Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Ki lang yo dwe mete bò kote angle nan CARICOM:
franse oswa kreyòl?

Frenand Leger, PhD cand.
University of Toronto
Auteur de Pawòl lakay
frenand.leger@utoronto.ca

Nan diskou Prezidan Joseph Michel Martelly te fè nan tranndezyèm Reyinyon Òdinè Konferans Chèf Leta ak Gouvènman CARICOM nan dat premye jiyè 2011, li te pwopoze pou yo antre lang franse a andan òganizasyon rejiyonal sila a. Men pawòl Prezidan an sou koze a: «[…] mwen konseye Gwoup Travay Gouvènman yo sou koze Revizyon Trete Chaguaramas la pou yo ta mete, nan lis aktivite yo, kesyon divèsite lenguistik la ansanm ak dosye pou fè franse a vin yon lang ofisyèl nan CARICOM» (Se tradiksyon pa m). Kòm se Leta ayisyen ki ap dirije Kominote a soti nan mwa janvye jouk rive nan mwa jen 2013, Prezidan Martelly byen plase pour fè dosye mete lang franse a bò kote angle anndan òganizasyon sila-a vanse pou pi douvan.

Anpil moun nan plizyè enstitisyon, ki enterese nan koze lang ann Ayiti ak nan Karayib la, te reyaji kont desizyon Prezidan Martelly a. Nan yon lèt tou louvri bay tout manm pouvwa egzekitif la, nan dat 3 janvye 2013, Rektora Inivèsite Leta d Ayiti ak Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an te eksprime enkyetid yo genyen dèske Prezidan ayisyen an chwazi pwopoze lang franse nan plas kreyòl la kòm dezyèm lang ofisyèl nan CARICOM. Nan lèt sila-a ki ekri an kreyòl Komite a bay yon pakèt bon jan agiman solid pou demontre poukisa li ta pi bon pou Prezidan an ta chwazi lang kreyòl la nan espas CARICOM nan.

Premye agiman yo mete devan nan lèt la pati konsa: «Franse lang ofisyèl nan CARICOM, pou ki popilasyon, ki piblik?». Nenpòt moun ki sanse ta tou deja wè lang franse a, ki se yon lang etranjè nan zòn nan, pa kapab sèvi pou tabli bon jan relasyon ant Eta-nasyon manm CARICOM yo. Nan tout Eta-nasyon sa yo, se sèl Ayiti ki kontinye sèvi ak franse a kòm lang ofisyèl. Fòk nou pa bliye se sèlman yon ti gwoup Ayisyen bileng tou piti ki itilize lang sa a nan peyi a lè yo ap regle gwo koze nan kèk sityasyon fòmèl. Li enpòtan pou ajoute anpil nan ti minorite moun sa yo pa menm kapab sèvi ak lang franse a nan tout kontèks sosyal kòmsadwa. Kidonk, nou kapab di prèske pa gen Frankofòn nan peyi dAyiti paske menm Ayisyen ki byen reyisi nan ekri gwo liv an franse yo se kreyòl la ki lang manman yo. Moun sa yo se aprann yo aprann lang franse a. Kantite moun, ki fè akizisyon lang sila-a nan fanmiy yo lè yo te timoun, tèlman piti, sa pa itil anyen pou nou menm konsidere yo.

Apa Sirinam, kote Neyèlandè se yon lang ofisyèl, tout lòt peyi nan CARICOM se angle yo genyen kòm lang ofisyèl ak yon kreyòl angle oswa franse kòm lang vènakilè. Dayè, se sou kritè kantite sa a peyi manm fondatè CARICOM yo te baze yo pou chwazi angle a kòm lang ofisyèl òganizasyon an. Si nou pati sou menm prensip la, nou tou wè lang franse a pa gen okenn plas nan CARICOM. Si pwopozisyon Prezidan Martelly a ta pase epi yo ta aksepte mete franse kòm lang ofisyèl ak travay nan CARICOM, ak kilès ti minorite Ayisyen swadizan frankofòn yo pral pale franse nan espas sila-a? Si nou ap konsidere valè lang yo genyen parapò ak kantite moun ki pale lang sila yo nan espas CARICOM nan, se kreyòl ayisyen an yo ta dwe lojikman chwazi kòm dezyèm lang ofisyèl ak lang travay nan Kominote sila-a.

