Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Èske tradiksyon posib ?

Ethson Otilien
ethsotilien@gmail.com
Manm laboratwa LangSÉ, UEH
Mai 2020

0. Entwodiksyon

Si nou obsève twa kategori moun sa yo k ap diskite de labib: yon batis, yon katolik ak yon temwen Jewova. Sa ki enterese yo se Jan 1:11. Nou ka poze tèt nou kesyon sa a: pou ki sa twa kategori moun sa yo pa ka dakò antre yo, alòske yo toule twa gen menm referans: Bib la? Nou pa bezwen gwo save ni divinò pou nou reponn kesyon an, nou dwe jis sonje, chak relijyon sa yo sèvi ak yon tradiksyon labib ki diferan. Batis la sèvi ak bib Louis Segond, oswa tradiksyon Bib la an kreyòl, katolik la sèvi ak La Bible de Jérusalem2, temwen Jewova a sèvi ak Traduction du monde nouveau. Kidonk, yo chak gen entèpretasyon pa yo, selon yo ka fè yon entèpretasyon literal, figire ou senbolik e selon prensip jeneral ak dòg relijyon yo a pwone a. Nou sèvi ak ti egzanp sa a pou nou kapab pale de kesyon tradiksyon ki se yon domèn ki trennen anpil pwoblèm dèyè l, se sa ki fè egzanp bib la byen tonbe puiske se youn nan liv yo plis tradui sou latè. Dapre jounal La Croix3, bib la tradui nan 674 lang. Gen anpil moun ki panse tradiksyon se yon bagay ki enposib, pou yo ou pa ka janm jwenn lide egzak lè w soti nan yon lang pou ou ale nan yon lòt. Gen lòt ki panse diferans kiltirèl ka fè transfè soti nan yon lang pou ale nan yon lòt ka rann tradiksyon an enposib. Gen yon dikton italyen ki di: traduttore, traditore, an kreyòl nou ta di: tradui se trayi (tradiksyon literal la se: tradiktè, trèt). Lè nou pran kategori tèks yo rele pwezi a, ki jwe an jeneral sou fòm langaj (espresivite), rit, estrikti lang yo ak son yo itilize  ki kapab diferan de yon sistèm lengwistik a yon lòt, sa vin fè tradiksyon jan (genre, an fransè) sa a parèt pa posib, daprè yon seri moun. Epi, kesyon kontèks lengwistik, estil ak sansiblite lang vin antre nan jwèt la. Anpil moun ka mande, ki jan nou ta dwe tradui «Mafé», yon pla tipik senegalè an kreyòl, «Tajine», yon pla tipik mawoken, oswa ki jan nou ta kapab tradui «pwen bourik», «kaka aran» ak «bann chanpwèl» an fransè? Transpoze eleman kiltirèl, lengwistik, sans, estil, sansiblite ak anpil lòt ankò  soti nan yon lang ale nan yon lòt fè anpil moun panse tradiksyon enposib. Paralèlman, gen anpil lòt tou ki panse, tradiksyon posib e nou ka eseye depase pwoblèm ki soulve yo. Nan esè sa a, nou pral eseye abòde difikilte ki genyen nan kesyon tradiksyon, pou ki sa anpil moun panse tradiksyon pa posib. N apral gade tou pou ki sa anpil moun panse sa posib e ki jan nou ka eseye depase difikilte/obstak yo osinon sa ki fè tradiksyon an parèt enposib pou nou rann tradiksyon an posib jiska yon sèten limit. Nou p ap bliye rezon ki fè nou tradui. Aktivite tradiksyon reponn yon bezwen imanis: pataje konesans, pataje lide, pataje valè. Kon sa, reponn kesyon: èske tradiksyon posib parèt plis pase yon bagay ki nesesè.

