Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mwa kreyòl 2011

Mwa kreyòl la nan Monreyal
2020 - 19èm edisyon

Lang kreyòl gen yon sèl ras, li rele libète

L’AUTEURE-COMPOSITRICE-INTERPRÈTE SENAYA
PORTE-PAROLE DE LA 19E ÉDITION DU MOIS DU CRÉOLE À MONTRÉAL

Senaya

Montréal, Québec, le 27 aout 2020 - Le KEPKAA est fier d’annoncer que la très populaire chanteuse SENAYA, décrite par les critiques et ses fans comme «une bête de scène à la voix chaude, mélodieuse et authentique», a accepté d’être la porte-parole de la 19e édition du «Mois du créole à Montréal» qui se tiendra du 3 au 30 octobre 2020 sous le thème:

«Lang kreyòl gen yon sèl ras, li rele libète / Le créole n’a qu’une race, c’est la liberté».

Montréalaise d’origine sénégalo-guadeloupéenne, SENAYA est aussi auteurecompositrice-interprète et productrice. Là où il y a du groove et de l’énergie, il y a SENAYA. Sa musique, baptisée «SOÛLKREÔL», part du blues aux rythmes de l’Afrique et des Caraïbes en passant par le jazz, le soul, le funk, le folk et le negro spiritual.

Le «Mois du créole» a déclaré SENAYA «est un grand évènement multiculturel et multidisciplinaire du répertoire culturel mondial, c’est avec beaucoup d’enthousiasme que j’accepte le rôle de porte-parole».

Pour bien situer cette grande fête, il convient de rappeler que le «Mois du créole» est un évènement qui a pris naissance à Montréal sous la bannière de KEPKAA le 5 octobre 2002. Aujourd’hui, il est célébré dans les Amériques, dans les Caraïbes, en Europe, et dans l’Océan Indien. Au Québec, le Mois du «créole» est un espace éducatif, de fraternité, de partage et d’une diversité récréative qui met en valeur les arts et les cultures créoles par la littérature, le théâtre, la musique, la danse, la mode, la gastronomie et tant d’autres. Partager les joies de cette fête avec la société québécoise, c’est prendre sa place dans le patrimoine culturel de ce pays aux fleurs de lys.

Cette année, parmi les activités phares au programme, le public découvrira les nouvelles compositions musicales de la porte-parole au cours du spectacle de tonnerre qu’elle donnera à la clôture du «Mois du créole à Montréal», le vendredi 30 octobre 2020, à 20 heures, au Collège Ahuntsic, en commémoration des 200 ans de la mort du roi Henry Christophe, l’un des premiers défenseurs des droits de la personne.

On peut aussi mentionner la Conférence-Spectacle de la soirée d’ouverture, le samedi 3 octobre 2020, à 20 heures, au Collège Ahuntsic, où la merveilleuse Rebecca JEAN, chanteuse et auteure-compositrice-interprète, accompagnée de danseuses et de choristes, présentera, en autres, «Lang lakay», son hymne à la beauté de la langue créole. Les danseuses Barbara Diabo et Ivanie Aubin-Malo vous feront découvrir la grande diversité des danses autochtones. Le public se réjouira du volcan Tac Tic Polo, un chanteur qui se passe de présentation. Viviane Namaste, professeure titulaire à l’institut Simone de Beauvoir, Université Concordia, lèvera le voile sur «Savoirs Créoles».

Dans la programmation à venir, plusieurs autres activités figureront. En autres, il faudra surveiller:

  • la traditionnelle «Soirée de poésie du Mois du créole à Montréal» par vissioconférence, le samedi 17 octobre à 20 heures;
  • la grande «Dictée du Mois du créole», le dimanche 25 octobre à 14 heures, à la bibliothèque de Montréal-Nord, 12002 boul. Rolland;
  • la Table Ronde de Femmes & Traditions par visioconférence, le dimanche 24 octobre à 14 heures;
  • le cours de danse de la Troupe Ekspresyon, le mardi 20 octobre à 18 heures, au Centre culturel Georges Vanier, Montréal;
  • Libres ensemble, un rassemblement de ASAEDHQ avec Jean-Jean Roosvelt, Yanni, Robert’s, le samedi 17 octobre, à 18 heures.

Le KEPKAA remercie chaleureusement SENAYA pour sa grande générosité. Il s’engage, malgré les inconvénients de la Corona-19 à offrir au public une programmation mémorable, riche en couleurs et en émotions. Une fois encore, il fera découvrir aux gens d’ici et d’ailleurs la grande diversité de la culture québécoise.

La porte-parole est disponible pour des entrevues jusqu’au 30 octobre. Afin de planifier une rencontre avec elle ou avec la direction du «Mois du créole à Montréal», prière de contacter la Relationniste de presse, 514-750-8800 ou Thurlie Clairvil, Coordonnatrice de l’évènement, 514 962-8640.

* * *

OTÈ-KONPOZITÈ-ENTÈPRÈT SENAYA
PÒTPAWÒL 19ÈM EDISYON MWA KREYÒL MONREYAL LA

Monreyal, jou ki 27 out 2020 – Se ak yon jèb fyète KEPKAA ap anonse piblik la larenn chantrèl SENAYA aksepte wòl pòtpawòl 19èm edisyon «Mwa Kreyòl Monreyal» la, ki pral dewoule soti 3 pou rive 30 oktòb 2020, anba tèm:

«Lang kreyòl gen yon sèl ras, li rele libète».

