Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Altè-Mond posib

Dima Lafontan
2007

Scène historique
Scène historique par Alexis Vincent. © Espace Loas

1e Pati
Fè jistis reye

Jefò ki antame pou bay Repiblik Ayiti oun nouvo konstitisyon sanble konpatib ak vize Sekretarya, Kominote Karayib (Karikòm) pou tabli Ounsèl Mache & Ekonomi Karayibeyen (OMEK) nan lane 2008.

Karikòm ki regwoupe pifò zile bò Gòlf Meksik e Lanmè Karayib, veritab Nouvo Mediterane, genyen “Oun popilasyon ki depase 248 milyon nan ane 2002, lap ogmante a 278 milyon nan ane 2010, oun ogmantasyon plis pase 12% (pousan). Answit mwayèn kwasans anyèl la ap desann a 1.4%.” Resansman 2000 Ozetazini rapòte popilasyon Karayib la a 3 milyon (sou oun popilasyon total de 28 milyon imigran), pifò nan yo sòti Kiba, Repiblik Dominiken, Jamayik e Ayiti. Okanada, nan ane 2001 yo te evalye popilasyon Karayib la aje de 15 an osnon pigran a 284,000.” (A time to Choose, Caribbean Development in the 21st Century, 2005 Caribbean Country Management Unit/Poverty Reduction and Management Unit/Latin America and the Caribbean Region, Document of the World Bank).

“Imigran Karayib la, kèlkilanswa pèmanan osnon tanporè, voye kòb nan peyi Karayib la bay fanmi yo ki monte apeprè a US $4 Milya nan ane 2002. Derape lane 1998 a 2003, transfè lajan reprezante oun mwayèn 6% Pwodwi Domestik Brit (PDB) rejyon an, pigwo transfè lajan te fèt vè Ayiti, Jamayik, Repiblik Dominken, e St Kitts e Nevis. A 6% PDB rejyon an, transfè lajan double valè lajan kontan Asistans Devlopman Peyi Etranje, e li pi dire. Imigran ki retounen nan peyi yo pote gran kantite byen, ki ogmante byennèt moun nan peyi yo” (A time to Choose, Caribbean Development in the 21st Century, 2005. Caribbean Country Management Unit/Poverty Reduction and Management Unit/Latin America and the Caribbean Region, Document of the World Bank). Neyanmwen, nan oun rapò sou diferans sosyal e sante nan Amerik Latin e Karayib (ALK), Casas elatriye rapòte: “Tandiske pwopòsyon lajan salè moun rich ogmante, oun gran pòsyon popilasyon an kontinye ap viv nan povrete:

  • Nivo povrete nan ALK pa amelyore: nan ane 1980 li te 35%, de 1990 a 1994 li depase 40%, avan li te diminye a 35% nan ane 1997;
     
  • Ak ogmantasyon nonb popilasyon an, plis moun nan peyi ALK tap viv nan povrete diran de dènye dizan, yo te evalye apeprè a 200 milyon nan Amerik Latin nan ane 1997.”

San dout bezwen pou fòme blòk, rejyonal, elatriye se pou “Monte premye mach echèl devlopman ekonomik” (Sachs, 2005). Kididonk, pa gen okenn peyi ki kapab fè wòklò. Sepandan, bezwen sila a pa denye Altènatif. Nap kore sijesyon sila a ak postila1: limanite pigran pase adisyon ekonomi rejyonal nan mache mondyal.

Nou sèten moun ki pa li Istwa e etidye Jewografi andwa pa konnen lespri sele Pwochenginen 18 Novanm 1803 diran Konba Vètyè, Okap, Ayiti. Pa egazanp, avan Endepandans Ayiti pat gen valè inivèsèl se te rèy patikilaris, Ewopeyen, oun pati moun nan mond lan te trete popilasyon otoktòn ki tap viv nan pati lwès Ayiti-Kiskeya osnon Boyo tankou bèt. Mond lan pat janm temwen otan vyolans, tòti, asasina, krim avan Desanm 1492. Chèchè tankou nou di: “Sa fè plis pase 500 ane konkèt, kwazad, e rejete nan tan-espas kote plis pase plizyè milyon moun pèdi lavi ann Afrik e Amerik.” Sa a se rezilta Lòd Mekanik, lavi di, travay syè nan fwon, e doulè fanm, kap demantibile òganis moun e anviwonman. Dèke w wè eta majorite moun nan mond lan ap viv w dwe konkli Nouvo Lòd lan pa nòmal; ki vle di, oun Altè-Mond posib.

