Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Vizit mwen ann Ayiti an jiyè 2016: Yon memwa

(Dezyèm pati)

Eddy Toussaint Tontongi

Premye pati

Nan paviyon restoran sou Channmas. De goch a dwat: Jean-Eddy Lafontant, piti Jean-Eddy, Tontongi,
Charles Denis Jacques ak Mackensy Lafontant. Jiyè 2016.

Pwològ

Konpare ak kalm endiferansye mwen te eksperyanse nan ayewopò Logan lan nan Boston, kawos ayewopò Tousen Louvèti a nan Taba trè frapan pou tout moun ki mete pye yo nan li. Gen dabò dè dizèn ajan iregilye k ap ofwi èd yo pou pri yon ti kraze pandan yo fè w konprann se bon kè ki motive yo.

Lè w soti deyò ayewopò a, ou ta di w vin tounen yon sib enterè entans delapa yon bann ofwè èd epapiye nan kat pwen kadino ayewopò a. Natirèlman, mwen senpatize ak konpatriyòt sa yo, viktim yon chomaj andemik ki frape majorite popilasyon moun ki gen laj pou travay yo. An jeneral, mwen twouve ajan iregilye sa yo trè itil: yo ede w jere kawos ayewopò a.

Nou te nan kategori moun ki gen chans gen fanmi pou rankontre yo nan ayewopò a. Se konsa neve m yo Jean-Eddy ak Mackensy Lafontant ak zanmi yo Charles Denis Jacques te vin rankontre nou; Charles Deni te trè jenere pou kondui nou nan machin prive li. Apre nou anrejistre nan otèl Le Plaza, nou depoze chay malèt nou yo nan chanm nou e kanale ale nan yon restoran nan yon paviyon sou plas Channmas la ki rezève esklizivman pou restoran ak lwazi, anpil ladan yo nan mi-chimen ant fritay sou Pòtay ak restoran nòmal. Manje a — griyo, bannann peze ak diri-kole —, te bon, koupe-dwèt, men malerezman mwen pa t jwenn menm kalite ekselans sa a nan lòt restoran mwen eseye lòt fwa yo m retounen nan paviyon restoran an.

Yon siy solidarite mwen remake: restoran nou chwazi a pa t gen diri-kole, kidonk nou di nou p ap ka rete danseka; sèvez restoran an di, non, non, pa gen pwoblèm. Konsa l ale ka restoran vwazen sou kote a e pran diri nou kòmande a.

Flannay avèk John e Josiane Barnes e vizit lakay Bernard Diederich

Vizit lakay Bernard Diederich, apati de goch: Josiane Barnes, Jonah Toussaint, Phillipe Diederich, Tontongi,
John Barnes (dèyè) & Ginette Diederich. Jiyè 2016.

Zanmi nou John Barnes ak madanm li Josiane Hudicourt Barnes te ban nou — mwenmenm, madanm mwen ak tigason nou — kèk bon konsèy pratik konsènan lavi chak jou ann Ayiti, keseswa sou sekirite, ijyèn oswa prevansyon maladi. Tou lè de te viv plizyè dekad nan Kanmbridj (oswa Cambridge), nan Eta Masachousèt, anvan yo te deside pase majè pati tan yo ann Ayiti kote yo travay nan plizyè pwojè nan edikasyon ak sipò e pwomosyon atis ak atizay.

Yon konsèy mwen menm pèsonèlman te apresye delapa Josiane, se detèminasyon l pou l pa monte taksi motosiklèt yo, ki donnen kou djondjon sèdènye tan ann Ayiti. Depi jou yon zanmi jenès mwen te mouri nan yon aksidan motosiklèt, mwen toujou kenbe yon santiman «anbivalan» sou mwayen transpòtasyon sila a. Alafwa yon machin «seksi» ki glorifye maskilinite, yon mwayen transpòtasyon plizoumwen konvenab, e yon risk mòtèl aksidan, motosiklèt ban mwen anpil egzanp anpirik ki montre m li chaje ak risk. Plase sa nan kontèks ayisyen an kote pa gen okenn regleman ni respè pou regleman sekirite wout, ou wè monte motosiklèt se yon bagay ou pa jwe ak sa. Men malerezman, pou lebyen oswa pou lemal, li vin sèjousi yon mwayen transpòtasyon ki itil pou anpil moun.

Tontongi avèk Bernard Diederich lakay li. Jiyè 2016.

Gras ak John Barnes, ke m konnen depi ane 1980 yo nan Kanmbridj (tou pre Boston), diran premye jou mwen pase nan Pòtoprens yo, mwen te gen yon ti chans wè Bernard Diederich lakay li, lavèy yon gwo gala fanmi li t ap òganize pou selebre 90èm anivèsè nesans li. Mwen te rankontre misye de fwa deja anvan, yon fwa nan yon konferans nan Miyami, an Florid, lòt la nan Boston lè li te vin prezante liv li, Le prix du sang, yon sòt swit liv misye ekri avèk Al Burt la, Papa Doc et les tonton macoutes.