1. Ki sa tradiksyon ye?

Nan Diksyonè kreyòl Vilsen, Féquière Vilsaint ak Maude Heurtelou ekri e ki reyedite kay Educavision pou twazyèm fwa an 2009, nou pa jwenn mo tradiksyon an, ni vèb tradui a pami antre diksyonè yo4. Nou ka konprann tradiksyon pa t vrèman yon domèn ki te nan preyokipasyon mesye dam sa yo lè yo t ap ekri diksyonè yo a. Pou sa, nou sètoblije al fè yon kout je nan diksyonè franse Larousse an liy pou nou ka jwenn kèk lide sou sa. Dapre Larousse5, mo tradiksyon an soti nan laten traductio, ki vle di «Action de traduire, de transposer dans une autre langue  La traduction d'un livre.» Mo «transposer» yo itilize a, vle di, pran yon bagay nan yon kontèks mete li nan yon lòt kontèks, oswa nan yon lòt kondisyon. Kon sa, tradiksyon mande pou pran yon bagay nan yon kontèks lengwistik epi mete li nan yon lòt kontèks lengwistik. Gen otè ki pa dakò ak pwennvi sa a, ki panse nou dwe voye lide sa a jete byen lwen. Se ka Allal Sinaceur, Jean-François Hersent (2007) site, ki ekri «se débarrasser de l’idée que traduire, c’est livrer la copie d’un texte dans un autre contexte». Pou yon espesyalis tankou Umberto Eco (2007), tradui se  «dire presque la même chose dans une autre langue». An kreyòl nou ta ka di «lè ou di prèske menm bagay la nan yon lòt lang». Mo «prèske» Umberto Eco itilize a vin fè nou anvi bay moun ki di tradiksyon se yon bagay ki enposib yo rezon. Men an nou konsidere sa lòt espesyalis di toujou. Men ki jan Georges Mounin, li menm li wè tradiksyon «la traduction consiste à produire dans la langue d’arrivée l’équivalent naturel le plus proche du message de la langue de départ, d’abord quant à la signification puis quant au style.» (Mounin 1963 : 12). Pou Mounin, se negosiyasyon ant yon lang-sous ak yon lang-sib pou jwenn «ekivalan natirè» (sa vle di, fòk yo gen menm valè) ki pi pwòch mesaj w ap tradui a san li pa mete sou kote kesyon estil la. Ekivalans sa a pa senpman chita nan sans, siyifikasyon men tou nan estil. Eco (2007) ajoute «la traduction ne concerne pas seulement un passage entre deux langues, mais entre deux cultures ou deux encyclopédies. Un traducteur tient compte des règles linguistiques, mais aussi d’éléments culturels, au sens le plus large du terme». Dapre sa Umberto Eco aprann nou, yon moun k ap tradui travay non sèlman sou dimansyon lengwistik la ak nòm li yo men tou sou dimansyon kiltirèl la paske tradiksyon se yon kominikasyon entèkiltirèl. Lè nou fè sentèz Eco ak Georges Mounin, nou rive konprann tradiksyon se yon domèn ki konplèks, ki pwoblematik puiske nou toujou nan «prèske» ak «pi pwòch». An Amerik di Sid, nan peyi Brezil an patikilye, apati «Teyori antwopofaji» ekriven Oswald de Andrade6 te lanse an 1922 a, anpil lòt otè te koumanse wè tradiksyon kòm yon zak antwopofaji, kote tradiktè a devore tèks-sous la, li asimile l, li apwopriye l, li absòbe l, li dijere l, li rann ni sou yon lòt fòm nan yon lòt lang, yon lòt kilti. Lè tèks la fin transfòme, li vin jwenn yon mobilite ki fè li ka vwayaje, ale nan yon lòt lang, yon lòt kilti, se pou sa yo pale de «deteritorilizasyon» tèks ki tradui a. Tèks ki tradui a vin jwenn nouvo espas pou li deplase, yon tan ki pa tan orijinèl li. Gen plizyè nivo nan zak antwopofaji yo rele tradiksyon an etnosantrik, inovatè, entèkiltirèl. Nan premye a, tèks la ka vin natiralize, nan dezyèm nan li «exotisée»7, sa vle li kenbe karaktè etranje li, nan dènye a li ant natiralizasyon ak «exotisation» (Cf. Marie-Hélène Catherine Torres, 2012). Se yon konsepsyon ki enteresan pou plizyè rezon men nou p ap apwofondi l nan esè sa a. Definisyon sa yo pèmèt nou konprann plizoumwen anje ki gen nan tradiksyon kòm yon domèn  teknik, syantifik. Men yo pa sifi pou reponn kesyon nou te poze depi nan tit la, ki se èske tradiksyon posib, se pou sa, nou pral eseye gade pou ki sa anpil moun panse sa pa posib epi gade tou sa lòt moun panse.

