Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kominote, idantite ak dwa lengwistik kreyòl

Jean-Robert Placide
Manm Sosyete koukouy, seksyon Kanada

Octobre 2011

Nan okazyon Jounen entènasyonal Kreyòl 2011 lan, nan Sosyete Koukouy, nou panse gen plizyè etid ki fèt sou Kreyòl la, men pa gen anpil konsiderasyon pratik pou fè kreyòl ayisyen an pran tout plas li gen dwa nan espas piblik yo. Nou konstate gen anpil bèl diskou teyorik, men pa gen deba sou dwa lengwistik kolektif kominote kreyolofòn nan posede. Ositou, (nan kontèks  Kòlòk pou mete kanpe Akademi ayisyen an), pou nou louvri epi alimante aksyon ki ap deside pou devlopman lang kreyòl ayisyen an, nou pwopoze refleksyon sa a sou kominote, idantite ak dwa lengwistik kolektif kreyòl. Objektif tèks la se distenge idantite lengwistik kreyòl nou epi revandike dwa lengwistik kolektif ki ratache ak kominote lengwistik sa a.

Kolektivite, sosyete, kominote

Depi nan papòt n’ap di, kolektivite, sosyete, kominote, se yon pakèt mo nou ta kapab itilize pou nou nonmen gwoup sosyal ki konsènen yo parapò ak sijè nou vle abòde jodi a: kominote, idantite ak dwa lengwistik. Men, chak mo sa yo, menm si yo gen plizyè aspè ki sanble, piske yo tout gen sans rasanbleman, regwoupman, sepandan, yo genyen kèk diferans semantik. Nan divès sikonstans, nou pa toujou kapab sèvi ak yonn pou lòt.

Kolektivite se yon gwoup moùn ki pa gen rapò twò sere antre yo, men yo kapab gen menm enterè. Yo kapab rankontre pou fòme òganizasyon ki gen plis rapò ak aktivite politik, nan yon depatman administratif, yon lokalite, yon katye … Egzanp: kolektivite teritoryal, kolektivite kominal.

Sosyete se plis yon gwoup moùn, ki ta ka rankontre pou fòme yon enstitisyon, ki gen lwa ak règleman, yon chapant sosyal ak kilti, ak koutim. Gwoup moùn sa yo kapab pi gwo, epi yo kapab gen plis branch pase yon kolektivite. Egzanp: sosyete komèsyal oubyen gwoup biznis yo rele sosyete anonim (S.A), gwoup travay latè ki kapab pote non konbit, kò, eskwad, ranpono. Genyen tou sosyete zobop, sosyete chanpwèl, sosyete ameriken, kanadyen, afriken, ayisyen, Sosyete koukouy, Sosyete Pawòl.

Kominote se plis yon gwoup moùn, yon gwoup sosyal ki rankontre sou baz yo gen divès enterè an komen, yo abite nan yon menm espas, yo gen yon solidarite, yon inite (nan panse, konesans, pratik yo nan lavi, dispozisyon, konpòtman, santiman …). Egzanp: kominote sosyal, kominote relijye, kominote syantifik, kominote entènasyonal...

Pami 3 non pou moùn ki regwoupe tèt yo (oubyen zòt regwoupe moùn sa yo) sou baz lang yo pale, se mo kominote a ki sonnen pi byen epi ki gen plis bon sans.  Lè li konekte avèk koze lang lan, nosyon kominote a mache ak konesans, panse, santiman apatenans, inite, solidarite gwoup moùn sa yo devlope ansanm. Nan sans sa a, nan koze sou kesyon lang lan, nou ap plis sèvi ak espresyon kominote lengwistik la ki kapab ranmase plizyè eleman sosyolengwistik tankou lang, panse, etni, istwa, idantite.

Kominote lengwistik

Jiskaprezan, sosyolengwis yo gen plizyè pozisyon diferan parapò ak yon definisyon ki ta final pou koze kominote lengwistik la.1

Paregzanp, Bloomfield (1933) panse yon kominote lengwistik se yon gwoup moùn ki ta pale menm lang lan.  Men, anyen pa di sou ki degre konesans lang lan, ki degre metriz lang lan yon moùn ta dwe posede pou li ka manm kominote lengwistik sa a. Labov (1976) panse yon kominote lengwistik se yon gwoup (paladò) ki ta pataje menm nòm lengwistik yo2, sètadi, ki gen menm atitid sosyal an rapò avèk lang. Tandiske Hadjadj (1983) panse gen plizyè eleman ni pozitif ni negatif pou yo ta pran an konsiderasyon pou yo ta kapab eseye defini koze kominote lengwistik la: kolektivite politik nasyonal yo, lang idantitè yo, entèkonpreyansyon, omojeneyite, entegrasyon senbolik, kominikasyon entansif, premye lang oubyen dezyèm lang, lang matènèl oswa lang segonn, langue acquise ou langue apprise, eks..

