Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Sou kisa w kanpe?

Dima Lafontan
2007

 

 

 

 

 

 

 

 

 

 

Columbus arrive en Haïti par Jacques Valmidor.
© Macondo Galerie

Jacques Valmidor

Kontèks Istorik

Dezekilib Rapò Fòs

Oun tibout tan apre debakasyon Espedisyon Christophe Colon ann Ayiti, batize Ispayola, 5 Desanm, 1492; kòmandè Panyòl, youn pi kriyèl pase lòt, evantyèlman detwi prèske tout popilasyon Ameriken atravè maladi, lagè, e travay fòse. Sa ki pimal nouvèl bote, richès Ayiti ann Ewòp te atire plis malfetè, prensipalman Boukanye, Flibistye vini viv sou tizile Latòti ki sitiye Nòdwès Ayiti.
Fas a mank mendèv pou eksplwate zile a Las Casas, pè Katolik, rekòmande achte moun ann Afrik pou ranplase Ameriken. Komèsan Ewopeyen transpòte plizyè milyon Afriken vini vann Ispayola. Afriken ki rete anvi, pakèt nan yo pat siviv Chimen Mitan, yo te komèt swisid, yo te mouri nan esklavaj koloni Fransè; e, zòt te chape ale viv lib nan mòn.
Divizyon, zizani ant Ewopeyen, prensipalman Panyòl e Fransè, fann Ispayola ande, nan Lès koloni Panyòl e nan Lwès koloni Fransè, Sendomeng; e, moun lib, ki tap viv nan mòn yo batize mawon, te toujou menase egzistans kolonis nan Sendomeng. Kididonk, rapò fòs yo anndan zile a te dezekilibre. Poutètsa Louis XIV nan lane 1685 pwomilge Kod Nwa pou tabli balans ant Mèt, Afranchi, e Esklav. Sepandan, nou ap pwopoze jefò pou refòme Sendomeng te vize estope mach destine moun aktyalize nan mòn.
Imaj mantal nou devlope de sitiyasyon Sendomeng se lit pou pran kontwòl zile a. Oun pati, Kolonis panse yo tap fè plis pwofi si yo te derefize kontinye opere anba akò komèsyal Esklizif ak Frans; e, oun lòt pati, Afranchi panse yo te andwa jwenn nenpòt fonksyon edikasyon te kalifye yo okipe. Note de gwoup yo pat menm, pa egzanp, Kolonis te divize ant wayalis e repibliken e Afranchi te konpoze ak nèg koulè; milat e nwa.
Bò lane 1758 Kolonis kòmanse sispèk reyinyon lannwit sèvi kouvèti pou planifye revolisyon. Derape ak Padrejan, Makandal, Boukman, elatriye, moun Sendomeng asiste defile chèf lib tòch nan men eklere jefò pou moun fè chimen nan monn lan. Objektif tout chèf lib yo sete endepandans Ayiti. Anfèt, nan oun reyinyon aswè Makandal te deklare pami moun jon, premye abitan Ayiti; moun blan, okipan Ayiti; e, moun nwa, dènye a tap rete mèt Ayiti.
Tandiske an Frans mas pèp la kapote wayote e lane 1789 konstitiyan vote Konstitisyon doktrin libète e teyori tyeke e balanse pouvwa separe. Nan Sendomeng nèg koulè, reprezante pa Ogee e Chavannes zam nan men reklame dwa pèsonèl. Yo touye apeprè oun ponyen kolonis. Jefò nèg koulè pou genyen dwa endividyèl echwe. Kolonis kenbe Ogee e Chavannes kondane yo epitou dekapite yo pa siplis wou.
Toutakou, san bri, oun bann moun nwa parèt sou sèn entènasyonal yo kriye Vanjans! Vanjans! Vanjans! Vanjans!
Rapò Moreau De St Mery sou pati Lwès Ayiti enfòme nou pou nou bay plis presizyon sou fè san presedan sa a nan Listwa Mond lan. Nan rapò kolon sa a li note moun nwa depi yo ap prepare oun move prezaj danse Dans Mandjo jouk yo vini eksite apre chèf parèt di lespri pale ki sak pou fèt. “Men kòm yo pat sèvi menm dye toujou genyen youn ki pou denonse konplo.”