2. Men tèz anpil moun avanse pou montre tradiksyon pa posib

Se pa jodi a senpman anpil moun panse tradiksyon se yon bagay ki enposib. Anplis, se pa moun lespri wòwòt. Edmond Cary (1986), ki ekri liv ki rele Comment faut-il traduire ? la, site yon bann otè ki pa kwè tradiksyon posib.  Miguel de Cervantes, yon ekriven espanyòl trè selèb ki te viv pandan sèzyèm ak disetyèm syèk, konpare travay tradiksyon tankou yon tapi ou mete lanvè, tout motif yo la, men ou pa ka wè bote yo. Dante Alighieri, yon ekriven-filozòf italyen ki te viv pandan trèzyèm ak katòzyèm syèk, ekri «Aucune chose de celles qui ont été mises en harmonie par lien de poésie ne se peut transporter de sa langue en une autre sans qu’on rompe sa douceur et son harmonie». Wilhelm von Humboldt, filozòf, lengwis alman, li viv pandan dizuityèm ak diznevyèm syèk la pale kon sa «toute traduction me paraît être incontestablement une tentative de résoudre une tâche irréalisable». Friedrich Schlegel li menm ekri: «La traduction est un duel à mort où périt inévitabement celui qui traduit ou celui qui est traduit». Nou gen Georges Borrow an Angletè ki rete kwè: «la traduction est, au mieux, un écho». Nou pa ka bliye Joachim Du Bellay nan Défense et illustration de la langue française, an Frans, ki rele tradiktè yo «traditeurs», puiske, dapre li, yo trayi sa yo vle espoze a (Gade nan Jean-Pierre Brèthes, 2016). Anfen, Léon Laleau (1892 – 1979), yon ekriven ayisyen, nan yon powèm li ekri ki rele «Trahison»8, montre kouman li difisil pou yon moun ki viv nan yon lang esprime sa li viv, sa li panse, sa li santi, emosyon li nan yon lòt lang. Li t ap pale de lang manman li ki se kreyòl ak lang li pran enstriksyon ki se franse. Li te gen enpresyon se kòmsi santiman li t ap esprime yo se te prete li te prete yo, yo pa t otantik. Se sa li rele yon «trahison». Li rejwenn sa dikton italyen an di sou kesyon tradiksyon an (Gade pi wo a) menm si li pa t ap pale dirèkteman de teyori tradiksyon. Li pale de soufrans ak dezespwa ki anvayi li lè l ap ekri an franse bagay li viv an kreyòl.

Ce cœur obsédant, qui ne correspond
Pas avec mon langage et mes coutumes,
Et sur lequel mordent, comme un crampon,
Des sentiments d'emprunt et des coutumes
D'Europe, sentez-vous cette souffrance
Et ce désespoir à nul autre égal
D'apprivoiser, avec des mots de France,
Ce cœur qui m'est venu du Sénégal?

Anpil lòt entèlektyèl ak save panse menm bagay la tou men nou pa ka site tout. Genyen anpil pwoblèm ki fè moun sa yo ak anpil lòt ankò panse operasyon tradiksyon an enposib. N ap senpman kontante nou pale de twa ladan yo menm si nou ka abòde kèk lòt san nou pa apwofondi yo  pwoblèm lengwistik, pwoblèm semantik, pwoblèm kiltirèl.

  1. Lè nou pale de pwoblèm lengwistik, nou pran lang nan nan aspè estriktiral li, aspè entèn ni, sa vle di yon antite ki gen yon sistèm  fonetik, fonolojik, mòfolojik, sentaksik ak semantik. Chak lang gen yon kantite son. Genyen de son yon lang genyen, yon lòt lang pa genyen, sa ki rann sistèm fonetik chak lang diferan. Sistèm fonolojik chak lang pèmèt yon seri konbinezon son posib ant yo pou yo bay mòfèm, monèm. Monèm sa yo suiv yon seri règ òganizasyon ak sans pou bay fraz. Lòd mo yo diferan selon sistèm sentaksik lang nan. Menm si de lang ka suiv menm estrikti, paregzanp, SVO (sijè, vèb, objè - kreyòl ak fransè) men yo gen yon seri lòt eleman sentaksik, mòfoloji, semantik ki fè yo diferan, ki fè li konplèks anpil e li difisil pou remèt yon tradiksyon nan tout entegralite l. An kreyòl ayisyen detèminan yo (la, lan, nan, an, a) vin apre (bourik la, kay la) men an franse li vini avan (la bourrique, la maison). Diferans lan fèt tou nan nivo sistèm son yo, gen detèminan oral ak nazal an kreyòl alòske li ta ra pou w ta jwenn yon detèminan nazal an fransè. Sa ki vin jwe sou sonorite de sistèm lengwistik yo. Nan tradiksyon, tip ak fòm fraz yo jwe sou sans ak estil tèks la, rit tèks. Kouman pou tradiktè a remèt yon travay tradiksyon ki entegre tout eleman sa yo san li pa manke youn alòske gen moun ki panse «les systèmes grammaticaux sont […] impénétrables l’un à l’autre» (Gade nan Mounin, 1963  p. 9)9?
     