Pou enèji li, pou vwa ak melodi li yo k ap paweze nan nannan chante li yo, tout kritik, tout fanatik deklare: «fanm sa a, lè li sou sèn, li se yon flanm dife, li se yon volkan an eripsyon».

Monreyalèz ki gen rasin li plante nan Senegal ak Gwadloup, SENAYA ekri, li konpoze, li entèprete, e li se pwodiktè. Kote ki gen «groove» ak enèji, se la n ap jwenn SENAYA. Non batèm mizik li yo se «SOÛLKREÔL». Ladan li, nou ap jwenn «blues», rit afriken, rit karayibeyen, «funk», «folk» ak «negro spiritual».

«Mwa Kreyòl la», dapre sa SENAYA deklare: «Se yon gran evènman miltikiltirèl e miltidisiplinè nan repètwa kiltirèl mondyal la, se ak yon grap plezi mwen aksepte wòl pòtpawòl la».

Pou nou byen fè konprann kokennchenn fèt sa a, an nou fè tout moun sonje «Mwa Kreyòl la» se nan Monreyal sou labànyè KEPKAA li te pran nesans jou ki te 5 oktòb 2002. Jounen jodi a, nou kontan wè li Etazini, li nan Karayib la, li an Ewòp e nan Oseyan Endyen an. Pou nou nan Kebèk la oubyen nan Kanada a, «Mwa Kreyòl la», se yon espas pou moun aprann, pou moun renmen moun, pou moun pataje ak zòt, pou divèsite blayi san limit nan respè youn pou lòt, kote tout bizawèl kreyòl la ap pran grad, ap pran valè nan domèn literati, teyat, mizik, dans, lamòd, gastwonomi, elatriye. Anrasinman fèt sa a nan sosyete a, se anrasinman kilti kreyòl la nan patrimwàn kiltirèl peyi «fleurs de lys» la.

Ane sa a, pami aktivite vedèt ki gen nan pwogram nan, piblik la pral dekouvri plizyè konpozisyon mizikal pòtpawòl renn
chantrèl la nan yon kokenn espektak pou klotire 19èm edisyon «Mwa Kreyòl Monreyal la», nan dat ki ap vandredi 30 oktòb 2020, 8è pm, nan Collège Ahuntsic. Aktivite sila a se pou komemore 200 lane lanmò wa Henry Christophe, youn nan premye mou sou latè ki te goumen pou defann dwa moun.

Youn nan lòt gran aktivite ki pral taye banda li se Konferans-Espektak sware ouvèti a, ki pral fèt samdi 3 oktòb, 8è pm, nan Collège Ahuntsic. Rebecca JEAN, chantèz, otè-konpozitè-entèprèt, ak ekip koris epi dansèz li, pral hise byen wo drapo ak bèlte lang kreyòl la. Nan yon koregrafi koupe souf, Barbara Diabo ak Ivanie Aubin-Malo pral fè nou dekouvri divèsite dans otoktòn yo. Piblik la pral fè fèt ak Tactic Polo, yon chantè ki pa bezwen prezantasyon. Viviane Namaste, pwofesè chè enstiti Simone de Beauvoir, Inivèsite Concordia, pral mete deyò tout sekrè «Savoirs créole».

Rès pwogram nan nan wout, li ap gen plizyè lòt aktivite. Pami yo, fò nou siveye:

  • tradisyonèl sware pwezi «Mwa Kreyòl Monreyal» la sou «zoom», samdi 17 oktòb;
  • gran «Dikte Mwa Kreyòl Monreyal la», dimanch 25 oktòb, 2è pm nan Bibliyotèk Montreal-Nord, 12002, boulva Rolland.
  • Tab wonn «Femmes & Traditions» sou «zoom», dimanch 25 oktòb, 2è pm;
  • kou dans Twoup Eekspresyon pral òganize madi 20 oktòb, 6è pm nan Centre culturel Georges Vanier, Monreyal,
  • «Libres ensemble», yon rasanbleman kiltirèl sou labànyè ASAEDHQ ak Jean-Jean Roosvelt, Yanni, Robert’s, samdi 17 oktòb, 6è pm.

KEPKAA ap pwofite pou li prezante SENAYA yon chay remèsiman pou jenewozite li. Malgre tout tèt chaje kowona-19 la charye pote ban nou, nou pran angajman nou pral ofri piblik la yon «Mwa kreyòl» moun p ap janm bliye. Yon lòt fwa ankò, nou pral fè tout moun bò isit ak tout moun lòtbo dlo dekouvri divèsite ki egziste anndan kitli pèp Kebèk la.

Pòtpawòl la ap disponib pou antrevi soti jodi a pou rive 30 oktòb. Pou laprès ka planifye yon rankont avèk li oubyen ak
ekip «Mwa Kreyòl Monreyal» la, tanpri kominike ak responsab

Service des communications
514 750-8800 / thurlie7@yahoo.fr

Site web officiel SENAYA: http://www.divinesenaya.com

* * *

Programme 2019

Historique du Mois du Créole à Montréal

Mois du créole

KEPKAA 2000,
boul. Saint-Joseph-Est, porte B, Montréal (Québec) H2H 1E4
Tél. 514 750-8800 ou 514 062-8684
Courriel : kepkaa@videotron.ca

*

 Viré monté