Liv sila a te enpresyone m anpil lè m te fèk rive nan Bouklin, Nouyòk, nan fen ane 1970 yo. Se pou lapremyè fwa mwen te wè yon layitay ekspozisyon si konplè ak yon denonsyasyon si sistematik kont malfektasyon rejim sanginè divalyeris la. Misye te gen respè mwen depi lè sa a.  Ojis, lè mwen te rankontre misye nan konferans Miyami an, se te mwenmenm misye te admire (se John Barnes ki rakonte m sa), apre m te leve kanpe kont yon konferansye Inivèsite Harvard te envite ki t ap di yon pakèt bann pawòl fatra sou Ayiti. Pwofesè a te gen yon vwa ki vle di li gen otorite entelektyèl, jès li ak langaj kò li endike asirans yon nèg ki konsidere analiz li yo kou kategorik.  Li di Ayiti ak pèp ayisyen kaba e kondane pou yo viv nan abjeksyon diktatoryal pou rezon pwofesè a di li pa t konnen. Mwen leve kanpe e mande lapawòl pou m di pwofesè a tout sa l ap di yo se jebede, pawòl van, eke li pa konn anyen de listwa d Ayiti ak enpòtans Ayiti nan emisfè oksidal la. Se apre mwen vin aprann Diederich te renmen reyaksyon m lan e aplodi di.

Lè m vin li, kenz zan apre konferans Miyami an, yon liv memwa misye ekri sou anpil ekriven ayisyen ki te zanmi li nan ane swasant ak swasant-dis yo, mwen reyalize poukisa li te renmen sa m te di konferansye a: Diederich idantifye tèt li ak pwoblematik ayisyen an e li te santi menm endiyasyon avè m lè l te tande pawòl dwategoch konferansye a. Sa fè m plis plezi ankò lè m te aprann misye te marye avèk matant Josiane Barnes, Ginette.

Diran vizit lakay Diederich la, mwen te kontan tande l di Lucien Daumec te zanmi li. Li pa t di twòp sou Lucien Daumec nan okenn nan liv li ekri sou Divalye yo menmsi l mansyone misye nan kèk pasaj. Mwen te menm gen enpresyon misye te blame Daumec pou pwòp lanmò li petèt akoz de entimite Daumec avec Divalye yo (li te zanmi Divalye e li te marye ak yon sè madan Divalye). Men lè misye di mwen, avèk yon vwa tris, «Lucien te zanmi mwen», mwen santi li toujou gen yon chagren nan limenm ki koze pa trajedi lanmò Lucien Daumec la ki pa t janm kite l. Lucien Daumec se kouzen bò papa manmanm m, lè m te timoun mwen te eksperyanse doulè lanmò l ak frè li Dato Daumec te koze kay fanmi an, espesyalman manman yo, Madan Auguste, ki pa janm reprann li de chagren sa a.

Tontongi avèk Bernard Diederich lakay li. Jiyè 2016.

Mwen te kontan wè Diederich ap pouse fèm nan travay ekriven li. Antanke yon egzile «volontè» ki kite peyi m pou m al viv aletranje, mwen toujou admire etranje kouwè Bernard Diederich ki pran desizyon pou y al viv nan peyi ki diferan de peyi yo, kouwè m te fè lè m te al viv an Frans ak o Zetazini. Natirèlman, ou ka jwenn ka vwayaj pou evazyon oswa legzilasyon nan tout sosyete oswa sivilizasyon. Lè li ka parèt se pa menm bagay ant yon blan ki deside viv ann Ayiti ak yon «boat-people» oswa egzile ki oblije kite Ayiti akoz de kondisyon malouk politik e ekonomik yo, si ou mete eksperyans blan an nan pwòp kontèks egzistansyèl pa l, nan peyi pa l, ou ka vin jwenn anpil resanblans ak pwòp boulvèsman egzistansyèl pa w.

Nan liv li Un petit goût de goyave, yon liv memwa li ekri sou plizyè ekriven ayisyen li te konnen lè l te fèk vin ann Ayiti, Bernard Diederich di li renmen Ayiti depi premye fwa li antre nan peyi a an 1949, antanke rezidan  korespondan pou magazin Time 1. «Mwen dekouvri, misye di, Ayisyen te moun ki inivèsèlman amikal. Moun alantou m yo souri lè y ap akeyi mwen avèk yon "bonjou blan".» Li rakonte nan liv sa a lè yon sware nan mwa desann 1949 li te fè konesans yon «triyo powèt: nèg gran e mens Roussan Camille, bèl jèn jan Jean Brierre ak Félix Morisseau-Leroy, yon nèg ki gen yon souri kontajye». Yo t ap diskite mizansèn powèm Roussan Camille lan «Nedjé». Yo te bezwen yon «blan» sou sèn lan. Pèsonaj Diederich te reprezante a «pa t gen okenn liy pou l resite, si mwen sonje byen. Mwen te sèlman bezwen gen lè yon "enperyalis", kouwè Morisseau-Leroy di mwen avèk yon ekla ri».