  2. Pwoblèm semantik la se yon aspè nan pwoblèm lengwistik la, men nou chwazi trete li apa pou yon rezon ki senp. Li pran pifò plas nan tradisyon domèn tradiksyon an puiske lè yon moun ap tradui, an jeneral, li vle tradui sans. Nan operasyon tradiksyon an, tradiktè a ap chache veyikile lide ki soti nan yon lang al nan yon lòt. Pou li kapab fè travay sa a, sa mande pou li menm li konprann, li entèprete. Nou rive yon kote pou nou mande  èske tradiktè a tradui an fonksyon de sa li menm li konprann, de limit li, oswa li tradui entansyon tèks la nan tout entegralite l? Sans konote ak sans denote se de lòt eleman ki vin poze nan pwoblèm entèpretasyon sans lan. Koulè afektif yon mo konn vin pran konn chanje sans li nèt. Epi mo yo konn pase de yon rejis òdinè a yon rejis espesyalize, envès la tou posib. Oubyen li gen dwa pase de yon domèn espesyalize a yon lòt domèn espesyalize. Nan chache transmèt sans ak lide, gen lòt aspè ki lye ak sistèm lengwistik de lang yo ki pa ka tradui, san konte transfòmasyon aspè estilistik la ka sibi. Mete sou sa, lè lokitè a ap pale li ka jwe sou diferan rejis lang nan. Chak tèks gen yon fonksyon e li reponn a youn oubyen plizyè objektif. Gen tèks ki la pou veyikile yon enfòmasyon, nan sans sa a se fonksyon kominikasyon lang nan ki plis aktive, gen lòt se fonksyon espresif la, tankou pwezi, eksetera. Men trè souvan se fonksyon kominikasyon an tradiktè yo plis mete an avan. Lefètke sistèm lang yo diferan, nan ki nivo pou tradiktè a ta metrize de lang yo pou li ka antre nan jwèt otè/lokitè/piblik-sib a e remèt yon tradiksyon ki kòrèk?
     
  3. Tout lang fèt nan yon kilti, li tradui vizyon moun ki pale l. Si se yon kominote chasè eben l ap chaje mo ak espresyon pou reprezante esperyans lachas, si se yon kominote kiltivatè, lang nan ap fòme mo ak espresyon pou pale de kilti plant, pyebwa, eksetera. Moun yo esprime jan yo viv, kwayans yo, mit yo, lejann yo atravè lang yo pale. Kidonk lang tradui aktivite moun fè, sa yo wè, sa yo tande, sa ki nan imajinasyon yo. Kon sa, tradui vin pa yon senp egzèsis kote yon mesaj pase de yon lang ale nan yon lòt, men tou li se tradiksyon yon esperyans, yon espresyon kiltirèl nan yon lòt espresyon kiltirèl. Lè yon kominote pa pratike tèl aktivite, pa gen tèl kwayans, pa gen tèl abitid, ki jan ou pral fè tradui lòt reyalite sa yo nan lang ni ? Se yon lòt defi moun k ap fè tradiksyon yo gen devan yo.
     

Tout pwoblèm sa yo moun ki panse tradiksyon an enposib yo evoke a fè yo kwè tradiksyon se yon aktivite sispèk, se pito transfòmasyon yon tèks orijinal ki vin fè l pran yon lòt fòm, sa ka vle di tou lòt sans puiske se sibjektivite tradiktè a k ap aji. Pou Dana Birksted-Breen (2011) «Il est même inhérent au principe de surdétermination que chaque traduction ne puisse que déboucher sur un point de vue partiel.» Pierre-Paul Lacas nan ansiklopedi Universalis an liy marye «surdétermination» sa a ak yon «surinterprétation». Men sa li ekri «Le concept de surdétermination a donc pour corrélatif essentiel celui de surinterprétation (soit une interprétation polyvalente, multiple, soit une interprétation à un autre degré de "profondeur", ou encore l'une et l'autre). L'inconscient ignore le langage aux concepts univoques.» Pou moun ki fè sikanaliz, nou ka sonje ki deba ak diskisyon ki gen sou tradiksyon zèv Sigmund Freud yo. Pou yon seri lòt moun, nosyon «gender» an alman, yo tradui an fransè «genre», oubyen «gender» an angle, se yon kontresans lè y ap pale «de la problématique du genre» oswa «équité de genre» (Gade nan Cornelia Möser, 2013  pp. 131-193). Nou p ap bliye tou John Langshaw Austin ki pibliye yon liv ki rele How to do things with words (1955), tradiktè fransè tradui l Quand dire, c’est faire. Anpil moun kwè tradiksyon sa a pa koresponn toutafè ak tit original la paske kote angle a mete «kouman» ki esprime mekanis ak mwayen, franse a mete «lè» ki esprime yon tanporalite. Epi kote angle a itilize «mo» osinon «pawò», franse a itilize vèb «dire».

