Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan

Pwèm

Fed Cameau Dosmas fils
Sosyal Wòkè, powèt, pawolye, dramatij…

Marassa
Marassa par Denis SMITH(Saint Soleil).
© Espaceloas

Yon Tan

Te gen yon tan
Nan tan lontan
Lontan nan kasika maryen
Te genyen yon bèl ti kwen
Ti kwen tout moun te konnen
Ye te rele li tè kalsinen

Se te nan lanne 1420
Tout sitwayen peyi maryen
Te aliyen
Anba yon gwo rak labapen
Te genyen yon gwoup endyen
Yon gwoup endyen tout moun te konnen
Kite fanmi mèt ansasen
Yo te rele kò milisyen

Yo te kòmanse toufounen
Ak kout baton monben
Tou sitwayen peyi maryen
Kite kont kò milisyen

anis

Potomitan

Nan lanne 2020
Estasyon nou rele POTOMITAN an
Prale tounen yon kokenn chenn manman toupi nan lespas
POTOMITAN prale tounen kalfou siveyans
Kape kontrole trafik ant Ginen peyi envizib yo
E retounen  sou late
Kise bitasyon kretyen vivan

anis

KONPLO

Mwen sonje lontan, nan lakou mouzen
Yon ekip milisyen tape boule zen
Sou do pèp Ayisyen
Epok yon ti pè salezyen
Tape foubi konsyan pèp Ayisyen
Avèk pawòl piman bouk
Pawòl kite boule kouwè dife
Dife ki mete pèp nan lari
Poute mande pousa chanje
Pèp nan lari ape rele
Yon sèl solisyon, revolisyon
You sèl solisyon, revolisyon
Pèp nan lari sote ponpe
Nan lanne 86, pèp dechouke
Gro chèf milisyen
Milisyen monte, milisyen desann
Pèp dechouke yo joun aprè lòt
Nan fè aprantisay demokrasi

YON TEREN

Te genyen yon teren sou zile terensenfen
Preske tout Ayisyen te konnen
Paske li te genyen anpil bèl ti kwen
Kote pou moun promennen
Te genyen yon mizisyen yo te rele Pòllabapen
Ki tape simayen pawòl kachkach liben
Nan zòrèy tout sitwayen
Pou yon bèl demen

anis

YON TAN

Te genyen yon tan, nan tan lontan
Lontan nan kasika maryen
Te genyen yon bèl ti kwen
Ti kwen tout moun te konnen
Yo te rele li tèkalsinen
Sete nan lanne 1420, tout sitwayen pey maryen
Te aliyen anba yon gro rak labapen
Te genyen yon group endyen
Yon group endyen tout moun te konnen
Kite fanmi mèt ansasen
Yo te rele yo kò milisyen
Yo te koumanse toufounen ak kout baton monben
Tout sitwayen peyi maryen
Kite kont kò milisyen

 

DE TI MO

Yo rele nou foumi, bann ti bèt tou piti
Anba tè nou kache, pou nou viv an sosyete
Chak koloni genyen twa kategori
Mal, fimèl, ouvriye.. yo fasil pou yo sonje
Genyen de kalite fimèl ki ape viv pami nou
Yon kalite ki genyen zèl, seli kape ponn ze pou nou
Yo rele yo foumi pondèz
Lòt kalite yo mem, pa genyen zèl
Men.. yo te ti tay
E yo te toujou sou travay
Yo rele yo foumi louvriye
Yo te yon ras foumi itil
Mwen priye tout ti moun
Mwen priye yo anpil, tanpri pa touye nou

anis

LONTAN LONTAN

Anvan tout bagay te fèt, te genyen limyè
Fènwa avèk fredite kite kouvri lemond antye
Setelimyè lavi, limyè papa Legba
Premyelespri vivan chalè avèk fòs
Legba mèt granchemen, Legba potomitan
Legba avèk Loko, de premye gro lespri
Granmèt la te kreye
Epi tou te vini genyen nègès manman latè
Latè ki resevwa limyè papa Legba
Latè ki resevwa chalè papa Legba
Limyè avèk chalè ki pami de sous lavi
Se konsa, latè vini ansent gro vant pou papa Legba

