Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Analiz sou liv «Brase lide sou refòm nan Inivèsite Leta d Ayiti» Pierre Michel Chéry, 23 jen 2014 Brase lide sou refòm nan inivèsite leta d Ayiti, Fritz Desmommes • Éditions de l’Université d’État d’Haïti • 2014 • |
Prezantasyon liv la
Brase lide sou refòm nan Inivèsite Leta d Ayiti se yon liv ki sòti nan mezon edisyon «Editions Cahiers Universitaires» anba plim Fritz Deshommes (FD), ki se Visrektè Inivèsite Leta a, nan mwa me 2014. Liv la gen 163 paj. Akote paj remèsiman ak prezantasyon, paj konklizyon ak anèks, liv la gen 7 chapit kote otè a fikse pozisyon li sou sèten aspè nan deba k ap fèt sou refòm inivèsite a anndan inivèsite a menm.
Kisa ki nan liv la ?
Brase lide sou refòm nan Inivèsite Leta d Ayiti se yon liv ki bay pozisyon otè a sou sèten aspè nan deba k ap fèt sou refòm anndan inivèsite Leta a. Pi fò chapit yo se tèks otè a ekri nan sèten tounan nan deba yo. Pou gran piblik la, Inivèsite Leta a se manifestasyon ak grèv. Grèv pwofesè yo pou ogmantasyon salè nan mwa dawout-septanm 2013 la, akòz kesyon li mennen, parèt tankou yon moman ki byen tonbe pou Visrektè a ta fè gran piblik la konnen ki kalite braselide ki genyen nan deba k ap fèt sou refòm Inivèsite Leta a anndan Inivèsite a menmm.
Premye chapit la «Demokrasi ak Refòm nan Inivèsite: Eksperyans Peyi d Ayiti», prezante yon (tèks) konferans otè a te fè pou yon gwoup etidyan nan nivo doktora nan peyi Ajantin, nan vil Parana. Tèks sa a montre plas inivèsite a nan batay pou konkèt demokratik yo epi pou pwoteksyon gany yo sosyete a rive rache anndan peyi a.
Dezyèm chapit la «Lwa Òganik Inivèsite a: Yon zouti pou bonjan refòm», tèks sa a se yon refleksyon otè a te voye bay Manm Konsèy Inivèsite a sou preparasyon manman lwa inivèsite a.
Twazyèm chapit la se yon lòt kominikasyon otè a, kòm Visrektè, voye bay Konsèy Inivèsite a sou anons grèv sèten pwofesè nan inivèsite a te mete deyò nan mwa dawout 2013. Li enpòtan pou nou souliyen yon pasaj nan chapit sa a, poutèt li di : « Grèv kèk pwofesè Inivèsite Leta a anonse a pèmèt nou lonje dwèt sou kokenn pwoblèm direksyon ak fonksyònman enstitisyon nou an genyen, akòz sèten regleman ak jan nou aplike yo… » (Paj 45).
Katriyèm chapit la se yon analiz kote otè a pran pozisyon kont yon pwopozisyon « Komisyon sou zafè plan karyè ak griy salè pou pwofesè » ki mande se pwofesè ki gen doktora sèlman ki pou vin pwofesè tan plen nan inivèsite a (Paj ..). Chapit senk la ak tout chapit sis la pral kontinye devlopman agiman kont pwopozisyon an. Chapit senk la pral chita sou enpòtans Grad Akademik pwofesè yo nan fòmasyon etidyan yo, epi, chapit sis la pral rete sou ki baz pou yo peye pwofesè yo.
Chapit sèt la pral montre kouman peyi etranje yo poze pwoblèm doktora a pou pwofesè nan inivèsite yo.
Kisa pou nou di sou liv la ?
Li difisil pou nou jwenn pwofesyonèl ayisyen nan nivo sa a ki asepte sèvi ak yon lang tout popilasyon an ka konprann. Malgre estil la parèt nou senp pou kalite sijè l ap trete a, sa pa anpeche nou pèdi nan pakèt non «ògan» k ap defile devan nou nan direksyon inivèsite Leta a: Konsèy, Konsèy Inivèsite, Konsèy Egzekitif, Manm Konsèy, komisyon refòm, komisyon espesyal, administrasyon santral, Konsèy Administrasyon.
Chapit twa a se yon chapit ki enpòtan anpil pou moun ki vle konprann difikilte Inivèsite Leta a ap travèse. Nan sans sa a, fonksyònman Inivèsite a pa depaman ak fonksyònman pifò regwoupman òganizasyon k ap miltipliye anndan sosyete a. Òganizasyon yo ap fè regwoupman pou yo ka vin pi fò. Men, ki sa nou konstate? Delege yo met ansanm, yo fè yon nouvo òganizasyon, pi fèb pase kote yo sòti yo, epi regwoupman an tounen yon ekip moun ki san kontak, san rapò avèk òganizasyon yo reprezante yo. «Jan delege yo pa konekte ak moun yo reprezante yo, kit nan pozisyon yo pran, kit nan jan yo pa fè enfòmasyon yo sikile» (paj 48). «Enfòmasyon sou brase lide osnon aktivite Konsèy la pa rive jwenn rès kominote inivèsite a kòmsadwa» (paj 57). Pwofesè ak etidyan voye reprezantan nan Konsèy Inivèsite a, men sèl moun k ap swiv sa k ap fèt nan konsèy la se delege yo ankò. Nan kondisyon sa yo, se nòmal pou pwofesè yo pa konnen si chak fakilte gendwa deside sèvi ak resous ki disponib pou li nan fason li vle.