Atispent Ismir Saincilus avèk John Barnes. Jiyè 2016.

John Barnes di li jwe menm wòl la lè Jean-Claude Martineau t ap chache yon blan pou jwe nan yon pyèsteyat li.

Vizit nou nan Jakmèl

Ti Mouyay nan Kay-Jakmèl. Jiyè 2016.

Lè mwen te di John Barnes mwenmenm ak fanmi mwen te konte vizite Jakmèl pandan n ann Ayiti, misye ofwi nou tout lojistik nesesè yo: woulib pou n ale ansanm ak kote pou n abite. Gen kèk tan John ak Josiane deside pou yo pase anpil nan tan yo nan Jakmèl menmsi rezidans prensipal yo te nan Petyonvil. Jenewozite John, fason janti li ye ak tout Ayisyen, e lefètke l pale kreyòl «kou yon rat», anpil moun te deja pale m de li anvan m te rankontre l lè m te fèk antre nan Kanmbridj, Masachousèt, an 1977. Limenm ak Josiane rankontre lòt kèk ane apre; yo fòme yon koup fòmidab nan Kanmbridj kote yo goumen pou fè respekte dwa Ayisyen e pou revandikasyon pou edikasyon bileng  —  anglè ak kreyòl ayisyen e nan sèten ka fransè —  nan lekòl piblik yo, sètadi bay timoun ayisyen yo yon edikasyon ki respekte konesans yo genyen deja an kreyòl ak fransè e sèvi ak yo kou ekivalans lejitim parapò edikasyon nan lang anglè. Politik ak zaksyon militan sa yo te ede pou lontan anpil Ayisyen nan lekòl o Zetazini paske yo te aprann yo nan lang pa yo (jiskaske yo pare pou aprann nan ansèyman anglofòn konvansyonèl la).

Nan otèl Florita nan Jakmèl. De goch a dwat: Renold Laurent, Jill Netchinsky, Tontongi, Michel Télémaque,
Rose-Marie Petit Lamour e John Barnes. Jiyè 2016.

Nou pase yon bon tan nan kay John lan ki te tou pre plaj lanmè a, an konpayi Michel Télémaque, yon pwofesè lekòl ki te an vizit ann Ayiti, ak elèv li Rocky Cotard, yon jèn ti Ayisyen ki te pran plezi aprann listwa glorifye peyi d Ayiti a. Pandan n nan Jakmèl nou te gen chans rankontre anpil moun ki fè grann diferans nan kominote yo a. Rankont nou avèk dyektris Ciné Institute a, Paula Hyppolite, te yon konfimasyon de sa volonte ak detèminasyon moun ka akonpli. Manmzèl rantre ann Ayiti apre 25 kan ap viv o Zetazini. Li itilize fòs pèsonalite li ansanm ak bòn volonte e solidarite lòt moun ki vle ede l pou akonpli avèk David Belle fondasyon enstiti a, ki layite kò l bò bèl rad lanmè Jakmèl la, avèk yon ekip konplè, plis machin e òdinatè modèn pou anrejistreman miziz ak fim.

Mwen te rankontre tou moun òdinè k ap viv lavi moun ki pa privilejye nan yon pwovens ayisyen. Mwen te apresye wè ti jèn jan ki konn vizite John yo ak pèspektiv pozitiv yo genyen sou lavi. Mwen te kontan rankontre Madan Orel. Li pèdi mari li okòmansman nouvo syèk la ; yo gen senk pitit fi ansanm.  Madan Orel di mwen, avèk fyète, kouman li travay tè l chak jou, grenpe yon montay apik pou l al pran pwodui tè yo pou l vin vann nan vil Kay-Jakmèl kote l ap viv la. li gen yon sal devan lakay li a ki sèvi kou yon famasi ki vann medikaman pou swen ijan ak swen konik.  Li vann fèy tabak seche, li montre nou kouman li asenzonnen tabak la pou l ba li bon sant ; li di n, avèk entwisyon yon ekspè, ki tip kliyan ki renmen tabak fòtman asenzonnen, pa egzanp jèn yo ki souvan sèvi avè l pou woule sigarèt marijuana. John te prezante m Madan Orel kou modèl rezilyans ak imajinasyon peyizan yo.  Yon lòt egzanp rezilyans ak enjenyozite peyizan yo John te montre m, te tip de ranfò peyizan yo konstwi, avèk tè ak wòch, pou anpeche inondasyon anvayi yo lè lapli tonbe.

John te prezante m tou a yon jèn ti fi ki te anbarase paske l pèdi youn nan de dan anlè devan l yo. Li jennen pou l ouvri bouch li lè l ap pale. John di m l ap chache met sou pye, avèk èd yon bèlsè li ki dantis, swen dantè pou rekonstwi oswa ranplase dan ti jèn fi a pèdi a. Sa te fè m plezi tande sa. Sa te dwe toujou yon eskandal lè yon bagay ki aksesib a yon gwoup moun oswa nasyonalite pa aksesib a yon lòt gwoup moun oswa nasyonalite. Ti fi sila a te youn ki te chanse pami petèt dè milye ki pa gen yon bon samariten kouwè John pou ede yo.