TAN

Depi nou fèt, li koumanse ronje tout zo nou, tout mwèl nou
Li fè nou vyeyi
Aprè sa li atake po nou, seche li, tankou tè savann
Ki pa janmè jwenn lapli
Tan, se tankou yon madichon ki tonbe sou nou
Okenn nan nou pakab chape anba grif li
Tan, se tankou yo gro baka zandò
Kape moulen nou tankou vyann moulen
Li pran san li pou li moulen nou tou dousman
Li pran plezi li nan travay sila
Tan, se tankou yon angrenay, yo gro moulen
Depi kòd lonbrit nou koupe, yo foure nou andann angrenay sa
Li koumanse maspinen nou, toufounen nou
Ofi amezi laj ape monte, li ape moulen nou

LWA YO PA JANMÈ DÒMI

Nan peyi Ginen kote lwa yo rete
Nou pa bezwen limyè, paske pa genyen lajounen ni lannuit
Peyi Ginen toujou klere avèk yon sous limyè
Kite bay yon klète blan tankou lèt
Limyè sa....a..a..
Sete limyè papa Legba, ki genyen yon sèl je
Je papa Legba toujou rete louvè
Pou li siviye saki ape pase nan peyi Ginen
Paske Granmèt la te mete gadyen peyi Ginen

DANN PETRO

Dann Petro, wa peyi Zandò
Bon zanmi wa papa Legba
Msye genyen yon pitit gason yo rele tijan Petro kite domaje
Dan Petro te mèt malfezan
Chak fwa Atibon Legba tape jwe avèk Tijan Petro
Atibon Legba tape anuiye Tijan Petro
Atibon Legba tape pase Tijan Petro nan rizib
Atibon Legba tape fè Tijan Petro kriye
Tijan Petro te vini wont, li koumanse rayi tèt li
Msye vini rayi Atibon Legba
Yon jou Tijan Petro ale kriye bay papa li Dann Petro
Dann Petro fè Tijan Petro konnen ke li prale regle sa
Dann Petro voye yon kongoZandò atake Atibon Legba
Anvan li voye KongoZandò sa atake Atibon Legba
Dann Petro sipoze mande pèmisyon nan men wa Danmbala

ÈZILI FREDA # 1

Legba avèk grann Brijit fèyonm pitit fi
Yo rele li èzili
èzili te tèlman bèl, yo pate vle kite li
Nan peyi Zili anba dlo
Yo voye li kay Ayida avèk Danmbala nan peyi Ginen
Danmbala vini parenn èzili
Danmbala bay èzili yon kado, yon kokenn kado
Ke pèsonn gason paka resiste
Yo vini bali non Freda, kote tout jenn lwa gason
Nan peyi Ginen vinni adore Freda
Tout jenn lwa gason nan peyi Ginen
Mete ansanm pou yo bati yon gro perestil bwa kajou
Yo kouvri perestil sa avèk lò
èzili te vini rete la, tout jenn lwa gason tape pote kado
Bijou, lò, avèk dyaman
Chak lanne, yo fè gro fèt pou li
Kote mem jenn fi ki pate kapab jwenn mari
Te ale adore li mande li favè, men si li renmen yo yo jwenn favè

ATIBON LEGBA

Atibon Legba vòlè liv lasyans chif yo
Li pote yo bay lèzòm
Pou li montre yo ekri san yo pa konnen lio
Danmbala pini Atibon Legba
Kondane li pou li ale chita sou tèt mònn peyi Ginen
Pou li te kabab bay lèzòm limyè
Pou yo te kapab ekri e pou yo te kapab wè klè

LEGBA

Legba fèt, li fèt nèt
Chak jou li parèt
Ayisyen kontan
Bèl limyè sa a..
Se limyè papa Legba

YON KADO

Jodiya mwen fè ou yon kado
Yon kado ki rele tan avèk letènite
Chak fwa mwen sonnen ason an
Yon lespri sòti anba klòch la, yo rele li tan
Li gaye sou tè ya pou li rapousib lèzòm
Depi li atake ou, ou koumanse pèdi fòs
Po ou vini plise
Aprè sa ou tèlman vini fèb ou blije mache sou baton
Jiskaske ou mouri