Tandiske nou pa konnen si sipòtè Altè-Mond yo posede resous, abilite, e moun pou pwopaje chanjman, men nou note Mondyalizasyon pwan mond lan pa fòs. Men se pa fòs ki sèl esplikasyon soufrans fòk w wè espekilasyon, ideyal, e lwa milye wap viv la. Fòk w anbwase reyèl-sosyal ki gen relasyon ak pwòp istwa w, lespwa w, nasyon w, osnon sa kap fèt selon lespri pou wale menmjan Kapwa te di: “Annavan! Annavan!”

Sepandan, evite Mondyalizasyon pap fasil pou majorite mas yo. Rezon an senp “Kilti Konsonmen” Etazini prèske detwi pwodiksyon nasyonal. Pa egzanp, pèpè pèmèt travayè pòv abiye bwòdè, men atizan pa anmezi pou fè konpetisyon ak faktori. Sitiyasyon sila a pote dewò endistri tout pwodwi. Anplis atravè ekspòtasyon “Sosyete Bouyivide” Etazini, majorite mas lan jwe sèlman wòl konsomatè epitou chanjman fèt nan mitan majorite mas la san pensonn pa remake. Abitid manje pa an rapò ak milye moun ap viv. Responsablite kolektif swen e sante chak endividi kapitalize san pèsonèl medikal pa fè pati kominote; kanta pou kay se komodite tankou machin.

Kilti se premye pwodwi Etazini, sitadèl Mondyalizasyon, ekspòte, e koutye lokal e nasyonal vann majorite mas toupatou. Pa egzanp, jèn Ayisyen kap gade videyo mizik Rap, Hip Hop nonsèlman imite zetwal Rap, Hip Hop, men yomenm tou fè gang, komèt vyolans, teworize kominote yap viv la. Èske w panse si se pat oun kò etranje ki vini abite jèn yo, osnon oun lespri fò kap mennen jèn yo; tap gen tout vyolans nan kominote Dyaspora kèlkilanswa Etazini, Kanada, Ayiti, elatriye?

Repons lan se non. Li pa nòmal nan nanchon an pou moun ap tiye Pwochen-Ginen, detwi òganizasyon kominotè, amwens ke li pa posede byen. Pa egzanp, “koupe tèt boule kay” te fè sans, te kowewan paske se te tèt e kay kolon. Jodiya, Ayiti se pou Ayisyen kontèks lan diferan; kididonk, vanjans pa alamòd pito se pou Ayisyen fè Jistis aplike nan kominote a pou majorite mas yo posede byen. Vyolans osnon patisipe nan aktivite ilegal kapital (lajan) pèmèt w mennen jouk kapitalis deside ranplase w, elimine.

Nap pwopoze Altè-Mond se sèl posiblite san sa pap gen relasyon siyifikatif ant moun e moun; e, moun e anviwonman. W wè tout krim, asasina, tòti, kidnaping se zak dezespere moun ki pa wè objektif reyalite; ki vle di, yo tonbe men pou oun tan yo toujou ap fè dega granmèsi eleman lanati tankou Idwogèn, Netwon, elatriye yo itilize pou fè zam nikleyè. Pa egzanp, Kris, avan Wòm te klouwe li sou kwa, di: “Depi jou Jan Batis wayòm syèl e latè soufri vyolans e vyolan yo pran li pa fòs.” Jodiya, ki lès kap mennen syèl e latè, osnon pouvwa moral e politik? Branch relijyon se Vatikan, Wòm, branch Leta se Etazini, e toude fonn anndan sistèm Palmantè ann Angletè.

Ann raple pou listwa lè Ewopeyen tapwoche Afrik, pwensipalman Pòtigè, Panyòl, Anglè, e Fransè piske yo pat fò ase yo te sètoblije rete bò waf. Evantyèlman, se pat pawòl osnon lespri ki te pèmèt yo rantre Afrik kidnape Afriken vini vann kolonis bò isit pito se poud kanon. Kididonk, li dwe klè wap itilize zam kòmkwa w gwo nèg, men w pa menm konnen sikoz zam nan ren, nan men gen sou w. Menm jan ak oun zonbi yo di ki sèlman egziste pou travay w la sèlman pou tiye. Se sètèn fòs moral jistifye krim, asasina, nan ka li di ki jis. E dèke w wè jistifikasyon sila a mal, goumen pou pouvwa, kou deta, gè sivil, osnon gè mondyal ki vini annapre pimal. Kèlkilanswa w se oun sòlda politik osnon relijyon w se oun malfetè. Poutètsa kominote la dwe edike w sizoka kad Ginen deside pèmèt w viv nan Altè-Mond yap fasonnen.

