Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Sou chimen Akademi Kreyòl Ayisyen Sou chimen Akademi Kreyòl Ayisyen, Fritz Deshommes • Éd. de l'Université d'État d'Haïti • 2019 • ISBN 978-99970-78-03-2 • |
Quatrième de couverture
Akademisyen Fritz Deshommes se Rektè Inivèsite Leta d Ayiti. Li se yonn nan moun ki te lanse epi mennen jouk nan bout li inisyativ pou te mete kanpe Akademi Kreyòl Ayisyen an pandan li te Vis Rektè Rechèch nan Inivèsite Leta a. Li se yon ekonomis, yon ekriven, yon edikatè. Se li ki Prezidan Konferans Rektè, Dirijan ak Prezidan Inivèsite ak Enstitisyon Ansèyman Siperyè peyi d Ayiti (CORPUHA).
«Liv la bay bèl demonstrasyon kijan lang kreyòl la gen kapasite pou li moulen, antoure, ranmase epi depoze tout kalite lide ak pawòl literè, syantifik, diskou ofisyèl, refleksyon sou nenpòt sijè». - Nirvah Jean-Jacques, Manm Komite pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen
«Liv Rektè Fritz Deshommes Sou chimen Akademi Kreyòl Ayisyen se konsta rezilta vijilans kèk sitwayen… Se yon egzanp vivan ki montre Leta peyi nou ka vanse nan bon direksyon si nou chak sitwayen nou chache jwe wòl nou». - Pauris Jean-Baptiste, Premye Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen
Entwodiksyon
«Sou chimen Akademi Kreyòl Ayisyen», se toudabò yon istwa. Yon bèl istwa. Istwa tout demach, tout inisyativ yon gwoup sitwayen ak enstitisyon te antreprann pou mete kanpe kokenn enstitisyon sa a Konstitisyon 1987 la te kreye nan atik 213 li. Se istwa tout peripesi, tout difikilte gwoup sa a, ki te reyini sou non «Komite pou tabli Akademi Kreyòl Ayisyen» te rankontre depi premye kout rèl Inivèsite Leta a nan mwa Oktob 2008 jouk rive nan enstalasyon premye akdemisyen yo nan mwa desanm 2014.
Ki kote Akademi an soti ? Pou ki rezon Manman Lwa peyi a te kreye l? Ki jan n te fè pou n retire l nan tiwa bliye a? Ki kalite Akademi lang ki pi bon pou peyi d Ayiti? Ki problèm? Ki defi? Ki avantaj? Ki avni? Ki jan diferan enstans nan Leta a reyaji? Ki wòl Palman an, ki wòl Pouvwa Egzekitif la jwe nan pwosesis sa a ?Ki kalite relasyon Komite pou tabli Akademi an te amenaje ak diferan branch nan Leta a ak sosyete a an jeneral?
Se tout kesyon sa yo liv la vle abòde.
Men tou, «Sou chimen Akademi Kreyol Ayisyen» se plis pase yon istwa. Se yon chimen tou. Dives chimen. Nan menm moman an, anpil kanmarad (anndan kou deyò Komite a) te pwofite louvri lòt baryè, trase lòt chimen pou lang kreyòl la ak tout Akademi an jwenn plis wout, plis espas pou yo layite.
Lang manman nou pèmèt nou di sa n vle, sa n santi, sa n kwè. Men tou, li te enpòtan pou n pwouve kouman Kreyòl se lang lakonesans, se lang lasyans, se lang lavi a nan tout dimansyon l.
Nan sans sa a, anpil nan tèks ki nan liv sa a pale divès pawòl sèten moun kwè kreyòl la pa ta ka ranmase.
Liv la gen twa chapit.
Nan premye chapit la, nou raple kokennchenn batay Komite pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen an mennen pou nou rive mete enstitisyon sa a sou pye. Tit li se: «Konbit Pou Akademi Kreyòl Ayisyen». Li ransmase de (2) gwo seksyon. Yonn reprann divès entèvansyon, analiz ak konsiderasyon nou te gen okazyon fè nan kad batay la. Lòt seksyon an se tout nòt pou laprès, kominike, lèt tou louvri, elatriye komite a te pibliye pou fè wout pou Akademi an. Nou mete yo kòm anèks nan fen liv la.
Dezyèm pati a rele: «Pawòl Lasyans nan Lang Kreyòl». Pawòl sa yo te pale nan menm moman Komite a t ap mennen batay pou Akademi an. San nou pa t rantre nan polemik, nou te chache ede desitire sèten prejije kont lang manman nou an. Nou te pwofite tout okazyon n te jwenn pou n te pale nan bon jan kreyòl sou anpil kesyon enpòtan yo toujou fè konprann lang nasyonal nou an pa ka abòde, tankou kesyon desantralizasyon, kesyon dlo potab, kesyon rechèch syantifik, kesyon dwa piblik, kesyon syans politik, elatriye. Anpil moun te sezi. Epi yo te byen kontan konstate, tankou defen kanmarad nou, Claude Pierre, ta di: «lang nou an pa gen zo».
Twazyèm pati liv la rele: «Batay la fenk kòmanse». Li pran chè apre Akademi Kreyòl la fin monte. Yonn nan pwen ki parèt aklè: travay la poko prèt pou l fini. Se atò Akademisyen yo ak tout militan kreyòl yo pral gen defi pou yo leve. Twazyèm pati sa a montre tou Inivèsite Leta a kanpe tennfas dèyè Akademi an ak lang kreyòl la. Liv la fini sou yon gwo nouvèl: Inivèsite Leta a ap mete yon pwogram Mastè kanpe an franse ak kreyòl kote de (2) lang yo egalego. Yon mastè sou kesyon risk, dezas, epi amenajman teritwa.