Pandan m nan zòn Jakmèl ak Kay-Jakmèl la, mwen te gen opòtinite pou m rankontre kèk atis enpòtan nan kominote a, dabò Ismael Legacy Saincilus ki nòmalman abite nan Latibonit men ki pase anpil tan nan Kay-Jakmèl. John montre m kèk dodin misye desinen jan atis lontan yo te konn fè li.  Lè m wè bèl estil penti atizay Ismael yo, e lè m aprann papa li, Ismer Saincilus, te yon gran atis rekoni nan tan li, ou di tèt ou misye gen bon avni nan kreyasyon atistik. Mwen te sèlman espere teren glise e enprevizid Ayiti a pa dechimennen misye. Yon bon ti mo Saincilus: «Si ou viv nan Pòtoprens ou ka vin nan lanfè.»

Mwen te gen chans tou rankontre Renold Laurent, yon jèn powèt e atispent k ap fè yon travay eklerasyon nan bouk l ap viv la. Li kòmanse kolekte liv pou yon bibliyotèk pou moun nan zòn nan. Mwen pote yon douzèn liv pou li ki pibliye pa Trilingual Press ansanm ak kèk kopi liv pa m ki pibliye pa L’Harmattan. Lè m te di John mwen pèdi nimewo telefòn Renold, di di m: «An n rele Rose-Marie Lamour». Sito ke l tande rezon nou rele a, Rose-Marie di John: «O, se menm noumenm nan!». Se konsa nou fè aranjman pou nou wè ak Renold  lelandemen nan galri Rose-Marie Petit Lamour a ki lokalize nan mitan vil Jakmèl, kote nou te gen chans rankontre Renold Laurent ansanm ak mari Rose-Marie a, Philippe Petit, yon blan Fransè ki te vizite Ayiti, ki tonbe damou pou li e ki pa janm retounen.

John, ki pran gran plezi pou l fè tout moun ki vizite l ann Ayiti dekouvwi bèlte kache peyi a, fè nou vizite tou (mwen menm, madanm mwen ak Michel Télémaque, yon pwofesè atizay nan Boston Academy), Didier Civil, yon lòt gran atispent ayisyen, renome pou mask papye-kole (oswa papye-mache)  li fè yo, ansanm ak divèsite estil atizay li. Mwen te konn misye anvan paske li te konn kolabore avèk yon kolektif atis ak ekriven nou gen nan Boston ki rele Asanble Atis Ayisyen Nan Massachusetts.

Tontongi avèk Ronald Mews. Jiyè 2016.

Mwen te gen plezi fè konesans Ronald Mews ki jwenn kalite ak konpleksite atistik li avèk yon kritik sosyete ayisyen an ki penetran. Li te montre yon pakèt jantiyès anvè mwen, madanm mwen ak pitit mwen. Lè mwen te fèk tande non «Mews» la, mwen bay yon min kontraryete ki poze yon kesyon ke Josiane Hudicourt Barnes konprann rapidman: «Non! misye pa menm Mews ou konnen yo!», li di m. Mews mwen konnen yo se yon fanmi voras ki domine nan biznis enpò-ekspò ann Ayiti, e ki eksplwate pèp la nan tout mwèl zo li pandan l ap anrichi tèt li nan vann pwodui ki fabrike oswa finalize pa fòs pèp la ke yo peye ak yon ti kichòy pou l pa mouri debou. Sa Josiane te vle di e ke m te konprann trè byen, sèke Ronald se yon eksepsyon. E lè mwen te rankontre l mwen wè li reprezante sa ki bon ann Ayiti, sa ki fè bèlte nou e li sanble li dedye lavi li pou l fè sa ki bon alafwa nan atizay li ak nan lavi prive li otan l kapab.

Tontongi avèk Madan Orel ak premye pitit li Manilia Orel. Jiyè 2016.

Sejou mwen nan Jakmèl te ede m wè lòt kote Ayiti ki te plizoumwen kamoufle anba pwosesyon dal kalamite ki akable peyi a pandan dènye senkant ane ki sot pase yo. Mwen te wè la yon santiman diyite pwofon ka chak grenn moun mwen te rankontre, gason kou fi, timoun kou granmoun, pov kou rich ak mwen rich.

