Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Jeneral Fanm Vanyan

Dumafis Lafontan
2013

Pawòl w sonnen tankou chante, 
Ki fè kè m jwe,
Pi bèl mizik bondye janm danse. 
Kontantman sila asire chak pa ann avan, 
Kòmsi m te sou chan batay nan Vètyè ak Jeneral Kapwa. 
Epi m tande vwa Bayynah Bello, Jeneral Fanm Vanyan, 
K ap montre m kous viktwa Desalin. 
Yon kout zeklè,
Ki gwosi limenm an boukan,
Pou klere Ayisyen
Alalit.

Viré monté