Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Gran Rivyè Dinò, vil kote Dessalines leve kanpe pou tout
Ayisyen viv Lib nan peyi Endepandan!

Doumafis Lafontan
April 2012

Carnaval

Ane 2012 make 300èm Anivèsè fondasyon vil Gran Rivyè ki sitye nan Rejyon Nò Ayiti ki pataje Il lan ak Repiblik Dominiken a lès. Nou imajine Rejyon Nò an gen on pase cho a koz Kap Ayisyen selon plizyè rapò sou Sen Domeng Kolonis te tabli kòm sant Koloni Sen Domeng. Anfèt, istoryen dokimante sòlda, sou zòd Bookman Dutty Lidè Revòl Jeneral Esklav nan mwa Dawou 1791, te prèske boule Kap Ayisyen plat.  Se apre batay 1791 lan, pou pèmèt Ayiti jwi wòl peyi Endepandan, istoryen premye remake Jean-Jacques Dessalines, Kòmandan Anchèf Lame Endijèn ki kouvri tèt li ak glwa diran batay nan Vertieres 18 Novanm 1803, on viktwa desizif nan lagè pou Ayiti te genyen Endepandans.

Malgre nou pa jwenn anpil enfòmasyon sou Jean-Jacques Dessalines, Fondatè Wayòm Ayiti Konstitisyon 1805 lan konsakre Anperè Jean-Jacques 1e, nou kanmèm rive dokimante se moun Gran Rivyè Anperè Jean-Jacques 1e ye. Se sou “Habitation Cormier” nan Gran Rivyè Jean-Jacques 1e pran nesans 20 Septanm 1758. Notab nan Gran Rivyè rakonte diran on vizit Anperè Jean-Jacques 1e t ap fè nan vil Gran Rivyè li te fè rache on pyebwa Kolonis te konn itilize kòm youn nan zouti tòti; nou vle di, yo te konn mare zansèt yo nan pyebwa sila pou bat yo. Nan plas pyebwa sila a Anperè Jean-Jacques 1e te fè plante on Sabliye pou nou pa janm bliye trajedi imen esklavaj koze.

San dout Anperè Jean-Jacques 1e se pitit Gran Rivyè ki rive nan piwo somè istwa, men nou p ap bliye pakèt lòt gran tèt tankou Desaix Monereau, Jean Baptiste Chavannes, Jules Solime Milscent, Louis Mars, Wilson Prévilor, Rénold Métellus, Georges Michel, D. Ita Lafontant, Franklin Guerrier, e Jean Price-Mars mèt ide, “Lekòl Endijenis.” Dapre achiv nou konsilte Price-Mars pran nesans Gran Rivyè an 1876, e li te bay tèt li tach esplike vokasyon lelit lan. Price-Mars ekri “Ainsi Parla L’Oncle,” san dout liv ki pèmèt Ayisyen viv ere e kilti nasyonal lan fleri, epi fè Leta Ayisyen ranmase karaktè endepandan li.

Pou listwa n ap raple “Mouvman Endijenis” lan se on repons dirèk a echèk repibliken Ayisyen ki kondui nan Okipasyon Ameriken derape lane 1915 jouk lane 1934. Mouvman Endijenis lan te gen plizyè lòt tèt k ap panse tankou Emile Roumer, Normil Sylvain, Antonio Vieux, Jacques Roumain, Carl Bourard, Jacques Stephen Alexis, elatriye.

Carnaval

“Peyizaj Rivnòdè”

Gran Rivyè, vil kote on bann gran tèt k ap panse ki leve kanpe pou fè lavi kontinye pami nou, merite on komerasyon nan menm mezi ak Ewo Lame Endijèn, ki fè libète triyonfe pou Ayiti pran endepandans, e Savan Lekòl Endijenis, ki parèt ak pèspektif Ayisyen, Entèdepandan e Imen.

Nan orizon istwa, li posib diran selebrasyon 300èm Anivèsè Sainte Rose pou tout pitit Gran Rivyè fè on feso pou erije “Mize osnon Moniman Memwa Esklavaj” nan emisfè lwès lan, an kolaborasyon ak UNESCO, on fason pou monn lan pa janm bliye destriksyon esklavaj koze jan Anperè Jean-Jacques 1e te swete. Anplis desa, nou dwe konsidere Trisantnè sila kòm on moman istorik nou pran pou lanse “Pri Ar Literè Price-Mars” pou rekonpanse chak ane nouvo savan “Lekòl Ayisyen.”

An konklizyon, nou konsevwa propozisyon de (2) pwojè ki mansyone nan paragraph presedan an kòm wòch angilè devlopman “Peyizaj Rivnòdè” pou atire Envestisè, Tourislokal, e Vizitè etranje nan Gran Rivyè Dinò, vil kote Anperè Jean-Jacques 1e te leve kanpe pou tout Ayisyen viv Lib nan on peyi Endepandan.

Doumafis Lafontan
Propozisyon pou 300èm Anivèsè Sainte Rose, Grande Rivière du Nord (Gran Rivyè Dinò), Ayiti
April 30, 2012

Carnaval

Viré monté