Li enpòtan pou nou pa rete sèlman sou fòs san nou pa obsève enfrastrikti idewoloji e chapant ekonomi.

Annou wè:

1e) Idewoloji pwopaje toutapou blan siperyè, nwa enferyè. Sa ki enteresan sèke dyalite siperyè, enferyè prezan pami moun koulè jon tou. Pa egzanp, blan yo pa kache sipremasi koulè e non sèlman yo louvri dyòl yo byen laj di yo siperyè; yo fasonnen sosyete sou baz ras Blan, Nwa, Natif-Natal Ameriken e Alaska, e Azyatik e Zile Pasifik. Nan peyi blan ann Ewòp, Etazini,  Kanada, elatriye, imigran yo arete, twomatize, vyole, pann, e depòte se nwa, ki konstitye Dyaspora Afriken, e Latino, moun ki pran nesans osnon paran yo sòti Amerik Latin.

Aya! Èske se pa oun mal? Blan an pote zam dife Afrik, Amerik, e Ostwali li rive kolonize twa kontinan yo; li detwi kominote, nanchon; li detache moun de anviwonman yo; li depeyize, dekiltirize moun; li batize yo kretyen vivan, kondane yo nan travay di, fatigan san li pa peye yo; e, apre plizyè santèn ane benefis gwanmèsi esklavaj; jodiya, yo di: “Piske moun Afrik pa kapab atenn menm nivo ak blan yo primitif, enferyè, elatriye. Apwòch sila a, fason wè, pou pi egzak pwendvi sila a blan an rele li konpetisyon.

Gade! Chak fwa w an kontak ak blan, oun po lanvè, menm sila yo ki parèt bonkè tankou Farmer, Sachs elatriye, pa bliye yo an konpetisyon ak w. Lide opozisyon se konsa pou yo vanse. Epitou yo se pwodwi osnon rezilta enstitisyon tankou Brown University ki pat ap reyisi san Esklavaj. Se sètèn yo parèt pi imen, men yo vini pote kole ak w pou yo kapab fè w adapte osnon vini oun wou nan machin Enstitisyon Finansye Entènasyonal tankou Fon Monetè Entènasyonal, Òganizasyon Entènasyonal Sante, elatriye. Nou te di li deja, ki mele nou moun nou konnen ki byen ak yo fache, sistèm swen sante baze sou modèl Ewopeyen pap janm bay bon randman pou tout moun. Se menm pou devlopman. Lesansyèl se pou nou toujou pre pou fè konpetisyon.

Joukaprezan sa nap di la pa egzije pou w filozòf, savan, jeni, e lelit. Kididonk, nap pwopoze teyowi, osnon kouman sa fèt. W dwe senpleman analize fè e pèsonaj yo; wè entèkoneksyon; epi tire konklizyon.

2èm) Tou dabò nap afime “Mache” vini avan Kapitalis; kididonk, pale de Ekonomi Mache enkoyewan, e se non-sans. Nou prezante agiman sila a paske nou pa dakò redwi relasyon ant moun e moun, e moun e milye yap viv nan okenn sistèm Ounsèl Bondye, Ekonomi, elatriye. Nou kwè li klè panse inik, e ide fiks panche oun bò. Byeze li tonbe. Nou pa dakò pou okenn nouvo kò, osnon Nouvo Lòd vini kenbe li. Dayè, Anpewè Jak 1e pat ka pale pi klè lè li te di: “Zafè Blan pa zafè Nèg, Nwa (se mwen ki di sa ki ekri ann italik).

Pwomès inivèsèl pa enterese nou. Tout jan se mantò. Pa egzanp, se nan politik migrasyon w wè vrè entansyon Kapitalis. Tandiske ajan Kapitalis ap manipile ofisyèl, e lidè nasyon yo pran rezidans diplomatik; anfèt, lakay li Kapitalis ap lanse chas alòm, bati mi pou anpeche sitwayen Afrik, Ayiti, e Amerik Latin rantre lakay li. Alò se sa ki Ounsèl Ekonomi an, Mond San-Fwontyè; se konsa tewori inivèsèl la manifeste. Sak bon pou blan, mal pou nwa.

