Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Donk se kiyès ki pral jete flè?

René Philoctète
(trad. Joubert Joseph)

Donk se kiyès
Ki pral jete flè
Sou pon wouj
Sou channmas
Ofrann ki koule
Nan lawont blese

Je pa pote prentan
Si lannuit ap vini
Douvanjou dèyè

Yon pakèt bwi
Ranje sou tèt nou
Syèl la ratresi
Yon pakèt jwèt sevè
Nan ri nou
Timoun yo ap granmoun

Mwen menm
Mwen modi konpòtman
K ap detwi
K ap souri
K ap beni
E k ap touye

Donk se kiyès ak dezonè
Sou fontenn li
K ap oze jete flè
Vètyè
Sou pon wouj

Dye yo rete nan vètij
Kote avilisman pa antre.

René Philoctète

[Powèm sa a te ekri an franse]
Sa se tradiksyon Joubert Joseph.

boule  boule  boule

Qui donc ira jeter des fleurs?

Qui donc ira jeter des fleurs
au Pont Rouge
au Champ de Mars
les offrandes coulées dans la honte
blessent

Les yeux ne portent pas le printemps
si la nuit s'annonce
l'aurore prévue

Tant de bruits arrimés sur nos têtes
le ciel se rétrécit
tant de jeux sévères dans nos rues
les enfants vieillissent

 Moi je maudis le manège qui sabre
qui sourit qui bénit
et qui tue

Qui donc l'opprobre au front
ose jeter des fleurs à Vertières au Pont Rouge
Les dieux habitent des vertiges
où n'entrent pas les flétrissures

René Philoctète

boule

 Viré monté