Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Konplo kont levasyon an Ayiti |
Pou pale de koze levasyon an Ayiti se pa bagay piti, e lap difisil pou w konprann si w pa abitye ak demagoji oubyen viv an Ayiti. Ou kapab menm rele l zig zag oubyen levasyon a plizyè echèl: yon mòd lekòl pou sa ki pi ba yo, yon lòt kalte pou sa ki miyò yo, ak yon lòt dimasyon pou sa ki gen ti mwayen yo, men menm si w ta fonn tout ansanm wap tèelman jwenn fay, nan yon pwen pou w di dwe gen yon gwo chanjman nan edikasyon an ayiti. Ann ale pi lwen pou w konprann…
Selon Emanuel W. Vedrine koze levasyon an Ayiti se yon konba, ki fè nenpòt moun ki gen chans fini lekòl pa bò isit kapab konsidere tankou yon ewo. San l pat eseye konpare Ayiti ak USA li te vle moutre nou nan peyi sa yo tout timoun gen menm dwa, nan lekòl yo, tout timoun jui de menm opòtinite,lekòl gratis jiskaske yo gen 16 an, manje gratis, spò gratis, yo jwenn liv prete san bliye tout lòt bagay ki kapab konekte ak timoun nan pou rann lespri li dispoze pou resevwa moso levasyon an. E se sa ki pral fè peyi a kapab konte sou chak grenn sitwayen li pwodui paske tout timoun prèske pase nan menm moul.
Men lakay pa nou pa gen travay, se chomaj ak lamizè kap taye banda, poutan se la nou jwenn paran ap kase tèt yo pou jwenn mwayen pou peye lekòl timoun sòti kindè pou rive filo, pou achte liv, pou bay manje chak jou, pou peye spò sa ki pi tris la ou jwenn yon seri de lekòl ki menm fòse paran yo achte ne ak chosèt ki ekri non lekòl la, gen lòt ki di se lakay yo menm pou yo achte inifòm yo, wap konprann kounya nan ki kalite konplo nou pran pa bò isit. Ann gade ansanm.
Selon rezilta ankèt sou koze travay an Ayiti (BIT) to chomaj la pa bouje menm an 2023 li rete dibout a 7,2 % sou mache travay la, ou ka konprann pa gen anpil fanmi ki gen mwayen tout bon pou voye pitit yo lekol e sa pral bay kantite ti moun ki al lekòl yo minim anpil. Fèb mwayen pral fè nan menm sa ki rantre yo se yon fèb kantite kap gen chans fini e nan ti kras ki fini yo se toujou yon feb kantite kap gen chans al nan inivesite ou pa bezwen menm pran chans mande konbyen kap kite inivèsite ak konbyen kap gen chans jwenn travay.
Kondisyon pou jwenn travay pa bò isit konplike anpil, apre tout pakou difisil sa yo chaje lòt baryè kap tann chak grenn sòlda sa yo paske pi fò CV moun sa yo pral gen pou dekore poubèl, anpil jenn fanm ak jenn gason pral pèdi diyite yo paske yo di w grangou nan vant pa dous patwon ap kouche fanm kou gason pou bay travay epi ki travay! Menm pou fè benevola nan enstitisyon pa bo isit se pa bagay fasil ditou san bliye yon lòt gwo montay 5 an eksperyans yo pa sispann mande jenn yo pandan yo pat janm gen chans travay nou ka kòmanse konprann jis ki kote konplo a rive.
Anpil nan moun sa yo ki goumen franchi etap difisil sa a konn oblije al kenbe lakrè nan kèk lekòl ki pa menm ka peye yo byen pou pase tan, sa koz yo pa fèl ni ak lanmou ni ak volonte pa mande m pou kapasite men pa nesesite. Ou ka konprann yon gwoup moun ki pat fòme pou fè lekòl kanpe ap fòme yon bann timoun ki katastwòf sa kapab pwodui sitou lè sa pat menm pase pre vokasyo yo, ou jwenn bouch sirèt ap fè kou fransè, moun ki pa menm konn konte sou dwèt ap ansenye matematik, moun ki pa janm konn sa ki rele laboratwa chimik ap ansenye chimi pou nou di sa yo Sèlman. Sa pral bay plis elèv medyòk, plis lekòl tèt chat ki plis kanpe sou fè biznis olye yo pataje savwa ak timoun yo, melanje ak plis paran kèkal ki kontante yo de bèl mwayenn olye de konpetans timoun yo.
Selon Sem Lapaix dekalaj sèvo sa komanse depi sou rejim Duvalier yo kote anpil entèlektyèl te blije ap pati kite peyi a yon fason pou tren vyolans lan pat pase sou yo anpil nan yo te jete kò yo an afrik, a koz ge sivil ki te vin genyen nan peyi Afrik yo, yo te blije travèse Canada, Etazini ak kèk peyi an ewòp, nan moman sa a si w te bezwen kèk entèlektyèl nan peyi a se swa w te ale fò dimanch oubyen deyò peyi a. moun sa yo pat gentan jwenn chans fòme anpil moun vre nan peyi a e an 1886 mesye gwo chabrak yo pa sispann tante plizyèrefòm ki pa janm abouti ak anyen paske majorite sèvo peyi a ap viv deyò. Nou pa ka bliye tou yon gwoup FIC ki elimine tout liv kit e ka ede nou ak jenerasyon kap vini yo konnen istwa peyi a epi renmen peyi a pou ba nou pwòp liv pa yo ak pwòp istwa yo.
*