Si odebi mond lan, nan oun moman Limanite, bezwen te enfliyanse Pwodiksyon nou pa gen dout libète chanje Pwodiksyon; kididonk, nouvo Mòd Pwodiksyon e Pwopriyete mele. Pa egzanp, se pat chans Anpewè Jak 1e tap pran lè li te òdone: “Okenn blan pa dwe pran tit mèt osnon pwopriyetè” nan Konstitisyon 1805 Ayiti, oun tèm ki raple Natif-Natal ki te derefize soumèt, bay legen, ale tere nan kwen. Atik lwa sila a Anpewè Jak 1e te di ki se Manman Lwa Ayiti se nan lit klas li te dekouvri. Li eksprime toubiyon Desalin. Pou Carruthers mwen di w: “Se la w wè jeni Ayisyen, ” Afriken.

Annou fè oun konpawezon byen bwèf ant Lafrans e Ayiti. Nan lane 1791 Lafrans adopte oun konstitisyon repibliken ak politik Libète e Ipotèz separe pouvwa oun sistèm tyèk e balans ant Egzekitif, Paleman e Jistis. Apre konplotè reyisi tiye Anpewè Jak 1e, Aleksand Sabès Petyon, Prezidan nan pati lwès Ayiti, kopye e dekalke Konstitisyon 1791 Fransè pou li te rive ranplase Konstitisyon 1805 e mete kouche premye Repiblik Nwa. Akò jeneral dwe fèt: konstitisyon repibliken se sous enstabilite, vyolans, okipasyon etranje ann Ayiti.

Nou kriye mons! Blan an ki te benyen nan san Afriken transpòte Sen Domeng la toujou; li kache nan Konstitisyon Repiblik Dayiti.

Atansyon Petyon te kenbe lwa fondamantal Ayiti nan konstitisyon li te fè vote, se an 1915 diran Okipasyon, Meriken eseye efase e retire Manman Lwa Ayiti. Oun lòt fwa, oun lwa pa kreye ni detwi. Jefò Roosevelt, Sekretè Etazini, pou defèt Ayiti te anven, e initil. Se Ayisyen, lidè, lelit rachitik, majorite mas la ki pou konnen lwa fondamantal Ayiti dwe aplike sou tout kouch, enstitisyon, kominote, elatriye. Pawòl kòmkwa Ayiti pat vanse paske manman lwa a te anpeche envestisman prive se mantò, se riz oun blan sèvo kap ranpe. Ayisyen konsekan ki enterese kanpe Ayiti pa dwe okipe yo de enfondreman Newo-Koloni, Newo-Liberal. Note menmsi lwa fondamantal la te sou papye ni Petyon, ni Anri Kwistòf, Wa nan pati nò Ayiti, pat bay majorite mas Ayisyen tit pwoprityetè, epitou blan an te marye ak fanm Ayiti pou evite manman lwa Ayiti. San dout yo te rive fè sa granmèsi konplisite Petyon, Kristòf, elatriye. Fè ki pi etonan li pran 190 ane avan oun prezidan Repiblik Ayiti te lanse mini pwojè kadas. Sepandan, Enstiti Nasyonal Refòm Agwè diran premye Administrasyon Rene G. Preval, oun lòt fwa ki chèf Leta-Nasyon Ayiti, pat pibliye rezilta Refòm Agwè nan lane 1995 a Milenè.

Nan paragraf avan nou te pwopoze libète chanje pwodiksyon. Koulyeya, nou pwal elabowe.

Pou oun titan, oun tibout tan, Endepandans Ayiti mete fen a Boujwazi Konpradò (ajan lokal biznis etwanje). Ewopeyen, pita Meriken, pou dechèpiye Ayiti te sètoblije enpoze dèt 150 Fran lò. “Eksperyans dèt etwanje ki vini “Doub Dèt” pèmèt espekilatè piye pwodiksyon kafe” (Gaillard, 1990). Apepwè 90 ane pita, Kapitalis ranplase Klas Boujwazi ki te pretann reprezante tout lòt klas. Kapitalis, klas kap dikte sak pou fèt koulyeya, te debake sòlda jouk anndan Bank Nasyonal Repiblik Ayiti, e zam nan men yo leve rezèv lajan nanchon an ale depoze Ozetazini. Diran 34 ane Okipasyon, Meriken ouvètman kontwole finans, pò, waf Ayiti. Èske gen dout kouman Kapitalis ap mennen Mondyalizasyon?