Kominote lengwistik Ayiti 

Laguerre (1985) di, selon kèk lengwis tankou Dejean (1979), ki te parèt ak yon teyori sou kominote lengwistik Ayiti yo, Valdman (1979) ak Pompilus (1979), ki te dakò ak menm teyori sa a, sanble ta genyen 2 kominote lengwistik (speech community) an Ayiti3. Yon gwo kominote (Kr) ki pale Kreyòl, epi anndan li, yon ti kominote frankofòn bilenng (Fr) ki pale kreyòl ak fransè. Se yon modèl ki kòrèk, ki kòdyòm ak Bloomfield (1933). Sepandan, nou panse li ta merite yon ti pase men rafrechisman an 2011 lan, parapò ak nouvo devlopman sitiyasyon lengwistik Ayiti a.

Premyèman, vizyon sa a pa fè okenn diferans ant kominote fransè ak kominite frankofòn4. Paske, an 1979 oubyen an 1985, nan espresyon kominote (fr) la, se sèlman Ayisyen yo konte. Alòske, an 2011, anbasad Lafrans ekri genyen anviwon 1500 manm frankofòn kominote fransè a ki Ayiti, pafwa ki nan peyi a depi plizyè jenerasyon5. Defèt, nan reprezantasyon plan oubyen imaj sitiyasyon lang fransè nan peyi a, tò ou rezon, teyori sa a pa te konsidere kominote sitwayen fransè sa yo ki toujou kenbe lang matènèl yo ak kilti yo. Se yomenm ki ta sipoze yon kominote lengwistik fransè (fr) ki ta diferan ak gwoup ayisyen (bilenng ou diglòt) frankofòn ki pale fransè ak kreyòl yo. Dèlò, ta kapab genyen okazyon pou nou ta depareye gwoup fransè frankofòn nan (frankofòn natifnatal yo) ak gwoup ayisyen frankofòn yo (frankofòn adoptif yo). Si gen yon gwoup sosyal (presizeman etnik) pou nou ta konsidere tankou yon minorite lengwistik frankofòn (avèk privilèj pou  ta gen dwa lengwistik fransè ou kreyòl) nan espas amenajman lengwistik Ayiti a, se ta pito ti kominote fransè sa a ki soti Lafrans lan, men se pa ti ponyen Ayisyen Ayiti a (dayè, ki pa yon gwoup etnik espesyal anndan peyi a), ki ta gen yon pratik itilize fransè a kòm lang matènèl oubyen ki te aprann pale fransè lekòl, men ki pale kreyòl tou.

Dezyèmman, se pa paske yon Ayisyen Ayiti pale yon lang adoptif ou etranje, paregzanp fransè, (alman, anglè, espayòl), pou di li fè pati (speech community) manm kominote lengwistik lang sa a, avèk dwa lengwistik konfòm ak kominote sa yo. Selon pawòl jounalis Belmondo Ndengué6 ki fè yon repòtaj sou 3 liv Joseph-Bernard Jr yo, gen powèt ak ekriven ayisyen tankou Carl Brouard, Jules Faine ak Jacques Roumain ki te konn pale alman. San grate tèt, yo te jèmanofòn. Èske Ayisyen sa yo te manm kominote lengwistik alman (ki te sipoze an Ayiti a) ? Repons lan se : non! Genyen prezidan, minis, depite, majistra ak pwofesyonèl ayisyen nan divès domèn  ki pale anglè, ki leve,  ki fòme, ki edike ni tèt yo ni pitit yo an anglè. San mantò, san fo mamit, yo se anglofòn. Èske ayisyen sa yo te (oubyen se) manm kominote lengwistik anglè (ki gen lekòl, inivèsite ak plizyè lòt òganis an Ayiti a) ? Repons lan se : non! Alò, pou ki rezon Ayisyen Ayiti yo ki konn pale fransè ta manm kominote lengwistik fransè ki an Ayiti a, avèk dwa lengwistik fransè an plis?