Liv Fritz Deshommes nan soulve yon pakèt kesyon ki twòp pou kantite espas nou genyen nan jounal la. Youn nan kesyon yo se konnen sou ki baz pou yo peye pwofesè ki gen doktora yo nan inivèsite a. Si nou admèt konesans se yon pwodiksyon sosyal, sa vle di, yon moun pa ka konnen pou kont li. Kèlkeswa konesans la, li chita anndan yon reyalite sosyal. Konesans k ap pran fòm anndan yon sosyete fèt pou yo pèmèt transfòmasyon pozitif anndan sosyete sa a. Nou ka poze yon lòt kesyon: Ki moun ki di sosyete a te bezwen pwofite konesans syantifik ki nan tèt Ayisyen ki gen doktora yo? Kesyon sa a ka parèt dwòl pou kèlkeswa moun k ap anseye nan peyi a, men, nan lareyalite se yon kesyon espitemolojik fondamantal pou sosyete ayisyen an. Si pwofesè ki gen doktora yo pa vle pou yo pran yo pou moun k ap chache repwodui tèt yo nan lojik sosyete elitis kolonyalis la, fòk yo ka fè limyè sou rapò divès gwoup sosyal anndan sosyete a genyen avèk lakonesans, ak travay syantifik, ak inovasyon epi ak pwogrè an jeneral. Pou nou konprann enpòtans kesyon sa a, fòk nou chache konprann konpòtman sèten gwoup pwofesyonèl anndan sosyete a lè yo anfas sèten evidans syantifik.
Annou pran premye egzanp la sou pwofesyonèl ayisyen ki nan domèn edikasyon, kèlkeswa nivo a. Kouman nou konprann konpòtman majorite pwofesyonèl ayisyen ki nan domèn edikasyon anfas yon verite syantifik ki di «Lang manman yon timoun se pi gwo zouti pou li ranmase konesans»? Gen plis pase 50 lane depi majorite enstitisyon edikasyon syantifik sou latè admèt verite sa a. Kouman fè majorite edikatè ayisyen refize mache nan lojik syantifik sa a? Kouman fè yon verite syantifik konsa pa briding Ministè Edikasyon Nasyonal?
Nou ta gendwa konpare atitid edikatè yo ak atitid moun k ap konstwi kay nan peyi a (enjenyè, achitèk, kontremèt) lè enfòmasyon t ap sikile anndan peyi a sou tranblemantè, anvan 12 janvye 2010. Nou ta gendwa miltipliye egzanp sa yo nan lòt domèn lakonesans. Yo montre nou, sou yon seri pwen, gwoup sosyal yo devlope yon rado konpòtman negatif devan tou sa ki gen rapò avèk travay syantifik.
Konklizyon
Se aplikasyon konesans syantifik yo sou reyalite peyi a k ap pèmèt peyi a rezoud pwoblèm li yo. Men, se sitou pi bon modlaj konesans syantifik yo sou reyalite peyi a k ap pèmèt peyi a jwenn solisyon ki pi efikas yo. Modlaj sa yo, Adaptasyon konesans syantifik sa yo ak devlopman konesans syantifik patikilye ki santre sou pwoblèm peyi a se reskonsablite Ayisyen. Malerezman pou peyi a, sitiyasyon depandans la pa materyèl sèlman, li entèlektyèl tou. Kinenpòt konsiltan etranje a, li pa ka bay sa li pa genyen, si li pa an misyon pou li anfouraye Ayisyen. Jan pwovèb la di a: «enbesil ki bay, sòt ki pa pran». Majorite moun ki nan direksyon ministè yo se moun ki pi byen fòme yo nan peyi a, men se yo menm tou ki rale kò yo dèyè bay konsiltan etranje reflechi pou yo.
