Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

AYITI SE, MIKABEN: Yon pwodiksyon machann-Peyi

Orso Antonio Dorélus ''Art-Gens''
Manm Regwoupman Ekriven Kreyòl, Tanbou-Literè
ak Atelye Akasya

Nan fè pwomosyon peyi a, pou di li louvri bay biznis, se di nou tou di peyi a se yon gwo mache piblik. Noumenm, nou se yon pakèt jeran-mache, manadjè mache k'ap tann lajan pa yo, aprè lè pòch yo fin plen, pou di mache a mèsi.

Kolon yo chanje plimay ak vizay. Kounyeya se pwòp pitit Peyi a ki se veritab eksplwatè li. Kouman nou kapab panse devlopman lè chak moun nan peyi a ap fin  pran ti moso Ayiti pa li pou regle zafè li? Lè tout moun pran Peyi a pou mache, boutik ak machandiz?

Nan tèks ''Ayiti se'', Michaël Benjamin (alyas Mikaben) chante a, nou twouve nou anfas yon konpozisyon k'ap fè deskripsyon yon Peyi men san li pa fè preskripsyon, yon pwomosyon san solisyon. Se yon mizik kat touristik ki tanmen nan èv atis la. Yon loup fotograf k'ap pran imaj. Si Moriso Lewa te la, li ta di: ''pa pran foto m touris''

Deskripsyon toujou mache men nan men ak eksplikasyon. Kidonk, nan tèks la atis k'ap chante a twouve li nan yon konvèsayon kote li ap dekri Ayiti bay yon entèlokitè: Ayiti se, ki se fòm yon repons aprè yon kesyon ki  ta ka poze konsa: kisa Ayiti ye? Pandantans li kanpe Ayiti annaryè-plan nan konvèsyon an, sa vle di l'ap pale pou Ayiti. Men, pou li ka blo Ayiti pi byen, aprè chak deskripsyon, li pwoche nan zorèy li pou deklare li renmen li.

Pozisyon chantè a, ki se naratè prensipal tèks la, ap jwe de wòl oubyen bimounal nan diskou a, pou nou prete mo filozòf Enòk Franklen an: li naratè (l'ap eksplike kisa Ayiti ye),  anpi li sipènaratè ( l'ap chante sa l'ap eksplike a) kote l'ap dekri peyi a bay yon pèsonaj etranje ki pa konn anyen nan Peyi a, anpi tou tanzantan li deplase vin kote Ayiti.

Sa ki fè n konprann nan tèks la gen yon reyalite tan ak espas ki dedouble. Kidonk, moun Atis la ap dekri Ayiti a li yon kote e Ayiti limenm yon lòt kote. Kidonk, li nan yon mouvman ale vini. Men se ki kote Ayiti ye limenm nan tolalito sa a? Eske yon moun kapab toujou nan peyi Ayiti pandan li pa nan Peyi a? Oubyen kisa ki Ayiti a menm? Oubyen tou èske se yon espektatè ki pa rete, ki depasay an Ayiti? Pou fini èske sa vle di gen moun k'ap viv nan Peyi a men ki toujou ap viv nan yon lòt peyi paske yo pa gen menm reyalite, koutim, kilti ak majorite moun nan Peyi a? Men sa ki enpòtan nan analiz la, moun k'ap dekri Peyi a pa nan Peyi a menm si l'ap viv ladan li.

Se yon mizik ki fèt pou rele touris, yon chante ki fèt sou kòmann swa dirèkteman oswa endirèkteman. Nou kapab wè sa nan nenpòt pwogram gouvènman ap fè, kote se mizik sa a ki toujou pran premye plas la, sitou nan sa ki konsène Ministè touris la. Konsa, lè mizik sa a pran woule prezidan kou atache tèt-kale ozanj... Nou te kapab wè yo nan estad Sylvio Cator nan jou ki pase yo. Depi nan fason tèks la ajanse a, pou tanmen deskripsyon peyi a, yon moun pa bezwen konnen byen kòd lekriti fouyapòt  pou  dekouvri sa san fòt, san rati. S'on mizik fotografi pou touris!