Jefò pran kontwòl zile a

Revòl Jeneral Esklav yo mwa Dawou 1791 te oun sipriz total pou tout Kolonis. Menmsi istwaryen pa dakò sou jou evennman ki siyifye inyon panse e kè moun nwa, pa gen dout Boukman Dutty, Chèf Revòl la, 22 Dawou 1791 te pwononse deklarasyon selèb nou rezime: “Libète se desten moun.” Nap di se pa oun finisman, men dedoubleman sèk limyè. Premye, chape anviwonman koloni esklavajis ale viv nan mòn. Dezyèm, koute kè nou kap jwe rit libète. Annefè, entèjwèt viv nan mòn lib pèpetyèl.
Kolonis reyisi kenbe Boukman yo dekapite li epi yo plante tèt li nan bwa ak oun ekrito: “Se tèt Boukman, Chèf revòlte yo.” Aswafe kolonis bati echafo ekipe ak bouwo bay espektak terè moun nwa yap boule touvivan.
Ensètitid blayi pami kèk chèf tankou Jean Francois, Jeannot Bile, George Biasou, Toussaint Breda. Yo eseye negosye Kolonis egzije se pou yo retounen nan esklavaj. Anmenm tan wayalis e repibliken kontinye goumen youn kont lòt. Se konsa Sonthonax, Komisè Fransè, nan fen lane 1793 te pwomèt moun nwa libète si yo te goumen pou repiblik la. Nan menm lane 1793, Toussaint fè oun rantre triyonfal sou sèn entènasyonal. “Li anonse non li se Toussaint L’Ouverture. Lap goumen pou libète reye sou tout zile a pou yo fè youn ak li.”
Plis pase 110 lane apre wa Fransè piblye kòd rèd, 10 lane apre Revòl Jeneral, Toussaint L’Ouverture reye lòd nan Sendomeng. Napoleon, Chèf Gouvènman Fransè, te pwomèt pou li pibliye lwa pou Sendomeng, men avan sa li voye oun deklarasyon pou ekri sou drapo Fransè: “Brav nwa sonje se sèl Repiblik la ki bay w libète.” Mantò sa a Toussaint L’Ouverture pat mete li sou drapo a. Olyedesa, li konstitye oun asanble pou ekri oun konstitisyon. Nan lane 1801 Toussaint L’Ouverture aksepte Konstitisyon an epi li chaje Vincent pote li bay Napoleon.
Avan Vincent pati pou Frans li mande Toussaint L’Ouverture kisa Lafrans ka fè piske w bay Sendomeng pwòp Konstitisyon li. Toussaint L’Ouverture reflechi epi li reponn: “Lafrans va voye chaje dafè, anbasadè pale ak mwen.” Dapre teyorisyen politik Toussaint L’Ouverture te debouche sou oun sistèm politik ki rele Dominyon. Kòmkwa Frans se oun Commonwealth ant metwopòl e koloni jan li vini egiziste ant Angletè e Kanada ak pifò lòt peyi Karayib tankou Jamayik, Trinidad, elatriye.
Alwè, vizitè nan Sendomeng te dakò lapè te retabli e koloni an tap pwospere menm jan avan Revòl Jeneral. Majorite moun nwa tap travay latè, lelit militè nwa tap kòmande, e pwopriyetè blan tap viv nan wazifte fè grannèg sou do moun nwa.
Palmarès Toussaint L’Ouverture san parèy. Lorye kouvri tout kous li. Nèg koulè te komèt krim kont apeprè 40 nwa yo te asfiksye nan kacho prizon fenk fini pentire. Toussaint L’Ouverture pou pini kriminèl yo goumen kont Rigaud epi li pase Jean Jacques Dessalines lòd desitire kriminèl nan Sid. Tandiske Jean Jacques Dessalines tap dirije lagè kont nèg koulè, Toussaint L’Ouverture antreprann gouvène pati Lès la. Li mande Roume otorize aplikasyon Akò Ryswick Panyòl te siyen pati Lès la bay Fransè. Roume derefize Toussaint L’Ouverture arete Roume answit li depòte Roume an Frans e li di Napoleon pou li voye oun lòt Komisè. Li depeche Jeneral Moyiz antreprann kanpay pou pran pati Lès la. Douvan Lame Toussaint L’Ouverture Moyiz kòmande fòs Panyòl yo sede byen vit.
Pou fini Toussaint L’Ouverture bay zèv li kò jiridik; nan Konstitisyon 1801, li se Gouvènè-Jeneral Avi. Trajedi Toussaint L’Ouverture pou tabli sosyete entegre baze sou merit Louix XIV te konsevwa nan Kòd Nwa te echwe. Kòm yo konsidere Toussaint L’Ouverture oun jeni petèt pensonn pat konnen lespri lwa li yo. Menm lelit militè nwa pat konnen sa Toussaint L’Ouverture tap regle. Jeneral Moyiz dezobeyi nouvo wòl minis kilti ak plen pouvwa sou travayètè.
Oun lòt fwa, san koule, dife pran nan Sendomeng. Travayètè revòlte, pwopriyetè wazif anbake pou Frans; e, oun pati nan Lame anrebelyon. Toussaint L’Ouverture deklare revòl la se dezòd e pou retabli lòd li pibliye lwa teworisyen rele Dekrè Diktati Militè Toussaint. Revòlte yo te aklame Jeneral Moyiz chèf yo. Toussaint L’Ouverture fè arete e jije Jeneral Moyiz. Toussaint L’Ouverture fè Clairveaux fizye Jeneral Moyiz.
Sandout Toussaint L’Ouverture byen konte, men Napoleon mal kalkile. Pigran erè Napoleon se pa rekonèt moun nwa kòm Fransè jan Atik 3, Konstitisyon 1801 te pwomilge. Rekonesans resipwòk Toussaint L’Ouverture te pwopoze Napoleon tap fè Frans pwospere piplis piske li tap pi rantab pou itilize Lame Fransè pou elaji, tabli Dominyon atravè Lamerik olye retabli ansyen rejim nan Sendomeng. Lafrans pat ap nan nesesite vann Louisiana, e Kanada. Pèdi Sendomeng ajamè.
San lespri, e plen rankin Napoleon depeche oun Espedisyon li plase bòfrè li, Leclerc, Kòmandè. Nan riz Leclerc fè arete Toussaint L’Ouverture. Rive an Frans, Napoleon fè fèmen li nan oun kacho fò Du Joux. Toussaint L’Ouverture mouri 7 Avril, 1802.

