Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

MANJE LAKAY...
WOUY, WOUY SE WOLOLOY

André Fouad
Je'm ap cheche 'w tankou yon ja
nan mitan touf nwaj nan syel
Je'm ap cheche'w tankou yon ja
nan sekre fey papye la pwezi
Je'm ap cheche'w tankou yon ja
nan 7 koule lakansyel yo

Nen'm nan cheche promennen
li pran lode anba tonel
yon lode diri ak la
yon lode diri pwa kongo,yon lode pitimi
yon lode de ti moso andwi ki tonbe
nan chodye lwil k'ap fri

Wouy, wouy se wololoy

La jwa anvayi'm de la tet o pye
le lode fritay anvayi'm
yon lode tyaka byen chofe anvayi'm
le la brim di swa blayi
yon lode akasan anvayi'm l
le lawouze komanse tonbe

Wouy, wouy se wololoy

Je'm ap cheche AYITI TOMA tout pou mwen
peyi'm se sa li ye,se sa l'ap toujou ye
anba kadans bel pawol,bel mizik ,bel kont
pei'm se sa li ye,se sa yo pa konnen
peyi'm se sa li ye,se sa yo pa janm konnen
peyi'm se sa li ye,peyi'm se sa li te ye

Wouy, wouy se wololoy

Peyi'm s'on bel peyizaj boutilye
yon bel rivye
yon bel flev latibonit
yon bel fanm k'ap danse banda
yon madan sara andeyo
yon manje lakay ki bon nan dyol

Wouy, wouy se wololoy

Peyi'm s'on bel mango fransik
nan bouch yon timoun la plenn
s'on dous makos
nan bouch yon fanm miwa de zanj moun ti gwav
s'on ma yi moulen benyen ak kalalou
nan bouch yon peyizan k'ap travay la te

Wouy, wouy se wololoy

Peyi'm s'on bel fet,yon bel seremoni
s'on koudyay wololoy atis
s'on grap kenep la dous ki vyen
ki fe menm soley pran bave gwo jounen
peyi s'on rev mwen fenk fe pou demen pi bel
anba yon boutey kremas,boutey kleren byen tranpe.

boule

André Fouad

André Fouad a été choisi comme "POETE DE L"ANNEE 2007" pour la ville de North Miami dirigée par CARLOS ALVAREZ dans le cadre du mois de l'heritage culturel haïitien du 1er au 31 mai 2007. Le theme retenu pour cette annee a été "CELEBRONS LE GOUT D"HAITI".

Les trois lauréats repondent aux noms de ANDRE FOUAD, MARIE BRUNINE DAVID et PROSPER SYLVAIN(MACKENDAL).

Le jury etait composé des personnalités du monde artistique et culturel de Miami: FARAH JUSTE (chanteuse), YVETTE LEROY (poètesse), LESLIE PRUDENT (éducateur), FRANTZ KIKI WAINWRIGHT (poète-musicien) et JEAN MAPOU (poète).

Viré monté