Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Nouvo kreyolizay: fòm langay, fon panse ak vizyon Jean-Robert Placide |
Genyen lontan depi save ki ap viv nan Zile Karayib yo ap chèche yon jwen pou yo kreye pwòp chemen pa yo apati yon panse natif natal ki rele yo pa yo. Sou tè Ayiti, nou te gen abitid itilize yon mo kou Endijenis. Pa gen lontan (1989) Jean Bernabé, Patrick Chamoizeau ak Raphël Confiant bò kote pa yo te abòde nosyon idantite a nan Karayib la ak Éloge de la Créolité. Jounen jodi a, nan Sosyete Koukouy nou vle ale pi lwen. Nou vle rapousuiv rasin nou, devlope panse nou avèk lang kreyòl la kòm mwayen kominikasyon, deplwaye yon panse kreyòl, dewoule yon idantite, yon ayisyènte kreyòl, epi nou chwazi abòde reyalite sa a ak mo Kreyolizay la.
Definisyon
Kreyolizay se yon mo nouvo sanmba Manno Ejèn kreye, ki parèt nan rekèy pwezi Sezon papiyon (Ejèn, 2013, p. 23), pou li esprime, pou li tradui yon oryantasyon idantitè, yon vizyon literè, yon filozofi kreyòl, yon panse nasyonalis, endijèn. Men powèt la te deja sèvi ak mo sa a, nan yon dedikas li fè pou mwen (Jean-Robert Placide), kote li te di nan Aganmafwezay (2008) «se yon lomeyans pou yon kreyolizay».
Selon definisyon Manno Ejèn nan Sezon papiyon (2013), kreyolizay konpoze ak 2 mo: «kreyòl pou valè, pou kilti, pou vizyon, epi lizay pou respè, mannyè, atitid, abitid». Se yon mo valiz ki aglitine kreyòl + lizay, ki marande, asosye chan leksikal mo kreyòl la ak chan leksikal mo lizay la. Annou pi klè.
Nouvo kreyolizay se yon nouvo panse estetik popilè (endijèn) nouvèl jenerasyon ekriven kreyòl yo genyen, ki chita sou pwetik, estetik ak etik kreyòl, epi ki anbrase tout domèn atistik yo: atizay plastik yo, penti, eskilti (bwa, wòch, metal), aizay vizyèl, koregrafi, dans, atizay mizikal, chante, atizay literè, rakontay, woman, teyat, pwezi, esèy…
Kèk esplikasyon
Tandans kreyolizay la kòm nouvo panse estetik popilè a koumanse nan ane 1965 yo, avèk Mouvman kreyòl (1965) ki deside manbre literati kreyòl la. San nou pa bliye batay ak pwopozisyon Morisseau Leroy yo depi 1953, pou yon kreyòl literè. Ni oryantasyon estetik popilè Robert Beauduy (1972) rekòmande nou nan «Jalons pour une esthétique créole». Nan menm peryòd la, te genyen travay pè Papi Djo, nan legliz katolik, ak mouvman Tanbou la a, ki t ape eseye akòde chante laten yo, selon ritmik kout tanbou chante vodoun yo. Li parèt tou nan de premye woman ki ekri an kreyòl yo: Dezafi (Franketienne, 1975) ak Lanmou pa gen baryè (E. C. Mégie, 1975), ki genyen 3 tòm. Premye triloji nan woman ki ekri nan lang kreyòl Ayiti a. Li kontinye ak travay Ernst Mirville, manm fondatè Sosyete Koukouy, nan Rechèch (1979), kote nou jwenn eleman pwetik tankou pwezi ritmik kreyòl ki mezire selon pye ritmik chante popilè yo ak chante vodoun yo. Li ranmase gwoup jenn ekriven kreyolis yo ki sèvi ak lang kreyòl la pou yo konbat enjistis sosyolengwistik nan sosyete miwo-miba ayisyen an. Tandans kreyolizay la manifeste nan fòm atizay ki souse nan pwetik ak estetik vodoun, tankou chante rasin, mizik rasin, penti, eskilti, teyat ak pwezi rasin yo. Li pousuiv ak ekriven gwoup atistik epi literè Sosyete koukouy yo ki deja fè plizyè pwopozisyon pwetik, tankou pwezigram Jan Mapou yo, lèt literè ak esè Michel-Ange Hyppolite yo (Kaptenn Koukouwouj), (Lèt Ife ak Soul, 2006, Istwa pwezi kreyòl, 2000), teyat rasin Deyita a (Nanchon, 1985) epitou teyat rasin Kiki Wainwright la, (Vilokan, 2016), teyat klasik «closet play» an kreyòl Bob Lapierre yo, ki ekri tankou yon teyat, men ou kapab li tankou yon woman (Malfini – Byenfini, 1986, Senèk, 2016, Anekdòt, 2017), monorim Janjan Dezire yo (Powèm pou yon Ayiti tou nèf, 1994), pwezi zwing J. Dorcely Dede yo (Zwing. 2013), pwezi lomeyans Keslèbrezo yo (Parantèz, 1988, Plofil 1988, Patou 3, 1991), pwezi anwoule Manno Ejèn yo (Sezon papiyon, 2013), kont literè Kiki a (Bonifas ak Malefis, 1999), elatriye.