Pandan m te kay John lan nan Kay-Jakmèl, mwen rankontre plizyè timoun ki konn pase vin wè l; menm lè gen kèk nan yo ki vin ofwi l bagay pou l vann pou yo, lòt sèlman vini pou ba l nan men e pran nouvèl li, men tout toujou montre, nan posti ak atitid yo, yon sans diyite ki te toujou enpresyone m. Nan jan timoun sa yo —  ant laj 10 a 16 zan—  apwoche e salye John, ou ta di yo vle montre John yo egal avè l nan yon sans metafizik, menm si, aparamman, John gen plis laj, mwayen, enfliyans ak otorite ke yo. E fason John tou aji avèk yo ankouraje yo pou yo kenbe fyète pwòp tèt pa yo. Mwen te rankontre santiman diyite sa a ka Madan Orel mwen mansyone anvan an. Wi sa fè m plezi wè Ayiti sa a, yon Ayiti ki kenbe sa zansèt yo te goumen pou li a: santiman yon moun ki egalego avèk tout moun sou latè menm si kondisyon sosyoekonomik li diferan de lòt moun yo.

Sa fè m tou gen retni pou m pale de «mantalite» moun. Keseswa moun k ap viv nan dyaspora, nan kapital la, «an deyò» oswa nan prizon. Kote lè gen sitiyasyon mank, kote lè pa gen twòp pou moun pataje, tout e chak grenn objè nesite vital (san pale de sa de liks yo), vin gen valè ki plizyè fwa pi elve ke valè reyèl yo. Mwen te fè eksperyans ak eksperimantasyon presèp sila a lè m t ap travay nan yon refij pou moun ki sanzabri nan Boston an 1986-1987.  Mwen te remake nan etablisman an te gen yon kantite de objè, de valè oswa san valè, k ap plede pèdi prèske chak jou. Pafwa, pou amize tèt mwen, mwen konn mete yon pòch sigarèt ak kèlke grenn ladann oswa yon bwat alimèt sou yon kontwa e evalye konbyen minit l ap pran pou youn nan sanzabri yo grape li [mwen pa vle di «volè» paske tèm «volè» a gen yon asepsyon kriminèl, alòske sanzabri yo pa t kriminèl]. Souvan li pran mwens ke yon minit pou pwodui a disparèt!

Pou moun ki ap viv lòt sikonstans e ki prese pou pote yon jijman «moral», an n di vèdik moun sa yo a p ap konte. Ou t a di obsèvasyon mwen an konfime yon presèp maksis ki di kondisyon ekonomik yo detèmine ideyoloji dominan an (oswa santiman moun), nan sans ke se pa degradasyon moral ki fè moun lan volè pòch sigarèt la, men pito yon adaptasyon nan yon milye rijid, malouk e demini.

Nan longè moman lavi yon moun, toujou genyen anpil evennman tanjansyèl ki rive à l'improviste, kouwè yo di an fransè, ki parèt san okenn moun pa t atann li e ki antre nan lòd natirèl «moman» an.  Diran sejou mwen ann Ayiti nan mwa jiyè 2016, mwen te eksperyanse anpil nan moman sa yo. Tout moun ak eksperyans mwen relate la yo fè pati moman nan lavi yo e yo te frape m ase pou make yo isit la.

Nan mitan moman sa yo genyen mini-moman ki ka alafwa rejwisan, sous estrès ak dezagreman, pafwa sajès pwofon. Sila yo ka kouwè moman lè mwenmenm ak madanm mwen te fè konesans Jibé Liautaud, yon Ayisyen k ap viv o Kanada e ki t ap vizite apre l te pase yon tan ap mande tèt li si l dwe jamè retounen nan yon peyi kote zenglendo te kidnape li e l te pre pou l pèdi lavi li. Etandone pwofondè rasin li ak peyi zansèt li yo, li deside pou l pa kite twoma eksperyans sa a separe l avèk Ayiti. Lè w wè li nan Jakmèl, ou ta di li pa t janm kite Ayiti. Li te trè janti ak nou e ak pitit nou, Jonah. Li ede misye oryante l nan estaj li te fè nan Ciné Institute a nan Jakmèl.

Panèl pwetik piblik nan Jakmèl. Jiyè 2016.

Genyen moman tou lè m pa t rennen jan pitit gason m lan t ap viv kay Ronald Mews la apre yo te garanti l yon pi bon aranjman (yo ba l ak Rocky mitan salon an pou yo dòmi). Mwen deside manfout mwen de tout pwotokòl sosyal e adrese kesyon an dirèkteman a Mews. Lwen pou l ta fache, Mews di m antanke papa tou limenm li konprann enkyetid mwen e ofwi pou l plase Jonah nan yon lòt kay sou kote a ki te ba l plis vi prive. Epi Mews envite mwen, madanm mwen ak tigason mwen pou n al manje yon gwo kabrit li te boukannen pou okazyon vizit chantè Tito Maréchal ki te sot o Kanada. Alèd kabrit, wonm, byè, bannann peze ak lòt komodite, yon anbyans chanpèt te kreye akonpaye pa mizik, dans, rejwisans. Tito Maréchal chante pou nou kèk moso nan yon nou CD li te fèk soti.