3. Tradiksyon an posib/enposib jiska yon limit

Paralèlman ak yon seri otè ki kwè tradiksyon se yon bagay ki enposib, anpil lòt parèt mwens radikal e mwens pesimis. Edmond Cary (1986), nou te deja site pi wo a, site yon seri ekriven ki panse malgre difikilte sa gen ladan ni li pa enposib pou tradui. Li site Charles Perrault ki panse pou rekonèt kalite yon otè, se pou nou gade tradiksyon ki fèt de zèv li. Alphonse de Lamartine li menm li di li pran plis plezi lè l ap li tradiksyon yon otè pase lè l ap li zèv orijinal la. Georges Mounin (1963  273) ki se lengwis, an menm tan tradiktològ, sa vle di li fè teyori sou tradiksyon, mete enpe nyans pa rapò de kategori moun sa yo «la traduction n'est pas toujours possible (...) Elle ne l'est que dans une certaine mesure et dans certaines limites, mais au lieu de poser cette mesure comme éternelle et absolue, il faut dans chaque cas déterminer cette mesure, décrire exactement ces limites». Jean-Pierre Brèthes nan atik li pibliye en 2016 ki rele «Traduire: mission impossible?», ekri «nous savons donc que c’est impossible et nous le faisons, scrupuleusement et sans scrupules.» Tout moun sa yo ki se ekriven oswa teyorisyen konsyan de difikilte ki genyen nan aktivite tradiksyon, se pou sa de dènye otè nou site yo montre yo pridan, e yo panse tradiksyon an posib/enposib jiska yon sèten limit.

Men kounye a, si malgre difikilte/obstak, «zone d’intraduisibilité», tradiktè yo tradui kanmenm, ki sa yon tradiktè tradui? Kesyon sa a mete tradiktològ yo dozado, genyen ki panse se ekivalans lang nan (Georges Mounin, 1963), genyen ki panse se kilti/entèkiltiratilite (Rolet Serge, 2012), genyen tou ki panse se «genre» (François Rastier, 2006), gen lòt ki panse se sans ak estil (Charles Russell Taber, 1972). Nou p ap elabore anpil sou sa men nou panse tout otè sa yo gen rezon nan sèten limit puiske, yon tradiktè dwe teni kont de lang l ap tradui a, «genre» l ap tradui a, powetik, literè, syantifik, teknik, eksetera, sans ak estil. Kesyon kiltirèl la enpòtan anpil puiske konesans lang nan pa sifi pou tradui, lang nan esprime reyalite kiltirèl, «vision du monde» moun ki pale li a menm si gen eleman ki inivèsèl. Moun yo pa dekoupe reyalite a menm jan. Ayisyen «bwè krèm», Fransè  «mange de la glace»; Ayisyen «bwè soup», Fransè «mange de la soupe». Yo chak wè reyalite a yon jan, sa depann de jan yo konprann ni, jan yo viv li, pwennvi fizik ak entelektyèl yo, entèpretasyon yo.

Yon lòt kesyon ki fondamantal ankò nou dwe abòde  ki jan nou dwe tradui? Edmond Cary (1986), nan paj 25 liv li a, bay chapit la pote tit «La Traduction est-elle possible ?». Pou li reponn kesyon an, li koumanse ak yon lòt kesyon «Comment faut-il traduire ?», ki se menm ak kesyon nou  poze a. Nan liv li a, nou p ap jwenn yon repons dirèk sou kouman pou nou tradui paske sa depann de tout yon demach metodolojik, yon seri chwa chak fwa yon moun ap tradui. Pou Cary, nou dwe detèmine ki lang n ap tradui pou ale nan ki lòt lang, paske, nou pa tradui chinwa pou ale nan franse menm jan nou tradui alman pou ale nan franse. Nou dwe konnen tou, ki sa n ap tradui. Konnen ki sa n ap tradui a vle di, èske se yon tèks teknik, syantifik, literè, powetik, teyatral, eksetera, paske selon jan yo (le genre, an franse) ak fonksyon yo, li mande yon tretman diferan. Nou te pale pi wo a de pwezi ki chita anpil sou fòm espresyon, menm si kontni an enpòtan tou. Rit, mizikalite, rim, figi estil yo ka chape si nou pa fè atansyon nan tradiksyon n ap remèt yo. Lè Cary poze kesyon «ki lè?» a (nan liv li a), li vle mande se pou ki peryòd, paske lang nan evolye sou plan senkwonik, dyakwonik, se pou sa jodi a, gen yon tradiksyon labib ki rele La bible en français courant. Pou kilès vle di, pou ki piblik, jèn, adil, granmoun, inivèsitè, elèv, eksetera. Mòd kesyon sa yo sanble tèt koupe ak modèl kesyon nou jwenn nan metòd  QQOQCCP  yo itilize nan kominikasyon pou detèmine rapidman kilès, ki kote, ki lè, eksetera. Sa montre tradiksyon se yon operasyon kominikasyon avan tout bagay.

