Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Edikasyon kreyòl nan lekòl Ayiti

Jean Armoce DUGÉ

Lyannaj

Jean Armoce Dugé

Depi sou Zoum, Jan Amòs Dije ap prezante “EDIKASYON KREYÒL NAN LEKÒL AYITI” dimanch 29 novanm 2020-an, a 4è nan aprè midi, sou envitasyon ITIAHaiti; yon tematik ki te vle monte sou tab la anvan lè li depi nan dènye rankont 25 oktòb 2020-an, anba bouch konferansye pwofesè ak lengwis Emmanuel W. Vedrine, epi Jozèf Masèl Jòj.

Gwo zanmi sa a pral gen pou li manyen sijè-a selon eksperyans li. Atant ITIAHaiti antanke òganizasyon k ap defann eritaj ayisyen, se ta wè edikasyon kreyòl la ofisyèl nan tout nivo lekòl Ayiti. Òganizasyon-an ta vle sigjere ministè edikasyon nasyonal yon pwogram kreyòl ki ta kòmanse depi nan nivo kindègadenn, jouk li ta grandi pou rive nan nivo inivèsitè. ITIAHaiti ta vle sansibilize Leta ayisyen pou pran konsyans sou jan anpil jèn elèv ta sanble echwe nan lekòl, akòz yo pa t rive byen konprann nenpòt ti kesyon senp ki ta poze nan lang kolon-an, sitou lè yo nan egzamen Leta. Yon reyalite ki fè anpil nan jèn sa yo ta prefere al reyisi nan lari, nan fè vye zak malonèt. Yon lòt analiz ta fè kwè jan poblèm pale lang fransè-a ta lakoz mankman bon jan deba nan klas yo, menm nan palman ayisyen-an, ak administrasyon yo, akoz konpleksite lang manman-an ki ta sanble entèdi pou pale, oswa enferyè.

Nou ap raple nou ke Jan se pwofesè kominikasyon kreyòl, lengwistik kreyòl, didaktik, pwodiksyon ekri ak tipoloji tekstyèl. Li ap anseye matyè sa yo nan Inivèsite piblik nan Okay (UPSAC) depi 2007; pou fakilte syans edikasyon-an, nan Sid, pi patikilyèman nan opsyon fransè-kreyòl. Answit, Amòs fè kou kreyòl tou nan Inivèsite Notre Dam; fakilte syans enfimyè Okay la; li se Otè yon koleksyon manyèl kreyòl ki edite chak ane nan edisyon C3, nan Pòtoprens; epi li se Otè yon bèl liv woman ki rele: “Doulè souvni yo” ki makònen ak kilti dantan lontan Ayiti. Mèt Dije pare pou li poze poblèm ki gen rapò ak lang lan an jeneral, anòmali nan ansèyman li, sitiyasyon li ak itilizasyon li anndan enstitisyon nou yo, elatriye.

Anseyan lang fransè ak kreyòl la twouve se yon tèm ki pral fasil pou ta devlope, selon karyè li nan lekò Ayiti. Li ta sanble konsyan pou lang majorite-a pran plas kòm priyorite li tout kote tou; yon reyalite ki ta fè nou santi ke van chanjman pou libète mantal la triyonfe viktwa li-a pa lwen.

Powèt Wilsonn Telimo Lwi ak Ekriven Beti Fòtina ap anime epi prezante seyans sa sou Zoum.

Viré monté