Yon nouvo kreyolizay ki ap rapousuiv avèk jenn ekriven gwoup literè Soyete Koukouy yo: Henri-Robert Durandisse (Langay lanmou, 2008), Douglas Zamor (Tchòk, 2017 ak Manman Penmba, 2018), Iléus Papillon (Sèt priyè lari, 2015), Jean-Baptiste Anivince (De bò goch, 2014), Anderson Dovilas (Bese triye, 2015).
Nan menm tandans kreyolizay la tou, nou rekonèt talan ak kontribisyon literè ekriven kreyòl ki patispe nan Atelier du jeudi soir yo, lòt ki manm Tanbou literè yo, lòt sanba Edisyon Freda edite yo, lòt ki resevwa pri literè Henri-Deschamps, oubyen tou senpman lòt ekriven, womansye, powèt ki dejaprezante bèl zèv kreyòl. [Eskize mwen, paske gen anpil anpil non ekriven pou mwen ta site pou patisipasyon kreyolizay yo: Pierre-Michel Chéry, Bonel Auguste, Inéma Jeudi, Lyonel Desmarates, Lyonel Trouillot, Jocelyne Trouillot, George Castera Fils, Franck Étienne, ak anpil anpil lòt ankò.]
Sou tout fòm, atizay se langay powetik, se sistèm siy senbolik. Konsa, nouvo kreyolizay kòm fòm langay ak fon panse kapab manifeste an siy senbolik nan pwezi, nan woman, nan teyat toukòm nan penti, eskilti, dans ak chante. Sistèm siy semyotik ki ratache ak nouvo kreyolizay la, se yon nouvo panse estetik popilè (endijèn, vodoun) pou atenn, «pou touche yon nouvo ideyal pwetik» (Manno Ejèn, Sezon papiyon, 2013).
Paregzanp, avèk gwoup mouvman Atis rezistans yo, kreyolizay la manifeste nan atizay metal yo kote yo devlope yon estetik «demanbre vodoun», ki diferan ak «esthétique du délabrement» an oubyen «esthétique de la dégradation» an ki gen rapò ak fenomèn natirèl «entropie / dégradation» an. Prensipal Atis rezistans yo, (André Eugène, Jean-Hérard Celeur, Frantz Jacques …), kòm atizan rekiperatè, yo itilize aspè ekoloji lokal la, ak batanklan yo ranmase nan lari a pou yo chapante eskilti yo, men kòm atis rasin anplis, yo sèvi tou ak dimansyon vodoun an (pwetik ak estetik), nan rajoute demanbre moun ki mouri: manm tankou tèt, je, kò moun ki mouri, biten, batanklan ak patrimwàn moun mouri yo kite ki nan demanbre yo. Donk yo gen yon preyokipasyon estetik vodoun rasin anplis tou.