Dessalines kòm medyatè

Mo Fransè Union, an Kreyòl Inyon, fè koule anpil lank ann Ayiti. Kòmkwa Union ant Jean-Jacques Dessalines e Alexandre Petion pat konjonktirèl. Dayè, Alexandre Petion, youn nan prensipal blankofil konplotè, asasen Jean-Jacques Dessalines, remete bann blan epi ekri: “L’Union Fait La Force” sou drapo Republique D’Haiti. Ayisyen konsekan pa dwe nan Union san pwofondè ak okenn blankofil konplotè, asasen, panzouyis kap bay Leta kou.
Nou di Inyon, ant lelit militè konjonktirèl; ki vle di, Inyon te fèt paske espedisyonè te menase lavi lelit militè. Gade toutolon istwa lame konvansyonèl la wap wè youn touye lòt pou kòmande, osnon depi li santi lavi li menase. Kididonk, Inyon pifò Ayisyen cheri pa inivèsèl menmsi Jean-Jacques Dessalines te eseye fè konprann blan se lennmi frè nwa e milat.
Nan paragraf avan nou te pale dedouble koulye a nap mande poukisa menm apre Asanble Fransè legalize libète nan Sendomeng goumen pat sispann?
Kontrèman a Toussaint L’Ouverture Dessalines te konnen doktrin libète pat pote oun teyori konplè, pou pi egzak Toussaint L’Ouverture pat wè reyèl e sosyal Sendomeng. Kididonk, se pa erè Toussaint L’Ouverture echwe, e Dessalines reyisi. Pou libète donnen fwi egalite pa dwe gen ran sosyal paske klas nye fratènite.
Souvan ekriven atribye Toussaint L’Ouverture tit papa libète, men dapre nou se patipri piske se Sonthonax ki ame moun nwa nan goumen kont wayalis epi li deklare yo lib. Pi enpòtan Sonthonax esplike yo: “Nenpòt moun ki vle retire fizi w nan men w vle remete w nan esklavaj.” Dayè, Toussaint L’Ouverture depòte Sonthonax paske li di Sonthonax te eseye rekrite li nan pwojè endepandans Sendomeng. Sa nou envite w konsidere Boukman ankouraje moun nwa sijetize (pran konsyans) libète, desten moun. Sonthonax, Toussaint eseye kanpe libète toude echwe.

