Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
16 Janvye 2012: Jounen Martin Luther King Antony Fortunat |
Depi lane 1986 gouvènman Ameriken chwazi 3èm lendi mwa Janvye pou fete Martin Luther King. Martin Luther King te fèt nan dat 15 janvye 1929 nan yon fanmi klas mwayèn. Li kòmanse preche a 17 an e li diploma doktè nan teoloji a laj 26 an.
Depi laj sa a, King te chwazi pou sèvi pi fèb yo, patikilyèman moun Nwa parèy li yo ki te soufri anpil prejije. Nan epòk Martin Luther King, prejije te rèd anpil nan peyi Etazini. Nèg pat gen dwa ale nan menm lekòl ak Blan; nan bis transpò piblik, nèg pat gen dwa chita si Blan te debou… Yon jou, yon chofè bis te trete King ‘’Pitit san papa’’ paske li te refize leve bay yon gwoup blan chita.
Se te rèy diskriminasyon, segregasyon, apartheid, esklizyon. Nwa te gen kote espesyal pou yo sikile de fason pou yo pa rankontre avèk Blan.
Se depi lè sa aKing pran rezolisyon pou lite san rete pou fè konnen tout moun se moun. Gen yon lè, Yolande, yon pitit fi King poze papa yon kesyon: ‘’Pouki sa ou oblije ale nan prizon souvan konsa?’’ King reponn:’’ Mwen angaje nan yon lit pou fè lavi miyò pou tout Nwa parèy nou ak tout kategori moun sou latè ki soufri enjistis. Dwe gen moun ki aksepte ale nan prizon poutèt sa.
King te mete tout volonté l pou defannn kòz sa a li te kwè ki jis. Li te kw se pa sou koulè po pou jije moun, se pito sou pèsonalite ak sou karaktè.
King te refize itilize vyolans nan batay la. Li te chwazi zam lapawòl, dialog, manifestasyon pasifik. Anpil Blan te rive antre nan konba avèk li paske yo te konprann valè kòz li t ap defannn lan.
Martin Luther King te gen tan wè reyalizasyon kèk rèv li avan li mouri: anilasyon kèk lwa rasis, posiblite pou Nwa sikile preske tout kote li vle, posiblite pou monte tren ak transpò piblik san kè sote.
Men li mouri asasinen tankou tout moun nan listwa ki gen kouraj pran pozisyon pou pi fèb yo. Martin Luther King antre na kategori Caonabo, Toussaint Louverture, Charlemagne Péralte, Abraham Lincoln, Gandhi …
King fè nou sonje ke, lè pou pran pozisyon nan yon lit, kesyon pou nou poze tèt nou: ’’Eske lit la jis?’’ Dènye pawòl King montre li pat regrèt fè chwa nsa a: ’’Mwen wè latè pwomiz, men mwen konnen mwen pap antre… Mwen pa krenn okenn moun sou latè, paske mwen wè bèlte Bondye.’’
Antony Fortunat