Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Cahier de l’île noire (extrait 1)

Saint-John Kauss

Traduction en créole par
Jean Armoce Dugé

pou zanzèt  je poude a
epi tou pou kadav kou sibit mwa d janvye y

à  l’Ancêtre aux yeux poudrés
et à nos morts du choc de janvier

Non ! Mwen derefize lanmè pesonn pa konnen,
Pòtre mò epi ki ansèkle ak yon pakèt vil san lagete…

Non! Je refuse la mer inconnue,
Morte, entourée de villes tristes….”
 (Pablo Neruda)

pawòl ou se yon lanp pye m,
epi yon limyè pou klere chemen m.

ta parole est une lampe à mes pieds,
et une lumière sur mon sentier.”
(Psaume 119: 105)

Pascale Monnin

Pascale Monnin, Des histoires de morts mais aussi celles de vivants. 2 petites filles piégées avec Rose l’Africaine 60 heures sous terre à chanter, parler dans le noir avant d’être secourues. © Collection Galerie Monnin.

Denye orevwa m yo se vre men w ap toujou la nan souvni sanzenpotans mwen yo                  
nan chan zwezo nan mòn direksyon lès men anndanchak gout d
lo jete na direksyon lwès simityè yo

mes adieux mais vous serez toujours présents dans mes souvenirs de rien dans mes roucoulements d’oiseaux de la montagne à l’est mais à l’intérieur de chaque goutte d’eau jetée à l’ouest des cimetières

nèg visaj blèm sa a ak kè li k ap senyen m ye depi jodi a bouke woz sa a m ap anbonmen ak pafen sou chimen an bibliyotèk sa a m ap vire tounen twa fwa liv yo anba kalamite moso powèm kèk ansyen powèt pou yo ka libere anba pwòp chakad yo ki bay lawouli

ce cœur blessé d’homme blême que je possède dès aujourd’hui cette rose en chemin que je parfume cette bibliothèque que je remue par trois fois les livres des extraits de poèmes de vieux poètes à libérer dans leur sarcasme  schizophrénique

m ap di orevwa bay vil sa a kote m grandi ak yon visaj jèn powèt pòtre inosan koupab mak pasyon lanmou moun marye
m ap di orevwa m yo bay ri sa yo ki te konn lou ak chay  timoun k ap jwe lamarèl ak lame demantle
a ploton ti fi sa yo k ap dirije yo kay mè yo
visaj pòtre egare k ap navige nan lanmè
a pil ti gason sa yo ki sezi wè militè yo
yo fiziye akoz yo kouri dèyè lapli sou rivaj nou yo
tout konstriksyon san fòm sa yo sèlman nan yon espas dis ven trant karant segonn
soti Pòtoprens pran Leyogàn Jakmèl Tigwav rive Okaydifon
nan lanmè ak sou latè plat tankou kasav monben kwochi pòtre yon wonn daplon

mes adieux à cette ville où j’ai grandi visage béat de poète en herbe coupable des cicatrices passionnées des étreintes de mariés
mes adieux à ces rues autrefois pleines d’enfants qui jouent à la marelle et à l’armée démantelée
à ces petites filles qui vont chez les Sœurs
visages d’hébétées naviguant vers la mer
à ces petits garçons qui s’étonnent des militaires
fusillés pour avoir chassé la pluie de nos rivages;             
tous ces édifices asymétriques en dix vingt trente quarante secondes de caresses sismiques
de Port-au-Prince à Léogane Jacmel Petit-Goave jusqu’aux Cayes du fond des mers et des terres plates comme des cassaves mombins crochus aux cercles simiesques

tout bèl plenn kakawo ak kafe anmè sa yo ki anpeche linyon makonnen nan rèv pitit fi kasik gran don mèt plenn nou yo ki sou kontwòl lòd yon bouke òkide

toutes ces belles terres pleines de cacaos et de café amer qui font perdrM ap mete dezòmè entèdiksyon sou tout sa yo ta vle konstui sou tout sa yo ta gen lentansyon wete nan tè a tè sa a wayom gwo kòlèt peyi ladoudous
M ap pran rezolisyon antere  mò mwen yo kòmsadwa
Mwen pap fouye okenn fòskomin ni izole yo yonn ak lòt 
e l’union à la fille du Cacique du grand don de nos plaines assujetties aux ordonnances de l’orchidée

delivre anba chòk ak anj pwotektè yo peyi m ki pa janm sispann pwoteje m de move zè mwen sèmante l ap sispann pouse tankou move zèb nan savann dezole   w ap bouke leve tankou vag lanmè sou gran chimen o peyi m Ayiti

libéré des chocs et de son paraclet mon pays mon onction souveraine sans relâche qui ne fleurira plus comme l’herbe folle de la savane             qui ne se soulèvera plus comme l’écume des grands chemins  de la mer
Haïti ô mon pays

M ap mete dezòmè entèdiksyon sou tout sa yo ta vle konstui sou tout sa yo ta gen lentansyon wete nan tè a tè sa a wayom gwo kòlèt peyi ladoudous
M ap pran rezolisyon antere  mò mwen yo kòmsadwa
Mwen pap fouye okenn fòskomin ni izole yo yonn ak lòt 

j’y mettrai désormais des bornes à tout ce qu’on bâtirait à tout ce qu’on enlèverait de la terre de cette terre des orgueilleux et des délices  
j’y consentirai des caves à nos morts
pas de fosses communes ni de tombes solitaires

