Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
«Zuzu» an kreyòl ayisyen: Deskripsyon lengwistik ak sosyolengwistik Lengwis-tradiktològ ayisyen Jen 2024 Mo kle: «Zuzu», anpwen, lengwistik, sosyolengwistik |
Rezime
Atik sa a ki gen tit li ki se «zuzu» an kreyòl ayisyen: deskripsyon lengwistik ak sosyolengwistik, chèche dekri prezans mo «zuzu» a nan lang kreyòl ayisyen an. Nan kad atik sa a, otè a eseye jwenn tras mo sa a nan plizyè kilti epi rive wè diferan sans li daprè kèk ipotèz. Pi gwo objektif atik sila a se dekri mo «zuzu» sou plan lengwistik, rive wè kòman li konpòte li fas ak prensip lang kreyòl ayisyen; epi dekri li sou plan sosyolengwistik, nan lide pou jwenn rapò itilizasyon mo «zuzu» a ak diferan reprezantasyon sosyal li. Otè a konkli pou l di: mo «zuzu» gen plizyè sans nan lang kreyòl ayisyen an malgre li pa konfòme l totalman ak prensip lang kreyòl ayisyen an. Atik la reponn ak divès kesyon otè a te poze epi li bay plizyè sous motivasyon ki ta fè «zuzu» pote yon chaj semantik pozitif malgre defisyans lengwistik li.
Entwodiksyon
Menm jan sa fèt nan anpil lang, pou nou pa di tout lang, anpil nan vokabilè yo konn soti nan lang ki te la anvan pou vin anrichi yon lòt lang. Se yon fenomèn ki nòmal. Mo ki rantre yo konn konfòme yo ak lang li rantre a, kon sa tou, yo rantre ak tout batanklan yo kòm si se nan salon lakay yo y ap rantre. Nou genyen fransè kòm egzanp lang ki konpoze ak mo laten, grèk, anglè, italyen, e latriye; ak anglè ki genyen anpil mo alman, kèk mo fransè, mo laten tou.
Nan menm optik sa a tou, kreyòl ayisyen devlope nan kreye mo pa l, prete anpil mo nan men lang tankou fransè, anglè, espayòl ak lang fon. Malgre anpil nan mo yo soti nan lòt lang, lè ou gade yo, ou wè se kòm si se zafè pa nou yo ye, paske yo respekte prensip lang kreyòl la ba yo a, epi tou, moun ki pale sèlman kreyòl oubyen moun ki pa reflechi sou lang, pa menm konsyan si mo sila yo soti nan lòt lang. Se poutèt sa, aprè yon obsèvasyon sou itilizasyon mo «zuzu» nan lang kreyòl ayisyen an, nou anvi poze tèt nou plizyè kesyon tankou: ki kote mo sa a soti? Ki diferan sans li genyen nan lang kreyòl ayisyen an? Si li se yon mo prete, ki konpòtman li genyen nan lang lan? Kidonk, pou nou eseye reponn divès kesyon sa yo, nou te swiv demach pi ba yo.
Orijin ak sinifikasyon
Selon rechèch nou fè, mo «zuzu» a se yon mo ki pa twò popilè nan lòt lang yo vrèman, men anpil moun enterese ak jan li sonnen, orijin li ak sinifikasyon li.
Mo «zuzu» jwenn orijin li nan plizyè kilti ak lang. Youn nan ipotèz ki plis kenbe, se ipotèz ki di se nan kilti ongwa (peyi Ongri) li soti, kote nou jwenn «zuzu» se yon ti sounon yo itilize pou bay afeksyon, ki soti nan yon non feminen ki se «Suzanna». Men, vrèman orijin li se nan yon ebre ki se «Shoshanna», ki vle di «Lili (lis), ki se yon bèl ti pye flè». Kèk kote nan kilki Afrik tou, li gen menm sinifikasyon an. Gen lòt kote, nan kèk lòt kilti ann Afrik, yo konsidere «zuzu» tankou varyasyon non ki vle di «lapè» oubyen «lajwa, kè-kontan».
Selon rechèch nou fè tou, nou remake se yon mo yo itilize nan lang fransè tou pou dekri yon moun ki pran swen tèt li yon fason remakab, swa nan jan l abiye, swa li veye sou sante l, sitou nan fason li pale.
Egzanp:
Pour être honnête, l'étudiant n'est pas un zuzu, vu ses vêtements banals et les coins de ses lèvres un peu blanchis – les zuzu mangent à l'heure, non? — (Evains Wêche, Les Brasseurs de la ville, 2016)
Akoz divès orijin non sa a, lakoz mo sila pote yon richès semantik ak kiltirèl eksepsyonèl. Nou kontinye ap poze tèt nou kesyon toujou pou nou di ki ipotèz istorik nan tout sa nou pale yo ki ta alabaz «zuzu» nan lang kreyòl ayisyen?
Lè nou gade diferan fason yo itilize «zuzu» nan lang kreyòl ayisyen an, nou avanse ipotèz pou n di se nan lang fransè a mo «zuzu» a ta soti pou li rantre nan pratik oral lang kreyòl ayisyen an. Konsta nou fè tou, se nan lang oral la li prèske rete. N ap esplike rezon an nan pati pi yo. Men èske sa ta vle di mo «zuzu» nan lang kreyòl ayisyen an ta foto-kopi lang franse a sou plan lengwistik ak sosyolengwistik? N ap rive wè sa pi ba.
*