Nan liv la, Deshommes mande sou ki baz pou yo kalkile salè pwofesè ki gen doktora yo? Yon pati nan repons la se ta «pwodiksyon syantifik» save yo ki pou peye save yo. Men malerezman pou moun ki save anndan peyi a, si yo ka kalkile konbyen lajan ki depanse pou yon travay syantifik, sosyete a pa ka mete yon pri sou «valè» yon travay syantifik, tankou lè yon gwoup mizisyen sòti yon albòm mizik. «Valè» a se pri sosyete a dispoze peye save li yo pou yo travay pou li. Gen yon travay syantifik ki p ap pran tan pou moun santi rezilta yo, men gen lòt ki ka pran plis pase yon jenerasyon pou li pote fwi. Si pwofesyonèl gwo kalib yo pa dispoze asepte sèten evidans syantifik (egz: enpòtans lang manman nan edikasyon), sou ki baz rès sosyete a pral apresye jefò gwo save li yo? Yon pati nan lajan pou yo ta peye pwofesè k ap fè rechèch yo ap sòti nan kantite lajan sèten ensitisyon dispoze mete dèyè aktivite rechèch anndan peyi a. Kote enstitisyon sa yo k ap finanse rechèch anndan peyi a? Kiyès yo ye? Leta, bayè fon, òganizasyon entènasyonal, ONG, asosyasyon patwon, asosyasyon pwofesyonèl, asosyasyon sendikal? Èske reyèlman gen yon sèl enstitisyon nan sektè sa yo k ap tann, ki enterese (dispoze), oswa ki ka finanse rechèch anndan peyi a?
Nan dènye jou sa yo, se tout tan n ap tande reskonsab inivèsite yo k ap di «pa gen inivèsite san rechèch», «fòk inivèsite a fè rechèch». Se tankou gen yon ideyoloji rechèch k ap travèse inivèsite a. Men si nou retounen sou fason tout kò sosyete a reyaji devan travay syantifik, fòk reskonsab inivèsite yo ta di rès sosyete a «rechèch pou ki sa», «rechèch sou ki sa», «rechèch pou ki moun». Si fonksyonè nan Ministè Edikasyon Nasyonal pa ka rekonèt nesesite pou ti Ayisyen aprann nan lang manman yo, ki rechèch nan edikasyon k ap gen valè pou ministè a? Ki rechèch nan edikasyon Leta pral finanse, si davans, li konnen li pral pantan sou yon verite li p ap asepte? Reyaksyon pozitif sosyete a sou travay syantifik k ap fèt anndan peyi a se yon kondisyon pou konesans ak konpòtman syantifik devlope anndan sosyete a. Fòk enstitisyon ak antrepriz ki anndan peyi a ta sou ran, ap tann ki lè rezilta rechèch k ap fèt anndan inivèsite yo ap sòti pou yo sèvi avèk yo. Chèchè yo, sou bò pa yo, bezwen reyaksyon moun k ap sèvi ak travay y ap fè pou yo kontinye apwofondi konesans yo. Lè pa gen enstitisyon ak antrepriz anndan peyi a ki pou valide pwopozisyon chèchè yo, savan ayisyen yo sanble ak yon pakèt atlèt k ap antrene men ki pa ka fè pwogrè serye, paske sosyete a pa ba yo defi pou yo leve. Poutan, se pa pwoblèm ki manke pou chèchè yo anndan peyi a.
Etan inivèsite yo difisil pou yo ofri sosyete a solisyon, gen yon pakèt konesans tradisyonèl, yon pakèt solisyon moun nan peyi a ap envante, k ap tann demach metodolojik inivèsitè yo pou yo gaye yo. Aktivite sa yo pa fèt anba dra okenn òganis fòmasyon. Gen lòt travay ki gen valè syantifik tou, kote se fouyadò k ap fè brenn yo travay pou yo kreye travay bay tèt yo, devlope lakonesans tou pi, kit li itil touswit, kit se demen l ap itil, kit li p ap janm sèvi. Inivèsite yo ta gendwa kòmanse mache avèk jefò sa yo k ap fèt anba pay, dèyè do je. Pwolonjman jefò izole sa yo ta gendwa vini sou fòm envantè, sou fòm demach kritik, sou fòm amelyorasyon, sou fòm devlopman patenarya. Yon jou, inivèsite ayisyen yo te ka jwenn pou yo separe ak inivèsite etranje…
Men, si sosyete a boude travay syantifik yo, se paske kèlkeswa travay la, ki ta fèt nan objektif kreye ouvèti pou majorite moun nan sosyete a, menase baz ideyoloji esklizyon elitis kolonyalis k ap minen sosyete a. Klas dominant yo ap dominen yon sosyete bloke, yo pa ka ofri moun k ap redi yo okenn posiblite pou yo amelyore kondisyon lavi yo ni posiblite mobilite sosyal. Nan kondisyon sa yo, klas dominant yo pa retounen anyen bay rès sosyete a pou privilèj ak konsiderasyon y ap jwi anndan sosyete a. Ideyoloji obskirantis la se garanti sistèm nan, kòmkwa san baryè lang franse a klas dominant yo san zam ideyolojik pou yo kontwole sosyete a. Yo fèmen tèt yo nan yon dyagonal kote yo wè menas sou ran sosyal yo nan kèlkeswa inisyativ ouvèti oswa entegrasyon anndan peyi a. Faktori soutretans yo voye imaj yon sosyete kote yo pa bay moun ki etidye enpòtans. Kon sa, si pwofesè nan inivèsite yo mete kesyon epistemolojik sa yo sou kote, grad doktora a, nan peyi a, ap rete yon senp kle ki pou ouvèt pòt pou moun ki fè gwo etid jwenn plas yo nan lelit sosyete esk