Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Kalbas la plein
par Antony Fortunat
Kouvèti: Foto koutwazi Francesca Palli (Potomitan) Konsepsyon: Isaac CANTAVE COMPERE Mo pou konmanse: Isaac CANTAVE COMPERE |
Préface
Kalbas La Plen…
Kalbas la plen. Timoun yo deja reveye.
Aprè laklas se travay. Pa gen tan pou pèdi.
Jwèt la makawon. Granmoun yo, men nan machwè.
Ou gen enpresyon yo gentan konnen demen.
Pita pi tris. Granpa ap fè radyo. Li pote move nouvèl.
Anba lavil la pi cho.
Moun yo lage debra pandye.
Pa gen leta.
Pa gen travay.
Pa gen lajan.
Gen nan yo ki gentan reve lanmò!
Grangou pa dous. Tande ak wè se de.
Se pa jou fèy la tonbe nan dlo li pouri.
Mwen pa konnen ki rout pou-m fè.
Tou pa tou se rèl.
Nan yon sitiyasyon malouk konsa
Nou pa ka chita kwaze bra ap gade.
Ifòk gen nan nou ki di yon mo.
Se tout rezon sa yo ki pouse profesè "Antony Fortunat"
Mete sou pye yon seri refleksyon
pou ede n konprann pi byen
E konnen kijan nou ta dwe konpòte n
fas a yon sitiasyon tèt chaje konsa.
Li konsyan solisyon yo pa fasil. Travay la anpil.
Se nan chemen tèt ansanm.
Lapriyè ak bonjan renmen youn pou lòt.
Konsa nou ka rive rale yon souf.
Kwape move je. Evite move kou. Evite tonbe nan pyèj.
Pran konsyans.
Wi, an nou pran konsyans .
Se sèlman nan tèt kole
Nou va rive vrèman diminye dega lavi…
© 2008 Isaac Cantave Compere,
Brooklyn, New York, Desanm 2008
Refleksyon Nimewo 4
Tèt ansanm, se sous lafòs
Pandan yon nèg t’ap vwayaje nan mòn, li rive yon kote, yon gwo wòch anpeche l’pase. Malgre tout mannèv, li pa janm deplase wòch sila a. Misye dekouraje; li chita epi li konmanse pè. Talè konsa l’ap fè nwa. Vyebèt kab atake l’piske li ponkont li.
Se konsa yon lòt vwayajè parèt. Tankou premye a, li eseye woule wòch la san li pa mande konkou kanmarad li jwenn la. Li echwe menm jan. Li mete de men nan machwa pou li reflechi pi byen.
Yon pakèt lòt vin rive. Yo chak eseye poukont pa yo. Men yo youn pa reyisi fè pasay, paske youn pat pale ak lòt. Yo chak te konprann li ta kab deplase wòch la avèk pwòp kouray li.
Pandan yo tout te kwaze bra ap gade san fè anyen, youn leve kanpe pou di: “Ann fè yon pryè pou mande sekou Bondye.’’
Tout vwayajè yo te twouve lide sa bon. Yo tout lapryè reyèlman vre. Se premye bagay yo te fè ansanm.
Lidè gwoup la santi yon solidarite tabli nan mitan yo. Alòs li kontinye konsa: ‘’Yon sèl moun pa kab brannen gwo wòch sa a; nou tout ansanm, ann met men pou wè.’’
Men ki jan wòch la deplase. Tout mesye yo vin zanmi akòz pwoblèm sa a yo rezoud ansanm. Si ou tande bèl odyans, gwo eklari sou tout wout la koulye a; alòske okòmansman youn pa t’adrese lòt lapawòl. Nan kole zepòl ak zepòl, yo rive rekonnèt youn bezwen lòt nan lavi a.
Nou ta kab di vwayajè yo se pèp ayisyen. Vwayaj la se chimen devlopman; gwo wòch la se tout difikilte ki bare wout la depi endepandans. Se tout konpleks ki anpeche tèt ansanm, ki nesesè pou konstui yon nasyon tout bon vre.
Tanke nou pa konsidere peyi a tankou byen nou tout endistenkteman, nou p’ap rive kwape lamizè, iyorans; nou p’ap aksepte fè konbit. Yon moun poukont li fèb, men, lè yon pakèt met men ansanm yo vin yon fòs.
© 2008 Antony Fortunat
(Inspiration: ‘ Parole d’un croyant’ de Felicite de Lamennais)
Avèk pasyans ou va wè trip foumi
Mwen fè yon Rèv tou
Mwen wè sis tizetwal sot nan kè mwen.
Yo chak avèk yon non diferan. Yo tonbe pale.
Premye a di: Mwen se Renmen. Mwen se sous tout bon santiman. Si tout kretyen vivan te fè yon ti jefò pou pran kontak avèk mwen, pa ta gen tout latwoublay sa yo nan sosyete a.
Dezyèm lan di: mwen se Respè, premye pitit gason Renmen. Mwen vin di nou, si chak moun respekte lòt, p ap gen raysans, ni prejije ankò; ni kesyon youn pa vle wè lòt.
