Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Jwe avè m

Joubert Joseph

Chak fwa kè m bat pou ou
Son milyon rèv ki resisite
Chak plim ki leve sou po m
Lè m wè w
Son pinga damou
Prezans ou mete
Pou souf nou pa depatcha
----
----
Jwe avè m cheri
Jouk nou fè souvni dantan
Mache nan venn sonje n
Jouk nou fè lapli tonbe
Ak batman kè n
----
----
Jwe avè m cheri
Jouk nou nwaye lanmè
Nan swè kò n.
----
----

Joubert Joseph, powèt.
28 oktòb 2015

boule

 Viré monté