LEGBA TAPE DÒMI

Yon jou Legba tape dòmi
Yon marasa yo rele Petro
Pran kle ja a..
Li louvri pòt peyi wa yo
Li desann nan Ginen, li wè bèl lasirènn
Lasirènn pran kouri, yo ale pran lazil
Nan palè lwa rada yo (Oufò)
Lasirènn vini ansent, li fè kat marasa

POTOMITAN

Nan lanne 2020, estasyon nou rele Potomitan an
Prale woule tankou yon manman toupi nan lespas
Potomitan prale tounen kalfou siveyans
Kape kontrole trafik ale vini
Sòti nan Ginen kise bitasyon envizib yo
Rive sou planèt tè ya kise bitasyon kretyen vivan yo

SIMBI

Simbi bay Agwe yon fèy wonga
Pou li benyen mètrès lasirènn
Kò li klere tankou yon glas
Kote ou te kapab wè foto ou ladan
Wonga sa ape chanje po lwa nègès la
Li pap kapab fè anpil tan nan solèy

AYITI

Dann Petro bay nègès Zaragwa yon kalbas bouche
Plen avèk yon bann ti bèt hing hang, zizani, jalouzi, rayisans
Pou li sòti nan peyi Zandò ale nan Ginen
Fòk li travèse zile Dayiti
Zaragwa vini swaf, li louvri kalbas la
Bèt zèl yo sòti anndan kalbas la
Zaragwa espannta, likite kalbas la tou louvri
Li kouri kite kalbas la atè ya lale

BONDYE

Pandan lontan, lontan
Se sèl gro lwa yo ki tape viv sou latè
Yo te genyen fòs Bondye ki tape koule nan yo
Lè yo tape mache latè tranble
Lè yo tape pale
Vwa yo fè plis bri, plis bri pase loray
Ki tape gronde nan syèl

DEPILONTAN

Depilontan mape pase tray
Lavi pou mwen se vye bagay
Papa Bondye tanpri souple
Si ou te kapab fè lapli tonbe
Pou sispann mizè malere
Kape pase tray sou latè

KANAVAL 1998 # 1
ALA FÈ YO FÈ

Malfèktè yo kenbe pèp la an otaj
Yo pa vle demokrasi popilè ya
La chanm pèpè ya
Made refè eleksyon
Peyi ya tankou yon bank bòlèt
50 15 20
Nan men Meriken
Pèp Ayisyen mobilize
Pou nou pran pouvwa nou
Pèp Ayisyen leve kanpe
Reklame dwa granmoun nou
Pou sa chanje pou tout tan genyen tan

ZANJ YO

Sonje zanj yo souple, na sonje zanj yo souple
Danmbala papa ou mem ki genyen je pou wè
Mizè zanj yo ape pase sou latè
Danmbala papa desann sou latè pou ede zanj yo souple
Pou lavi yo chanje nan mizè yape pase
Danmbala papa tanpri desann sou latè
Pou chanje kè tout mechan kape maltrete zanj yo
Danmbala papa se ou sèlman ki kapab sove zanj yo
Danmbala papa tanpri souple desann sou latè
Pou sove tout zanj yo
Ke mechan ape plimen sou latè
Danmbala papa desann sou latè
Mape mande ou pou ou desann sou latè
Pou ou sove tout zanj yo
O non papa a avèk pitit la e lesprisen yan ki kontrole tout bagay
Kape pase sou latè

LÈ YA RIVE

Lè ya rive pou Vodou dirje
Lè ya rive pou nou rele lwa yo
Lè ya rive pou nou limen rogatwa yo
Lè ya rive pou nou tout rasanble
Lè ya rive pou sèvis koumanse
Lè ya rive pou nou rele BILOLO
Lè ya rive pou nou tout viv ansanm tankou Vodou mande