An kreyòl ayisyen, demanbre se patrimwàn fanmi an, se dekwafe oubyen demanbre (pran yon manm nan kò a), se degrade nan seremoni desounen. Sa pa vle di menm bagay ak delabre ki vle di an movè eta, dekonstonbre, degrade. Nan estetik atizay an fransè yo, atis ak kritik yo ap reklame yon «estetik delabreman» (Lyonel Trouillot, Haïti 90: Esthétique du délabrement des poètes Mémoire, 2013. Oubyen yon «estetik degradasyon» (Rafael Lucas, Esthétique de la dégradation, 2002). Tandiske kritik kreyòl tankou mwen yo plis vle wè yon «estetik demanbreman», avèk sans kreyòl ginen tèm nan genyen an.
[Mwen sispèk Lyonel Trouillot ta sanble li tiraye ant 2 tèm yo, paske, yon bò li itilize mo «delabreman» an pou estetik la, tankou yo di an fransè depi 1980: «art de la récupération, du recylclé, des déchets». (cf. https://blog.artsper.com/fr/inspirez-vous/top-8-des-artistes-du-recyclage/).
Epi yon lòt bò, Lyonel Trouillot (Atelier du jeudi soir) asosye ak Centre Pen, titre revi literè yo pibliye an 2012 la: revi Demanbre.]
Devlopman
1- Kreyòl: se fòm, se powetik ak estetik kreyòl.
Kreyòl se lang, se yon systèm lengwistik pou kominike. Men tou, tankou tout lang, kreyòl gen yon fonksyon sosyal ki pèmèt ou ka idantifye yon gwoup moun tankou popilasyon ki pale kreyòl yo, oubyen yon pèp, yon nasyon tankou Ayiti ki pale kreyòl ayisyen. Lè nou konsidere fonksyon kominikasyon ak fonksyon sosyal idantitè lang, kreyòl se yon zouti ki sèvi pou nou kominike epi pou nou idantifye yon kominote lengwistik kreyòl.
Etan yon sistèm lengwistik, li chita sou fonoloji, sentaks, leksik ak semantik. Nan sans sa a, kreyòl gen pwòp sistèm fonoloji, sentaks, leksik ak semantik li. Kreyolizay se respekte sistèm lang kreyòl la, san meleyis avèk lòt lang etranje. Tankou Akademi kreyòl ayisyen an (AKA) ap preche: kreyòl la gen règ li, annou respekte yo! Se sèvi ak powetik lang kreyòl la pou nou resisite ansyen epi kreye nouvo fòm powetik. (cf. rekòmandasyon J. Tanbou, nan Pyè Banbou, 2000, p. 32)
Kreyòl se kilti ak sivlizasyon, se yon sistèm kiltirèl, ideyolojik ki pèmèt esplike nati linivè a ak lanati nan linivè a. Karaktè fondamantal kreyòl se dimansyon vodoun an nan divès domèn, nan plizyè degre. Kreyòl se rasin ginen. Kreyolizay se vizyon ak entèpretasyon kreyòl nou bay lavi a. Se tradui, esprime, men tou se defann epi kritike syans ak filozofi kreyòl, an kreyòl.
Kreyòl se pa nasyonalite. Ayisyènte ak kreyolite pa menm. Nasyonalite a se: Ayisyen. Yon etranje kapab vin Ayisyen (sitwayen ayisyen) si li ranpli tou kondisyon Lalwa ak Kontitisyon peyi a mande. Tandiske kreyòl se ansanm gwoup Nèg - fanm kou gason - (Nèg vle di moun, an kreyòl), se ansanm gwoup pèp desandan Lafrik ginen machann esklav ewopeyen yo te simaye sou kontinan: Lewòp, (Lafrik) ak Lamerik. Yo se pitit osnon pitit-pitit fanmi lang Kwa ak Bantou, yo pale kriyòl oubyen kreyòl epi yo idantifye tèt yo kòm kreyòl.
