Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

18 Novanm 1803 – 18 Novanm 2024!

ENVITASYON NAN SERI KONFERANS EDA, SERI #7.

Dr / Prof. Bonel OXINÉ,
Direktè pwojè: Project director : Director de proyecto
Inivèsite Leta Ayiti State University of Haiti
Universidad Estatal de Haití
Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) Faculty of Applied Linguistics
Facultad de Lingüística Aplicada

© IVFOSENP, EDA & IVFOSEDA
(Esperyans Dyaspora Ayisyen The Haitian Diaspora Experience
Inivèsite Vityèl Fowòm Senlwidisid & Plis Senlwidisid Virtual University Forum& Plus)
Foro de la Universidad Virtual de Senlwidisid y Plus

Okay

Foto (sous Achiv IVFOSENP & EDA): Okay, Sid, Ayiti

Nan kontèks ensekite sou tout fòm Ayiti ap evolye depi plizyè ane, e nan kad Selebrasyon Batay Vètyè nou pral selebre 18 Novanm 2024 k ap vini la, EDA (Esperyans Dyaspora Ayisyen) ansanm ak IVFOSENP (Invèsite Vityèl Fowòm Senlwidisid & Plis) envite nou vin brase lide nan 7yèm Seri konferans li ap genyen nan dat sa a, sòti 12 : 00 p.m rive 4 : 00 p.m.

EDA ap resevwa de (2) konpatriyòt nou ki ap vin bat bouch avèk piblik li nan sikonstans gwo selebrasyon evènman san parèy sa, Batay Vètyè. Yon echanj ki ap nan enterè peyi nou, Ayiti!

Pa rate okazyon sa, non! Vin fè konesans e dekouvri resous zimèn peyi nou ki ap evolye nan dyaspora, nan lòt dimansyon.

Lye ak dat Batay sa a se de (2) nan pi gwo senbòl detèminasyon, fratènite, fyète, kole zepòl, konsyantizasyon, koudakoud, kouraj, lit pou egziste an kolektivite, rezilyans, sansiblizasyon, tèt ansanm, brèf, anons yon «Libète» pou Ayiti te konn bonjan Endepandans ak devlopman, meyè modèl e eritaj Zansèt nou yo te ka kite pou nou ak lòt jenerasyon k ap vini yo.

Annou selebre ansanm nan inite ak lespri lapè atravè de (2) kokennchenn konferans sa yo nou pral gen la, pou nou pwouve, nan menm lespri Batay Vètyè a, lanmou nou pou Ayiti. Menm jan, men pa janm pèdi wout bouch, se konsa tou lanmou Ayisyen nan dyaspora kou Ayiti pou peyi yo pa dwe janm pèdi wout kè yo!

Pa bliye non, sòti midi pou rive 4trè, 18 Novansm 2024, nou ap tann nou pou nou vin patisipe nan bwase lide ak konpatriyòt nou yo nan dyaspora! Annou vin valorize ansanm esperyans ak karyè pwofesyonèl Ayisyen yo ki nan dyaspora, pou nou ka ba yo plis gou pou yo rete soude ak rasin yo, ki se Ayiti, pandan yo ap pote an menm tan kontribisyon entèlektyèl bò kote pa yo nan Konstriksyon Ayiti.

Men tèm konferans yo ak tout non pwochen konferansye EDA yo, nan kad Seri esperyal sa a:

Konferans #1, «Ansèyman ak aprantisaj kreyòl ayisyen nan Etazini: kisa kominote ayisyen an Ayiti ka aprann de esperyans konsa?”, 12:00 p.m. - 1:45 p.m., avèk Pwofesè Nicolas André (FIU, Florida International University) editè, entèprèt, lengwis, tradiktè. Pwofesè Nicolas André se ansyen etidyan Fakilte Lengwistik Aplike - Inivèsite Leta Ayiti.

Konferans #2, «Lang kòm baz devlopman «endistri touristik» e kontribisyon li nan entèraksyon kiltirèl e lengwistik. Ki pwofi Ayiti pèdi nan yon tip  ‘‘endistri’’ konsa?», 2:00 p.m. - 3:45 p.m., Laurince Saint-Val depi Lafrans ap vin ranfòse anbyans selebrasyon an. Etidyan Laurince Saint-Val ap prepare yon diplòm Mastè nan «Lang Etranje Aplike, Pakou Jesyon Pwojè Touristik», nan «Université de Lille», Frans. Laurince Saint-Val se ansyen etidyan Fakilte Lengwistik Aplike - Inivèsite Leta Ayiti.

Ekip EDA ak IVFOSENP yo konte sou prezans ak patisipasyon nou chak pou rann jounen selebrasyon Batay Vètyè a espesyal epi fè li yon gwo reyisit! Zansèt yo pa te fè ni gwo etid ni gen teknoloji, yo fè gwo mèvèy! E noumenm menm, annou fè konesans ak diplòm nou yo tounen pi gwo “zam” batay pou kwape soudevlopman mantal ak soudevlopman Ayiti antre nou!

Men lyen aksè nan gwo pla entèlektyèl sa EDA ansanm ak IVFOSENP te prepare epi ofri nou, nan okazyon selebrasyon gwo Batay sa, https://meet.google.com/toy-yhmn-wdk, konekte pa makòn!

Bon selebrasyon 221 ane Batay Vètyè, ki pa dwe kontinye ap gaspiye, pou yon Ayiti an pè ki sou wout lagè kont soudevlopman!!!

IVFOSENP

*

 Viré monté