Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Istwa Enstiti Kreyòl la : The Creole Institute History

Inivèsite Indiana University

Photo: Inivèsite Indiana University.

Rankont (kèk) ansyen manm enstiti a, e chèrchè ladan pandan resepsyon fèmti l (9 me 2019). SOTI SOU GOCH: Nicolas André (metriz an lengwistik fransè, 2008; an chaj kou Florida International University); manm estaf Karen Smith; Ben Hebblethwaite (PhD an lengwistik fransè), 2007, pwofesè asosye nan University of Florida); Albert Valdman, Hilde Valdman, Thomas Klingler (PhD an lengwistik, 1992, pwofesè asosye, Tulane University), Kevin Rottet (PhD an lengwistik fransè, 1995; Pwofesè asosye, IU Bloomington), Carly Bahler (kandida doktora an lengwistik fransè) et Jason Siegel (doktora an lengwistik fransè, 2014, an chaj rechèch nan University of the West Indies).

Enstiti Kreyòl  la fonde an 1968 e dirije pa Albert Valdman pandan 50 ane egzistans li. Se te sant prensial nan Etazini pou preparasyon materyèl ansèyman e resous pou kreyòl ayisyen. Li pwodui yon seri piblikasyon, enkli materyèl pou anseye lang nan: Basic Course in Haitian Creole (1970) e Ann Pale Kreyòl (1988; ed. 2001); diksyonè bileng ki pi rekoni pou lang nan: Haitian Creole-English-French Dictionary (1981),  Haitian Creole – English Bilingual Dictionary (2007), e English-Haitian Creole Bilingual Dictionary (2017); e tou deskripsyon ki pi konplè sou lang nan: Haitian Creole: Structure, Variation, Status, Origin (2015). Enstiti a divèsifye tou nan domèn lengwistik edikatif e planifikasyon lang. Sou lobedyans Biwo Edikasyon Bileng e Afè ki lye a Lang Minorite  (Office of Bilingual Education and Minority Language Affairs /U.S.D.E), li te òganize kat (4) enstiti ete pou fòme anseyan bileng ki enplike nan ansèyman ti Ayisyen nan twa sant prensipal nan dyaspora ameriken an: Nouyòk, Miyami, e Boston (1981-84). Avèk finansman USAID, li te òganize an 1979 yon konferans Ayiti sou itilizasyon kreyòl nan ansèyman primè Ayiti (Créole et Enseignement Primaire en Haïti) avan lansman Mnistè Edikasyon an Ayiti sou pwogram refòm ansèyman bileng. Piblikasyon sou lòt kreyòl a baz fransè, The Saint-Lucian Creole Basic Course (1968) e Dictionary of Louisiana Creole (1998). An 2007-2010, ak sipò NSF, Enstiti a mennen premye gwo etid gwo etid sosyolengwistik sou kreyòl ayisyen kote l met anfaz sou varyete ki pale Okap (Kap Ayisyen), nan nò Ayiti.

Asosye etwatman ak Depatman Fransè e Italyen (FRIT), e an kolaborasyon ak plizyè inivèsite an Lwizyàn, Enstiti a dokimante fransè an Lwizyàn avèk CD-ROM Discovering Cajun French Through the Spoken Word (2003), e Dictionary of Louisiana French: As Spoken in Cajun, Creole, and American Indian Communities (2009). Travay sa yo te reyalize avèk kontribisyon yon ansyen etidyan, e pwofesè fransè asosye, Kevin Rottet (PhD, 1995) ak lòt ansyen etidyan ki diplome nan depatman FRIT: Thomas Klingler (PhD '92), Tamara Lindner (PhD 2008), Barry Ancelet (MA '77) e Deborah Piston-Hatlen (MA '89).

Enstiti Kreyòl la ak FRIT, ak sipò NSF, NEH, Komite Siperyè pou Defans ak Ekspansyon lang fransè a, e plizyè fondasyon te òganize konferans ki abouti a piblikasyon plizyè volim ouvraj kolektif: Identité culturelle et francophonie dans les Amériques I, II (1976, 1977), Theoretical Issues in Creole Studies (1980), Historicity and Variation in Creole Studies (1981), Issues in International Bilingual Education (1982), Haiti: Today and Tomorrow (1984), French and Creole in Louisiana (1997), and Le français en Amérique du Nord (2005).

Albert Valdman (pwofesè lengwistik e lengwistik fransè) fondatè Enstiti Kreyòl la (ki lye etwatman ak depatman an) an 1968. Li te aktif jiska me 2019.

    

 

Inivèsite Indiana University

Lennch (kèk) ansyen etidyan Enstiti Kreyòl la (9 me 2019). SOTI SOU GOCH: Ben Hebblethwaite,
David Tezil (PhD an lengwistik, 2019), Hilde et Albert Valdman, Nicolas André e Thomas Klingle

Creole translation, courtesy: Emmanuel W. Védrine, author of
Twenty five Years of Research & Publications on Haiti,
the Haitian Diaspora and on Haitian Creole

*  *  *

E. W. Védrine Creole Project, Inc.
Boston, Massachusetts

*

 Viré monté