Te gen moman yon chanpyona foutbòl nan Kay-Jakmèl kote kominote a te konn, chak aprèmidi, vini aplodi ekip foutbòl respektif li nan yon anbyans banbòch ak kè kontan. Malerezman chanpyona a fini nan goumen lè yon gwoup ki sot nan yon lòt zòn pete yon deblozay, kouto te rale, panik te pran asistans lan. Òganizatè yo sispann chanpyona a, e sa te fè m mal paske mwen te amize m anpil nan asiste foutbòl lokal la.

Yon moman ki te enkyetan pou madanm mwen se lè mwenmenm ak John, akonpaye pa Ira Lowenthal, tonbe nan yon diskisyon nan yon ba-restoran ki te sou kote kay John la. Diskisyon an te osijè atitid ak opinyon nou sou gouvènman Jan-Bètran Aristid la, ke nou tou lè de te sipòte pou prezidan an 1990. Dezakò nou te sou sa k rive Aristid an fevriye 2004 la.

Mwen toujou rann klas politik ayisyen an — ki gen tandans rejeksyonis e konspirasyonis — responsab de eskalad ak iredantism ki abouti a 29 fevriye 2004, kote peyi d Ayiti pèdi endepandans li pou premye fwa depi 1936. Dotanplis pèt endepandans sa a pa t nesesè si sèlman eleman opozisyon anti-Aristid yo te asepte yon solisyon kriz la ki akomode pou Aristid ret prezidan pou yon ti tan ankò. Yo te pito fè magouy e prefere yon mond enkoni san Aristid avèk tout potansyèl destabilizasyon li te genyen pou nouvo demokrasi ayisyen an.

Nan yon moman nan diskisyon avèk John lan, mwen di li se enfliyans boujwazi ayisyen, ki te an majorite anti-Aristid, ki eksplike antipati li devlope pou Aristid la. John pa t renmen karakterizasyon sa a e montre li avèk ekspresyon fizik vwa li e li pa t kache mekontantman li. Menm lè madanm mwen te dakò ak opinyon m yo, li dezapwouve ke m montre dezakò mwen ak John avèk yon tèl fòs pandan ke m ap viv lakay li ! An reyalite sa pa t yon pwoblèm pou mwen. Mwen te toujou santi m trè alèz ak John. Mwen di Jill, John avè m gen prè de karant ane n ap diskite konsa. Kit pou John, kit pou mwen, diskisyon nou nan swaye sa a te kontinwite yon relasyon nòmalize — ant yon blan etazinyenn ak yon nwa ayisyen — nan reyalite ak imanite nou tou lè de pataje, menm si gen kèk nyans.

Sa ki enteresan an, apre nou kite ba-restoran an, e tout lòt moun al dòmi, mwen menm ak John nou pase rès sware a ap bwè e pale anba galri lakay li a. Li pale m de relasyon l ak papa li. Lè w tande istwa papa li, ou konprann kote li pran predispozisyon filantwopik ou wè lakay li a. Papa li te yon pastè pwotestan ki vin dyektè mezon edisyon Doubleday. Li sèvi ak gwo ran li nan konpayi a pou l anplwaye moun nwa e defann yo lè rasis blan meriken atake yo, opwen yo te bal non jouman «Nigger's lover», ki vle di yon moun ki renmen moun nwa men ke rasis yo itilize kou yon jouman. Pozisyon papa John lan te riske e admirab lè w mete li nan kontèks mouvman pou dwa sivik nwa yo ki t ap anime sosyete Etazini an nan lane 1960 yo.

Kanta John limenm, byenke li gen anpil relasyon ak boujwazi ayisyen, li toujou kenbe yon pozisyon kritik anvè l, men sa li di sou li: «Boujwazi ayisyen an pa gen enterè oswa envèstisman ann Ayiti. Yo pase weekend yo aletranje, Ayiti se yon machin ATM pou yo.   (...) Enjistis san pou san ann Ayiti. No sense of solidarity. No one helps anyone.»

Avrèdi, pozisyon anti-Aristid yon moun pa sèl paramèt pou mezire validite konsepsyon politik moun lan. Mwen menm tou mwen te yon senpatizan mouvman lavalas la ki vin tounen yon kritik apre Aristid asepte retounen ann Ayiti anba pwoteksyon marin meriken e anba kondisyon yon nouvo okipasyon Ayiti. Mwen te toujou panse pwoteksyon marin meriken yo te yon kado pyeje: Si w ba yon moun dwa pou l mete o pouvwa, ou ba li dwa tou pou l retire w lè l vle.

Mwen plis enterese jodi a nan sa Ayiti ye, sa li ka devni, ki moun ki gen entere l akè, ki leson listwa ki dwe retni. Mwen sèten, anpil nan ekriven e manm klas entelektyèl ayisyen yo ki te klewonnen pou Aristid ale, pa t renmen rezilta rejim semi-fachis ki te ranplase l la, san bliye sa ki vin bay sa nou gen kounye a. Se byen malere eksperyans Aristid la te vin gen derapaj pa l ki ede lennmi yo konfime pwòp pwofesi yo.

