Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

18 Mai, fête du drapeau en Haïti | 18 Me, fèt drapo Ayiti

Charle Anatole. ©  Galerie Nader

Charle Anatole. © Galerie Nader

Texte bilingue : créole haïtien – français sur
Qui serait responsible des problèmes d’Haïti
 

Kilès ki ta responsab
pwoblèm Ayiti yo?

Emmanuel W. VEDRINE
(18 me, 2010)

Qui serait responsable des problèmes d’Haïti?

Emmanuel W. VEDRINE
(18 mai, 2010)

«18 Me, fèt drapo Ayiti». Olye nou pale de istwa bikolò (ble ak wouj) nou an ke istoryen pale de li deja, ann reflechi pito sou gwo kesyon sa a. Se yon kesyon ki ka parèt difisil pou kèk Ayisyen ta reponn, e an menm tan, youn ki fasil pou lòt ki konsyan de rasin pwoblèm sa yo.

«18 Mai, fête du drapeau en Haïti». Au lieu de parler de l’histoire de notre bicolore (bleu et rouge) que les historiens ont déjà fait, réfléchissons plutôt sur cette grande question. C’est une question qui peut apparaître difficile pour certains Haïtiens de répondre, et en même temps facile pour d’autres qui sont conscients de la racine de ces problèmes.

Ayiti ap konfwonte pwoblèm depi swadizan «endepandans» li, ki date plis pase 200 ane, yon bagay kèk nan nou kapab ranvèse pou ta di ‘plis pase 200 ane depandans’ an tèm Ayisyen ki monte sou pouvwa e k ap pran desizyon kle pou ti peyi sa a.

Haïti confronte des problèmes depuis sa soi-disante «indépendance», datant plus de 200 ans, quelque chose que certains d’entre nous peuvent renverser pour dire plutôt ‘plus de 200 ans de dépendance’ en terme d’Haïtiens qui prennent les rênes du pouvoir et qui prennent des décisions importantes pour ce petit pays.

Kòm Ayisyen, ki fèt e grandi Ayiti, mwen trè klè, e mwen toujou eseye klè paske kèk nan nou, Ayisyen, fè laviwonn dede ap jwe toutan kote nou blame «zòt» toutan pou prèske tout pwoblèm Ayiti olye pou n ta frape klou a dirèkteman nan tèt (oubyen atake pwoblèm yo dirèkteman nan rasin). Sètadi, Ayisyen, yo menm, ta responsab pou pwoblèm Ayiti, yon fason. Ankò, la a, nou konnen klèman ke nou refere a «sa yo ki sou pouvwa k ap pran desizyon kle pou peyi a». Men kòm endividi, èske nou menm nou pa ta dwe jwe patisyon pa nou tou? Nenpòt Ayisyen ki konsyan de reyalite Ayiti ta di «wi, nou dwe fè sa tou.

 

Étant Haïtien, né et grandi en Haïti, je me fais comprendre bien, et j’essaye toujours de le faire parce que certains d’entre nous, Haïtiens, tournent autour du pot pour blâmer les «autres» tout le temps pour presque tous les problèmes d’Haïti au lieu de «frapper le clou directement sur la tête»  (ou attaquer directement le problème par ses racines). C’est-à-dire, les Haïtiens, eux-mêmes, seraient à la base des problèmes d’Haïti, d’une façon. Encore, ici, nous faisons clairement référence à «ceux qui gouvernent, qui prennent des décisions majeures pour le pays». Mais, comme individu, ne devrions-nous pas jouer notre propre rôle? N’importe quel Haïtien conscient de la réalité haïtienne dirait «oui, nous devons le faire aussi.»

Yon fwa swadizan «lidè» sa yo, ki vle sèlman monte sou pouvwa pou tounen nouvo milyonè, pou fabrike «chèk zonbi» pou zanmi ak metrès yo epi achte chato nan Florida, ta vle chanje mantalite «restavèk» ak vòle yo a, nou pral wè gwo chanjman Ayiti. Nou ta di tou li lè li tan pou Ayisyen (nan tout nivo) sispann blame «zòt» pou sò (ou desten) Ayiti men pito, pou ta kòmanse blame pwòp tèt yo. Yo dwe kòmanse pran desizyon yo menm; yo dwe kòmanse kreye (nan tout nivo) sa nou pa genyen Ayiti. Pa egzanp, si ou se yon enjenyè, kisa ou fè? Kisa ou envante deja? Si ou pa fè anyen, sa vle di : edikasyon ou te resevwa, nan kèlkeswa inivèsite a, pa vle di anyen; diplòm ou te resevwa a pa gen oken valè. Si ou se yon pwofesè lekòl, yon pwofesè (nan) inivèsite, ki rechèch ou pibliye deja pou ede lekòl, etidyan, chèrchè (moun k ap fè rechèch) Ayiti? Si ou se yon depite, yon senatè, ki lwa ou ede pase (lachanm e nan sena a) ki kapab ede Ayiti? Si ou se yon òmdafè nan Kwabosal, kisa ou fè deja pou ede retire labou santi ki la depi plis pase san ane? Ou pake machin ou nan labou sa a oubyen bò labou sa a chak jou; nou konn sa paske se Pòtoprens nou rete; ou fè plizyè milye dola vèt la chak jou; ou manje la pandan w ap pran sant labou a, epi apre ou kondi al nan chato ou genyen nan banlye anwo Pòtoprens yo. Si ou se yon medsen, yon enfimyè, èske ou janm òganize «fwa medikal» nan nenpòt zòn Ayiti pou ede sa yo ki pa janm wè yon doktè oubyen ki pa gen aksè a swen sante? Si ou se yon pastè, èske se jis preche ou preche nan legliz ou a, kondi djip 4X4 (kat pa kat) ou a, pran tout kontak posib ak misyonè etranje pou jwenn ase lajan pou regle zafè ou, epi ou pa ede kominote ou a avèk fidèl ou yo k ap viv nan povrete? Donk, ou menm, pwofesyonèl, kisa ou fè ak edikasyon ou resevwa a? Pa jis kwoke diplòm ou yo nan panno salon lakay ou pou jis montre yo, jan pifò Ayisyen ta fè, dekwa pou fè lòt moun respekte yo paske yo te rive lwen lekòl.

