Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Reginald Fils-Aimé

Tu dis OUI
Et tu es marialement belle

Ton OUI
Dégringole en moi comme un rocher

Tu souris
Et je jaillis comme un pleur vers tes lèvres pour t’aimer

Tes lèvres ressemblent à deux tranches de vie

T’aimer
M’ouvrir à toi
Pour l’engloutissement de ton fleuve en crue
M’offrir à toi
Pour le débordement lumineux de ton vide abyssal

Mon amour, mon OUI:
ma vie brulée à l’immarcescibilité de ton sourire

boule  boule  boule

Lè w’ di wi
Ou bèl tankou premye rèl ti bebe.

Wi ou
se yon pwomès lavi sou lèv ou
Lou kou wòch k’ap degrengole nan falèz lestomak mwen pou vin teri sou kè m’.

Lèv ou g’on gou lavi lè l’ poze sou kadav mwen.

Renmen w
 se ouvri m ba ou
pou m anglouti tout lanmè doulè ou, tout dechennman rara lajwa ou.

Renmen w
se ofri m ba ou
pou menm barik san fon ou ta ka plen plis pase ra bouch ak limyè.

Lanmou mwen
se LAVI pa mwen k'ap BOULE pou souri pa OU pa janm tenyen !

boule

 Viré monté