Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Veye Priye

Dima Lafontan
2003

Nan non zansèt yo
Nap priye pou tout moun ki nan vi nou
Sa ki pa kapab manje
Sa ki pa gen kote pou domi
Sa ki pap travay

W menm ki ap viv arebò lavi
W menm kap viv nan gran difikilte
Machann sirèt
Machann pistach,
Fresko,
Mango,
Twal
Nou konnen rezistans w pèmèt lavi fleri
Kouraj w pou reziste kreye lespwa
Lespwa nan travay pou oun demen miyò

W pa pwopriyetè
Men w posede inyon fondamantal
Pwòp detèminasyon w pou aji kont lavi chè

Viré monté