Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Souvmans 17 oktòb 2018 ann Ayiti Gwoup foto nan lakou FLA a. |
Lèm rive nan Pòtoprens jou 16 oktòb 2018 la, pou m vin patisipe nan yon kolòk entènasyonal sou tèm «Kreyòl ayisyen nan etid kreyòl yo: bilan, avanse ak pèspektiv» ki te òganize pa Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) pou komemore e tabli bilan 40 lane angajman travay sou kreyòl ayisyen, te gen anpil bagay ki t ap bouyi. Jou louvèti kolòk la, mèkredi 17 oktòb 2018, te tonbe menm jounen ak komemorasyon anivèsè lanmò Desalin, ansanm ak yon gran manifestasyon popilè pou mande dekiprevyen sou pakèt lajan Venezyela te favorize Ayiti ekonomize nan kad pwogram yo rele Petro Caribe a apati lane 2006, yon lajan ki te konsanti pou ede pwogram sosyal Leta ayisyen yo.
De goch a dwat: James Darbouze, Juliette Factum-Sainton, Tontongi, John Barnes, Robert Arisma & Lemete Zephyr.
Lespri m te anvayi ak yon dividal lide k ap brase sou kouman pou m entegre, dyalektikman palan, patisipasyon m nan yon kolòk akademik k ap konsantre sou teyori sou lang ak langaj – menm si ak aplikasyon potansyèlman anpirik e pratik – avèk kondisyon malouk jeneral peyi a ak pèp la ap viv yo.
Seremoni louvèti kolòk la te planifye nan otèl Le Plaza, sou Channmas, kidonk nan mitan pòs d aterisaj pwotestasyon an. Kokennchenn manifestasyon sila a te tonbe nan pwosesis konba kont koripsyon klas politik la, lanse nan kad mobilizasyon nasyonal ki te kòmanse 6 e 7 jiyè anvan nan lane a pou pwoteste kont ogmantasyon pri gaz ak kont lavi chè an jeneral.
De goch a dwat: Tontongi ak Coutechève Aupont-Lavoie.
De goch a dwat: Tontongi, Jill Netchinsky & Coutechève Aupont-Lavoie.
(...) Rive jounen 17 oktòb la, Renauld Govain, dwayen FLA a e manm komite òganizasyon kolòk la, voye yon imèl bay tout patisipan yo pou di yo seremoni louvèti a p ap ka fèt akoz de manifestasyon an. Desizyon sa a, menm lè l te ka dezole kèk nan patisipan yo, te rejwi mwen. Lavèy manifestasyon an, apèn mwen poze pye nan Pòtoprens, mwen deside fè yon ti flannen avèk pitit gason m Jonah e neve m Mackensy sou ri Kapwa pou n al chache yon ti kichòy pou n manje. Pwiske lapolis te simayen gaz lakrimojèn kote gwoup mini-restoran yo layite sou plas Channmas la pou rezon ki pa t klè pou nou, nou deside kontinye sou ri Kapwa pou n al chache lòt restoran. Se konsa, pase de oswa twa kwen lari, mwen tande yon moun ki rele «Tontongi !» Sa te dabò etone m, paske m te jis debake ann Ayiti e m pa t espere okenn moun ta rekonèt mwen nan yon lari chaje ak moun. Vwa ki rele m lan se vwa Coutechève Lavoie Aupont, youn nan nouvèl jenerasyon powèt ayisyen yo. Mwen te premye fwa rankontre misye kèk sis oswa sèt lane de sa nan vil Cambridge, nan Eta Massachusetts, nan yon lekti pwezi òganize pa City Night Readings, e m toujou renmen kalite senp e konplèks pwezi l yo, pafime ak yon iwoni delibere, alafwa nan lang ayisyen e franse. Nou echanje kèk plezantri e li di mwen l ap sou Channmas la lelandmen 17 oktòb la a di zè pou l al manifeste.
Manifestasyon sou Channmas (17 oktòb 2018).