Se nan kontèks sila a nou sitiye povrete e vyolans youn kont lòt. Pa egzanp, nan peyi tankou Kiba kote Kapitalis pap mennen vyolans, gang, e pwostitisyon pa pwèske egziste. Leta-Nasyon Kiba pa egzèse lwa opwofi endividi kont kolektif la.

Annou kontinye gade Kiba. mòd pwodiksyon pouse Kiben e Dyaspora la toupre egalite. Piske pa gen rich, pòv e klas mitan Kominote Kiben atenn nivo ekilibre ki pi estab nan rejyon, emisfè lwès petèt mond lan. Kiba se sèl peyi katastwòf natirèl pa tiye moun. Menm Etazini, peyi Ewopeyen di ki pi rich omond, pa rive pwoteje lavi tankou sa fèt Kiba.

An konklizyon nap di, pran Kiba pou egzanp lwen pou ekspòte oun modèl chanjman se ankouraje, pwone Altè-Mond selon pwensip mòd pwodiksyon dwe dekouvri nan relasyon ak anviwonman moun ap viv; sikontans total istwa li; kilti otonòm li; e lekòl li. San dout lespri annavan fasilite dyalòg pou distribiye resous tout moun eritye. Mòd wè reyèl e sosyal nanchon an pa egzije pou w viv, fòk lòt la swa anba kòd, swa anba tè. Se panse defisi, pa gen ase pou tout moun, ki fè Kapitalis pèdi lapawòl e depann sou nonb sòlda ak bonm nikleyè li posede. Nou pa mande li chanje atitid, osnon adopte abitid sen. Nou senpleman ap afime li pa kapab anpeche volonte-aji pou nou viv Altè-Mond.  

Nou dakò Ayiti se peyi Ginen, men se Despòt Kretyen kap mennen. Poutètsa nou postile Nanchon Ayiti ap vini limenm lè Ginen ap byen-mennen epi tout klas, tout kouch, tout sosyete, e milyeya ap dwat e entegre. Doktrin materyalize pami moun, e kouman nap fè viv san pouvwa Enperyalis, Otoritè e Ekstèminatè? Pa poze. Nou dwe pran inisyatif ini e kontinye pratike devlopman otonòm. Fè jistis reye nan kominote a se travay tout moun, pa egzanp, dapre Marx, Alexis di: “W dwe sèlman fè sa tout moun kapab fè.” Sepandan, eksperyans pa menm pou tout moun; kididonk, pou atenn estanda dwa inivèsèl se Nouvo Mòd Pwodiksyon e Lwa Fondamantal Kominote a ki pou pèmèt tout moun lavi ekilibre e total.


2em Pati
Lekti menm paj istwa

Nou twouve li enteresan, Ayiti ki gen oun legasi istorik e tradisyon oral, pou pawoli Rene G. Preval, Prezidan, Repiblik Ayiti: “Gade m nan je, map gade w nan je” soulve tan kesyon. Pou kèk obsèvatè Prezidan Preval pa pale klè; zòt pa wè aksyon Prezidan Preval pran; tandiske genyen kap tann plis esplikasyon.

San nou pa nan politik, ni pran pati, nou enterese debat pwopozisyon Prezidan Preval pou nou eseye konpwann prezidan an. Toudabò sizoka li pa evidan pou tout moun nap pwente Preval pa premye moun kap aji sou sèn nasyonal, entènasyonal ki mande veye li. Poutètsa w dwe konsidere envitasyon “Gade m nan je, map gade w nan je” se lekti menm paj istwa.

Annou di nan devlopman tèks sila a nap senpleman fè referans a gade anplis desa nou dwe jwenn akò w sou mo gade; ki se, gade vle di veye, osnon siveye.

Jan nou te di nan paragraf anwo wap jwenn mo veye nan pwendvi lès e filozofi lwès. Pa egzanp, Bouda di: “Nan gade Indra vini wa bondye;” e, Kris la moman avan Women arete li te di apot yo: “Mwen pral priye ret veye.” Malerezman, apot yo pat kapab rete je klè, reveye; de fwa Kris la jwenn yo ap dòmi.

