Potomitan

Site de promotion des cultures et des langues créoles
Annou voyé kreyòl douvan douvan
James Stanley Jean-Simon

Ou se zanj dlo
kite m neye rèv pa m
an dayiva
n'on lanm k'ap boukle chive l

depi m fèt
m ap trennen vi m
n'on ke pwason
Simbi marye ak mwen
yon peny an lò
nan de grenn mo

Men yon pwèm
Lasirèn mo
W a ede m janbe chagren
an janm de bwa
n'on fèy papye

dra ble
a kouvri kè m

w'a tounen vwal ki fè vwayaje

James Stanley Jean-Simon (Haïti)

boule

 Viré monté