Une fois, ces soi-disants «leaders», qui veulent seulement arriver au pouvoir pour devenir de nouveaux millionnaires et pour fabriquer des «chèques zombis» (ou des chèques pour des noms qui ne sont pas figurés sur aucune liste de payroll) pour leurs amis et leurs maîtresses, puis acheter des châteaux en Floride, voudraient changer leur mentalité «restavèk» (ou servile) et voleuse, nous verrons des changements considérables en Haïti. Nous disons aussi qu’il serait (grand) temps que les Haïtiens (de tous niveaux) arrêtent de blâmer les «autres» du sort d’Haïti mais plutôt, commencent à se blâmer eux-mêmes. Ils doivent commencer à prendre des décisions; ils doivent commencer à créer (à tous les niveaux) ce dont nous n’avons pas en Haïti. Par exemple, si vous êtes ingénieur, qu’avez-vous fait? Qu’avez-vous inventé déjà? Si vous ne faites rien, ça veut dire que l’éducation que vous avez reçue de quelque soit l’université ne veut rien dire; le diplôme que vous avez reçu n’a aucune valeur. Si vous êtes enseignant(e), professeur d’université, quelles sont les recherches que vous avez publiées déjà pour aider des écoles, des étudiants, des chercheurs? Si vous êtes député(e), sénateur(-trice), quelles lois avez-vous aidées à voter  (à la chambre des députés et au sénat) qui peuvent aider Haïti? Si vous êtes homme d’affaires à Kwabosal (Croix-des-Bossales), qu’avez-vous fait déjà pour aider à enlever la boue puante que s'y trouve depuis plus de 100 ans? Vous garez votre voiture dans cette boue chaque jour; nous le savons car nous vivions à Port-au-Prince; vous y gagnez plusieurs milliers de dollars verts (ou dollars US) chaque jour; vous y mangez pendant que vous respirez cette boue, puis après vous conduisez à votre château dans les banlieues au-dessus de Port-au-Prince. Si vous êtes médecin, infirmier(-ère), avez-vous organisé des «foires médicales» dans quelques zones d’Haïti pour aider ceux qui n’ont jamais vu un médecin ou qui n’ont pas d’accès aux soins médicaux? Si vous êtes pasteur, prêchez-vous seulement dans votre église, conduisez-vous seulement votre Jeep 4X4 (quatre roues motrices), prenez-vous contact avec les missionnaires de l’étranger juste pour trouver assez d’argent pour régler vos affaires, et puis vous n’aidez pas votre communauté et vos fidèles qui vivent dans la pauvreté? Donc, vous, professionnels, qu’avez-vous fait de l’éducation que vous avez reçue? N’accrochez pas seulement vos diplômes au mur de votre salon juste pour avoir la considération d’autrui, sachant que vous aviez atteint un haut niveau d’éducation.

Ayisyen, frè ak sè m yo, li lè li tan (pou) nou kòmanse kreye, nou menm (pou ede patri nou, Ayiti, toudabò). Li lè li tan (pou) nou fè sa ki bon pou avansman Ayiti, e pou byennèt tout Ayisyen. Mantalite nou se «ann rete tann zòt; y ap vin ede nou; y ap vin fè tout bagay pou nou». Eskize! ‘Zòt’ toujou an reta. Jis kòmanse fè, ou menm, sa ou kapab fè, epi fyè de sa. Si ‘zòt’ vle ede ou pi devan, pa gen pwoblèm. Jis fyè de sa ou fè, ou menm, paske se pwòp kreyasyon ou. Li lè li tan, nou menm Ayisyen, nou goumen kont mantalite kolonyal sa a ki di «nou pa ka fè sesi ou sela nou menm (ou pou kont nou); fò nou ret tann zòt pou ede nou». Mantalite sa a kontribye sèlman nan soudevlopman Ayiti cheri nou an.

Haïtiens, chers compatriotes, il est temps de commencer à créer, vous-mêmes (pour aider votre patrie, Haïti, tout d’abord). Il est temps que vous fassiez ce qui est bon pour l’avancement d’Haïti et pour le bien-être de tous les Haïtiens. Notre mentalité est la suivante: «attendons les autres; ils viendront nous aider; ils viendront faire tout pour nous». Pardon! ‘Les autres’ sont toujours en retard. Commencez vous-mêmes à faire ce que vous pouvez et soyez en fier, parce que c’est votre propre création. Il est temps, que nous, les Haïtiens, luttions contre cette mentalité coloniale: «nous ne pouvons pas faire ceci ou cela nous-mêmes; nous devons attendre les autres pour nous aider.» Cette mentalité contribue seulement au sous-développement de notre chère Haïti.

 

 Viré monté