Twazyèmman, anyen pa di sou ki degre konesans lang lan, ki degre metriz lang lan yon moùn ta dwe posede pou li manm kominote lengwistik sa a. Anyen pa di si se lang matènèl (L1, sètadi, premye lang  oubyen yonn nan premye lang manman yo ak papa yo), si se dezyèm lang (L2) oubyen si se lang etranje (L.E). Epi, pou fini, nan sitiyasyon kote se yon dezyèm lang ak si se yon lang etranje, ki degre konpetans yo ta dwe genyen nan 4 abilte lengwistik fondamantal yo ( konprann, pale, li ak ekri), nan sitiyasyon se yon dezyèm lang ak si se yon lang etranje yo.

Kwakilanswa, nan konsidere Ayisyen sèlman, teyori sa a analize 2 grenn lang, kreyòl ak fransè, men li pa pran an konsiderasyon lòt lang yo tankou anglè ak espayòl oubyen menm alman. Lontan, se te boujwa ak entèlektyèl ki te konn pale fransè (ak lòt lang). Men, jounen jodi a, gen klas mwayèn nan ak moùn lamas tou ak tout piti yo ki pale fransè, anglè, espayòl (ak lòt lang). Konsa, nan fè gwoup lengwistik yo sou baz lang lan, si nou pran echantiyon Ayisyen sèlman, nou ka konstate, an 2011, gen yon ti gwoup  ki pale anglè, epi yon ti gwoup ki pale espayòl. Nou menm tante pou nou ta ajoute lòt lang ankò. Gen yon bann Ayisyen ki te simaye ap fè pitit toupatou, ki retounen oubyen ki gen zantray yo ki vin fè nich Ayiti. Gen omwen 2 jenerasyon Ayisyen toupre nou ki pale kreyòl ak anglè sèlman, oubyen kreyòl ak espayòl sèlman. Si, jodi a, nou ta aplike modèl sa a ak prensip teyorik li a, Ayiti t’ap vin eklate an miyèt kominote lengwistik. Akote gwoup lengwistik (Kreyolofòn) nan nou t’ap genyen gwoup lengwistik (anglofòn)  ki pale kreyòl ak anglè, gwoup lengwistik (ispanofòn) ki pale kreyòl ak espayòl, plis  lòt yo ki pale kreyòl ak lòt lang ankò. Dèlò, lè n’ap reklame dwa lengwistik, se pa ta sèlman pou gwoup (Kreyolofòn) nan. Fò nou  ta mande ni pou gwoup (anglofòn) nan, ni pou gwoup (ispanofòn) nan, ni pou tout lòt gwoup nou ta ka jwenn nan analiz n’ap fè sou eta sitiyasyon lang nan peyi a. Lojik teyori lengwistik sa a ki asepte, sou baz ayisyen ki pale lòt lang yo (fransè, anglè, espayòl …), pou yo ta fòme yon (speech community) kominote lengwistik la, li pa an favè inite nasyonal peyi Ayiti a. Se poutèt sa, nou pa fin renmen teyori lengwistik sa a twòp twòp, kòm baz nan kondisyon pou nou reklame dwa lengwistik kreyòl nou.

Se vre, modèl ki devlope pi wo a, se yon modèl enteresan paske li chita sou lang teritwa a, sou lang san pou san ayisyen pale a, kreyòl ayisyen an, pou li idantifye gwo kominote lengwistik la ki anglobe tout ayisyen. Sepandan, nan analiz nou ap fè sou kominote lengwistik ki gen dwa lengwistik sou baz lang yo pale a, baz lengwistik nou sot wè yo twò flou, yo pa fin twò estab ni solid. Yo chaje ak pwen mistè ki pa ko fin klè. Se sa lengwis fransè Louis-Jean Calvet (2001) konstate lè li di:

Une communauté linguistique est en effet, selon les auteurs, définie comme l’ensemble des locuteurs d’une même langue (et dans ce cas un individu peut appartenir à différentes communautés s'il parle plusieurs langues) ou l’ensemble des locuteurs ayant une même première langue (ou " langue maternelle ", et dans ce cas un individu ne peut appartenir qu'à une seule communauté)7.

Ositou, nou pito mache ak fason òganizasyon entènasyonal tankou UNESCO wè oubyen defini kominote lengwistik la. Se yon definisyon,  majorite peyi ak eta yo asepte, ki pi global, ki ranmase anpil eleman sosyolengwistik, ki kore plizyè fonksyon lengwistik kreyòl la (tankou nenpòt lang) dwe ranpli. Sou fondas ki poze nan Déclaration universelle des droits linguistiques la (DUDL)8, nou pi alèz pou nou reklame tout dwa lengwistik kreyòl nou yo.