Pa gen dout konjonkti peyi Ayiti ye egzije pou w, sitou Paleman an, pote atansyon a sa kap fèt. W va eskize nou si rapèl Ayiti gen oun pase long arestasyon chèf Leta-Nasyon an reveye Ayisyen kap dòmi. Nou pa di sa kapab fèt koulyeya, men nou senpleman pwente si w prefere  montre entè-koneksyon veye yo.

San pèdi tan nap tire oun premye konklizyon sou pwopozisyon gade; ki se, enterè nasyonal se zafè, osnon konsène Ayisyen. Entè-jwèt la se: “Leta-Nasyon veye Ayisyen e Ayisyen veye Leta-Nasyon. Sa nou ankouraje w anvizaje se tokay enstitisyon e moun. Moun fè enstitisyon fonksyone, e enstitisyon fè Leta-Nasyon Ayisyen kontinye. Kididonk, enstitisyon fòme dapre lwa fondamantal. Esplikasyon sa a fèmen moun nan oun sèk limyè. Trajè, osnon sikwi, derape Mòn Wouj epi retou fèt anba Dlo Ble. Nan Ginen, Afrik mitik, senbolize lavi etènèl. Ble e Wouj, san kare blan, imaj miwa lavi. Dekoulè se louvèti ki pa defòme reyalite. Lespri 1803 pote karakteristik e pèsonaj endepandan oun jan yo etènèl. Nou konnen lavi pa fini poutètsa nou rekreye enfini nan memwa; ki vle di, nou konseptyalize karakteristik Lespri 1803 pote volonte aji pase bay jenerasyon pou yo pa bliye zansèt yo, ewoyis, e viktwa rezon sèten. Pratik retou selon Istwa ki fèt pami nou se zak moun ki brave lanmò pou lavi etènèl triyonfe. Se selon pwensip sila a Lekòl Ayisyen defini jeni, moun ki fè fas a danje, osnon sak kapab detwi nou, pou nou kontinye.

Men Ginen! Petèt w tande pale de pèsonaj Afriken sila a. Li vle jistis reye ann Ayiti. Mete ansanm ak Lespri, ekri nan menm lang majorite mas Ayisyen pale. Jete mask blan kap fè w pè, pote zam fann fwa; gade nanm w, ki anfèmen aspè kilti siyifikatif Afrik, e aji pou wale Annavan! Annavan!

Byen vit nap admèt agiman sak te fèt nan pase pap konvenk anpil moun poutètsa nap chèche plis akò. Nou sipoze gade se oun Modèl Chanjman Kolabore. E pou kore agiman an nou pral montre gade enplike aprann ansanm.

Li ta sanble Ayisyen anjeneral dakò se demokrasi yap aprann. Enben nap senpleman
raple Delhomme, youn nan Pyone Literati Ayisyen, pase karyè li ap anseye Ayisyen demokrasi. Tandiske leson nou aprann nan Se konsa Tonton pale Price-Mars ekri; rezilta travay Delhomme mèg, mèg anpil. Price-Mars remake pyone sa a pat makònen santiman li ak pa epòk li tap viv; sèn li tap dekri pat reflete peyi Ayiti; karaktè e pèsonaj yo pat peyizan, ewo endepandans; andènye, li pat karese cham fanm Ayisyen.

Se sèten elèv Lekòl Ayisyen pito Mèveye konnen Price-Mars, you nan prensipal ekriven Mouvman Endijenis Literati Ayisyen, te pase zèv Pyone demokrasi tès Lekòl Patriyotik Literati Ayisyen. Oun tijan tès la pat jis piske Pyone yo vini avan Patriyòt; ki vle di, pa gen fason pou Delhomme te okouwan pwopozisyon Nau te fè pou Ayisyen gen siksè.

Jodi a, pinga moun di nou opoze demokrasi nou jis montre li pa pase tès Nau pou Ayisyen gen siksè. Sepandan, nou senpleman nye doktrin libète e tewori separe pouvwa tyèk e balans, pou nou pale verite, san w pa bezwen verifye, Ayiti renèt pito Ayisyen pran nesans nan toubiyon, ki mele kilti twa pèp. Kididonk, nou bay emisfè lwès lan pwòp valè li e se nouvo valè pou w wè. Sa mande pou w ranvèse jan w gade reyalite. Jis paske nou obsève demokrasi se ansyen modèl pa vle di lap chanje. Dayè, nou konsyan w pa chanje oun modèl jodi, demen, apredemen, elatriye, w jis sispann pito w senpleman kanpe.

