Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Manmi Legba

Dumafis Lafontan & Rose-Marie Lafontant

Manmi Legba

Manmita, nan vivan li, depase tout baryè listwa ak lavi mete sou chimen. Li se on vrè, vèsyon fanm, Louvèti piske li kreye chimen pou tout moun defavorize, timoun tankou granmoun, li jwenn sou chimen li. Nou menm ki pitit li, aksyon ak zèv Manmita anfavè pòv ak pipòv pa on sipriz pou nou paske nou konnen li te fèt nan on bon fanmi.

Ambroisa, Papa, li te Kako, youn nan konbatan farouch kont Okipasyon Ayiti pa Lame Meriken, 1915 a 1924. Tandiske Naomi, Manman li, te asime an plen tan responsablite li kòm madanm e manman. Nou menm, pitit ak pitit-pitit Manmita, rezime lavi li menm jan ak cheniy ki transfòme ann papiyon. Pèmèt nou esplike.

Manmita kòmanse lavi Sèvitè Bondye, Gran Rivyè, vil li fèt, kòm profesè, menm jan ak on bann fanm vanyan, tankou Matant Malthide, Matant Loulouse, Madan Nicolas, elatriye. Apre li marye ak Lyetnan Dumas Lafontant, li rantre Pòtoprens pou li elve uit pitit li yo. Menm kan Manmita pat bizwen travay, li pat janm abandone wòl edikatris. Kòm Koutiryè, li te ofri kou kouti an patikilye. Epi li te kreye travay, espesyalman triko e krochè pou pèmèt fanm echape endistri prostisyon.

Karyè Manmitan kòm militan, fanm revolisyonè te télman briyan, Tontonmakout manke arete li sou pretèks li se kominis. Move eksperyans sila te rive Manmita nan Ayewopò apre on vwayaj an Frans. Se on zanmi, on frè, on patizan Manmita, ki te di Tontonmakout lan, “Sa se moun mwen, m prale avél paske m pat kite li dèyè”.  Selon Manmita, li te sibi entèrogasyon Tontonmakout paske li tap milite pou dwa ouvriye, nan Action Catholique Ouvrière (ACO).

Manmita pat tip fanm Tontonmakout te kapab kraponnen. Menmlè Fanmi an pèdi tout privilèj Kapitèn Lafontant te jwi paske Manmita pat sipòte Francois Duvalier pou Prezidan Ayiti. Olye Manmita sispann defann diyite moun, li Louvri pòt kay li bay timoun Ayisyen, paran te abandone oubyen ki pat gen paran. Manmita te trete timoun Ayisyen sila yo menm jan ak pwòp pitit li. San jalouzi, pitit Manmita yo te resevwa timoun yo tankou tifrè ak tisè. De 1969, ane li kreye Enfant Haitien Mon Frère (EHMF), a 2019, Manmita leve, ede e sipòte apeprè 5,300 fanmi, ak timoun.

Menmsi Manmita pa la fizikman, pa konprann aksyon ak zèv li fini. Paske nan vivan, Manmita te gen on originalite, ki anpeche nou bliye li. Sa télman vre, menm apre lanmò li 14 Fevriye 2022, nou ap pale, ekri, e vizyalize sa Manmita akonpli okenn lòt moun pa fè. Donk, gen on bagay Manmita pote nan monn lan ki rete apre li mouri. Se leson chanjman Manmita pote, nou ap anseye pou Fanm ak lòt defavorize fè chimen yo nan on monn yo pat kreye.

Nan non zansèt yo, nap ankouraje tout moun, sila yo ki kapab, pou yo vini kontinye aksyon ak zèv ki te konsevwa pou Manmi Legba Louvri Baryè bay pipiti, ak fanmi defavorize, pase.

Doumafis Lafontan, Rose-Marie Lafontant, Ko Otè

22 Jen 2022

*

 Viré monté