Pou nou fè tradiksyon, sa mande pou nou konnen byen de (2) lang n ap itilize yo. Si nou pa gen yon konesans apwofondi, se sèten, travay tradiksyon an ka vin tounen yon lanfè pou moun k ap tradui a e rezilta a ap brankal. Tankou jan yon otè, nou site, te di sa pi wo a, moun k ap tradui a ka peri oswa sa li ap tradui a ka peri. Ki sa sa vle di yon bon konesans sou lang tradiktè a ap itilize yo? Sa vle di fò l metrize sentaks lang yo byen, règ òganizasyon pou fòme fraz, sistèm semantik de lang yo, jan yo tabli règ pou bay sans, yo bezwen metrize kontèks ak sitiyasyon yo itilize chak mo, chak espresyon. Fòk yo konnen règ izaj, sa yo rele règ pragmatik lang nan. Pou Cary (Ibid.) «Le contexte linguistique ne forme que la matière brute de l’opération  c’est le contexte, bien plus complexe, des rapports entre deux cultures, deux mondes de pensée et de sensibilité qui caractérise vraiment la traduction». (Cary, 1986). Cary souliye kèk bagay enpòtan nan fraz sa a. Pou li, se vre kontèks lengwistik la enpòtan men, li souliye yon seri bagay ki pi konplèks rapò ki genyen ant de kilti n ap tradui youn al nan lòt la. Ki jan tradiktè a kapab materyalize rapò ki ka genyen ant de kilti sa yo?

Gen tradiktè ki chwazi fè adaptasyon, adekwasyon, lè sa a yo rejwenn sa nou te pale pi wo a ki rele «natiralizsyon» oubyen «antwopofaji etnosantrik» la. Nou ka sonje adaptasyon ekriven Georges Sylvain fè de fab ekriven franse, Jean de Lafontaine, nan rekèy ki pote non «Cric? crac? Fables de Lafontaine racontées par un montagnard haïtien». Félix Morisseau-Leroy adapte pyès teyat «Antigone» Sophocle te ekri a nan yon vèsyon tèlman orijinal, yo vin tradui pa li a nan lòt lang. Gen lòt tradiktè ki chache mete kilti etranje a jan li ye a tout pandan l ap prete mo ak espresyon nan menm lang nan pou li ka rive esprime reyalite moun pa twò konnen osnon moun pa konnen nan milye lengwistik l ap tradui a (lang-sib la), se sa yo rele «antwopofaji inovatè» a. Gen yon seri lòt tradiktè ki balanse ant yon lang a yon lòt lang, kilti-sous ak kilti-sib, se sa yo rele «antwopofaji entèkiltirèl» la. E se pa sa senpman, gen sistèm panse yo ki diferan, vizyon yo e jan savwa yo òganize ak sansibilite de (2) lang yo, osinon otè n ap tradui a. Men se pa sa yo senpman ki rann yon tradiksyon posib malgre limit yo. Li esansyèl pou tout tradiktè itilize diferan pwosede tradiksyon yo: inite prete (l´emprunt), inite kalke (le calque), tradiksyon literal (la traduction littérale), transpozisyon (la transposition), modilasyon (la modulation), ekivalans (l´équivalence) ak adaptasyon (l´adaptation). Nou p ap devlope nosyon sa yo la a, men yon moun ki vle, kapab toujou ale li lòt dokimansyon ki bay detay sou mòd pwosede sa yo. Nou p ap bliye zouti tradiksyon otomatik ki ka ede nou tankou: Systran, Google Translate, ak lòt ankò menm si tradiksyon yo remèt la mande pou fè yon lòt gwo travay. E travay sa a pou kounye a se sèl sèvo moun ki ka fè l, se pa machin. Pou nou ale pi lwen, nou ka chache liv ki pale sou pwoblèm domèn «traductique» la poze, paregzanp liv Marie-Claude L’homme nan ki rele Initiation à la traductique li pibliye l kay Linguatech nan lane 1999.

Gen tradiktè ki chwazi fè adaptasyon, adekwasyon, lè sa a yo rejwenn sa nou te pale pi wo a ki rele «natiralizasyon» oubyen «antwopofaji etnosantrik» la. Nou ka sonje adaptasyon ekriven Georges Sylvain fè de fab ekriven franse, Jean de Lafontaine, nan rekèy ki pote non «Cric? crac? Fables de Lafontaine racontées par un montagnard haïtien». Félix Morisseau-Leroy adapte pyès teyat «Antigone» Sophocle te ekri a nan yon vèsyon tèlman orijinal, yo vin tradui pa li a nan lòt lang. Gen lòt tradiktè ki chache mete kilti etranje a jan li ye a tout pandan l ap prete mo ak espresyon nan menm lang nan pou li ka rive esprime reyalite moun pa twò konnen osnon moun pa konnen nan milye lengwistik l ap tradui a (lang-sib la), se sa yo rele «antwopofaji inovatè» a. Gen yon seri lòt tradiktè ki balanse ant yon lang a yon lòt lang, kilti-sous ak kilti-sib, se sa yo rele «antwopofaji entèkiltirè» la. E se pa sa senpman, gen sistèm panse yo ki diferan, vizyon yo e jan savwa yo òganize ak sansibilite de (2) lang yo, osinon otè n ap tradui a. Men se pa sa yo senpman ki rann yon tradiksyon posib malgre limit yo. Li esansyèl pou tout tradiktè itilize diferan pwosede tradiksyon yo  inite prete (l'emprunt), inite kalke (le calque), tradiksyon literal (la traduction littérale), transpozisyon (la transposition), modilasyon (la modulation), ekivalans (l´équivalence) ak adaptasyon (l'adaptation). Nou p ap devlope nosyon sa yo la a, men yon moun ki vle, kapab toujou ale li lòt dokimansyon ki bay detay sou mòd pwosede sa yo. Nou p ap bliye zouti tradiksyon otomatik ki ka ede nou tankou  Systran, Google Translate, ak lòt ankò menm si tradiksyon yo remèt la mande pou fè yon lòt gwo travay. E travay sa a pou kounye a se sèl sèvo moun ki ka fè l, se pa machin. Pou nou ale pi lwen, nou ka chache liv ki pale sou pwoblèm domèn «traductique» la poze, paregzanp liv Marie-Claude L’homme nan ki rele Initiation à la traductique li pibliye l kay Linguatech nan lane 1999.

