Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Leksik kreyòl: etimoloji doukla nan kèk mo kreyòl ayisyen

Jean Robert Placide

1.  Definisyon mo omonim oubyen mo tokay

Mo nan lang, se tankou nanm vivan. Yo fèt, yo viv, yo mouri. Tout lannuit, tout lajounen, yo rantre nan yon lang, soti nan yon lòt. Yo wete po mete po, chanje fòm, chanje sans. Pafwa yo pa gen menm fòm, yo gen menm sans. Se sa nou rele sinonim (an fransè: synonyme) osnon mo marasa, paske sans yo tèlman sanble menmman parèyman, yonn ta ka ranplase lòt, nan sèten ka. Egzanp tankou: jimo ak marasa, kannari avèk ja, ti krich avèk zen. Layou (vannette cf. Ducoeur Joly, 1802) avèk layo (nan nò) avèk laye (nan lwès) avèk bichèt (nan sid), kabicha avèk singgo, ranpòno avèk konbit.

Pafwa tou nan transfòme, yo prezante konvèjans fòm ak divèjans sans. Nan dènye ka sa a, savan ak teknisyen langay rele yo mo omonim, (an fransè: homonyme). Selon etimoloji grèk li,  mo omonim nan vle di: menm non. Nan kreyòl ayisyen an, lè 2 moùn gen menm non, yo rele yo: tokay. Se pou rezon sa nou di mo omonim osnon mo tokay. Egzanp tankou: lank (an fransè: lencre) avèk lank (an fransè: lancre). Genyen tou: sou (adjektif), sou (prepozisyon lokatif), sou (prepozisyon modal).

Sou plan teknik, konsèp omonim oubyen mo tokay la, se 2 mo ki pwononse menm jan, oubyen ki ekri menm jan, men ki pa gen menm sans. Lè yo gen menm òtograf, yo rele omograf. Lè yo pwononse menm jan, yo rele omofòn. Lè se mo vokabilè ki tokay, yo rele omonim leksikal. Tankou kay (wòch) avèk kay (kote pou rete), bay (aller ) ak bay (donner). Lè se mo gramè ki omonim, yo rele tokay gramè oubyen omonim gramatikal. Tankou ap (TMA tan prezan) ak ap (TMA  tan ki ap vini yo oubyen tan demen). Genyen yo (detèminan) avèk yo (pwonon). An 1987, lengwis Jean Bernabé ekri Grammaire créole, Fondas kréyol-la, yon gramè kreyòl enpòtan ki chita sèlman sou yon seri 50 fich omonim kreyòl.

Nan kreyòl ayisyen an, konsekans prensip sistèm òtograf ofisyèl la pa aksepte pou omonim leksikal yo ta gen òtograf diferan ni pou yo ta pwononse diferan. Pakonsekan, tout omonim sa yo, yo omofòn epi omograf tou. Egzanp:

  1. bay: an fransè, aller. Egzanp: Ki kote ou ap bay maten an? 
  2. bay: an fransè, donner. Egzanp: Ki sa ou ap bay maten an?
  3. bay: an fransè, donner, ki vin gen fonksyon prepozisyon. Egzanp: Ki  moùn ou tire pwent lan bay? Mwen voye pwent lan bay moùn ki santi yo mouye.
  4. bay: Cuve dans laquelle on fait fermenter le sirop de canne. (cf. Ti DiksyonèKreyòl, 1976, p. 54). Grand récipient ovale servant habituellement pour le bain. (cf. Lexicréole, Jeannot Hilaire, 2001, p. 33)
  5. zen: an fransè, récipient. Egzanp: Li foure men li nan zen an, li pa boule. (TDK, p. 509)
  6. zen: an fransè, haim, hameçon. Egzanp:Zen an kwoke nan gagann pwason an .... ( TDK, p. 509)
  7. zen: an fransè, potin. Egzanp: Moùn sa yo pa gen anyen pou yo fè, tou tan yo nan zen ( TDK, p. 509)
  8. zen an fransè, zinc.

Sepandan, li trè enpòtan pou nou konprann, omonim gramatikal yo pa toujou omograf. Gen divès ka kote omonim gramatikal yo kapab gen yon òtograf diferan avèk lòt konpayèl omonim yo. Paregzanp, seri sekans gramatikal: kap, nap, pap, tap pa gen menm òtograf avèk seri non: kap, nap, pap, tap. Se la enpòtans siy dyakritik tankou siy apostwòf òtograf ofisyèl la, nan ekriti sekans omonim gramatikal (sa yo), nan objektif pou depareye yo avèk lòt mo tokay la.

2. Diskisyon: Remak ak kòmantè

Premyèman, lè nou konsidere (1) ak (2), nou panse bay 2 soti an fransè, tandiske bay 1 (aller) soti nan kreyòl ginen an (bay), ki limenm soti nan lang pòtigè a (vai) ki vle di (aller). cf. Rougé 2004, DECPA, p. 180.