Kominote ak dwa lengwistik kreyolofòn (daprè DUDL)

Déclaration universelle des droits de l’homme se yon gwo zam li ye nan defann dwa moùn. Plizyè peyi (Ayiti tou) aksepte, adopte deklarasyon sa a, sèvi ak li kòm baz nan konstitisyon yo. Militan politik sèvi ak li tou pou yo defann tout moùn yo brimen dwa yo kòm moùn.

Déclaration universelle des droits linguistiques se yon zouti kon sa tou, pou defann dwa lengwistik ni moùn, (sou baz dwa lengwistik pèsonèl, endividyèl), ni kominote lengwistik (sou baz dwa lengwistik kolektif). Divès peyi, (Ayiti tou), pran DUDL la an konsiderasyon pou yo chapante politik ak amenajman lengwistik anndan sosyete yo a, (espesyalman nan sitiyasyon konfli lengwistik). Militan kiltirèl sèvi ak li pou yo defann oubyen pwoteje lavi lang ak kominote lengwistik ki an danje. Se poutèt sa, nan kontèks Ayiti a, nou pran Deklarasyon inivèsèl dwa lengwistik la kòm temwen pou nou idantifye kominote ak gwoup lengwistik ki ta gen dwa lengwistik yo (pèsonèl ou kolektif). Epitou, anndan Deklarasyon an, nou tou al chèche dwa lengwistik kolektif Leta ayisyen dwe aplike an favè kominote lengwistik kreyolofòn nan, sètadi, tout Ayisyen nèt alawonnbadè.

Selon  Déclaration universelle des droits linguistiques la (DUDL), atik 1.1 «La présente Déclaration entend par communauté linguistique toute société humaine qui, installée historiquement dans un espace territorial déterminé, reconnu ou non, s’identifie en tant que peuple et a développé une langue commune comme moyen de communication naturel et de cohésion culturelle entre ses membres. L’expression langue propre à un territoire désigne l’idiome de la communauté historiquement établie sur ce même territoire».

Kominote lengwistik, se yon sosyete ki enstale depi lontan sou yon teritwa, ki idantifye tèt li kòm pèp, epi ki devlope yon lang inite ant yomenm. Lang kominote sa a se pwòp lang teritwa a. Pou nou, nan ka Ayiti a, se sèl kominote lengwistik kreyolofòn nan, ki regwoupe tout Ayisyen alwonnbadè, ki idantifye pwòp tèt li kòm yon pèp, ki abite nan yon espas ki rele Ayiti depi nan ane 1500 – 1511 yo konsa, ki devlope yon lang (kreyòl ayisyen an) pou sèvi ni kòm zouti kominikasyon, ni kòm kat idantite lengwistik kolektif, sèl vrè lang teritwa a, sèl grenn lang idantitè ki ini tout Ayisyen ansanm nan. (Ale wè : Atik 5 ki nan Konstitisyon 1987 la).

Pakont, gwoup Ayisyen ki pale fransè ak kreyòl depi nan titès yo, ak sila yo ki te al lekòl, osnon ki te pase nan peyi etranje, epi ki pale fransè, anglè, espayòl, yo pa janm klase tèt yo ni deklare (piblikman) yo se yon lòt pèp apa ki pa Ayisyen. Menm gwoup boujwa ayisyen yo, ki gen zansèt Siryen ak zansèt Libanè yo, ki Ayiti depi 1880,9yo pa janm dekrete yo se yon lòt pèp ki pa ayisyen. Genyen Ayisyen nan klas mwayèn nan ki nan menm sitiyasyon sa yo tou, men ki gen zansèt Italyen, Alman10, Polonè.11 Malgre anpil manm nan gwoup boujwa ak klas mwayèn nan deklare yo gen 2 lang matènèl, fransè ak kreyòl, men devan Leta ayisyen an, yo pa janm reklame yo se Fransè, Alman, Polonè, Siryen, Libanè. Sou baz zansèt yo ak lang yo pale, (genyen menm ki pa pale ditou lang zansèt yo), yo pa janm demontre, devan Leta ayisyen a,  yo se yon lòt etni, yon lòt pèp apa ki pa Ayisyen. (Dayè, non sèlman yo pa fè li, men tou, se pa nan enterè politik yo pou yo ta fè deklarasyon ki ale nan sans sa nonplis. Deplis, pou ranmase avantay ekonomik, yo pito asimile tèt yo, fonn yo anndan sosyete ayisyen an). 