Pa gen tradiksyon ki san pou san egzak. Rolet Serge (2012) ki site Paul Bensimon ekri «aucune traduction n’est-elle pas "fidèle" lorsque le texte traduit fonctionne dans la culture cible de la même façon que dans la culture source?». Bensimon te ekri pawòl sa yo paske gen moun ki pou apwòch kiltirèl nan kesyon tradiksyon e yo pa kontante yo ak yon tradiksyon ki senpman egzak sou plan lengwistik men yon panse aspè kiltirèl la pi pètinan. Fidelite/enfidelite tèks ki tradui a ka pataje de plan  lengwistik ak kiltirèl, kounye a, èske nou dwe chwazi tradui lespri tèks oubyen rete nan lèt tèks la, se youn nan kesyon Cicéron yon otè laten te mande. Men n ap fini ak pawòl sa yo Jean-Pierre Brèthes (2016) ekri an palan de travay yon tradiktè «Il se donne bien du mal pour dire dans la langue du lecteur ce que le texte originel lui a inspiré, mais ce faisant, il mesure aussi l'ampleur de ce qu'il ne pourra traduire, sinon par une pesante et encombrante note explicative.»

4. Konklizyon

Twa tradiksyon labib nou te site pi wo a, pou nou pa di kat, kote yo chak tradui Jan1:1 yon fason diferan an, ilistre trè byen pwoblèm ki genyen nan tradiksyon. Lè nou di «était un dieu», «était Dieu», «était en Dieu», mwen pa sèten gen yon lokitè frankofòn ki metrize lang nan ase swa kòm natif, swa kòm dezyèm lang k ap di twa espresyon sa yo ekivalan. Kidonk, pwoblèm ak difikilte ki gen nan tradiksyon an reyèl, se pa pou fè chèlbè, si anpil gwo save panse tradiksyon an pa posib osinon difisil. Men malgre tout refleksyon sa yo, moun toujou kontinye tradui, paske se yon aktivite ki nesesè, li pèmèt de gwoup moun, de kominote, de pèp, pataje sa yo konn fè, sa yo genyen kòm konesans, sa ki nan imajinè yo. Kon sa, nou dwe depase kesyon «enposiblite tradiksyon» an pou nou ale nan «ki jan nou ka fè sa» malgre limit ak difikilte yo. Sa ap pèmèt nou devlope teknik ak ladrès pou nou jwenn bout pwoblèm yo. Nan yon tan, yo te ka di li enposib pou yon moun soti nan yon pwen al nan yon lòt atravè lè n ap respire a. Jodi a pa gen pèsonn ki ka konteste travay konesans nan fizik, matematik, ayewonotik ak ayewodinamik pèmèt nou fè. Devlopman lasyans, teknik ak teknoloji pèmèt nou rezoud yon bann pwoblèm lontan nou te kwè ki te enposib. Yon lòt kote, anpil moun te konn ap di kreyòl pa lang, jodi a grasa etid ki fèt nan lengwistik jeneral, enjiniri lengwistik, etid ki fèt sou lang kreyòl yo, lasyans rive montre non sèlman kreyòl se lang e se yon ekip prejije ki antoure konpreyansyon yon seri moun. Lasyans montre tou, kreyòl kapab sèvi pou konprann fonksyònman tout lòt lang. Èske tradiksyon posib oswa li pa posib? Se vre gen anpil difikilte/obstak nou rankontre lè n ap tradui, men sa pa janm anpeche nou tradui. Nou toujou pran plezi li Homère, Virgile, Edgar Allan Poe, Gabriel Garcia Marquez, William Shakespeare, Dostoïevski an franse. Pou ki sa pou n ta sispann tradui? Pou ki sa pou nou ta sispann pataje sa nou panse, kilti nou, syans nou, mit ak lejann nou? Kreyòl  ki se lang tout Ayisyen pale, gen de espresyon ki tipik ki ka bay yon tradiktè anpil kastèt pou l rive tradui l  nou sonje «bann chanpwè», «pwen bourik», «kaka aran»? Yon ti diplis «rizèz, anba ti vant», «bèk fè» «vlengbendeng», «karanklou», «aransò nan sewòm», «fè chawa». Ki jan pou nou ka tradui yo an franse, an angle, an banmbara, an wòlòf ? Vire monte pi wo nan twazyèm entètit nou site yon seri teknik, pwosede ki kapab pèmèt nou fè tradiksyon yon seri eleman kiltirèl nan limit sa posib.