BENEDIKSYON POU OU

Ou se yon sovè kape gide lavi nou
Tankou yon bon bèje kape gije mouton yo
Tanpri papa, beni Ogou, beni Zili,Beni Agwe,beni tout lwa yo
Ou se sèl fòs sou latè
Moun yo bezwen pou nou voye ou jete
Tanpri papa, beni tyovi yo, beni Danmbala, beni Legba,beni Ayida
Ou se profèt pawòl Bondye
Kape pote limyè
Pou yo kapab konnen ke Vodou se lavi

LAGE NOU NAN BOUKAN

Moun yo lage nou nan bokan an
Boukan dife lanfè latè
Lanfè latè nan mitan batèy
Nou ale nan Sendoming,nou kite tè nou andeyò
Nou ale nan Sendaoming, pou ale chèche lavi miyò
Yo choute nou avèk koutpye
Koutpye lame zenglendò
Nan repiblik vwazinn o
Yo choute nou avèk koutpye
Koutpye depòtasyon
Pou yo kapab kache vrè vizay yo
Yo choute nou avèk koutpye
Koutpye imilyasyon pou yo plè tout espwatè
Ki pa vle wè koulè nèg
Nan peyi Dayiti
Kise limyè latè

LI GENYEN POU LI DESANN

Legba genyen pou li desann
Pou li vini jije mechan yo, kriminèl yo bann atoufè yo
Ban san manman yo, bann diktatè
Legba genyen pou li desann
E mwen konnen lape desann avèk lame li
Pou li detwi zanm nikleyè yo ke nèg kreye pou dtwi limanite
Legba genyen pou li desann
Pou li arete tout kriminèl yo fo lidè malatchon yo
Kape simaye pawòl dwategòch
Nan zòrèy lespri ròròt

Maryann
Maryann ooo, bèl fanm kreyòl
Fanm nan lakou sodo
Pitit tè Dayiti
22 Aout rive, lè ya rive pou nou monte sodo
Ale byen benyen na so
Maryann o, Maryann o
Fanm lakou nago, nape naje sou dlo

KANAVAL 1998 # 2
PRAN KONSYANS

Nèg yo pran pouvwa popilè ya
Promèt pèp la demokrasi
Demokrasi avèk nasyonzini
Kape fini Ayiti cheri
Nan divizyon demogoji
Ansyen fanmi nouvo fanmi
Malfini ape veye
Kilè pou yo toufounen tout fanmi
Pou detwi Ayiti cheri
Ke san manman ape pilonnen
Nan lakou paleman flanman
Ban san konsyans manyè pran konsyans
Pou pèp la pa disparèt nou tout ansanm

ELEGWA

Elegwa, mètrès kalfou, mesaje ant kò avèk lespri
Elegwa, ou mem ki proteje kay mwen kont malfèkte
Men balènn mwen pote pou ou
Men bonbon mwen pote pou ou
Men ronm mwen pote pou ou
Men siga mwen pote pou ou
Men kleren mwen pote pou ou
Pou seremoni yan koumanse

LANMOU PAPA LEGBA

Mwen leve maten yan, lanmou papa Legba monte mwen
Li anvayi kè mwen
Li di mwen: tyason "Ou se mesaje mwen"
Ale di moun yo "Fòk youn remen lòt"
Se sa kape fè mond lan vini pi bèl
Si youn renmen lòt tankou mwen mande li ya
Si youn renmen lòt "pape janmè genyen lagè"
Si youn renmen lòt "pape janmè genyen lahènn"
Si youn renmen lòt "pape janmè genyen lenjistis"
Si youn renmen lòt "Lavi nou ape pi bèl"...

LÈ NOU

Lè nou nan konbit nou danse Zaka
Lè nou nan lagè nou danse Feray paske sesa ki zanfè nou
Lè nou nan lanfè nou danse Ife
Lè nou nan Ziltik nou danse Zili paske li pirifye kè nou
Lè nou nan sorrow, nou danse Petro
Lè nou nan oufò, nou danse Dantò paske se la nou jwenn fòs nou
Lè nou nan Pilboro, nou danse IBO
Lè nou Tomazo, nou danse Nago
Lè nou nan Sodo, nou danse Konggo paske se la lwa monte nou
Lè nou nan Vodou, nou danse Ogou jiskaske li jou