Mèveye elemantè a lekòl

Èske nou dwe reyatikile Negritid konesan kosmos la, pou pi kòrèk lanati amonize e resipwosite?
Dapre nou kesyon an kle piske nou pa gen dout oun moun osnon pèp ki pase legasi e tradisyon fè e pèsonaj li nan langaj libere apati patisipasyon li nan lanati ki vini kosmos, osnon amonize pa kapab, anfèt li enposib pou li enferyè a okenn lòt pèp nan mond lan; kèlkilanswa ansyen osnon nouvo.  
Linivè Ayisyen bwouye pa plizyè kerèl pami lèkèl nou ap sèlman note politik, e literati nou te andwa rezime:
Premye lit pi kapab kont pi gran nonb; e,
Dezyèm polemik ant nwaris e maksis.
Tandiske lit politik date depi Toussaint e Rigaud tap chèche fè pati sosyete kolonis te kreye. Byen vit nou ap di dezakò a te prensipalman sou degre patisipasyon nan koloni an. Polemik konesans ant Duvalier e Alexis pi resan, oun dat yo nonmen Mouvman Endijenis nan Literati Ayisyen.
Pou plizyè moun ki tap obsèveAyiti, Revolisyon 1946 mete fen a okipasyon Ayiti pa Lame Etazini ak pliske disnevan (19 an) gouvènman milat. Annapre eleksyon Dumarsais Estime kòm Prezidan Ayiti debite administrasyon chèf leta nwa. Tandiske yo kite kerèl ap anraje piske yo di tansyon, opozisyon nesesè pou bagay yo pwogrese. Sa nou envite w konsiderese sèke chanjman, ki pa trasfòmasyon yo rele revolisyon, kontinye fèt prèske san moun pa wè.
Se vi siyifikatif sila a nou pran kòm tach atikile nan liy kap vini anba la a.
Pale de Literati Ayisyen, toudabò se pwente paradoks; ki se, Ayisyen pou deklare Endepandans dela Frans ekri Ak la nan lang Fransè. Nou ap kontinye san nou pa bay plis detay depreferans nou ap refere w a Maximilien Laroche, otè Literature Haitienne, pou nou sipòte pozisyon kontradiksyon Literati Ayisyen inesprime Fransè siperyè Kreyòl.
Laroche dekri dominasyon sa a nan kòmantè: “Boisrond Tonnerre, otè Ak Endepandans Ayiti, te fè tèt li pè lè li te deklare: “Le Nom Francais Lugubre encore nos contrees” piske pou esprime nwasè Fransè li te ekri an Fransè.” Anplis desa, Laroche pa ezite pale de diglossie;” ki vle di, lang Fransè dominen lang Kreyòl. Pa egzanp, nou ap kòmante, Gouverneur de la rosee, Roumain ekri tankou kont Kreyòl an Fransè.
Konklizyon Laroche pa tire men nou dwe dedwi. Kit se estil Nwaris, Negritid osnon Maksis, nan Literati Ayisyen, Karayibeyen, otè kap ekri an Fransè oprese pwòp tèt yo. Kididonk, de Boisrond Tonnerre a Jacques Roumain ekriven Ayisyen kontinye ak fòm opresè pou reflete konsyans.
Nou wè de Oralti son Kreyòl a Literati mo Fransè Felix Morisseau Leroi ranvèse ekriti son Kreyòl a mo Kreyòl, pa egzanp Antigone, annefè Leroi leve kilti Ayisyen pou nou apreyande reyalite. E se paske Leroi te reyalize majorite mas Ayisyen tap fè Mèveye li ekri nan menm pale pèp la pale. Antèm konkrè Lekòl Ayisyen mete fen nan opresyon lang Kreyòl Ayisyen.