Nòt

  1. «Au commencement était la Parole, et la Parole était avec Dieu, et la Parole était Dieu.» Louis Segond, an liy https://saintebible.com/john/1-1.htm (dat mwen konsilte l: 10 me 2020)
     
    «Au commencement était le Verbe, et le Verbe était en Dieu, et le Verbe était Dieu.» Abbé Crampon, https://www.bible.com/fr/bible/504/JHN.1.BCC1923 (dat mwen konsilte l: 10 me 2020)
     
    «Au commencement était la Parole*+, et la Parole était avec Dieu+, et la Parole était un dieu*+.» Traduction du monde nouveau, https://www.jw.org/fr/bibliothèque/bible/nwt/livres/jean/1/ (dat mwen konsilte l: 10 me 2020)
     
  2. Gen lòt katolik ki sèvi ak tradiksyon Abbé Crampon
     
  3. https://www.la-croix.com/Religion/Protestantisme/Bible-desormais-traduite-674-langues-2018-03-27-1200927116 (dat mwen konsilte l : 10 me 2020)
     
  4. Entrées de dictionnaire, an franse.
     
  5. https://www.larousse.fr/dictionnaires/francais/traduction/78911 (dat mwen konsilte l: 9 me 2020)
     
  6. Li pibliye Manifeste Anthropophage an 1928.
     
  7. Se nou menm ki mete l an italik akoz lang yo  diferan.
     
  8. http://ibndiallo.e-monsite.com/pages/un-dimanche-un-texte/leon-laleau.html (dat mwen konsilte l:  24 me 2020)
     
  9. Se yon lòt otè Georges Mounin t ap site. Malerezman yo mete referans nòt la, men pi ba nou pa jwenn ni nòt la. Sa vle di nou pa konn otè Mounin site a.

Referans

BIRKSTED-BREEN, Dana «Éditorial: la traduction est-elle possible ?» In Press | «L’Année psychanalytique internationale» 2011/1 Volume 2011 | pages 17 à 27

BRÈTHES, Jean-Pierre, «Traduire: mission impossible?», Modèles linguistiques [En ligne], 72 | 2016, document 2, mis en ligne le 24 août 2017. (dat mwen konsilte l : 11 me 2020)

CARY, Edmond (1986). Comment faut-il traduire? Lille, Presses Universitaires de Lille.
 
ECO, Umberto (2007). Dire presque la même chose. Expériences de traduction, Paris, Grasset.

HERSENT, Jean-François. Traduire: rencontre ou affrontement entre cultures? C.N.R.S. Editions | «Hermès, La Revue» 2007/3 n° 49 | pages 157 à 167.

MÖSER, Cornelia (2013) Féminismes en traduction. Théories voyageuses et traductions culturelles. Paris, Éditions des Archives contemporaines.

MOUNIN, Georges (1963). Les problèmes théoriques de la traduction. Paris, Gallimard.

RUSSELL, Taber Charles. «Traduire le sens, traduire le style.» In: Langages, 7ᵉ année, n°28, 1972. La traduction. pp. 55-63.

SERGE, Rolet. «À propos de la "traduction des cultures"». In: Revue des études slaves, tome 83, fascicule 2-3, 2012. La lettre et l’esprit: entre langue et culture. Études à la mémoire de Jean Breuillard. pp. 883-894.

TORRES, Marie-Hélène Catherine, «Parlons du traducteur: rôle et profil», Traduire [En ligne], 227 | 2012, mis en ligne le 01 décembre 2014, (dat mwen konsilte l: 11 me 2020).

Sit mwen konsilte

http://dinajklaudja.blogspot.com/2010/11/la-traduction-est-elle-possible.html (dat mwen konsilte l: 9 me 2020)

https://www.universalis.fr/encyclopedie/surdetermination-psychanalyse/ (dat mwen konsilte l: 10 me 2020)

https://saintebible.com/john/1-1.htm (dat mwen konsilte l: 10 me 2020)

https://www.bible.com/fr/bible/504/JHN.1.BCC1923 (dat mwen konsilte l: 10 me 2020)

https://www.jw.org/fr/bibliothèque/bible/nwt/livres/jean/1/ (dat mwen konsilte l: 10 me 2020)

http://ibndiallo.e-monsite.com/pages/un-dimanche-un-texte/leon-laleau.html (dat mwen konsilte l:  24 me 2020)

*

 Viré monté