Tan pèsonèl

Fanmi m yo ak relasyon m yo ann Ayiti te toujou enpòtan pou mwen e kontak ak yo ede m kenbe yon kontinwite imajinè ant Ayiti m te kite a ak Ayiti kounye a ki egziste nan Reyèl. Sepandan, refizan tout diktati moralite sosyal, mwen pa enpoze sou tèt mwen okenn obligasyon anvè yo. Antanke viktim peyi-repouswa diktati divalyeris yo te vin fè Ayiti tounen an, mwen te toujou plis enterese nan mouvman pou sakaje l, destriktire l e reestriktire l nan yon pèspektiv revolisyonè. Mwen pa t janm vrèman enterese — malgre patisipasyon m nan kèk zèv filantwopik — nan pase pansman sou yon kansè ki bezwen yon entèvansyon pi rasinal.

Premye ane m yo aletranje, mwen pa t gen twop kontak ak Ayiti, menm si m toujou rete atache ak li e enterese nan praksis politik k ap mennen yo pou ede chanje l. Men m eseye otan ke posib pou m pa lese m kontamine pa mesyanism dyasporik ki afekte anpil nan diskou politik osijè pwoblematik ayisyen an.

Natirèlman, mwen te kontan rankontre tou fanmi mwen yo ak zanmi mwen yo ki ap viv ann Ayiti. Yo gen yon desten ki pi mal ke sa m ap viv kounye a, men mwen te deja viv menm desten sa a lè m te ann Ayiti e pandan premye ane mwen yo aletranje. Anfèt, menm lè mwen gen yon djòb kèlkonk e m gen mwayen pou m manje e peye kote m ap dòmi, sitiyasyon m pa pi anvye ke sa. Apre près karant tan m ap travay nan peyi a, ou t a di mwen t a sove; men an reyalite, kouwè 99 pou san moun k ap viv o Zetazini, tranzisyon de yon moun ki gen kay pou l rete oswa ki gen ase pou l manje, ak yon sanzabri k ap domi nan lari e ki grangou oswa totalman demini, se yon zafè de de semèn pèyman nan yon travay. Otreman di, si ou pèdi yon travay ou ladann e vin yon chomè pou sèlman de semèn, ou ka twouve w nan lari, sanzabri, grangou, demini...

Sa pa t anpeche m wè m kou yon privilejye, ki gen yon alyennkat, yon djòb o Zetazini, kidonk yon nonm ki pa bezwen chaje tèt li sou malsite ann Ayiti. Se rezonnman sa yo ki fè mwen pa janm santi m siperyè okenn moun, e ki fè m kenbe yon anpati, yon senpati ansanm-ansanm, avèk vrè demini yo. Se nan pèspektiv rezonnman sa a ki fè mwen konprann remak James Darbouze la lè li pale de koutje papa-bon-sovè-ki-konnen-tout-bagay (tèm pa mwen) dyaspora ayisyen yo voye sou Ayiti lè yo vizite zile a: «Yon dekalaj [depamantasyon] ant Ayiti ki ideyalize pa dyaspora a ak Ayiti reyèl la», Darbouze di.

Jonah Toussaint ak Claudinette Pierre-Toussaint: Pann kawotchou devan kazèn Swat Team lan nan Pòtoprens. Jiyè 2016.

Mwen te pran plezi pase tan ak fanmi m yo, an patikilye sè m yo, Sherlyne, Claudinette e Yvrose, neve m ak nyès mwen yo Mackensy, Jean-Eddy, Ricardo, Matou, Bianca, pitit Claudinette yo. Yo tout montre yon grandè despri nan kalamite jeneral peyi d Ayiti, yo kenbe pèseverans pou fè lavi kontinye bat zèl li menm lè pa gen twòp van.

Mwen te kontan wè zanmi m yo, an patikilye Reginald ak Boulou Leroy ki fè de Ayiti yon nouvo refij apre yo retounen ladann apre anviwon ven tan o Zetazini. Mwen te fèk rankontre yo nan yon apatman nan Bouklin, nan Nouyòk, lè mwen te fèk vin o Zetazini. An jeneral, moun pa two chanje de yon laj adilt ak yon lòt e sa te fè m plezi wè sa kay Reginald ak Boulou: yo toujou kenbe menm penetrasyon ak pèspektiv filozofik yo sou lavi ke m te toujou renmen lakay yo. Lè youn ka pi «rasyonalis» ke lòt (Reginald) e toujou pran desizyon pou akonpli otasi (otonomi) nan sivivans, Boulou limenm toujou kenbe yon atitid pi egzistansyalis sou lavi. [Malerezman misye pèdi lavi l anba yon absè ki vin enfekte an novanm 2018. Mwen pale de sa nan yon lòt memwa.]