Pakonsekan, apati remak ( sosyal, politik, ekonomik, idantitè) sa yo, nan konpreyansyon pa nou, sou baz fransè a sèlman, minorite ayisyen sa yo pa fòme ni yon kominote lengwistik, ni yon gwoup lengwistik ak yon idantite lengwistik kolektif jouktan pou yo ta genyen dwa lengwistik sou baz lang sa a (ni okenn lòt lang etranje). Poudayè, se kèk lengwis ayisyen ki klase yo nan gwoup lengwistik fransè olye frankofòn. Yo pa janm ditou ni deklare, ni pwoklame, ni reklame pwòp tèt yo kòm manm gwoup lengwistik fransè an Ayiti.

Sepandan, nan sans definisyon DUDL bay pou gwoup lengwistik la, lè nou konsidere etni fransè ki sou teritwa Ayiti a, (sou ± 1500 sitwayen fransè genyen ± 1000 ekspatriye)12, nou admèt tou gen yon gwoup lengwistik Ayiti: gwoup lengwistik fransè. Se yon fason panse ki konplètman dakò ak prensip ki nan deklarasyon inivèsèl dwa lengwistik yo. Nan san sa, nou ta ka konsidere etni fransè a (gwoup ekspatriye ki andeyò teritwa li a) kòm gwoup lengwistik frankofòn fransè sou teritwa peyi Ayiti a (ki se pwòp teritwa gwoup kreyòlofòn nan. Men pawòl ki ekri nan atik 1.5 DUDL la: 

«La présente déclaration entend par groupe linguistique [gwoup lengwistik fransè a] tout groupe social [etni fransè a] partageant une même langue [lang fransè a] installé dans l’espace territorial [Ayiti] d’une autre communauté linguistique [kominote lengwistik kreyòlofòn nan] mais n’y ayant pas des antécédents historiques équivalents. Ce qui est le cas des immigrés, des réfugiés, des personnes déplacées ou des membres des diasporas [ekspatriye  fransè yo]

Dwa lengwistik kolektif kreyòl (daprè DUDL)

Lachanm ak Leta Ayiti deja aplike plizyè dwa lengwistik kolektif ki nan DUDL la, swa pou yo respekte, swa pou yo pwoteje dwa ak idantite lengwistik kominote kreyolofòn nan. Men yon egzanp:

Toute communauté linguistique a droit à ce que sa langue soit utilisée en tant que langue officielle sur son propre territoire (D.U.D.L., article 15.1)

Atk 5 nan konstitisyon Ayiti a di: Sèl lang ki simante tout Ayisyen nèt ansanm, se kreyòl la. Kreyòl ak fransè se lang ofisyèl Repiblik Ayiti.

Sepandan, Lachanm ansanm ak Leta ayisyen dwe pran lòt dispozisyon pou yo respekte epi fè respekte dwa ak idantite lengwistik kominote kreyolòfon nan ki sou pwòp teritwa li. Men yon seri atik ki kore dwa lengwistik nou revandike kòm manm (epi nan non) kominote kreyolofòn nan.

Toute communauté linguistique a le droit de décider quel doit être le degré de présence de sa langue, en tant que langue véhiculaire et objet d’étude, et cela à tous les niveaux de l’enseignement au sein de son territoire : préscolaire, primaire, secondaire, technique et professionnel, universitaire et formation des adultes (article 24).

Toute communauté linguistique a droit à un enseignement qui permette à tous ses membres d’acquérir une maîtrise totale de leur propre langue de façon à pouvoir l’utiliser dans tout champ d’activités, ainsi que la meilleure maîtrise possible de toute autre langue qu’ils souhaitent apprendre (article 26).

Pakonsekan, Mouvman kreyòl, Sosyete Koukouy, nou egzije pou pwogram alfabetizasyon ak eskolarizasyon kominote kreyolofòn nan fèt an priyorite an kreyòl, avèk yon metriz posib lòt lang yo : fransè, anglè, espayòl.

Toute communauté linguistique a le droit d’exiger que les lois et les autres dispositions juridiques qui la concernent soient publiées dans la langue propre à son territoire (article 18.1).

Pakonsekan, Mouvman Kreyòl, Sosyete Koukouy, nou egzije pou Le Moniteur pibliye an kreyòl tou.