Kreyòl se pa yon peyi ni yon kontinan. Gen sitwayènte ayisyen, pa gen sitwayènte kreyòl. Men tou, mwen kwè gen posiblite pou yon «blan» ki se yon Nèg (moun) etranje ewopeyen, ameriken, azyatik … kapab kreyòl nan entegre valè kreyòl yo ak vizyon kreyòl sou linivè, filozofi ak esplikasyon sou monn nan, mès ak koutim kreyòl yo nan vivasyon li epi nan aji etan kreyòl. Yon «blan kreyòl».
Lizay: se fè lizay epi se gen lizay.
Fè lizay se itilize esans lang lan, sèvi ak nòm lang lan, se sèvi nanm lang lan. Kreyolizay se chapante yon soyete nasyonal avèk lang kreyòl la.
Gen lizay se tradisyon, mès ak koutim, filozofi ak kilti. Kreyolizay se viv, esprime, transmèt savwa, konesans ak estrateji lavi ki baze sou eritay ak patrimwàn zansèt yo. Kreyolizay se devlope konpòtman, atitid filozofik ak etik kreyòl ginen. Paregzanp, Esthétique du délabrement nan literati ak penti ayisyen an, ki baze sou fenomèn «entropie / dégradation» an, pa gen kreyolizay, sètadi okenn lizay atitid filozofik ak etik kreyòl ginen. Manifestasyon kon sa, se nan estetik demanbre a yo ye.
Yon lòt egzanp, se estetik Espiral la: «esthétique de la spirale» avèk «esthétique du chaos» Franck Étienne nan, oubyen avèk «poétique de la schizophrénie» Fignolé a. Nan konsidere tèks Franck Étienne ekri an fransè yo, Espiral la gen anpil dèt pou literati ewopeyen an. Nouvo woman an se yonn, an rapò ak ekriven tankou James Joyce. Konsèp «genre total» la soti nan rechèch Nouveau roman an ki ap layite nan yon espas kote reyalite literè yo, pwoz ak pwezi lyannen, konbine, antremèle yonn ak lòt: pwezi, teyat , woman …. Nosyon ak lizay literè «chaos» ak «spirale» la tou, se yon lòt tematik ak chapant ki parèt deja nan «Les chants de Maldoror» Lautréamont (Isidore Ducasse) te pibliye an 1868 epi an 1869.
Sepandan, lè nou analize estetik Espiral la avèk linèt kreyòl, nou obsève gen yon tantativ kreyolizay. Toudabò, nan konsepsyon J-C. Fignolé bay pou tèm «total» la, apati imitasyon ak adaptasyon oralti kreyòl la. Se nan lizay popilè kont ki ap rakonte yo, lodyans ki ap bay yo, Fignolé al chèche jistifikasyon kalifikatif «total» la. Se menm jan an nan Sosyete Koukouy, tankou Morisseau Leroy (1953) ak Franck Fouché, nou devlope yon teyat «total» popilè. Dyalòg, chante, pwezi, dans, koregrafi, … tout melanje.
Ansuit, konsènan eleman «chaos [permanent]» an, (selon yon mo Rafael Lucas itilize), se nan vizyon kreyòl monn nan li ye, kote vizib tout tan ap kwaze lenvizib nan chak kafou, nan chak detou lavi an mouvman. De reyalite paralèl (simultané) epi yonn antre (imbriqué) nan lòt, ansèkle, viwonnen lavi an mouvman. Larèn Solèy leve ak Konpè jeneral Solèy. Yon vizyon kreyòl monn nan ki parèt tou nan tèks Jacques Stephen Alexis yo an rapò ak Réalisme merveilleux haïtien an epi ki esplike karaktè eskizofreni pèp kreyòl yo, an patikilye popilasyon ayisyen an. Yon eskizofreni ki pa yon maladi mantal, ni yon maladi sèvo, ni yon maladi sikyatrik, ni yon foli. Men, etimolojikman, (schizo / divize, phrèn / espri), se yon vizyon monn lan, yon vizyon linivè ant vizib ak lenvizib.
Finalman gen tit tèks yo, malgre plizyè an fransè, ki montre yon referans kreyolizay. Timidman nan Les possédés de la pleine lune (J. C. Fignolé), men pi kategorik nan tèks Franketienne (Franck Étienne) tankou: Dezafi, Vwa marasa, Zago loray, Adjanoumelezo, L’oiseau schizophone, ak Incandescence.