Se te twazyèm fwa madanm mwen ak ti gason m Jonah te vin ann Ayiti; fwa sa a, pou Jonah, nan yon moman kote li ka pi konprann fonksyonnman jeneral peyi a (dènye fwa a li te gen sèlman nèf an). Madanm mwen toujou genyen yon afinite natirèl avèk pèp ayisyen an, e li alèz avèk moun rich kou moun pov. Li leve e elve nan yon fanmi kote papa l ak manman l te montre l enpòtans tout kretyenvivan epi sitou dwa egalego natirèl e politik yo tout genyen e dwe genyen. Fòmasyon sa a ede l wè Ayiti avèk yon rega senpatik, san l pa tonbe nan sendwòm patènalis, ni nan awogans etranje-bon-samariten-sovè-malere. Se atitid sa a, san konte bèlte natirèl li, ki te atire m avè l e m trè kontan li kontinye montre li nan relasyon l avè m, avèk fanmi mwen e avèk pèp ayisyen an.

Konklizyon

Mwen te apresye anpil, menm lè m te lwen Ayiti, santiman solidarite ak jefò sovtay reyèl anpil peyi nan lemond antye te manifeste anvè Ayiti apre tranblemanntè a.  Mwen konnen pi grann pati kòb peyi bayè fon yo te ofwi Ayiti a pa t janm debouse, e sa k te debouse yo pa t janm al jwenn moun ki te afekte yo. Men m rekonèt entèvansyon peyi kouwè Etazini, Kiba, Venezyela, Lafrans, Brezil, Repiblik Dominikèn ak Kanada, te ede anpil nan sivivans yon bon pati moun ki te viktim yo.

Sepandan, mwen te remake tou nan enterè kontinwite yon paradigm charitabilis, asistansis e depandantis, anpil moun nan demann èd yo, te fè parèt tankou se te tout Ayiti ki te peri anba tranblemanntè a, alòske, ojis, an tèm de sipèfisi jewografik peyi a, se te yon kantite piti (yon pati Pòtoprens, Kafou, Leyogàn ak Jakmèl) ki te afekte. Tout lòt rès Ayiti pa t two oswa pa t ditou afekte pa tranblemanntè a. Men si w te koute pwopagann charitabilis la ou t a di se te fen Ayiti!

Se pwopagann sa a, ansanm ak bonsamaritanism anpil ONG yo, ki fè naratif sou Ayiti a — sou yon Ayiti apovri e san defans —, vin diskou dominan. Men, natirèlman, reyalite a se tout yon lòt bagay. Ojis, menm anvan okenn èd ONG oswa entènasyonal rive ann Ayiti, te gen anpil ti komite ad hoc ki te òganize espontaneman pa vwazen moun menm katye, san konte moun lòt komin oswa lòt bouk ki vini pot lamen nan jefò sovtay yo. Gen anpil egzanp ak temwayaj ki konfime fè sa yo.

Mwen te dezole lè m te wè eta dekonstonbray Pòtoprens ak Kafou, pi espesyalman kondisyon wout Kafou a plis ke sis ane apre tranblemanntè a. Malgre tout pwopagann gouvènman Michel Martelly a fè sou yon «Ayiti ki louvri pou biznis», avèk tout anonsman nan wopalè dal malèt lajan «pwisans enpòtan de baz» («core countries») yo te klewonnen pou vin «rekonstwi» Ayiti, mwen wè nan Pòtoprens yon mank total enfrastrikti iben, yon layite salte, fatra, kondisyon delabre bildin apre bildin, moun sou moun nan chak mèt kare, mank ijyèn piblik, pòv k ap mande toupatou, brèf, mwen te gen sans yon nòmalite dyabolik ki makonnen tout espas lavi.

Anpil moun estime chomaj nan Pòtoprens (petèt nan tout Ayiti) — chomaj nan sans moun ki pa gen yon travay ki peye l ap fè —, pliske 80 pou san nan popilasyon an. Se yon to elve ki montre pa gen yon politik piblik byen reflechi sou fason moun ap viv e sou kouman peyi a  ap fonksyone kòm antite sosyo-antwopolojik rasyonèl. Nan sans sa a, gouvènman Martelly a ansanm ak sa anvan l yo, te yon grann echèk, paske yo kontinye e agrave konsepsyon fonksyon gouvènman Leta a kou poul ze dò w ap plimen.

Anfèt, sanble ke nòmalizasyon sitiyasyon malouk Ayiti a se yon prensip lelit ak klas dominan Ayiti yo — entelektyèl kou sosyoekonomik — adopte pou jistifye yon mank zaksyon ijan pa Leta pou chanje reyalite malouk la.  Genyen yon sòt reziyasyon egzistansyèl oswa defetism ontolojik ki bwouye posiblite yon liy daksyon konsekan pou radilman chanje etadchoz yo.

Natirèlman, obsèvasyon nou fè nan memwa sa a pa depase fen jiyè 2016, lè nou te kite Ayiti e rantre o Zetazini. Apre sa, kouwè yo di, gen anpil dlo ki vin koule anba pon an.

Nòt

1. Tcheke Bernard Diederich, Un petit goût de goyave, 2015. Tradui de anglè an fransè pa Ketly Mars.

*

 Viré monté