An nou konsidere, Pa egzanp, “De mousketè kap tire epe. Li enposib pou sak manke lòt la korije kout epe ki manke a” (Bohm, 1985). Se menm jan pou sèvo ki manke reyèl la. Li enposib pou eksprime tewori sosyal.

Pakèt pansè Ayisyen deja pale sou nesesite pou ranvèse Fransè a Kreyòl; ki se, oun premye etap. Apre yo di se pou w ale nan sosyete la. E dèke w rive nan sosyete la gade sa kap fèt wap wè sa ki pa fè sans, sa ki enkoyeran lap chanje nan kreyativite. Se oun chanjman san pè li chanje osnon ranvèse nan panse. Yo di sèvo se oun fòm enèji li pa kreye, li pa detwi, e enèji se menm a esplike, siyifi, vize, elatriye.

Gade! Ayisyen andwa tankou rat nan kaj epi oun nouvo esplikasyon bay li fòs pou li travay. Imaj mantal retounen sou reyalite rann moun oto-detèmine; yo aprann ansam sa pou yo fè; e, yo fè li san kòmandè.

Dènye analiz, nou wè se mantò lè zòt di: w bezwen li pou metrize enstitisyon, pwòp tèt w. Men li bay manti ak anpil souplès sitou li itilize lajan. Dapre nou, oun moun osnon pèp gen dwa bay lòt kichòy tankou legasi istorik e tradisyon valè pase lajan. Nan moman ensètitid sila a, moun kap kontinye fè chimen yo nan mond lan se moun kap kapab demontre sètitid, fyète, e bravou. Istwa, e Kilti Ayisyen pase lwa e oralti pou nou anseye lòt moun ak vize pou mete kanpe Altè-Mond.

Gen lontan nap gade karaktè endepandan tan-espas, jodiya fòk yo vini etènèl nan lavi nou. Pa egzanp, nou fonde nasyon; nou esplike linivè nan relijyon, langaj, kilti, elatriye; e, nan rityèl nou desine, osnon reflete, kòsmòs la, epi nou fè lespri pale. Kididonk, nou dekri linivè jodiy a nou dwe rebati Ayiti.

Abilite pou w fè pi byen pase nenpòt zòt se wè sa ki enfini nan w. Dapre lwa e oralti sa kap fèt esplike. Tank w ap esplike se tank esplikasyon ap pwopaje. Nou wè pou pwopaje siyifyi pwodiksyon. W andwa pap pwodwi epi esplikasyon chofe imajinasyon pou w travay. Nou pa gen dout lanati seleksyone Ayisyen kreyatè e pwodiksyon atizay ap bay rezilta Ayiti pwospè, rich. Kididonk, Ayiti dwe pwodwi pou li ekspòte e ekspòte pou li viv.

Dorenavan se pou Leta Ayisyen pran sa an chaj. Gen twò lontan Leta Ayisyen pa ankadre, sipòte sektè pwodiktif anndan peyi a. Petèt peman dèt la te egzije pwodwi kafe, men jodi a pa gen akò konsa. Dayè, se sèl nan domèn kilti e atizay Ayisyen abilite pou fè konpetisyon ak zòt. Kouman pou sa fèt? Nap pwopoze Leta Ayisyen gen wòl detèmine distribitè, aksè a mache eksteryè, sibvansyone reklam, tabli rechèch e devlopman nan Lekòl, Inivèsite, elatriye.
 
Pou apreyande objektif reyalite nou itilize tokay lavi; ki vle di, menm dedouble nan parèy li. Pwovèb Ayisyen siyifi: “Mèt kò veye kò.” Lè w sijetize esplikasyon sa a li vini objektif; e, kò w fè kò ak reyalite li vini objektif. Gade mwen, map gade w; vle di, nap gade reyalite e nan gade nap wè kote li pa fè sans; wè kote li enkoyewan li va chanje, chanjman san pè, nan rityèl, osnon repetisyon reprezantasyon modèl pou aprann ansanm. Esplikasyon sila a, entè-jwèt prensip e pèsonaj, pou pi egzak lespri monte chwal, anbrase kont, oun jan enfini. Nou wè gen oun seri konsèp lè w apreyande w parèt gran. W tale pou zòt parèt; koulyeya, w retounen paske lavi Ayisyen menase.

