Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sak pase Ayiti? Pòv kap tiye pòv!

Dumafis Lafontan

Jean Jacques Dessalines par Serge MOLEON BLAISE, 2003. Carrie Art Collection

Sak pase Ayiti? 

Yo bay yon group pòv nan geto yo zam. Nèg ak manchèt. Nèg ak manchèt ap rache, boule, e terorize moun nan popilasyon an. Ki dènyè fwa, ou wè yon kay nan geto a, epi yo di ou sa se kay Andre Apaid? Ki dènye fwa ou ale legliz, epi yo di ou moun ki chita bò kote ou an se Andre Apaid? Ant de group pòv, kap fè san koule nan peyi a, se ola pou ou mete. Olye sa fèt, yon lòt group pòv, ki pa gen ni zam, ni manchèt, ap ankouraje bwa kale. Yo ap kouri pou nèg ak zam, yo al tonbe anba nèg ak manchèt. Ayiti kap peye konsekans lan piske peyi a pa produi ni zam, ni manchèt. Moun rich kap vin pi rich. Pòv kap tiye pòv.

Ki ès ki kontan? Kolonis yo! 

Kounye a, yo kapab defann tèt yo kont esklavaj. Yo kapab jistifye tout zak vyolans, tòti, mati, ak asasina yo komèt. Paske lè defansè lavi di yo ola! Yo kapab lonje dwèt sou Ayisyen kap fè vyolans sou Ayisyen. Defansè lavi pa mele nan mòd inivè sila, yon espastan tout moun ap boule, detui, e tiye. Defansè lavi, pale verite ou pa bizwen ale verifye, se pa tout moun kap boule, detui, e tiye. Gen moun lavitan yo fèt, pou asire lavi retounen pami Ayisyen. Se yo ki te goumen pou Endepandans Ayiti apre Kolon te fin sal tè a. Èske apre Kolon debake Ayiti li pat chanje non peyi a, rele li Hispaniola? Èske apre Boucanier ak Flibustier debake Ile-la-Tortue, yo pat rele pati lwès peyi an Saint-Domingue? Èske kounye a pati lès peyi a pa rele Santo-Domingo? 

Defansè lavi

Dapre nou, defansè lavi, Papa Dessalines montre klèman ki moun Ayisyen ye. En, li nome lame li tap kòmande an Lame Endijèn. De, li renome peyi a Ayiti. Nan tou de ka sila yo, Papa Dessalines te pran desizyon pou raple Ayisyen li se orijinèl moun ki tap viv nan peyi a. Pap janm gen yon Revolisyon tankou Revolisyon Ayisyen an. Pa dwe janm gen koupe tèt boule kay ann Ayiti. Etranje nou wè, pami nou nan nenpòt vil sou tè Ayiti, ap kouri pou tirani. Yo vini sou tè Ayiti, pami nou, paske yo vle viv lib. Nou dwe yo proteksyon. Menmsi yo di se vakans yo vin fè. An reyalite, yo vle respire yon bon lè. Yo vin pran yon souf. Paske travay di, yo fatige.

Viv lib se objektif orijinèl, Papa Dessalines kodifye nan Konstitisyon 1805 lan. Nou dwe montre nou nan wotè Papa Dessalines te refonde Ayiti, pou tout Ayisyen viv lib sou tè Ayiti.

Doumafis, 2023

*

 Viré monté