Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Poukisa nou repibliye yon liv
ki deja ap fè chimen li?

Orso Antonio Dorélus

 

 

 

 


 

Sezon papiyon

Nou repliye Sezon Papiyon, se paske non sèlman pwopozisyon liv la ap fè chimen li nan milye literè a, men sitou se pou boukante ak pou rann lakonesans demokratik. Paske, dapre filozofi nou, nan Regwoupman Ekriven Kreyòl (REK), pri liv pa ta dwe depase yon jounen travay malere. E sa vle di kisa?

Menm jan lèfrè grim (Wilem ak Jacob) di li a, yon powèt la pou redije panse sosyete a. Manno Ejèn ki se limenm yon powèt pa depaman ak larèl lide sa a. Sa ki fè konprann, gen yon relasyon sere-sere ki tanmen oubyen ki tabli ant powèt la ak sosyete li, ant powèt la ak kilti li, ansanm ak tout sa ki anviwonnen li e ki kapab antre nan fonnanm li pou fè l konnen kisa epi kiyès li ye toutbon.

Kidonk, cheminman oubyen chwa bèltiz yon powèt pou pwodui nan yon lanng pa fouti inosan, sitou  nan yon peyi kote gen yon matlotay lenguistik, kote lang deyò a jwi plis privilèj pase lang lakay la, lang natif natal la. Yon sityasyon ki divize peyi a epi ki depaman ak lespri Konstitisyon an, nan atik 5 li, ki di kreyòl se sèl lang ki simante tout ayisyen ansanm. E Manno Ejèn pa janm sispann travay ak lang natif natal la, ki se yon lang jete bliye, anpi li ranmanse pou jwenn sans egzistans li nan linivè.

Se pousa, depi nan Egziltik powèt la te tanmen Aganmafwezay li pou te kapab tande Vwa Zandò yo k'ap rele li, pou te anonse Sezon Papiyon. Konsa, powèt la pa sispann, jan li renmen di li a, tounen dayiva pou plonje dimilye pèdi pou jwenn kote lang ayisyen an kache pou li mete lang lan sou tab san kache lonbrit. E se konsyans mistik sa a k'ap entèpele li chak jou ki jou pou respekte kontra li genyen, non sèlman ak fonnanm li, men tou ak piblik lektè ayisyen parèy li.

Demach Manno Ejèn nan se yon aksyon-literè-responsab, kote sosyete a kapab wè tèt li nan literati y'ap akouche ojoulejou pou li a, pou sosyete a kapab gade san pèdi yon yota, nan yon lanng li konnen, li dòmi-leve ak li a, ki anbrase lavi ojoulejou li a. Se sa ki fè literati genyen yon misyon sosyal, yon projeksyon sou demen sosyete a, kote chak fwa li fè yon senkòp pou gade ak jije tèt li, konnen tèt li pi byen nan lide pou fè konparezon ayè ak jodijou anpi pou prevwa sa kap tann li.

Se pou sa, yon powèt oubyen yon atis se pòtvwa yon sosyete, yon popilasyon. E pou powèt la oubyen atis la kapab jwe wòl sa a byen fòk li konnen sa popilasyon sila konsonmen, pou konnen teren an byen. An rezime, li dwe anmezi pou li kapab li sosyete a epi kaminizye ak sosyete e nan menm konpetans lèkti sa a pou li kapab li èv li tou. Paske lè atis la pale pou popilasyon li, popilasyon an dwe anmezi pou  konprann si mesaj la pase oubyen voye ale pou li. Se sa Maximilien Laroche rele Kontra lèkti a. Ki se lanng itilize a, konpetans lekti popilasyon an ak lenstriksyon li resevwa.

Fòk nou di depi lò Moriso Lewa ak anpil lòt ekriven ki te anvan li te pran konsyans sa a, literati ayisyen an dwe reflete sosyete a, yo te tanmen avèk anpil ladrès pou mennen lanng ayisyen an nan nivo li ye jodi a. E se sa ki bèl la, lè yon gwoup ekriven te koumanse yon travay anpi jenerasyon ki vini aprè yo pran travay sa a, travay ak li pou mennen li pi lwen, pou fè li dekouvri lòt fas kache. Pepinyè se rezondèt legzistans!

Vwalatilpa, chak epòk nan lavi yon pèp mennen pwòp bèltiz li, pwòp fòm atizay li suivan sous enspirasyon kreyatè a ak ideyoloji k'ap travèse li. Se konsa, powèt Manno Ejèn deside ajoute nan literati ayisyen an yon nouvo fòm pwezi ki pote non Pwezi Anwoule. Yon fòm pwezi tou nèf ki enspire de chante tradisyonèl yo, pwovèb nou yo, ki gen sis (6) vèsè antou. Otreman, yon fòm pwezi ki anchouke nan mitan konsyans popilasyon an, kote li kapab pi byen gade tèt li nan yon lanng ki rele chèmèt chèmètrès, ak yon mitoloji ki domi kole-sere ak li. Tankou powem #13 la di a:

Tout moun wè sèlman
frivolite papiyon nan flè
k'ape pataje polèn nan van
men pèsonn pa konnen
ki chante yo fredonnen
nan selebrasyon byennsite

Pwezi Anwoule pran nesans nan vodou a ayisyen an, ki alafwa yon relijyon, kilti ak lakonesans. Yon demach kote aspè estetik la oubyen atistik vodou a pran devan sou pati relijye a. Paske tout powèm yo anwoule pou chita nan yon estetik kontanplatif, pleziyis, chamantiz k'ap emèveye kontanplatè yo, yon atizay desakralizasyon. Tankou sa ki di nan powèm #94 la pou eksplike yon moman lanmou:

Mwen leve potomitan-mwen
pou mwen plante tou drèt
nan mitan lorizon
mwen pran vijinite syèl la
lè li pran koulè ble wayal
sa fè deja sisan-milan

Yon pwezi anwoule se yon powèm ki enspire de yon reyalite li rekreye. Ki vle di yon maryaj reyèl ak ireyèl kote powèt la kòm lavandyè-mo tradui reyalite a nan fason pa li. E sa ki entèresan nan imajinè powèt la, se lè nou fin antre nan powèm nan nou wè kalite jeni lekriti powèt la genyen pou li fè nou viv yon reyalite ki pa depaman ak kontidyen nou, men nan mitan lèkti a nou inyore. Yon aksyon kousiprann. Tankou powem #1:

Phapiyon nwa
se non vanyans-mwen
depi zèl-mwen franchi papòt
kèsote deja enstale
poutan voltij-mwen pi frajil
pase boujou lavi

Pou nou fini rekèy Sezon papiyon se yon nouvo souf nan pwezi ayisyen an e ki mete l nan yon nivo li pat janm ye, sitou nivo langaj la ak imaj yo oubyen dimansyon estetik k'ap degaje a. Pwezi Anwoule se yon modèl pwezi ki fèt pou ayisyen, ki pran nesans nan reyalite ayisyen an pou li kapab sèvi popilasyon an miwa kontidyen. E se menm trajektwa bouskay idantite a powèt Manno Ejèn kinnalaganach ap rapousuiv san akenn pretansyon pou yon kreyolizay!!!

Orso Antonio Dorélus''Art-Gens''
Etudiant en Histoire de l'art et Archéologie
U.E.H(IERAH/ISERSS)
Manm Regwoupman Ekriven Kreyòl,
Tanbou-Literè ak Atelye Akasya
dorelusorsoantonio@ymail.com
(509)3899-8376

boule

 Viré monté