Do miwa

Jan nou konsevwa lavi konsèpsyon sa a retounen sou nou. Egzistans nou nan lòd mekanik, natirèl, Nouvo Mond se oun milye di; yo tiye Bondye. E piske Bondye pa mele se nou e lanati. Kididonk, ekilib nou se fasonnen fòs anndan kont deyò ki kapab detwi nou. Imaj nou de noumenm se mantalite yo pa kreye; yo pa detwi. Mantalite sa a mennen nou nan travay nou. Gade w andwa wè Ayisyen tankou rat yo fèmen nan kaj, e dezekilib rapò fòs yo vyole timoun, granmoun; fanm, gason.
Ale nan sosyete a chanje jan nou wè reyalite louvri sou nou imaj nou pa kreye; nou pa detwi. Montre pigran kapasite mantal nou se jefò, esplikasyon pou nou kontinye viv ann Ayiti; sispann pran refij kay zòt ki aryere, ki rete dèyè, kap danse sou kòd.
Esplikasyon imaj nou pa kreye; nou pa detwi ajite, osnon eksiste bonanj nou pou nou travay; fè sa ki reyèl, sa ki konkrè, sa ki amonye pou nou kontinye devlopmam otonòm nan milye linivè aksyon resipwòk.
Nou ere, byennere, lavi dedouble nan Ayisyen, pa Ayisyen patikilye. Byen fonde obsèvasyon sa a rezilta istorik dezekilib rapò fòs yo ant Ameriken, Ewopeyen e Afriken nan tan-espas Sendomeng, pati lwès zile Katolik batize Ispayola, diran prèske twasan (300 an); annapre goumen pete dire apeprè dizan (10) jouk jou Toussaint eseye tabli ekilib sosyete entegre baze sou merit dapre Kòd Nwa, nouvo rejim.
Pèmèt nou fè oun ekspoze trèbrèf sou apoje Toussaint. Raple abolisyon esklavaj nan ane 1793, efektivman mete fen a rapò fòs mèt e esklav, e make rantre triyonfal Toussaint sou sèn entènasyonal, mouche chanje kan abandone Lame Panyòl pou Lame Fransè. Nou wè mòn panse espekile bay tewori politik Dominyon pran kò jiridik nan Konstitisyon 1801, atik 3: “Tout moun ki fèt sou zile a se Fransè.”
Napoleon eseye retabli dezekilib mèt-esklav, ansyen rejim, li frappe Tousen li manke. Erè Napoleon se frap Desalin reyisi. Kididonk, blan an tap danse sou kòd rèd egzistans li tonbe. Ayisyen monte Imamou nou vanse. Se nan gade reyèl, sosyal milye dezòd Bondye pa mele Ayisyen esplike nan lejann, kdans, diyagram pale klè mond lespri yo metrize. Atizay desen reyèl, sosyal yo rekreye nan kont, oralti, literati, lekòl mèveye.
Pou nou fè Sartre plezi, nou ap raple se pa nou ki te fasonnen fòs nan Sendomeng, men se listwa. E se nan lit klas esklav kont mèt lespri akonpayen konbatan libète pou destine limanite triyonfe.  Nou pa kreye pale pèp, mèveye, se desen milye jan fòs yo vini fasonnen, osnon ekilibre, nou aplike nan langaj, pwezi, atizay, mizik, elatriye.
Kididonk, nou pa gen pou nou tann, dayè newokolonis eseye; yo echwe. Reyisit nou pase premye etap, relèv Kreyòl; a, dezyèm etap, ale nan sosyete a wouj nan somè e ble nan retou. E piske nou ap pale koulè se domèn kilti Ayisyen ki asire retou lavi etènèl. Nou tap komèt oun erè pi grav pase Napoleon si nou pata wè entèkoneksyon diferan domèn lanati pou lavi kontinye.
Nan Oralti moun Lafrik te konn chante “Papa Legba louvri baryè pou nou;” jodiya, Lekòl Ayisyen siyifi legasi e tradisyon mele. Sèk la fèmen.

Peyizan Bisantnè pito Milenè!