Toute communauté linguistique a le droit de décider quel doit être le degré de présence de sa langue dans les médias de son territoire, et ceci qu’il s’agisse de médias locaux ou de médias d’une plus grande portée et recourant à une technique plus avancée, indépendamment du système de distribution ou du mode de transmission utilisé (article 35).

Pakonsekan, (pou kounye a), nou egzije pou kreyòl la parèt anivo 50%, sètadi mwatye-mwatye, avèk fransè a, nan tout kominikasyon piblik ekri, kit se dokimantasyon piblik òganis Leta, oubyen òganis prive, nan jounal, nan afich piblisite, nan tou ekri piblik ki ap sikile.

Toute personne a le droit d’utiliser la langue propre au territoire dans ses relations avec les entreprises, les établissements commerciaux et les organismes privés et d’exiger qu’il lui soit répondu dans cette langue (article 51.1).
 
Toute personne a le droit, comme client, consommateur ou usager, d’exiger d’être informée oralement ou par écrit dans la langue propre au territoire dans les établissements ouverts au public (article 51.2).

Pakonsekan, Mouvman kreyòl, Sosyete Koukouy, nou egzije pou òganis Leta kou prive ekri nou an kreyòl, epi pou nou reponn yo an kreyòl.

N’ap kanpe la, paske lis dwa lengwistik kolektif kreyòl pou Lachanm ansanm ak Leta ta aplike yo twòp pou ti espas jounal la. Tout moùn, ki enterese konnen plis sou dwa lengwistik kolektif kreyòl ki dwe aplike yo, ta kapab ale wè dokiman Déclaration universelle des droits linguistiques la sou sit entènèt UNESCO a ak lòt sit espesyalize tankou www.linguistic-declaration.org.

Mouvman kreyòl, Sosyete koukouy swete Lachanm ansanm ak Leta ayisyen an pral pran tout mwayen posib, paregzanp : mete Akademi ayisyen kanpe (Konstitisyon 1987, atik 213), pou respekte epi fè respekte idantite ak dwa lengwistik pèp ayisyen an.

Jean-Robert Placide
Manm Sosyete koukouy, seksyon Kanada

Nòt

  1. Hazaël-Massieux, Marie-Christine, Rapports entre sociétés et langues, sou http://creoles.free.fr/sociolinguistique/societes.htm
     
  2. On la [la communauté linguistique] décrit mieux comme étant un groupe qui partage les mêmes normes quant à la langue. (Labov 1976 : 228).
     
  3. Pierre Michel Laguerre, «L’enfant haïtien entre deux langues: une analyse de la situation linguistique de l’enfant immigré haïtien au Québec», Québec français, no 57, 1985, p.62-69. Ale wè http://www.id.erudit.org/iderudit/47252ac
     
  4. Nan domèn literè, literati fransè ak literati frankofòn pa menm. Literati frankofòn se pwodiksyon literè an fransè nan tout lòt peyi, eksepte Lafrans. (Ale wè: Hendrik van Gorp et al (2005), Dictionnaire des termes littéraires, p. 211).
     
  5. Ale wè http://www.ambafrance-ht.org/spip.php?article348, nou te li 4 jiyè 2011.
     
  6. «L’étonnante histoire de la présence allemande en Haïti», nan http://lenouvelliste.com, nou te li 28 jen 2011.
     
  7. Louis-Jean Calvet (2001, Identité et plurilinguisme.
     
  8. Conférence mondiale des droits linguistiques: déclaration de Barcelone (1996), sou sit entènèt UNESCO a ki se: www.unesco.org
     
  9. Selon Labelle (1987), an 1905, te gen 10 a 15.000 Siryen –Libanè nan peyi a.
     
  10. Ale wè Joseph-Bernard Jr (2011).
     
  11. An 1804, gen anpil polonè ki te nan lame fransè a, ki vin gen nasyonalite ayisyen, Nan epòk Dezyèm gè mondyal, nan ane 1934 yo, polonè ak alman ki te vin refijye, kache kò yo Ayiti pou Hitler pa te rekrite yo pou ale nan lagè. Pitit ak pitit-pitit yo toujou ap viv Ayiti kòm ayisyen, kèlkeswa gwoup sosyal yo.
     
  12. Anbasad Lafrans, http://www.ambafrance-ht.org/spip.php?article348, nou te li, jou 4 jiyè 2011

boule

 Viré monté