Nan lèt Rektora Inivèsite Leta dAyiti ekri bay gouvènman Martelly a, yo pale sou yon konferans ki te fèt nan dat 13-14 janvye 2011 nan vil Kenstonn kapital Jamayik. Pandan konferans sila-a, plizyè Eta-manm CARICOM te adopte yon dokiman prensip ki egzije itilizasyon lang kreyòl la nan reyinyon Kominote a. Nan menm lèt sa a, Rektora a fè konnen Komite pou tabli Akademi Kreyòl la ansanm ak Biwo CARICOM ann Ayiti a te òganize yon atelye travay nan Lotèl Le Plaza nan dat 30 avril 2012 pou ranfòse desizyon ki te pran nan vil Kenstonn nan. Nan atelye a, Sent Lisi ak Ladominik te antann yo ak Ayiti pou mete tèt ansanm fòme yon blòk peyi kreyòl anndan CARICOM pou fasilite echanj kiltirèl ak entegrasyon pèp sa yo dekwa pou òganizasyon peyi CARICOM yo ka vini pi dyanm. Kidonk, lide mete kreyòl la kòm dezyèm lang travay nan CARICOM nan ta sanble ap byen fè chimen l.

Gen anpil lòt rezon valab ki eksplike poukisa kreyòl la pi byen plase pase franse pou jwe wòl lang ofisyèl anndan CARICOM. Pou nou kab byen demontre rezon sila-yo, li ta bon pou nou ta fè yon ti rale sou koze estati reyèl de lang sa yo nan espas karayib la. Men anvan nou fè sa a, ann fè yon ti tounen sou diskou Prezidan Martelly a kote li deklare «plis pase 50 pousan popilasyon CARICOM se frankofòn oswa kreyòl yo ye». Pati sa a se sèl agiman Prezidan bay pou jistifye desizyon pou fè franse a vin dezyèm lang ofisyèl nan CARICOM.

Agimantasyon Prezidan an ki chita sou enpòtans pousantaj popilasyon «frankofòn oswa kreyòl» nan CARICOM nan pa fin twò kòdyòm paske mo «oswa» a pa pèmèt nou fè diferans ant kantite moun ki pale franse ak sa ki pale kreyòl nan espas CARICOM nan. Kòm pa gen okenn peyi frankofòn nan CARICOM, apa Ayiti kote lang sa a se ofisyèl li ofisyèl sèlman nan avantaj yon ti minorite, pwopozisyon Prezidan Martelly a pa kanpe sou anyen. Si se vre Ayisyen reprezante plis pase 50 pousan popilasyon CARICOM, fòk nou sonje pifò moun sa yo (90% konsa) se lang kreyòl sèlman yo konn pale.

Menm si nou soti nan espas 14 Eta-manm CARICOM yo pou nou konsidere tout teritwa nan «Gwo Karayib» la ki fè pati Asosyasyon Eta Karayib la, nou ap toujou jwenn gen plis moun ki pale kreyòl pase franse. Gen yon sèl peyi endepandan ak twa depatman lòtbò dlo kote yo pale franse: se Ayiti Gwadloup, Matinik ak Lagiyàn franse. Dapre sit Òganizasyon Entènasyonal Frankofoni (OIF), moun ki itilize lang franse a chak jou sou 4 teritwa sa yo pa menm depase 1.5 milyon alòske gen plis pase 10 milyon moun ki pale kreyòl nan zòn nan.

Menm lè nou di Karayib la gen 24 zile ak 14 Eta kontinantal ladan l, kreyòl la toujou rete pi enpòtan pase franse a lè nou konsidere kantite moun ki pale lang sa yo. Apre angle ak panyòl, kreyòl se twazyèm lang plis moun pale nan gwo Karayib la. Apre 8.5 milyon moun ki pale kreyòl ann Ayiti yo, gen nenpòt 2 millyon lòt lokitè kreyòl ki gaye kò yo nan 4 kwen gwo Karayib la. Kreyòl la se dezyèm lang yo plis itilize nan plizyè peyi nan Karayib la. Nan Sendomeng prèske gen yon milyon Ayisyen. Moun sa yo reprezante 10 pousan popilasyon peyi sila-a. Nan Bayamas, ta sanble genyen 80 mil Ayisyen sou yon popilasyon 310 mil konsa. Pousantaj imigran ayisyen sa yo depase 20 pousan nan peyi sila-a. Lè nou konsidere pousantaj, Bayamas se kote nan Karayib la ki gen plis Ayisyen. Fòk nou pa bliye prèske tout imigran Ayisyen sa yo se kreyolofòn yo ye avan tou.