Konsiderasyon jeyometrik, astwofizik, kantik, teyori literè Franketienne bay lektè ak kritik yo, se agiman pou li andyoze piblik frankofòn nan. Se plis pou ekriven an ka jwenn yon rekonesans literè nan frankofoni an (tankou plizyè ekriven ayisyen ki bezwen rekonesans literè etranje a tou, epi ki plis deplwaye talan powetik yo ak sistèm lengwistik etranje tankou fransè, anglè, espayòl). Se konsa, paregzanp, tò ou rezon, kritik tankou Joubert Satyre asosye ekriven Espiral (Franck Etienne, J-C. Fignolé) avèk estetik «baroque» la ki nan literati fransè a. Tandiske pou lektè kreyòl la, «bawòk» pa gen menm sans lan ak mo «baroque» nan fransè a. Akoz diferans fondamantal sistèm lengwistik yo, mwen panse yon bon kreyolizay senpman ta sifi pou jistifye tout eleman estetik ak pwetik sa yo ki nan Espiral la.
Kreyolizay
Sou plan oralitè, atistik epi literè, kreyolizay se yon oryantasyon atistik epi oraliterè endijèn kreyòl. Se manifestasyon powetik, estetik ak etik kreyòl nan espresyon plizyè domèn atistik: penti, eskilti, dans, chante, woman, pwezi, teyat. Penti nayif ak penti rasin yo. Eskilti ak estetik demanbreman lakay Atis rezistans yo. Dans ak chante rasin yo ki se adaptasyon vodoun. Woman, pwezi ak teyat rasin ki chapante avèk yon estetik vodoun, ki mezire avèk yon pwetik kreyòl.
Depi lontan, nan epòk lakoloni, kreyolizay la te deja ap balewouze nan atizay yo ak oralti a tou. Kounye a, rete teritwa literè yo ak domèn literati save yo pou li bat kalinda, taye banda toupatou.
Sou plan sosyopolitik, kreyolizay se bati yon soyete kreyòl ginen kote sitwayen ayisyen an amoni avèk anviwònman li. Se chapante yon ekoloji kote enstitisyon Leta kou prive baze sou valè moral, jiridik, etik ak politik ki gen nanm kreyòl. Paregzanp, sou plan sosyolengwistik, konsènan politik ak amenajman lengwistik an Ayiti, kreyolizay se manifestasyon priyorite lang kreyòl la ki sou pwòp teritwa li, devan tout lòt lang tankou anglè, espayòl, alman, fransè.
Sou plan lengwistik, kreyolizay se pa pwosesis kreyolizasyon lengwistik la, sètadi ansanm operasyon lengwistik yo, ki kapab aplike nan kontak de 2 ou divès lang, epi ki te bay lang kreyòl la. Selon yon apwòch lengwistik koyitif, kreyolizay se yon panse endijèn an aksyon nan fòmasyon lang kreyòl la, ki kreye lang kreyòl la. Kreyolizay se pwodui mantal operasyon koyitif yo ki nan fòmasyon lang kreyòl la. Se oryantasyon lespri ak kalite panse ki gide chwa lengwistik yo devan operasyon ak fenomèn tankou leksikalizasyon ak gramatikalizasyon ki konpoze kreyolizasyon lengwistik la. Kreyolizay se oryantasyon ansanm operasyon koyitif yo ki patisipe tankou yon filtraj laye pou nou kreye lang kreyòl ayisyen an.
Degre kreyolizay
Ansyen kreyolizay la manifeste nan fason ansyen ekriven ayisyen yo te konn sèvi ak kreyòl la. Se te mete yon fon kreyòl anndan yon fòm lang etranje. Tankòm kreyolite zèv ki ekri an fransè oubyen an angle epi ki gen yon fon kreyòl. Yon kreyolite san kreyòl! Egzanp: pwezi Marabout de mon coeur (Émile Roumer, Poème d’Haïti et de France, 1925). Woman Kettly Mars la, Kasalé, 2003. Woman Yanick Lahens lan, Bain de lune, 2014.
