Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Renmen m ankò

Joubert Joseph

Separasyon nou
S on pawòl ki chire lespri
Yon souvni lanmò
Nan memwa timoun
Ou kite m cheri
Rèv nou pa depaman
Silans nou gen menm koulè

Tete goch ou cheri
S on mizik k ap koule
Nan fant dwèt yon  powèm
Se pi bèl planèt
Lanaza poko dekouvri
S on siwo myèl mouch-pa-poze
K ap fè foumi filalang

Renmen w cheri
S on santiman k pote doulè
Yon rèv timoun
Granmoun ap pilonnen
Chak fwa m renmen w
Tout sa k devan m
Sanble avè w

Renmen m ankò cheri
N a antre nan yon lanmou jete-dlo
Yon lanmou kouran-dirèk

Anvan fil kè nou kase.

***
Joubert Joseph, powèt.
11 Mas 2016

boule

 Viré monté