Dezyèmman, nan konsidere (3), nou konstate bay 2  ki soti nan fransè a, pral bay de lòt fòm kout, ki omonim epi ki gen 2 fonsyon diferan: ba, ban (vèb) ak  ba, ban (prepozisyon), ba, ban (prepozisyon modal). Epi, fòm ban an se mo tokay yon twazyèm ban (non), an fransè (banc). Epitou, fòm ba a se omonim avèk lòt mo bat tankou: ba restoran, ba savon, ba chosèt.  Egzanp:

  1. Ou te di ou t’ap ban mwen lajan an (TDK, p. 54)
  2. Mwen nan deng ou jis ou fè travay la ban mwen (TDK, p. 343)
  3. Yo mete li sou ban (TDK, p. 55)
  4. Se pa zoklo ankò l’ap ba li, se kout ba fè.(TDK, p. 45)
  5. Li kite travay la paske salè li twò ba. (Valdman 2007, p. 59)

Twazyèmman, n’ap fè remake, Rougé (2004, p. 180) di nou tou, nan lang lung’ie, yo sèvi ak (we) ki vle di (aller). Nou sipoze se avèk enfliyans Kreyòl ginen an kreyòl ayisyen an di: annou wè ! (allons!) sètadi, (lets go) an anglè. Rechèch lengwistik deja demontre lang Lafrik yo patisipe nan fòmasyon 2 lang kreyòl sa yo: kreyòl ginen an ak kreyòl ayisyen an. Sou baz prezans lang kwa (lang Lafrik) yo ki nan 2 kreyòl sa yo, nou panse (we) nan lung’ie ak (wè) nan kreyòl ayisyen an, yo soti nan lang Fon: (xuè) ki vle di ale (aller). (cf. Segurola 1988, p. 602). Esplikasyon sa a ban nou agiman pou 2 lòt omonim kreyòl ankò:

  1. Wè ki soti nan fransè (voir). Egzanp: Pa di si ou te wè mwen. (TDK, p. 54).
  2. Wè ki soti nan lang Fon (xuè), ki vle di (aller). Egzanp: Se ou mwen t’ap tann pou mwen deplase, annou wè!  (Valdman 2007, p. 333)

Katriyèmman, soti nan (5) rive nan (8), nou jwen 4 omonim mo (zen) ki tokay, men sous orijin yo diferan. Fòm (5) lan soti nan lang Fon, lang Lafrik, tandiske lòt fòm yo soti nan lang fransè, lang Lewòp. Deplis, sou kote Lewòp nan egzanp (6) la, potin se yon mo ki soti nan fransè potine (dialecte normand) ki vle di  (chaufferettes, récipient, marmites ou cucurbites en fer fondu), ki vin bay potin ki vle di commérages. Sou kote Lafrik nan egzanp (6) la toujou, (zen) se récipient, marmite, chaudron en fer ki vin tounen commérages, potin. Remake konvèjans fonetik ak senkretis semantik ki fèt nan evolisyon 2 mo sa yo, yonn an fransè, lòt la nan kreyòl la.

Nan egzanp sa yo, nou jwenn tout kategori mo: non, detèminan, makè (TMA), pwonon, vèb, konektè, prepozisyon. Nou gen bay (vèb: donner), bay (vèb: aller), ba, ban (prepozisyon), ba, ban (vèb: donner), zen ( non: hameçon, potins, petits pots en fer, métal ), wè (vèb: voir), wè ( vèb: aller), yo (pwonon), yo (detèminan), ap (TMA prezan) ap (TMA lavni). Nou kapab wè omonim leksikal kreyòl yo se mo tokay ki pase plizyè etap evolisyon fonetik ak semantik epi ki soti nan divès lang, nan divès kontinan: lang Lewòp, lang Lafrik, lang Lamerik.

Angiz yon ti degi, men kèk lòt omonim osnon mo tokay nan kreyòl ayisyen an, ki gen yon etimoloji doukla.