Ayiti m nan o tè kapris dantan m yo mwen te sispann egziste nan nyaj bravolakontantman nan chimen fènwa kote  moun  ap anonse move nouvèl epi tou nan pwomès kolon yo

si Ô Haïti ton aire n’eut fait mes caprices j’eusse alors péri dans la fumée des louanges dans le brouillard des alarmés dans les promesses des dominés

si lanmè w la te satisfè ti kè m se pou w sonje omwen m te mete m an règ nan moman chak vizit m te rann moun òdinè sa yo k ap viv toupatou nan krik mòn yo
m remèt fot mwen yo bay tout gason vanyan  ki abite nan vil ki sispann egziste pou fè triyonfe libète lavi nan pwomès wozye sovaj yo

si ta mer n’eut fait mes délices j’eusse néanmoins réglé le quota de mes visites aux gens simples de la montagne
mes transgressions aux vaillants hommes des villes mortes pour la liberté de vivre dans le salut des églantiers

orevwa nou yo nou adrese yo bay chimen sakaje ak tristès yo bay riyèl k ap kenbe toujou gras a komès epis san lajan orevwa nou yo se pou gwo boulva ki fèt tou boulva yo espas ki dwe kache pou toutan revòlte yo

nos adieux aux grandes routes saccadées de tristesse aux grandes ruelles fortes des épices sans recettes aux grands boulevards nés pour le maquis éternel des révoltes

orevwa nou yo se pou rivyè yo ki bade ak sakrifis pou kourando yo pou sous yo ki chaje ak mistè pou  lak yo ki fè myèt moso devan doulè pitit latè pyefen plat mègzo san mwèl ondire yon desen myèl

nos adieux aux rivières pleines de sacrifices aux torrents d’eaux aux sources mystiques aux lacs partagés dans la douleur des hommes fins pieds plats os maigres de moelle sans gras comme des abeilles

pou tout nuit san somèy sa yo pou tout veye finèb yo otan m ap ban n ochan
kadav o viktim kou sibit mwa d janvye nan piyantè moun mouri
nan mitan piten odè imidite anndan yon salamanje
nan mitan ranyon mandyan an ki pran kouri san pran souf
nan mitan kounouk pasan yo ki pèdi sanfwa yo
nan mitan katedral imilye anba enpisan je nou yo

pour tant de veilles et de veillées funèbres autant que je vous salue
ô morts du choc de janvier dans l’odeur des cadavres
parmi les putains mouillées dans un cafétéria
parmi les guenilles du mendiant en fuite
parmi les pises des passants au sang chaud
parmi les cathédrales avilies devant nos yeux maigres

sèt fwa pa jou nou ta dwe ap selebre ak kantik prezans lespwa (dèske) nou pa kouche poukont nou sou kabann dlo nan je
nou toujou tèt doubout chak nouvèl lawouze

sept fois le jour nous aurions du célébrer dans des chants de la présence de l’espoir de n’être pas seul sous un lit de pleurs
d’être encore souverains à chaque plante nouvelle  

epi sèt fwa chak fwa l fè nui ( nou ta dwe) limen flanbo lakontantman ak boukan nouvèl malatchong
chak grenn myèl nou pral ajoute sou tristès parad ti sòlda a  nan lonbray pye sitwon yo

et sept fois la nuit            rallumer le feu de joie des feux à la fausse rumeur des abeilles que nous aurons ajouté à la tristesse du petit soldat en parade à l’ombre des citronniers

pou peyi dekonstonbre a epi pou patri delala a mwen fonse tèt mwen nan menm enkonstans
lwa yo ki pa t ka li lavni ki pa t ka wè davans          enpasyans trafikan yo devan zwazo a ki te pèdi ladrès li anndan yon kalòj

pour le pays démonté et pour la patrie défoncée j’entre dans la démesure des loas qui n’ont rien vu arriver                   des trafiquants qui n’eurent de cesse qu’aux yeux de l’albatros à genoux dans les parages

mwenmenm (ki ka vle di oumenm oswa noumenm)
anfennkont sa ki mete mezantant ant silans lanmè ak noumenm  
ant gwo kabouya vag yo ki sispèk chire pit la
ant fè dap-piyank sou gwo sòm lajan
pèp la denonse nan pwolonjman souri powèt ki te okouran  

je
du reste de ce qui nous oppose au silence de la mer
aux fracassements des vagues qui le soupçonnaient
aux détournements des fonds énormes
dénoncés
à la criée publique
au long sourire du poète qui le savait

noumenm
pami tout kanmarad ki chache konsolasyon malgre pisans demonyak tranblemanntè a
nan konviksyon li manifeste pou l anglouti zile d Ayiyi larèndèzantiy
sinistre swete davans
selon bon plezi yon seri lòt peyi k ap dodomeya nan parès van an ak anba dekonm chimè san lekti ni ekriti nou yo epi ki sanble dakò ak reyalite a        malgre abi
malgre lawont
noumenm
nou di orevwa bay pòtay lanmè ki rete tou louvri
ki kache anba anba melankoli kèk ti flè sovaj
ak dèy san limit (ti ensèk yo rele) bèt-bondye yo pote yo ki sanble soti nan yon lòt ras

nous
de tous les camarades consolés de la magnitude du monstre
et de la bête qui veut la peau de notre île majestueuse
assistée à souhait
de tous ces étrangers confortés de la paresse du vent et des décombres
de nos chimères illettrés qui font des siennes malgré l’abus malgré l’opprobre
nous
disons adieux aux portes ouvertes de la mer
qui sous-entendent la mélancolie des coquelicots
le deuil à grande échelle des scarabées d’une autre race

 

32 Forces Hill Road, Washington, NJ,
15 janvier 2010

fleur

Saint John KAUSS

 Viré monté