FLANM

Flanm limyè Vodou klere
Li klere e li di lè ya rive
Pou nou koumande latè
Latè ki nan fènwa anba pat men kriminèl yo
Flanm limyè Vodou Klere
Li klere namn nou
Li di lè ya rive pou nou jije kriminèl yo
Kriminèl yo vann namn yo avèk lisifè
Flanm limyè Vodou klere
Li klere lavi nou
Li fè nou konnen ke nou genyen yon misyon pou sove limanite
Ki pouri anba peche lòm

PRIYÈ VODOU

Vodou, yo di ou se dyab, vini montre ke ou se sous lavi
Vodou, yo di ou se dyab, vini montre ke ou se bondye
Vodou, yo di ou se dyab, vini rele Lwa Danmbala
Vodou, yo di ou se dyab, vini dyayi nan mitan kè nou
Vodou, yo di ou se dyab, o se yon papa tou puisan
Vini desann sou tè ya
Vodou, yo di ou se dyab, tanpri vini sove tyovi yo
vodou, yo di ou se tonè, vini gronde sou tout latè
Vodou, yo di ou se Jezikri, vini resisite nan fon kè nou
Vodou, yo di ou se Desalinn, vini sove nèg Dayiti
Vodou, nape rele anmwe, come on and free our minds
Vodou, you are like a song, for people to sing all day long
Vodou, we are really need you, for our life to be perfect

LONBRITT

Kòd lonbrit mwen rete nan lakou a
Nèg yo di si pou mwen vini chèche li fòk mwen rejete
MWen konnen vrè pitit Vodou paka rejete
Mwen konnen vrè pitit Vodou paka nan rejete tonè
Avèk fòs Vodou,mwen tounen nan lakou a
Mezanmi sa mwen wè, mwen pa kapab pale
Mwen wè ti moun yo toutouni, granmoun yo paka manje
Tout moun yo vant mare, pou sa yo ape pase
Vodou pote sekou pou lakou a kapab chanje
Anba tout malsite

ENÈJI

O papa Legba, lè ya rive
Pou detache avèk tout lespri fènwa
Ki vle penetre kè nou
Ayidawèdo fè nou konnen
Ou se yon reyon flanm solèy Bondye
Kape mete enèji nan nou

MWEN LEVE MATEN AN

Mwen leve maten yan, lwa Ogou monte mwen, li di mwen tyason ou lib
Mwen leve maten yan, limyè Legba klere mwen, li di mwen lè ya rive pou mwen ale klere moun yo
Mwem leve maten yan, mwen santi mwen nan lespas, pou mwen ale jwenn Bondye

GEDE

Gede, Bondye nan nwuit o, Bondye lanmò
Ou mem ki kontrole trafik o
Ant moun ki kwè e moun ki pa kwè
Gede, fèt mò rive, kote linèt nwa ou
Kote sigarèt ou, pou sèvis la marye

PALE NOU MAL

Moun yo wè nou, yo pale nou mal
Paske lavi nou pa kamarad vi pa yo
Moun yo wè nou, yo pale nou mal
Paske yo pa konnen sous lavi nou
Moun yo wè nou, yo pale nou mal
Paske yo di kilti nou se Vodou
Moun yo wè nou, yo pale nou mal
Paske yo pa kapab detwi lavi nou
Moun yo wè nou, yo pale nou mal
Paske yo di Vodou se lougarou
Moun yo wè nou, yo pale nou mal
Paske yo pa ka penetre lespri nou kise lespri Bondye vivan
Moun yo wè nou, yo pale nou mla
Pou sa yo fè nou, lavi nou te dwe fini

FòK NOU PRAN SWEN YO

Ginen yo di fòk nou pran swen yo, si nou vle ale nan paradi
Ginen yo di fòk nou pran swen yo, si nou pa vle yo kite lakou a
Ginen yo di fòk nou sèvi yo, si se pa sa nan kika nou ye