Doumafis Lafontan
Manm Près Kolektif Trileng, Rezo Kiltirèl Tanbou,
Asanble Atis Ayisyen nan Massachusetts, e Pèspektif Pan-Afrikanis.
10 Janvye 2007

boule  boule  boule

Lis liv ak atik

Alexis. J.S., (1955). Compere General Soleil. Gallimard. Paris, France
Aristide, J.B., (1987). In the Parish of the Poor. Maryknoll. New York, NY
Beard. J., (1991). Toussain Louverture: A Biography and Autobiograhy. Ayer Company, Publishers, Inc.
Salem, NH
Bohm, D., (1985). Unfolding Meaning. Routlege. London, England
Carruthers, J., (1985). The irritated Genie. The Kemetic Institute. Chicago, Il
Cesaire, A., (1983). Cahier d'un Retour au Pays Natal. Presence Africaine. Paris, France
CRESFED, (1956). Presence de Jacques Stephen Alexis. CRESFED. Port-au-Prince, Haiti
Dawkins, R., (1976). The selfish gene. Oxford University Press, New, NY
Diop, C.A., (1974). The African Origin of Civilization. Lawrence Hill Books. Chicago, IL
Fannon. F., (1988). Black Skin White Masks. Grove Press. New York, NY
Farmer, P, (1994). The uses of Haiti. Common Courage Press. Monroe, ME
Fick, C.E., (1990). The making of Haiti. The University of Tennessee Press. Knoxville, TN
Firmin, A., (2000). The Equality of the Races. Garland Publishing. New York, NY
Fouchard, J., (1988). Les Marrons de la Liberte. Henry Deschamps. Port-au-Prince, Haiti
Gaillard, G., (1990). L'Experience Haitienne de la Dette Exterieure. Henry Deschamps. Port-au-Prince,
                Haiti
Gates, H.L., (1988). The Signifying Monkey. Oxford, University Press. London, England
Glissant, E., (1981). Le Discours Antillais. Editions du Seuil. Paris, France
Hegel, G.W.F., (2003). Introduction to the Lectures on the History of Philosophy. Oxford University Press,
                London, England
Heisenberg, W., (1999). Physics and Philosophy. Prometheus Books. Amherst, NY
Hurbon, L., (1987). Dieu dans le vaudou Haitien. Editions Deschamps. Port-au-Prince, Haiti
James, C.L.R., (1989). The Black Jacobins. Vintage Books Edition. New York, NY
Laroche, M., (1981). La Literature Haitienne. Editions Lemeac. Ottawa, Canada
Moise, C., Ollivier, E., (1992). Repenser Haiti. CIDIHCA, Montreal, Quebec
Madiou, T., (1989). Histoire d'Haiti, Tome III, 1803-1807. Henri Deschamps. Port-au-Prince, Haiti
Mars, J.P., (1998). Ainsi Parla L'Oncle. Imprimeur 11. Port-au-Prince, Haiti
Marx, K., (1999). Capital A new abridgement. Oxford University Press. Oxford, London, England
Nerestant, M., (1997). Anthropologie et Sociologie a l’usage des jeunes chercheurs. Editions Karthala.
Paris, France
Nicholls, D., (1979) From Dessalines to Duvalier. Cambridge University Press. New Brunswick, NJ
Price-Mars, J., (1998) Ainsi Parla L’Oncle. Presses de L’Imprimeur II. Port-au-Prince, Haiti
Roumain, J., (1975). Gouverneurs de la Rosee. Editions Fardin. Port-au-Prince, Haiti
Sachs, J., (2005). The end of poverty. Penguins Books. London, England
Sagan, C., (1980). Cosmos. The Random House Publishing Group. New York, NY
Sellassie I, H. (1976). My life and Ethiopia’s Progress. Oxford University Press. London, England
Senghor, L. S., (1948) Anthologie de la nouvelle poesie negre et malgache. Presses Universitaires de
France. Paris, France
Vernet, P., (1980). Techniques d'Ecriture du Creole Haitien. Le Natal, Port-au-Prince, Haiti

boule  boule  boule

  1. Verite w pa bezwen verifye

Viré monté