Jou 17 oktòb la, lè m kite papòt otèl la vè di zè dimaten, anba min dekonseyan ajan sekirite yo, mwen te yon ti jan dezapwente mwen pa t wè plis aksyon. Byenke te gen kèk gwoup moun ki regwoupe e epapiye nan plizyè seksyon sou Channmas la, pa t gen tip «rasanbleman» mwen te espere selon jan Coutechève Aupont te sigjere a. Nan youn nan seksyon Channmas la mwen remake yon gwoup jwè domino k ap jwe kòmsi anyen nan lemond pa t egziste e kòmsi gwo manifestasyon ki pral ateri a te yon okirans, yon rivesyon nòmal, òdinè. Malgre konsantrasyon jwè domino yo sou jwèt la ak detachman aparan yo montre vizavi tout lòt bagay oswa kontenjans lavi ki ka rive, yo kenbe yon radyo tranzistò louvri ki bay yo kantite detay sou nati ak dewoulman manifestasyon an ansanm ak itinerè li, minit apre minit.
Detanzantan youn nan jwè domino yo fè yon remak oswa yon plezantri sou manifestasyon an, nan yon sans senpatik ki fè m santi yo sipòte l. Selon repòtaj radyo a, m aprann « klimaks» la, sètadi pwen bouyisman manifestasyon an, fikse pou l rive vè de zè aprèmidi. Mwen deside retounen nan otèl la pou m ret tann apwochman michan gwoup manifestan yo, ki pwojte pou yo konvèje sou Channmas la, devan lokal ansyen Palè Nasyonal la.
Vè de zè edmi, anplifyasyon vwa manifestan yo endike pou mwen konvèjans divès gwoup manifestan yo pre pou rive. E m deside ale jwenn yo. Anvan m al jwenn manifestan yo, anpil lide pase nan tèt mwen : èske m ap siviv apre m kite papòt sekirite otèl la? Apre manifestasyon an, madanm mwen di mwen lide sa a te pase nan tèt li tou, men li di tèt li se yon bagay li wè ki trè enpòtan pou mwen e li pa t vle di anyen pou l anpeche l.
Manifestasyon sou Channmas (17 oktòb 2018).
Bò kote fasad nò otèl la, vè wout Lali a, ou ka wè yon dividal moun ki tonbe ap vini, soti de Petyonvil, anpil ladan yo te pati de ayewopò a. Mwen jwenn avèk manifestan yo paske mwen kwè nan jistès koz yo a, e lè w fè yon kondèy jeneral sou konpozisyon sosyoekonomik grann majorite moun k ap manifeste yo, mwen remake plis ladan yo se «gwo pèp» la, sila yo lavi ap pi toumante, sila yo pou ki Ayiti se yon kochma chak jou Bondye mete, yon konfwontasyon chak jou avèk kawòs, avèk pwobablite reyalistik malè, e menm tantasyon lanmò ak chak enstan akoz absans e lakin enfraestrikti yo, san retire rate resous medikal endispansab yo.
Alafen, antisipasyon vyolans bò kote manifestan yo anpil moun te redoute a pa t konkretize; sa m te wè nan plas li se te yon kolè òganik kont malsite peyi a, kont malvèsasyon dirijan politik yo ak klas posedan yo, ki manifeste nan lajwisans, kamaradri, nan yon rivyè emosyon kolektif kowalize pou mande pou lavi chanje.
Alaverite, vyolans mwen te obsève nan mitan klimaks manifestasyon sou Channmas la, se bò kote fòs lapolis yo li te soti, espesyalman fòs CIMO yo ki te vini nan teni lagè pou entimide manifestan yo. Òganizatè manifestasyon yo te ensiste mach la t ap pasifik e yo te egzòte manifestan yo pou yo ret kalm e fokalize sou demann yo an: prensipalman pou gouvènman an remèt kòb Petro Caribe a ki te detounen yo e pini vòlè yo. Natirèlman demann kolateral ki entegre nan demann prensipal la se pou Ayiti gen yon gouvènman onèt pèp la menm mete e ki reprezante e defann enterè li ak enterè nasyonal peyi a. Yon gouvènman reprezantif non pa klas posedan vorasitè yo, men pito yon gouvènman ki kwè nan devlopman ak pataj ekitab resous nasyonal peyi a nan pèspektiv revalorizasyon diyite èt imen.
Vizaj Ayiti sa a, jwenn ak jenès pi fò manifestan yo, te fè m espere bagay yo ka chanje yon jou menm si l parèt li pran yon letènite pou rive la.
—Tontongi
(Tèks sila a se yon ti-gout ekstrè de Memwa m ki poko soti ki titre «Vizit mwen ann Ayiti: Oktòb 2018»)