Nap pwopoze Peyizan se oun nouvo pèsonaj istwa, selon definisyon lit klas mèt e esklav, nan Nouvo Mond, patikilyèman Ayiti. Pou byen sène pèsonaj istorik sa a w senpleman dwe konsantre sou literati Kreyòl Ayisyen ki dekri karaktè e lavi peyizan.
San dout Bouki se peyizan pa ekselans. Dayè, se Bouki ki rezoud devinèt wa te poze pou konte rive san (100) nan mwens ke oun (1) segonn. Repons Bouki: “Karant (40) anwo, karant (40) anba, ven (20) nan mitan fè san (100)” rete selèb (System Band mete li nan mizik).
Nan Literati Ayisyen, Lekòl Patriyotik, Nau ankouraje ekriven, atis Ayisyen makònen santiman ak tan yo ap viv, epitou li di yo: “W pap gen siksè si w pa itilize nan zèv w bote peyi a, cham fanm Ayisyen, riz peyizan, bravou ewo endepandans, eks.”
Nou pa gen dout Jacques Roumain, Jacques Stephen Alexis, elt., te aplike lwa Nau te bay alalèt. Peyizan se prensipal pèsonaj zèv de Jacques yo, ekri moun pi apresye; ki se, Gouverneur de la rosee e Compere general soleil. 
Nap remake ekri sou ewo endepandans se pale de peyizan. Èske se pa konklizyon sa a James, otè The Black Jacobins, te tire lè li di: “Labourè, osnon peyizyan, te fòs lame Tousen?” Kanta pou Dessalines mouche te dirèk. Li raple Ayisyen: “W pa dwe konte sou oun chèf, osnon oun lidè, piske lè m te rantre nan lit pou libète se sou w m te depann.”
Apa lagè endepandans kont kolonis (blan) nou note plizyë lòt lit peyizan kont newokolonis (nèg lelit kap fè blan sou do moun nwa) pou chanje Leta Ayisyen, pa egzanp, Goman (ka ki merite atansyon espesyal); Pikè kondwi pa Akawo; Kako kondwi pa Peralte e Batraville.
Annou dedwi: “Nou konsevwa Peyizan klas ki fasonnen nan lit kont mèt e piske nou konnen peyizan pote laviktwa; kididonk, sa kap bon pou Peyizan, mèt tè, ap bon pou tout peyi Ayiti. Konsepsyon “Peyizan, mèt peyi,” makònen fè e pèsonaj premye evènman moun Lafrik redrese nan Nouvo Mond, Ayiti.
Tandiske lelit nèg fè sa ki bon pou Metwopòl, nan kòmansman Lafrans annapre Etazini e koulye a Kanada. Li ta bon pou nou ta konnen si se pa konpayi Kanadyen kap achte tè bò lanmè tankou Au Borgne nan Nò, eks.
Atò Tonton te nonmen lelit nèg la Bovarysme Intellectuel (moun ki wè tèt yo oun lòt fason yo ye). Anplis gen lòt kritik literè e kiltirèl ki pwente pwodiksyon an Fransè ekri pou moun ki pale lang Fransè. Pwen yo fè sèke moun ki li Fransè pa anpil; kididonk, minorite sa a anpeche bonjan revizyon zèv an Fransè paske youn depann de lòt pou achte e li ekriti an Fransè.
Nou tap fè erè grav si nou senpleman rete la san nou pa presize konsepsyon klas Peyizan se oun premye etap. Nap pwente Peyizan se oun klas kap chèche li, tankou Lekòl Mèveye; ki vle di, Peyizan posede langaj ki reflete metriz sou Ayiti men li pa rive ekri langaj sa a nan menm lang li pale. Kididonk, dezyèm etap la se ekri nan menm lang Peyizan pale.
Koulyeya, seremoni vodou se miwa pou Peyizan gade tèt yo e dèke Peyizan kòmanse li fè e pèsonaj nan lang li pale; lap wè tèt li nan sa li ekri; lap wè enkoyerans, sak pa fè sans; lap chanje nan kreyativite san pè, san kontrent.
Nou pa kapab pale sou vodou, men nou envite w konsidere trajè ale e retou pou pi egzak reflè entèn, osnon siyifikasyon, sou kò kadav; ki vle di, esplikasyon limenm ki dedouble nan parèy li lè lale li wo epi li retounen nan rasin. Konklizyon nou tire deskripsyon sa a defini kreyativite avantaj pwodiksyon atistik pou pwopaje esplikasyon.

Sou kisa w kanpe?