Twazyèm lan di: Mwen se Lajistis, pitit fi Renmen. Kote frè m' Respè pase mwen toujou la. Paske lè chak moun respekte lòt, youn p ap chache fè lòt sak pa bon pou li..
Konsa mwen, Lajistis, travay mwen vin pi fasil.
Katryèm tizetwl la di: Mwen se Silidarite. Travay mwen, se fè konnen ke san Renmen, san Respè, san Lajistis, p'ap gen Lapè, ni Lespri Pataj.
Apèn Tizetwal yo fin pale, mwen wè yon bèl tab ranje avèk sis kouvè kote tout zetwal yo tounen sis bèl Rèv;
Renmen, Respè, Lajistis, Solidarite, Lapè, Pataj.
Eske nou dispoze fè tab rèv sa a tounen yon reyalite
Ann reflechi sou sa!
Lespwa fè viv.
Aprann koute
Anpil fwa, moun kwè kado ki pi itil, se sa ki bèl devan je, tankou yon machin dènye modèl, yon goumèt lò dizuit kara… tout sa k vizib e koute chè.
Men si nou te kalkile byen nou ta dekouvri yon lòt seri kado ki, petèt, pi enpòtan toujou, menm si nou pa wè yo. Pran egzanp yon moun ki aksepte chita tande ak atansyon yon zanmi k ap pale avè l. Ou pa ta imajine ki gwosè kado sa ye.
Nou konnen mak fabrik kretyen vivan, se kapasite li genyen pou l fabrike lide. Men tout lide sa yo, li pa ta renmen gade yo pou li. Li bezwen yon parèy li pou pataje yo.
Lide se pitit larezon lanati fè nou kado. Kidonk tout moun sansib pou tout lide ki jèmen nan tèt li. Se poutèt sa, lè ou pran san ou koute avèk pasyans vwazen an ki vle di ou yon pawòl, se pi gwo kado ou ta kab ofri l.
Se kòm si ou te aksepte anbrase pitit sèvo l, li prezante devan ou.
Malerèzman, nou gen tandans koute pwòp tèt nou, lè lòt ap pale. Nou panse se sèl lide pa nou ki konte. Anpil fwa menm, san lòt la pa menm fin rakonte esperyans li a, nou rache pawòl nan bouch li.
Si nou te konnen konbyen kontrarye zanmi an kontrarye! San nou pa rann kont, nou rate okazyon fè l kado ki pi presye a: rete tande l pale.
Nou ta kab evite anpil konfli si nou te koute avèk yon tikras atansyon sa moun ki anfas la ap di.
Lè sa, nou ta konprann pi byen fon panse l; nou ta evite fè move entèpretasyon ki mennen deblozay initil, lè se pa koupe fache ant zanmi.
Konpòtman nou genyen devan moun k ap pale avè n, kab kreye lajwa oubyen latristès.
Ann pran abitid koute, konsa nou va konnen lòt moun lan pi byen, nou va konprann li e youn va pi dispoze fè lòt konfyans.
Koute yon moun, se pi gwo kado nou kab ba l. Kisa n ap pèdi si nou fè ti sakrifis sa a?
Sa ki pa bon pou sak ou pa bay makout li.
Kondisyon yon bon Asosyasyon
Yon asosyasyon se yon gwoup moun ki deside met tèt ansanm pou defann enterè yo genyen ankomen.
Pou yon Asosyasyon kab dire gen kèk kondisyon pou ki respekte;
- Asosye yo fèt pou defini aklè objektif yo vle jwenn nan; sa vle di yo tout dwe konnen kote yo pwale.
- Asosye yo fèt pou devlope espri solidarite ant yo; sètadi yo dwe toujou kole zepòl ak zepòl pou rive nan objektif la, malgre difikilte yo rankontre sou wout.
- Asosye yo fèt pou blye enterè pèsonèl yo pou konsakre yo nan defans kòz la.
- Asosye yo fèt pou aprann kominike ant yo de fason pou youn ka fè lòt konfyans. Moun ki chwazi pou dirije asosyasyon an dwe toujou dispoze bay bon jan esplikasyon sou mezi ki pran. Se sa yo ta rele espri transparans.
- Manm asosyasyon an dwe devlope espri konsètasyon. Sètadi yo fèt pou aprann brase lide ansanm san youn pa blije derespekte lòt. Youn fèt pou aprann tande lòt. Paske tout lide gen bon bagay ki ka soti ladann. Men, fò asosye yo konnen tou, tout lide pakab aplike nenpòt kilè.
Asosye yo fèt pou evite konfizyon nan objektif yo chwazi ansanm lan.
- Asosye yo fèt pou byen motive. Sètadi fò yo byen konprann sans lit y ap mennen. Fò yo santi yo gen enterè toutbon vre. Se sa k fè yo pa dekouraje ; yo toujou kanpe tenfas pou lite jouk sa kaba.
Anpil asosyasyon pa dire lontan paske objektif yo pa t byen defini depi nan kòmansman. Lè sa a gen asosye ki wete kò yo, pou fè chemen yo akote.