Men, malgre enpòtans demografik kreyòl la epi patisipasyon lokitè lang sa a nan lavi sosyokiltirèl ak ekonomik peyi sa yo nan Karayib la, yo devalorize lang sila-a. Peyi Kiba se sèl kote nan Karayib la yo fè yon ti efò pou rekonèt enpòtans lang ak kilti kreyòl la. Apre sa, tout lòt peyi yo pa pran lang ak kilti kreyòl la pou anyen. Sendomeng ak Bayamas adopte yon politik sou kesyon imigran ayisyen anndan lakay yo ki pa respekte prensip inivèsèl dwa moun. Anpil lenguis ak espesyalis dwa moun konsidere itilizasyon ak pwoteksyon lang manman kòm yon aspè enpòtan nan respè dwa moun. Atik premye Deklarasyon inivèsèl dwa moun nan pati konsa : « Tout moun fèt lib epi gen menm diyite ak dwa […] » (Se tradiksyon pa m). Dapre Rekòmandasyon Oslo a sou koze dwa lenguistik minorite nasyonal yo, « Li pa posib pou respekte diyite ak dwa moun san yo pa respekte idantite moun sa yo. Lang se youn nan eleman ki pi fondamantal nan idantite moun. Donk, respè diyite yon moun mache men nan men ak respè idantite ak lang moun sa a » (1998, p. 13, se tradiksyon pa m).

Dapre prensip sa yo, respè diyite imigran ayisyen nan espas karayib la p ap janm posib si yo pa respekte idantite yo ki reflete nan lang yo pale a. Kidonk, yo ta dwe konsidere itilizasyon ak valorizasyon kreyòl la, lang manman oswa dezyèm lang minorite ayisyen yo, tankou yon dwa fondamantal. Respekte dwa fondamantal minorite ayisyen nan Karayib la p ap janm posib san yon politik pou fè pwomosyon ak valorizasyon lang ak kilti ayisyen an. Lè gouvènman Ayiti a chwazi franse nan plas kreyòl la kòm dezyèm lang ofisyèl nan CARICOM, èske desizyon sa a ale nan enterè gwoup imigran ayisyen sa yo k ap sibi imilyasyon ak prejije nan Karayib la? Èske entèvansyon Prezidan Martelly a se yon bon estrateji pou valorize lang ak kilti kreyòl la epi pou fè respekte dwa lenguistik tout minorite imigran ayisyen kreyolofòn yo ki gaye nan yon pakèt peyi nan Karayib la?

Pifò rechèch sosyolenguistik sou Ayiti fini pa jwenn genyen de kominote lenguistik diferan nan peyi sila-a. Gen yon gwo kokennchenn kominote inileng kreyòl defavorize ki reprezante 90 pousan popilasyon peyi a ak yon ti kominote bileng privilejye ki se klas k ap dominen an. Nan gwo kominote inileng kreyòl la, nou jwenn peyizan yo, pwoletè lavil yo, ti machann fanm kou gason ansanm ak tou madan sara yo. Nan lòt gwoup swadizan frankofòn nan, genyen pwofesyonèl yo, fanm ak gason kapitalis k ap fè gwo biznis yo, epi genyen ekip dirijan politik nou yo. Nan non kilès nan de kominote sa yo, Prezidan an reklame entegrasyon lang franse a anndan CARICOM ? Èske se nan non majorite pèp ayisyen an, oswa nan non ti minorite boujwa k ap mennen an?

