manje dòmi» pou fè Titit dodo, asavwa ke li pral jwenn krab nan kalalou lè l reveye. Men se pito plis te fèy kowosòl li pral jwenn pou l dòmi plis toujou.

 Viré monté