Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Mèt tèt mwen

Dumafis Lafontan

Mwen tankou on prizonye,
Ki anfème san m pa dèyè bawo.
Mwen ap lite pou m libere.
Men gen moun ki sèmante fòk yo pran tèt mwen.
Yo vle goumen avè m,
Menm pou konesans ki nan tèt mwen.
Se on lit ki fè m reflechi sou relasyon moun ak moun.
Sitou siyifikasyon lanmou pami moun.
Èske sa vle di, efase m, pou lòt lan jwenn plas?
Mwen vle konnen si fason sila se pou toujou di wi, osnon viv ansanm,
Nan inyon tout moun dakò, ki sakre, siprèm.
Bon, m rete kwè, pou relasyon siyifiktatif, tou de moun yo dwe wè youn, lòt menm jan.
Otreman, ap gen fòs kote.
Pap gen balans.
San resipwosite lanmou ant moun ap tonbe.
Mwen pa gen dout se konsa li ye nan linivè.
Sitou nan milye, kote moun entèlijan ap viv,
Nan amoni ak lanati,
On fason pou anpeche fòs etranje detwi anndan, menm jan yo fè lakay.
An reyalite, menmsi yo rive detwi kò m,
Karakteristik monn lan, lespri m pote, pa depann de tan, ak nonm ane.
Nan fason sila fizyonomi mwen anbwase etènèl.
Se pa mwen ki kreye tèt mwen.
Touye m pa vle di ou detwi m.

Doumafis, 2020

*

Viré monté