Pete 1: (apati fransè: péter). Blad la pete. Li pete nan klas la.
Pete 2: (vèb oksilyè TMA incohatif). Ti Jan pete goumen nan bal la. (TDK, p. 376)
Pete 3: (apati pòtigè ak espayòl: peta, mensonge ). Ki moùn ou vle pete a? (TDK, p. 376)
Nan 1: (apati fransè, pòtigè ak kreyòl ginen an: dans, na). Se yon prepozisyon lokatif pou endike pozisyon. Egzanp: M’ pral nan   mache. Ou mete pat la nan luil la. (TDK, p. 342)
Nan 2: (apati pòtigè ak kreyòl ginen an: na. (Nòt: cf. Rougé  2004, p. 212 avèk Quint 2000, p. 105, 140). Se yon makè anndan sistèm   TMA kreyòl ayisyen an, pou make oubyen endike yon aksyon ki pa   fin akonpli, incohatif, (an fransè: gérondif, participe présent). Egzanp: Nan (prepozisyon modal) plede bay manti, jodi a li pran nan (prepozisyon lokatif)  zen (Valdman 2007, p. 775). Nan mache chèche, mwen p’ap janm dòmi san soupe. Herby Glaude (2008) rele li prepozisyon modal pou mòd ak aspè (préposition aspecto-modale). Egzanp: 1- Jan nan mache kay moun. 2- Jan pa nan mache kay moun. 3- Jan nan pa mache kay moun.
Tonbe 1: (apati fransè: tomber). Chat la souke tèt li, ti bag la tonbe nan lanmè. (TDK, p. 478)
Tonbe 2: (vèb oksilyè TMA pou aksyon ki pa fin akonpli, incohatif, apati konvèjans semantik lang   fon: jè, an fransè: tomber, commencer, cf. Segurola, 1988, p. 260). Tout moun nan boutik la tonbe ri. (TDK, p. 478).
Boule 1: (apati fransè: brûler). Solèy la boule. (TDK, p. 74). Seremoni boule zen pou kanzo.
Boule 2: (apati kongo: bula, frapper, casser). Seremoni boule zen   lanmò, wanzen. Yo di tou: kase kannari. Sa ki pase ? N’ap boule !     (TDK, p. 74)
Kap 1: (apati fransè: cap ). Kap (cerf-volant) li pran van. (TDK, p. 228)
Kap 2: (apati pòtigè, espayòl, caspa, pellicule du cuir chevelu). Chaplèt nan tèt ti bebe. Tèt ou plen kap. (TDK, p. 228)
Tchoul 1 (apati fransè: cul). M’ pa tchoul ou, pa pèmèt ou mande m’ al achte pou ou. (TDK, p. 471)
Tchoul 2 (apati espayòl: chulo). Jera se tchoul; si ou bezwen li joure ou, al ofri li travay. (TDK, p. 471)
Kenbe 1: (apati fransè: tiens byen). Se poto a ki kenbe mi an, ki fè li pa tonbe. (TDK, p. 238)
Kenbe 2: (apati pòtigè: caber) boutèy la kenbe on ka. (TDK, p.  238)
Lanmè 1: (apati fransè: la mer). Ann al benyen nan lanmè. (TDK, p. 290)
Lanmè 2: (apati fon: lanmè, lintérieur du corps, cf Segurola, 1988, p. 349). Lanmè tonbe (an fransè: utérus, Valdman, p. 409).

Pou nou fini, tout remak nou fè la yo, se yon seri obsèvasyon ki konfòm ak yon tandans teyorik pou esplike mo omonim osnon mo takay kreyòl ayisyen yo parapò ak orijin yo ki diferan. Sa pèmèt nou demontre enpòtans bouskay etimilojik mo kreyòl ayisyen yo ki pa dwe chita sèlman nan lang fransè, espayòl ak anglè, sou yon baz senkwonik. Nou panse, bouskadò yo dwe ajoute baz dyakwonik la, desann nan fondas soubasman kreyòl la, jis nan premye fòm pwotokreyòl ayisyen an ki te nan ansyen tan granmoùn lontan yo, pou yo ale chèche nan lòt lang yo tou  tankou: fon, kikongo, yowouba, lingala ...  pòtigè ak kreyòl ginen yo ki te potekole nan nesans lang kreyòl ayisyen an, nan kòmansman 16èm syèk la. Entansyon nou avèk tèks sa a, se yon pwopozisyon ki ka sèvi kòm boustè pou tout pwojè Diksyonè Etimolojik kreyòl, an rapò ak kreyòl ayisyen an.

Jean Robert Placide
Manm Sosyete koukouy, Seksyon Kanada
Montréal, avril 2015.

Referans liv yo:

  1. Nicolas Quint, Le cap-verdien: origines et devenir dune langue métisse, 2000.
     
  2. Jean-Louis Rougé, Dictionnaire étymologique des créoles portugais dAfrique, 2004.
     
  3. Pierre Vernet et al, Ti diksyonèkreyòl / fransè, 1976.
     
  4. Herby Glaude, Les prépositions modales en haïtien, nan DOUZIEME COLLOQUE INTERNATIONAL DES ETUDES CREOLES, HAITI; Hôtel Club Indigo, 25-29 novembre 2008.
     
  5. Albert Valdman, Haitian creole-english bilingual dictionary, 2007.
     
  6. Jeannot hilaire, Lexicréole, 2001.
     
  7. Jean Bernabé, Grammaire créole, Fondas kréyol-la, 1987.
     
  8. R. P. B. Segurola, Dictionnaire Fon-Français, 1963, 1968, 1988.
     
  9. J. Corominas, Breve diccionario etimológico de la lengua castellana, 1987.

boule

 Viré monté