Jean-Bertrand Aristide tap gouvène sou kòd rèd egzistans li tonbe. Annapre li di: “Se pa tonbe li tonbe se bite li bite.” Piske Aristide te premye prezidan eli legal e demokratik nou te wè premye kou kont leta 30 Septanm 1991 tankou oun trajedi; kididonk, nou ede li remonte.
Nan lane 1995 makrèl politik redemare, Prezidan Aristide pase pouvwa, gen kèk move lang ki di kont limenm, bay Rene G. Preval 7 fevriye 1996. Fas a gran difikilte Preval konkli 5 an prezidans sou kòd rèd egzistans epitou nan lane 2000 li kondwi nasyon e pèp la nan eleksyon pou eli ranplasan.
An Fevriye 2001, Aristide remonte kòd rèd egzistans li tonbe oun dezyèm fwa. Annapre li deklare tankou Tousen “Li se rasin pyebwa libète ap reparèt.” Nou di se mantò dezyèm kou kont leta 29 Fevriye 2004 se oun jwèt. Aristide pap retounen menmjan Tousen pat retounen pou listwa pèp Ayisyen te kapab kontinye, pou Ayisyen fèt.
Kididonk, mas pèp la dwe chèche oun lidè, se menm tip lespri Dessalines te kontinye apre Leclerc te depòte Tousen, petèt se Prezidan Preval, men pi enpòtan ke oun prezidan, oun gouvènman, elatriye, se nesesite chanje Leta pou bay tout Ayisyen batistè, tit, eksepte tit pwopriyetè pou sa ki entatad, enkapab, elatriye.
Li klè nan konjonkti yap chèche pase vitès limyè; yap chèche teyori ki esplike kouman tout bagay mache fòk w konnen sou kisa w kanpe. Si non, jodiya ankò moun nwa, pou pi egzak Dyaspora Afriken ap oun wou nan machin modèn menm jan esklavaj te legal, moral, elatriye. Kididonk, remak paragraph anwo a se anpati pozisyon w dwe adopte: “W pa dwe depann sou oun lidè piske lidèchip revolisyon depann sou w.”
Rezon ki fè w nye teyori sou tout bagay se pou anpeche yo anfèmen w nan mond kap soufri vyolans, nan menm mond vyolan pran pa fòs e se kriminèl kap byen mennen. Dèke w wè sa a w sispann prete zòrèy w bay chamè kap pwone “chwazi mwen mechan ant de mechan.”
Apa de fè chwa mwen mechan w kapab chwazi pou w pa annafè ak okenn mechan, malfetè paske nou pa gen dout monn lan pa sèlman gen mechan ladan li se klè li gen moun kap mache dwèt e jis. Dapre nou se ak moun dwèt e jis w dwe mache. Men sizoka sa pa fèt w chwazi mache ak mechan kèlkilanswa pipiti mechan nap raple w kouman w viv apati nesans a lanmò gen rapò ak legasi e tradisyon.
Kididonk, lòt pati ki konplete pozisyon w dwe pran: “Jan w viv senbolize espwa e istwa kolektif moun.” Pa egzanp, eksplwa militè tankou Padrejan, Makandal, Boukman, Sansousi, Desalin elatriye, plis pase dizan (10 an) pou Ayiti te vini endepandan.
Finalman, w va gade sa nou di: “Kanpe sou legasi istorik e tradisyon peyi Ayiti;” ki vle di, “Fyè w Afriken; Brave lanmò; Pa gen dout wap pote laviktwa,” epi tire konklizyon si dènye analiz sa a pap bay peyi Ayiti legasi e tradisyon jis e dwèt jenerasyon kap vini kontinye, e amelyore. Pa egzanp, se tankou kwayans popilè nou jwenn nan lejann, kont, mizik, dyagram twa (3) wòch, osnon fèy, fè kat (4) piske kontinyite fèt nan domèn reyalite ki depase twa (3) dimansyon kò-kadav. Lespri pote karakteristik ki endepandan tan-espas; fyète, bravou, sètitid sibjektif etènèl. Se sak fè tonton deklare: “Kont-istwa Ayisyen gen oun orijinalite ki distenge ras la, ki make jeni ras la.”

Doumafis Lafontan
Manm Près Kolektif Trileng, Rezo Kiltirèl Tanbou, Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts, Asosyasyon Etid Ayisyen, e Pèspektif Pan-Afriken.
7 Janvye 2007

 

Viré monté