Nou kapab aplike definisyon asosyasyon an nan istwa peyi nou.
Nan koloni Sendomeng nou jwenn Asosyasyon Blan Franse yo. Objektif yo, se te jwenn plis libète pou fè biznis yo mache nan koloni an.
Te gen Asosyasyon Afranchi, ki reprezante klas moyèn nan koloni a. Objektif yo, se te libète total kapital ki ta pèmèt yo chita sou menm tab ak Blan Franse yo.
Anba nèt te gen mas Esklav yo ki pa t gen okenn dwa. Yo pa t gen dwa konn li; yo pa t gen dwa fè reyinyon; yo te menm konprann esklav yo pa t ka reflechi.
Yo menm tou esklav yo ki te reprezante 85% popilasyon Sendomeng nan, yo te deside fè asosyasyon pa yo tou. Se nan nuit 14 Daou 1791, nan mitan yon rak bwa, delege esklav yo te soti tou patou pou vin fòme asosyasyon pa yo.
Lekòl fè nou konprann se te yon seremoni satan. Men, nou konnen se te premye Asosyasyon mas pèp la nan listwa Dayiti. Objektif li, se te kase chenn esklavaj pou jwenn libète.
Asosye yo te sèmante pou defann kòz libète sa a jouk sa kaba. Se te yon Asosyasyon kote tout manm yo te gen menm enterè, yo t ap chache menm objektif.
18 Me 1803, se dezyèm asosyasyon ki kreye, lè Petyon, reprezantan Afranchi klas moyèn yo, aksepte mete tèt li ansanm ak Desalin, reprezantan mas Esklav yo.
Objektif: mete Blan franse deyò nèt, pou kreye yon nasyon. Mas ansyen esklav yo ta dwe kontinye travay pou tout moun ak pou yo tou, de fason Ayiti ta toujou rete rich jan li te ye nan tan koloni an.
Malerezman, Asosyasyon 18 Me a, se te yon asosyasyon ipokrit, opòtinis. Objektif Afranchi yo pa t menm ak pa mas ansyen esklav yo. Kòm yo pa t gen menm.enterè, Asosyasyon pa dire; li kraze apre dezan sèlman.
Se konsa nou pèdi chans kreye yon nasyon. Jouk koulye a nou genyen yon peyi, de nasyon.
Objektif jounen jodi a, se kreye yon Nasyon. Moman rive pou nou tout met tout diferans dekote pou fè yon asosyasyon, tankou 1791, tankou 1803, ki chita sou bonjan konfyans. Nou te reyalize l déja nan tan lontan, poukisa li ta enposib jounen jodi a.
Achte peye, prete remèt, se sa ki zanmi dire.
Dife Renmen
(Le feu d'amour)
Tout lasent jounen n ap plenyen pou pwoblèm k ap wonje sosyete a. N ap kouri adwat agòch nan chache solisyon. Sa vin pi rèd jou an jou. Lakòz, sè ke nou blye sa k’ esansyèl, sètadi nou refize antre nan nannan pwoblèm yo.
Si nou pa t pèdi abitid reflechi, nou ta dekouvri ke nou tout, nou pote anndan nou, yon dife ki la pou brile tout dechè lavi a anpile nan konsyans nou.
Se Dife renmen ki tounen dife Senserite pou brile dechè Ipokrizi, ki fè moun foule Laverite anba pye, bay lòt kou nan do, pandan y ap manje sou menm tab ;
Se Dife renmen ki tounen dife Charite pou brile dechè lahèn, ki fè Lèzòm viv nan yon sitiyasyon chen manje chen ; kote pi gwo deside vale pi piti, swa nan rapò moun ak moun; oubyen gwo peyi ak ti peyi.
Se dife renmen ki tounen dife Jenewozite pou brile dechè Prejije, ki fè kèk moun konsidere yo siperyè kèk lòt.
Men, dife renmen se yon dife sakre, se yon dife lazè ki brile pou l ka geri.
Lè li fin boule tout move zèb nan konsyans nou, li tounen yon tizon enèji ki alimante Lapè n ap chache a, atravè tiyo lajistis, lalibète ak solidarite.
Malerèzman, nan sosyete n ap viv jounen jodi a, dife renmen toufe anba Sann opòtinis, woule m de bò, ki fè nou kache veritab vizaj nou; ki fè n ap bay manti vire tounen, pandan n ap chanje kostim pou chak sikonstans.
Li toufe anba sann egoyis ki fè nou gen tandans chwazi tout bon moso yo, kite grabday pou lòt; ki fè nou aplike prensip tout pou mwen zafè lòt.
Dife renmen toufe anba sann lògèy ki anpeche n pran konsyans betiz nou komèt pou n ka korije yo. Sann awogans, patekwè, ki fè nou toujou ap koupe chemen pou rive anvan; mete lòt akote, san nou pa p regle anyen pi serye.
Se paske nou refize Dife renmen tout bon an klere anndan enstitisyon nou yo, sitou lafanmi, se poutèt sa, an pati, n ap viv sitiasyon apokalis ki met dlo nan je tout moun chak jou Bondye mete.