Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Fetich antilop sovaj la
Fétiches de l'antilope bipenne

Pou ou, Ebèt
pour toi, Eberth

Saint-John Kauss

Îles de Brissago
Îles de Brissago, jardin botanique. Photo F.Palli

li t ap pèdi tan l chache m san siksè ak yon souri moun peyi Lapès 
elle me cherchait en vain sous son sourire persan

figi l imaj bouke flè livè
visage de fleurs d’hiver

odè fèy fanm damou
haleine de feuilles de belle amoureuse

fanm chive kouè sereyal Lazi
aux cheveux d’orge

li t ap chache m nan yon inosans
elle me cherchait dans son innocence

fèy akasya
de feuilles d’acacia

nan mitan bwouya yo jis rive nan zantray lakontantman
à travers les brouillards jusqu’aux racines de la joie

li te vle m tounen fantom solèy
elle me voulait fantôme du soleil

pitit zile yo nan kadans montay yo
fils des îles dans le balancement des hautes terres

ak ti kè m tou frajil nan kafouyay lanmou fanm
cœur vulnérable dans l’incertain amour de la femme

chaje valè
d’importance

li te vle m toutbon nan chuichuichui kote
elle me voulait certain dans les rumeurs de la source

yon seri nuizans ensipòtab ki kache kò yo kèk kote nan mitan lannuit
 pran nesan

de maux insupportables quelque part dans la nuit

ak yon kè ti pa leje lyann sovaj tckak tchak 
cœur assassiné au pas doux des iguanes

epoutan li lonje lanmen ban mwen
pourtant elle me tendait la main

 yon men ladoudous san parèy
d’une extraordinaire douceur

yon ti men pwès epi estwòdinè moun peyi Lapès
petite main persane pleine et magnifique

li te vle won ak souf lanmou nan pataj
elle se voulait gonflée d’amour dans le partage

eritaj zansèt yo
de la terre des ancêtres

li te vle m tounen powèt ak zèl lamelankoli
elle me voulait poète à l’aile mélancolique

ak de bra m yo louvri
aux deux bras ouverts

anfas yon istwa lanmou nan mitan chalè sezon lete
face à une histoire de cœur dans la chaleur de l’été

fanm o fanm  miyèt moso ki pote nan ti men l yo nostalji tan an
ô femme déjà partagée aux petites mains nostalgiques

 fanm dwèt makiyon ki aprivwaze bouya a
 femme aux doigts légers caressant le brouillard

fantòm ki fè wa pran kouri kite peyi yo ak kè yo dechire
fantôme de l’exil des rois au cœur écrasé

fanm o ou menm ki konn konsole
ô femme consolatrice

li t ap chache m pou granmesi nan yon powèm kè nan men
elle me cherchait en vain dans un poème d’allégeance

vizaj krankannen ak lespwa
visage brûlé d’espoirs

souf odè epis Lazi
haleine d’épices d’Orient

men ki soti yon kote ki pa egziste
et désertée de nulle part

pou l al chwe nan jenewozite yon kè depafini
dans la munificence d’un cœur brisé

li t ap chèche m pou granmesi nan senplisite
elle me cherchait en vain dans la simplicité

zile sa yo k ap mache
de ces îles qui marchent                                                   

li t ap chèche m sou wout tan an
elle me cherchait sur la route du temps

nan titeni solèy granmtimaten
au léger soleil des matins

nan chak pèl sab
dans chaque pelletée de sable

sou wout twalswa ak fanm je won
sur la route de la soie et des femmes aux yeux arqués

nan chemen kote nèg lage kò yo san jèn nan bay manti
sur le chemin des hommes livrés à la facilité du mensonge

nan chak vèy y ap fè pou vivan
dans chaque veillée des vivants

li te vle m yon santinèl lanmou depafini
elle me voulait sentinelle de ses amours défuntes

ki alorijin yon gran rèv endispoze nan chòk alevini van an
d’un grand rêve évanoui au ressac du vent

ti chandèl yon sware sanmank
mini-chandelle d’une soirée décidée

yon avanti total ki pran bout nan limon lakay li
une aventure totale jusqu’au limon de sa terre

aksyon toutbon pou yon padon toutbon
le geste global de son absolution

li te vle m powèt tout peyi
elle me voulait poète de toutes les nations

bel fanm avwal o
ou menm ki nan tout esplandè w

ô belle voilée dans toute sa splendeur

ki konn latrankilite lè lanm yo an kòlè
imbue de toute sérénité sous la montée des larmes

li te vle pou m mete bag la nan dwèt li nan plas ekri powèm nan pou li
elle me voulait l’anneau à la place du poème

 powèt an menm tan sèl sipriz pou moman gran silans lan
poète et sel insolite pour le grand silence

tout sa pou m di kijan l te prefere m rèstavèk
autant dire qu’elle me voulait colonisé

biten lagè nan lapenn san bout sa a
butin de guerre de cette peine sans fin

nan linosans lanèj la ak powèm nan tou bosale
de l’innocence de la neige et du poème apprivoisé

li te vle m powèt koutizan bra louvri
elle me voulait poète courtois aux bras ouverts

douvan fanm chive koulè seyeral Lazi a
devant la femme aux cheveux d’orge

ak douvan pye bwapen ki gen plis pase mil an
et de pin millénaire

li te vle m yon nèg telman senpa nan miltiplikasyon
elle me voulait si sympathique dans la multiplicité

kèk beze antilòp bris la
des baisers de l’antilope bipenne

(li te vle m) chèf pati politik anba zesèl lannuit
chef de parti sous les aisselles de la nuit

zwezo mirak pou fè fetich pou li
bécasse miraculeuse aux fétiches d’elle

anba mo yo ki koube
sous le fléchissement des mots à boire

epi powèm tètkalebobis la
et du poème hisurte

ki se yon mons pou m rele anmwe chatbaridèyè l
à repousser comme une chimère

men se pou ou menm
mais c’est à toi

tout lanmou sa a ye
que tout cet amour revient

nan separe yonn a yonn  jou yo ki san peche e ki gen kè sansib
dans le partage des jours immaculés et humains

anis

Poème en français

Viré monté