Lè nou wè touris, nou wè moun k'ap vin vizite, moun k'ap vin rejui, pran plezi, epi dekouvri, fè rechèch elatriye. Men sitou, chache ekzotik... Konsa, Peyi ki konsène a antre lajan, otorite yo, biznismann, oubyen opòtinis fè kòb. Ki di, gen ekonomi nan jwèt la! Souvan yo toujou di nanpwen lanmou san lajan oubyen san enterè. E, trè souvan, konn gen kèk Ayisyen, ki pa jwenn grapday nan mòd operasyon sa yo, k'ap pale  pou di Ayiti pa ofri moun anyen. Kidonk, yo pa anvi rete nan peyi a. Pa gen lajan, pa gen lanmou pou li! Men moun peyi a ofri avantaj yo, rete... Konsa, moun sa yo di, yo renmen li (Si se te vre!) Men ki jan yon Nasyon, yon Peyi kapab vanse lè tout moun ap jwe jwèt enterè ak li, alòske enterè yo pa menm e ni nan enterè Peyi a?

Menm jan nou te di l nan paragraj pi wo a, gen yon sòt ale vini nan tèks la, yon migrasyon oubyen deplasman. Kote yon moun k'ap dekri peyi a ta vle lèse nou konprann li konn peyi a, li renmen Peyi a. Men se t'ap yon lèkti premye degre oubyen kontanplatif, paske lè nou retire vwal ilizyon ki nan tèks la, men kisa li ban nou: se yon nonm ki gen yon relasyon distans, manchlong oubyen ki pran rekil sou Peyi a, pou egzamine li, anpi gade ki sa li kapab ofri li kòm garanti pou pòch li. Kidonk, se pa yon lanmou ki chita sou lanmou men se pito sou enterè, sou sa li kapab jwenn nan Ayiti pou li vann anpi pou pòch li ranpli radjòl. E mouvman deplasman sa yo nou touve yo nan vèsè sa yo ki pral site la a:

''Ayiti cheri
pou jan mwen renmen w
Mwen vin depoze
ti kè mwen nan pye w''

Bondye fè se renmen yo di yo renmen l. Paske kreyòl la tèlman elastik, li fè diferans ant renmen ak damou. Renmen pa gen satiman. Ou renmen tout sa ki gen enterè w ladan. Men  lide damou se emosyon, se santiman, se atachman.

Tout distans, tout deplasman, se yon pozisyònnman ki mennen oubyen  ki trennen yon aksyon. “Mwen vin”, ki vle di yon bagay ki pat la men ki vin la, li evoke yon tan absans. Ki eksplike tou, nan menm lide lanmou enterè tèks la, piske kounyeya mwen ka wè ak jui sa ou ofri mwen, oubyen opòtine ou ofri mwen, jan Ekselans lan renmen di l la, pou sa mwen vin ba ou lanmou mwen. E konstriksyon oubyen liy panse tèks la pa depaman ak konpozisyon Otelo Baya a, sèlman limenm li anchouke nan yon estetik melankolik, kote se lè li fin kite Peyi a li wè Peyi a te gen valè. E Mikaben limenm anchouke nan yon estetik kontanplatif, ki vle di, se lè otorite yo ak opòtinis yo wè kantite lajan Peyi a ap fè yo fè, yo vin renmen li poutèt sa. Men se pa yon vrè lanmou, se yon lanmou ipokrit-karesan, yon lanmou kondisyone pou yo ka plimen poul la jouk li rele.

Se pa yon tèks ki trennen yon pwojè sosyete. Sa ki vle di, li rete nan estad prezan, yon reklam k'ap fè dekripsyon Peyi a pou letranje vin envesti ak pou yo  kapab chak jou vin pi  rich. E lè touris la vin vizite li pa vini pou wè sa li gen lakay li deja, sa li konnen deja men se pito sa li pa konnen. Nan sans sa a: se nòmal pou yo kite wout yo san fèt, konsa lè lapli tonbe touris la kapab wè kantite labou ki anvayi peyi a; -pou touris la wè timoun k'ap etidye anba poto elektrik; -pou touris la wè ki jan yon sosyete viv ak gwo mizik nan plen lannuit k'ap deranje sòmèy moun, fenomèn yo rele tisourit la. Nou te kapab pran anpil egzanp nan tèks la ankò touris ta renmen gade.

