Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Kòmantè Joubert Joseph sou "Sèt priyè lari"

Joubert Joseph

Sèt priyè lari son liv ki brase rèv, foli, espwa, ak reyalite mete anndan menm bokal. Gen kote mo yo gen sant revolisyon, yon lòt bò yo gen sant lanmou ak foli.

Anndan liv la pa gen mo ki inosan yo chak gen yon wòl yo jwe. Chak fwaw tanmen li yon powèm, se tankouw rantre nan yon vwayaj san fen. Epi kote w panse powèm nan ap mennenw se pa lal mennenw. M plis kwè se mo yo ki rale powèt la, epi li pa fè rèd ak yo li kite yo koule. Sa se demach tout vrè powèt, epi rekèy la byen koud ak metafò.

M te ka di se tout lavi powèt la ki fèmen anndan liv la:

"N aprann renmen an kachèt
San kenn moun pa konnen
Depi lapli mouye kèm
Se nonw kap degoute."
(Nanadou, paj 79).

Ak maji mo yo Iléus Papillon envante yon sous powetik kote anpil ti jenn ki vle ekri pwezi ta dwe vin bwè. Liv la son envitasyon lanmou nan peyi pèdi. Powèt la angajel nan kole pyese mo pou denonse yon Leta kap kraze kuiy pòv, kap souse san yon pèp mizèrere:

"[...]Yon moun fou wè nan jounal
Solèy bare Leta kap vann dlo je timoun."
( Sou pòtay, paj 25).

boule

 Viré monté