Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Jacques Pierre jacquespie@gmail.com |
Òganizayon yon somè
pa ta dwe ban n somèy
antan n ap jebede nan yon lang
pi fò moun Karikòm pa pale
Ann defann yon lang ki gen pou wè ak rasin nou
pase n ap ranse nan yonn nou pa maton ladan
epi ki enstale l kou karapat sou lestonmak
dènye tchovit k ap monte lesyèl pa do
Bèl kout vaksin pou dirijan nan Karikòm
ki vag kou chamo douvan so kabrit
kèk minis ta ka pare pou nou si te gen volonte
san yo pa blije mate n ak yon flonn sirèn
pou fè n pantan nan somèy lajounen kou lanwit
Apredje ak bon jan diven ap tonbe
dosye lang ak kriminalite ap defile
reprezantan ak bon jan kolonn vètebral sou kote
epi mawoko chita nan tèt pou ka ri kòm plon gaye
Jacques Pierre