Se sèvi ak lang kreyòl la nan fransè. Egzanp zèv ki ekri avèk yon langay ibrid, oubyen yon fransè kreyolize, jis pou di yo sèvi ak kreyòl tou. Egzanp J. Roumain, Gouverneurs de la rosée, 1944.
Se itilize yon kreyòl fòlklorik. Egzanp zèv ki ap sèvi ak mo popilè jis pou di yo sèvi ak kreyòl la.
Nan zèv literè yo, se itilize yon kreyòl endont ki pa rafine, ki pa laye. Egzanp powèm ki ekri nan ane 1960, 1970 yo, kote mesay ak etik kreyòl la te gen plis enpòtans pase powetik ak estetik kreyòl la. Selon Lyonel Trouillot, nou jwenn tandans sa a pami kèk jèn ekriven yo tou. Yo pa esplwate ni anbeli fòm langay la.
Pakont, nouvo kreyolizay nou, nan Sosyete Koukouy, ap fè piblisite pou li a, kreyolizay wo degre a, se manifestasyon panse estetik nouvo jenerasyon ekriven ayisyen yo, ki sèvi ak kreyòl la san meleyis meleyo lang etranje, ki sèvi ak powetik, estetik epi etik kreyòl. Egzanp: Adjanoumelezo (1987) kote Franketienne sèvi ak pèsonay Papa Gede ki ap pwomennen nan tout kwen lari a. Eritye Vilokan (2001), kote Pierre-Michel Chéry ap devlope yon woman ak tèz syantifik, san okenn langay ibrid melanje, ki demontre aklè kreyòl ka pale langay lasyans.
Nouvo kreyolizay la, se aplike yon langay atistik epi literè kreyòl rasin oubyen kreyòl ginen ki adapte powetik ak estetik vodoun, nan tout domèn atizay yo. Egzanp: Dezafi (1975) kote Franketienne manyen, transfòme pwovèb ayisyen yo, etan li ap devlope yon pwoblematik vodoun. Vwa zandò (2007) kote Manno Ejèn al fouye nan demanbre, nan memwa kolektif pèp ayisyen an pou li devwale yon idantite kreyòl. Vilokan (2016), kote sanba Kiki Wainwright chapante yon pyès teyat apati egzistans ak enfliyans lwa yo nan evènman lavi lèzòm sou latè. Nan penti ak eskilti, se atizay pent nayif yo, atis pent rasin tankou Préfète Duffault, ak esklitè rasin nan mouvman ayisyen Atis rezistans yo ki al chèche enspirasyon yo nan sous rasin vodoun an.
Nouvo kreyolizay n ap pale a, se esplwate langay kreyòl literè a afon, nan tout dimansyon lang ak kilti li. Gen yon enplikasyon ak yon aplikasyon langay nan lòt domèn atistik yo tou. Egzanp: Senfoni nago (2012), Peleren (2014) ak Dogid Atisou (2018), kote Pierre-Michel Chéry respire souf vodoun an pou li envante sivilizasyon, chapante woman ak tèz, devlope teyori syantifik, epi dekri lòt monn kreyòl pou li plase pèsonay zanmore li kreye nan rakontay nan woman damou. Sezon papiyon (2013), kote Manno Ejèn, ki gen non vanyan Papiyon nwa, pran estetik transfòmasyon an ki nan vodoun, ki nan peryòd papiyon nan sezon Lasenjan, ki nan lasyans tou, pou li manifeste nouvo kreyolizay la.
Nouvo kreyolizay la, se oryantasyon panse ayisyen an, apati travay pansè ayisyen yo, pou yo deplwaye yon panse, yon filozofi ayisyen. Nouvo kreyolizay la se fòs idantite natif natal nou, ki ap sèvi baz nan divès domèn lavi, pou nou devlope peyi nou
Jean-Robert Placide
Manm Sosyete koukouy, seksyon Kanada.
Monreyal, Janvye 2019.