LA RELIJYON

Moun yo di nan la relijyon yo jwenn Bondye um ..um..um
Pou jwenn Bondye, fòk ou genyen lafwa, anndan fon kè ou um.. um..
Moun yo di nan la relijyon yo jwenn Bondye um.. um.. um..
Pou jwenn Bondye, fòk nou kenbe fèm nan lapriyè
Moun yo di nan la relijyon yo jwenn Bondye
Pou ou jwen Bondye, fòk ou rekonèt ke ennmi ou se frè ou
Moun yo di nan la relijyon yo jwen Bondye
Pou ou jwenn bondye, fòk ou rekonèt nou tout se youn
Moun yo di nan la relijyon yo jwenn Bondye
Pou ou jwen Bondye, fòk ou asepte mouri pou li

NAPE NEYE

Simbi nape neye nan mitan lanmè
Agwe rele ou vini kalme doulè nou
Simbi nape neye nan mitan lanmè
Agwe rele ou vini bannou pasay
Simbi nape neye nan mitan lanmè
Beni lanmè a pou nou pa peri
Simbi nape neye nan mitan lanmè
Agwe rele ou, pou ou monte sou dlo a pou ou fè mèvèy
Simbi men nape rele ou, nan mitan lanmè, men nape neye
Nan mitan lanmè, bato nou sou dlo
Rele nago ayibobo
Simbi nape neye nan mitan lanmè
Tanpèt la mande anraje
Bannou lafwa pou nou kapab sove

LEVE KANPE

Yo pran nou, paske nou nan tenten
Yo pran nou, lage nou nan prizon
Yo pran nou, lage nou nan titanyen
Yo pran nou, lage nou nan boukan dife
Mirak Vodou fè ke yo pa ka tiye nou, men yo move tankou chen anraje
Yo pè mizik nou, Mizik Vodou nou
Mizik men nan men nou pou revolisyon an

RÈL TANBOU AN

Mezanmi tande, eske nou tande rèl manman tanbou an
Kape gronde tankou yon rivyè ki prale kontre avèk lanmè an
Tan an rive pou nou tout rankontre
Pou nou tout sonje sa kite pase nan tan lontan
Meezanmi tande, eske nou tande rèl tanbou Vodou a
Kape dyayi anndan lakou a
Tankou yon sewòm kape bay lavi
Eske nou tanke, moun yo libere

RENMOU VODOU

Renmen Vodou, se asepte mouri pou li
Chante Vodou, se asepte chante pou lwa yo
Partike Vodou, se asepte tou t sakrifis Vodou mande
Rele lwa yo, se travay vrè Vodouyizan
Rele lwa yo, se travay wousikanzo yo
Rele lwa yo, se travay bon jan gangan yo
Rele lwa yo, se travay tou manbo yo

LATÈ SE PA YO

Mou yo di latè se pa yo
Lè yo mouri, yo prale avèk li, pou lavi yo kapab pi lonj

BÈL FANM O

èzili, ou se yon bèl fanm, pi bèl pase lò avèk dyaman
Lè ou retounen, lavi prale bèl, pi bèl pase lè sèt mèvèy di mond

YO BANNOU

Yo bannou bib la, pou yo vòlè tè nou
Yo bannou mizik yo, po yo vòlè Vodou nou
Yo bannou tanbou yo, pou yo tchake rèv nou
Yo vòlè banbou nou, pou yo kapab rale souf nou
Yo vòlè lakou nou, pou nou tounen lesklav
Yo tenyen lidè'n yo, pou yo ka imilye nou
Yo vòlè richès nou, pou nou depann de yo

LONTAN MAPE CHÈCHE YON SANMBA

Genyen lontan, lontan lontan mape chèche yon sanmba
Simbi nan dlo, manman tout sanmba tanpri souple voye yon sanmba pou chante chante sa
Simbi nan dlo, tanpri souple, voye yon sanmba pou kapab chante pou lwa yo
Tanpri souple, voye yon sanmba, ki kapab vibre zantray nou

MONTE MOUN YO

Lwa yo monte moun yo, yo di se lesprisen
Ogou monte moun yo, yo di se letènèl
Senjak monte moun yo, yo di se Senjozèf
Krichna monte moun yo, yo di se Jezikri
Bouda monte moun yo, yo di se Ganndi
èzili monte moun yo, yo di se vyèj Mari
Gad yo monte moun yo, yo di se lesprisen
Danmbala monte moun yo, yo di pa genyen sa pyès

JETE

Nou jete dlo pou lwa yo, nou jete kafe pou lwa yo
Nou jete wonnm pou lwa yo, nou limen balènn pou lwa yo, pou yo kapab gide nou
Nan travay nape fè anba syèl latè
Medanm lasosyete, mete jenou nou atè pou nou tout lapriyè rele lwa Vodou yo
Mande yo pouvwa pou nou klere lespas MADO, DADO, BADO...