Kanta pou dekri peyi a, se yon bèl piblisite ala Bicha! Se zanmi atis la! Pou pale de Sitadèl, San-Sousi, Labadee, plaj yo elatriye. Kesyon sa a ta ka poze, pou kiyès Labadee ye? E kounyeya a nou tèlman anvi vann Peyi a toutbon, nou tanmen ap degèpi moun ki sou zile Ilavach. Petèt yo pa fè pati eritye batay miluisankat la? e moun zile Latòti ak Lagonav pa epanye nan jwèt patri-pòch sila.

Menm jan Pyè-Michèl Chery te di l nan yon emisyon sou Radyo Kiskeya ak Marvell: Devlopman yon Peyi dwe chita sou moun, pou moun e ak moun[...]  Ayisyen dwe santi li byen lakay li. Si Peyi a dous li dwe dous pou Ayisyen anvan li dous pou etranje. '' Epi li te kontinye pou di: Se vre n'ap pale de rekontriksyon Ayiti,  men tout konstriksyon sa yo k'ap fèt la, èske yon etidyan ki nan fakilte dèsyans wè tèt li ladan? Eske yon etidyan IERAH/ISERSS ki nan Istwa Atizay ak Patrimwan e Touris wè tèt li nan politik kiltirèl Peyi a? Eske yon jèn ki nan Fakilte syanzimèn k'ap etidye kominikasyon kapab wè tèt li nan ministè kominkasyon Peyi a? Menm jan tou pou yon etidyan ki Damyen, FLA, Etnoloji elatriye...? Alòs mezanmi lè tèt yon Peyi nan men yon pakèt machann-peyi ki bon nouvèl devlopman Peyi sa a kapab pote? E sitou, machann, biznismann, aksyonè pa kapab fè devlopman touris ak patrimwan, yo menm se lajan prezan yo vize, se chobiz paske yo pa gen etadam... aktivite sa yo dwe jere pa pwofesyonèl, moun ki etidye (espesyalis) pou sa. Sinon, yo pa ta mete koulè prefere Ezili freda sou moniman Vètyè yo nan jou ki te pase yo...e nou te tande ki gwo deba sa te fè nan laprès.

E fòk nou di tou, se prèske chak gouvènman ki pase toujou gen ''Atis koutizan'' ki la pou fè pouvwa an plas la plezi. Egzanp Nemou Jan-Batis pou Papa Dòk nan mizik tou limen an; Don Kato oubyen Brother's Posse nan mizik selebrasyon 2004 la pou Aristid. Kidonk, se pa premye vè ki kraze nan gouvènman jan koze a di a. Si nou sispann chante chante yo twò fò noumenm ki nan piblik la, nou va konprann sa y'ap di ak kisa  y'ap degaje oubyen pote kòm mesaj.

Ev atizay nou yo dwe kite estad kòmann pou ale nan enspirasyon lib-e-libè kote  se sosyete a ki va veritab sous enspirasyon yo. Men tou, nou kapab rann tèks la jistis pou nou di li eveye nou sou yon sitiyasyon k'ap pase nan sosyete a, kote tout moun pran Peyi a pou anrichi tèt yo, pou regle zafè yo, menm si règ la gen eksepsyon. Paske, nou rete kwè, gen sitwayen onèt ki kwè nan yon lòt Ayiti.

Ayiti ap toujou rete yon rèv, toutotan se enterè nou ki prime sou li. Vrè lanmou yon sitwayen pou peyi li pa dwe chita sou enterè men se chache konnen kòman li kapab rann peyi li vivab, pou amelyore vi sosyete li. Se yon kesyon tou ki egzistansyèl! E se vrèman terib lè se konsa yon sosyete oubyen yon dividi nan yon sosyete  fè Peyi li tounen. Mezanmi moman an rive pou nou mande ki atis ki zanmi laprezidans oubyen gouvènman an ki va pran rèl sosyete a pou chante li nan divès pwogram y'ap fè (Ti manman cheri, gouvènman an lakay ou...), nan lide pou pote kaye-plent sosyete a?

Orso Antonio Dorélus «Art-Gens»
Manm Regwoupman Ekriven Kreyòl, Tanbou-Literè
ak Atelye Akasya

boule

 Viré monté