Antouka, nou pa bezwen pèdi tan eseye reponn kesyon retorik sa a paske repons lan devan grenn je nou. Nan peyi dAyiti, klas dominan an gen yon tradisyon derespekte dwa lenguistik majorite moun ki pale kreyòl sèlman yo, e sa se youn nan pi gwo pwoblèm Leta ayisyen. Chèf Leta a pa ta sipoze ap pran desizyon politik ki fè zafè minorite boujwa a sèlman an. Wòl chèf Leta a, se defann enterè majorite popilasyon an. Poutan, dapre listwa bagay yo pa te janm konsa isit ann Ayiti. Depi nan tan lakoloni, se te yon ti gwoup kolon ki te Leta e wòl moun sa yo se te defann enterè pwòp tèt yo pandan y ap kraze zo, pete fyèl pèp la ki reprezante majorite a. Revolisyon 1804 la, ki te sanse mete yon fren nan enjistis sila-a, pa reyisi paske pifò chef Leta ki pase yo te toujou aji tankou kolon ak mas pèp la.

Malgre tout faktè sosyolengwistik negatif sa yo ki jwe yon wòl kapital nan devalorizasyon kreyòl la, zouti lenguistik sa a ki te lang vènakilè reyisi vin tounen yon lang nasyonal jiskaske li vin gen estati lang ofisyèl nan peyi a. Lè nou konsidere nan ki michan kontèks inegalite sosyal lang ak kilti kreyòl la devlope depi lakolonizasyon rive jouk nan finisman ventyèm syèk la, nou kwè se yon gwo viktwa pou sosyete ayisyen an dèske li rive fè lang sa a vin sa l ye a jounen jodi a. Kòm peyi ki pi douvan nan monn nan nan zafè devlopman lang ak kilti kreyòl, Ayiti gen anpil materyo lenguistik ak kiltirèl pou l pataje ak lòt peyi kreyolofòn yo nan Karayib la.

Pandan Prezidan Martelly pa vle resevwa ekip Rektora Inivèsite Leta a ansanm ak Komite pou mete Akademi kreyòl la sou pye a, li bezwen rankontre Abdou DIOUF, Sekretè Jeneral Oganizasyon Entènasyonal Frankofoni, sou koze mete franse anndan CARICOM. Kisa ki kapab eksplike konpòtman sila-a? Èske se paske anpil nan konpatriyòt nou yo alyene? Oswa èske se paske Prezidan an ap fè soufnantyou Lafrans ansanm ak Oganizasyon Entènasyonal Frankofoni? Kèlkelanswa rezon an, anyen pa kapab demontre lejitimite lang franse a nan CARICOM. Sa nou kab jistifye fasilman se wòl enpòtan kreyòl la genyen pou l jwe natirèlman nan CARICOM ak nan tout Karayib la. Lang ak kilti kreyòl Ayisyen an ap fè chemen li nan peyi a ak nan Karayib la kòmsadwa. Anyen ni pèsonn pa kapab anpeche sa.

Referans bibliyografik

Diskou Joseph Michel Martelly, Prezidan Repiblik d Ayiti - St Kitts ak Nevis, premeye jiyè 2011. (2011).

Fielding, W. J., Ballance, V., Scriven, C., McDonald, T., & Johnson, P. (2008). The stigma of being “Haitian” in The Bahamas. COB Research Journal, 14, 38-50.

Human Rights Delegation report on Haitians in The Bahamas, June 1994. (1994).

International Organization for Migration. (2005). Haitian migrants in the Bahamas, 2005. Geneva: Author.

Léger, F. (mai 2012). Haïti-Bahamas: Coup d’œil sur l’immigration haïtienne dans cet archipel des Caraïbes.

Léger, F. ( octobre 2011). Création de l’Académie du créole haïtien: futilité ou utilité sociale?

Léger, F. (2010). Le créole haïtien aux Bahamas: image, fonctions, statut et enseignement. Journal of Haitian Studies, UC Santa Barbara, Vol. 16, No. 2.

Léger, F., Armbrister, A. P. (2009). Factors affecting the teaching and learning of Haitian Creole in The Bahamas. The College of The Bahamas Research Journal, Vol. 15, 22-35.

OCDE. (2008). Les migrants et l'emploi, Volume 2: L'intégration sur le marché du travail en Belgique, en France, aux Pays-Bas et au Portugal. Ed. OCDE.

Office of the OSCE High Commissioner on National Minorities (1998). Recommandations d’Oslo concernant les droits linguistiques des minorités nationales & Note explicative. The Hague: Author.

Frenand Leger, PhD cand.


boule

 Viré monté