SÈI VODOU SE YON PECHE MÒTÈL

Yo di sèvi Vodou se yon peche mòtèl
Vodou granmèt pote limyè, pou moun yo kapab wè klè
Yo di sèvi Vodou se yon peche mòtèl
Si yon te konnen pouvwa Vodou, se pi gro pouvwa sou latè beni
Tout kote ou pase moun yo ape rele viv Vodou
An Afrik, yape rele viv Vodou
An Amerik, yape rele viv Vodou
An Ewòp, yape rele viv Vodou
Nan Karayib la, yape rele viv Vodou
An Azi, yape rele viv Vodou
Nan middle east, yape rele viv Vodou
Viv Vodou toupatou sou latè
Moun yo di sèvi Vodou se yon peche mòtl
Vodou papa, voye limyè, pou moun yo kapab wè klè

JEZI MARI JOZÈF

Jezi, Mari, Jozèf o
Se yo twa Bondye voye, pou delivre lòm anba peche mòtèl kape fini avèk lespri yo
Jezi, Mari, Jozèf o
Mape rele anmwe, rele anmwe Vodou, limen tè makaya
Pou Jezi kapab desann gran jounen 25 Desanm

SE KONSA

Se konsa nou rele ou
Se konsa nou priye ou
Se konsa nou chante ou
Vodou nanm nou, vini pou nou kapab pran souf, anba peche latè
Se pousa, se pousa nou renmen ou
Se konsa nou fete ou
Se konsa nou limen pou ou
Se konsa nou danse pou ou
Vodou rasinn nou, mape rele pitye, pitye pou tout tyovi sou latè
Kape pase mizè
Se konsa ou ye, ou se limyè, ou se limyè latè, se pou tèt sa nou renmen ou

BLÒFF

Kretyen yo di, yo di yo pa konprann rèv nou
Yo di nou nan lenmond paske nape sèvi Senjakmajè
Senjakmajè tanpri souple pote nou sekou

MOUN YO VLE

Moun yo vle pou nou montre yo Vodou
Moun yo vle pou nou kanzo yo tou
E mwen konnen Vodou sila se zouti nou pou nou kapab fè yo dou
Moun yo vle pou nou montre yo Vodou
Moun yo vle pou nou kanzo yo tou
E mwen konnen kanzo nan Vodou, fòk ou genyen lanmou nan ou
Moun yo vle pou nou montre yo Vodou
Moun yo vle pou nou kanzo yo tou
E mwen konnen richès sila fòk nou travay pou li

VWAYAJE MAPE VWAYAJE

Vwayaje mape vwayaje, nan mitan kalfou papa Loko monte mwen
Li di mwen mon enfant, ou se yon chwazi pou libere mond lan
Vwayaje mape vwayaje nan mitan kalfou papa Ogou monte mwen
Li di mwen mon enfant, zanfan chwazi mwen leve kanpe pou selebre Vodou
Vwayaje mape vwayaje, nan mitan kalfou la rènn Simbi monte mwen
Li di mwen tyovi mwen, sèvi Vodou pou le mond pa peri
Vwayaje mape vwayaje, nan mitan kalfou mwen rankontre Jezi
Li di mwen, kamarad mwen genyen pou mwen retounen, jou revolisyon Vodou a
Vwayaje mape vwayaje, nan mitan kalfou lespri ya monte mwen
Li antre anndan fon kè mwen, fè mwen santi mwenmem avèk li se yon sèl
Vwayaje mape vwayaje

MOUN YO DI

Moun yo di Vodou se dyab, konprann yo kapab preche nou lanmou
Nan radyo, nan televizyon, sou jounal se yo sèl ki genyen la pawòl
Moun yo di Vodou se dyab, fòk nou jete li pou nou kapab jwenn avèk Bondye
Jezi ou mem ki bon gangan, ki mouri pou sove limanite retounen pou nou genyen la viktwa
Moun yo di Vodou se dyaj, fòk nou jete li pou nou pa soufri, mwen konnen Vodou se lavi
Kit yo vle, kit yo pa vle Vodou avèk Bondye se kòkòt ak figaro, yon sèl marasa nan peyi Ginen
Moun yo di Vodou se dyaj, se sa ki fè nou pa kapab ini
Mwen konnen Vodou se linyon pou konbat tout fo profèt

LAVI NOU NANMEN OU

Vodou, lavi nou nan men ou, pou jan ou manifeste
Di mwen ki non pouvwa ou, kape fè mond lan vibre
Pouvwa ou tankou yon gro pijon blan kape simaye lapè toupatou
Malgre mizè doulè malè ki fè nou paka wè klè
Vodou, lavi nou nan men ou, pou jan sèvis ou bèl, nan mitan kalfou lakay

MAPE BAT KATA A

Mape bat kata a, woule manman tanbou a
Moun yo tonbe danse, yo danse sou do
Woule tanbou marasa a
Moun yo danse konsa
Woule tanbou petro a
Moun yo danse kou zo
Rale boutèy babankou a
Pou nou danse jouk li jou
E lè sa nape rele gade yon seremoni
Seremoni vodou, kape dyayi nan lakou a
Pou revolisyon an, revolisyon lanmou an

BABILÒNN YO DEBAKE

Babilònn yo debake e, nou rele anmwe e
Beniswa letènèl
Lè nou gade se yon konplo pou yo te kapab souse nou, detripe lakou a
Babilònn yo debake e, nou rele anmwe e
Beniswa letènèl
Paske nou tout tape soufri, yo tape deplimen nou tankou kòk benezwèl
Ki nan mitan yon gagè kape fè laviwonndede
Babilònn yo debake, nou rele anmwe e
Beniswa letènèl
Li lè pou sa chanje
Babilònn yo debake e, nou rele anmwe
Beniswa letènèl
Nou rele anmwe viv papa bondye, Ayiti libere

RASINN MWEN SE NAN TANBOU VODOU SOUS LANMOU

Tanbou sa, tabou lwa lakay
Tabou sa, tanbou lespri lakay
Tanbou sa, tanbou ki fè nou dyayi
Tanbou sa, tanbou janvalou a
Tanbou sa, tanbou ki fè lwa yo monte nou
Tanbou sa, tanbou lwa Ibo yo
Tanbou sa, tabou lwa Nago yo
Tanbou sa, tabou lwa Petro yo
Tanbou sa, tabou lwa Ginen yo
tanbou sa, tanbou Boukan Ginen
Tanbou sa, tanbou Ibolele
Tanbou sa, tanbou rasinn san bout
Tanbou sa, tanbou rasinn lakay la
Tanbou sa, li nan rasinn nou, rasinn Vodou nou

LI KLERE NOU

Limyè Legba klere mwen
Limyè Legba klere nou tout
Yon jou lindi maten anba yon pye monben
Li reveye nou pou komanse chemen an
Limyè Legba klere mwen
Limyè Legba klere nou tout
Yon jou maten konsa, nan rèv mwen li fè mwen konnen se lwa kape dirije tout sa ki sou latè e tout sa ki nan lespas
Limyè Legba Klere mwen
Limyè Legba klere nou tout
Li di latè se pou nou se pou nou tout pran swen li
Si nou vle lavi nou bèl, fòk nou pa dekouraje
Kole men nou ansanm, san diskriminasyon, se pou nou kole zepòl pou lavi nou pi bèl
Se pou nou kole Zepòl pou nou genyen la viktwa

NOU RELE GRENADYE

Grenadye alaso saki mouri na vanje yo
Grenadye alaso saki mouri na vanje yo
Grenadye alaso papa Ogou pa tap dòmi
Grenadye alaso saki mouri na vanje yo

anis

Fed Cameau Dosmas fils
Sosyal Wòkè, powèt, pawolye, dramatij…

Viré monté