Tout rès liv la se anèks premye pati a, jan nou te deja anonse l. Se dokiman sèlman nou met atè. Depi premye diskou Vis Rektè Rechèch Inivèsite Leta a te fè pou lanse mouvman an jouk nou rive nan denye lèt Komite a ekri nan mwa novanm 2014, kèk jou anvan enstalasyon premye Akademisyen yo. Se yon veritab trezò pou istoryen, chèchè, militan kreyòl, elatriye.
Nou te di alapapòt: se yon bèl istwa. Nan tout pwosesis la, gen de (2) aspè pou pi piti ki make m anpil anpil. Se:
- Kalite eksperyans lan;
- Gwo leson eksperyans lan pote pou nou.
Sou kalite eksperyans lan, n ap pran yon sèl egzanp. Si nou pran Lwa Sou kreyasyon Akademi Kreyòl la senpman, li menm pou kont li, li pote yon gwo chay istorik sou do l:
- Se premye fwa peyi d Ayiti genyen yon lwa yo ekri, yo vote, yo pwomilge an kreyòl;
- Se sèl lwa kote tout Senatè, tout Depite alawonnbadè vote WI san gade dèyè. E yo fè sa de (2) fwa pou menm lwa a. Premye fwa a se lè vòt nòmal la. Dezyèm fwa a se lè Pouvwa Egzekitif la te fè objeksyon kont lwa a;
- Se sèl lwa nou konnen Palman an kenbe tèt ak Egzekitif la. Ni Depite ni Senatè pa t ezite rejte objeksyon Prezidan an te fè. Epi yo tounen lwa a jan yo te prezante l premye fwa a, pou Egzekitif la pibliye l.
Epi, gen anpil gwo leson nou ka tire nan eksperyans mete Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) sou pye:
- Lè nou met tèt ansanm, nou menm Ayisyen, pou nou reyalize yon objektif, lè nou deside toutbon, nou ka rive.
- Pi gwo resous nou bezwen, se pa lajan. Komite pou Tabli Akademi Kreyòl Ayisyen ofri nou yon bon egzanp. Travay nou rive fè, resous nou rive mobilize, moun nou rive sansibilize, patisipasyon nou rive atire, menm si n te gen plis lajan pase sa n ta bezwen, nou pa t ap ka rive pote gwo viktwa sa a. Se tèt ansanm, volonte, jenewozite ak detèminasyon, ki pèmèt nou jwenn siksè sa a.
Èske nou pa ta ka fè menm jan an pou tou sa n ap antreprann anndan peyi a? Nou ta sezi wè tou sa n ta ka reyalize nan peyi d Ayiti….
Pou valè moun ak enstitisyon ki patisipe nan batay sa a, akote manm Komite a, nou panse n te dwe yo travay konpilasyon ak restitisyon sa a. Nou espere y ap rekonèt tèt yo, patisipasyon yo, kontribisyon yo, devouman yo, jefò yo konviksyon yo nan piblikasyon sa a.
Pou yo tout, yon sèl pawòl. Ki sot nan fon kè nou: MESI. MESI ANPIL.
Fritz Deshommes
Janvye 2019
* * *
Prefas
Pauris Jn-Baptiste
Noumenm, anpil anpil ayisyen, nou chanpyon nan di Leta pa fè sesi, Leta pa fè sela. Nou gen gwo diplòm nan wè sa Leta pa fè, sa Leta ta dwe fè. Li ra pou nou poze tèt nou kesyon sou wòl nou nan mach Leta a. Pawòl la di: «Pitit kip a kriye, li pa bezwen tete».
Apre 1986, ayisyen pran labitid moute brigad vijilans pou kontrekare zak atoufè sou popilasyon an. Yonn nan rekòmandasyon sistèm edikatif peyi nou an ta dwe kenbe kin se aprann timoun nou yo moute brigad vijilans otou Konstitisyon peyi a. Chak sitwayen fèt pou met tèt ansanm ak lòt sitwayen pou endike Leta misyon Lalwa mande li akonpli. Se konsa, dapre mwen, Leta ka pran men li pou li egzekite sa Konstitisyon ak Lalwa mande li.
Liv rektè Fritz DESHOMMES «SOU CHIMEN AKADEMI KREYÒL AYISYEN» se konsta rezilta vijilans kèk sitwayen. Konstitisyon 29 mas 1987 la mande pou gen yon Akademi Kreyòl Ayisyen. Demann lan rete ap mwazi sou papye pandan 21 ane. Se jis an 2008, kesyon an reveye konsyans sitwayen Fritz DESHOMMES. Li tanmen konsyantize kèk moun bò kote li. Bri kouri a, nouvèl la gaye. Reyinyon sou reyinyon fèt, pwopozisyon sou pwopozisyon prezante, epi anfen, 4 desanm 2014, 33 premye akademisyen antre an fonksyon.
Moun ka toujou di tout Konstitisyon, tout lwa, tout dekrè, yo tout se papye. Yo ka rete ap kanni nan tirèt listwa jouktan yo disparèt nan tinèl oubli. Men si lekòl, si edikasyon nan fanmi nou aprann nou devlope sans vijilans nou, nou chak sitwayen, nou ka aprann moute bon jan BRIGAD VIJILANS pou pote responsab Leta yo aplike sa Lalwa di. Pafwa, moun nan administrasyon Leta a pa toujou konnen, ni konprann, ni wè enpòtans, sa Konstitisyon an ak Lalwa mande yo akonpli. Vijilans popilasyon an vin yon nesesite chak jou pi plis. Leta a ta dwe menm genyen yon enstans obsèvatwa pou sa gide li.
Liv «SOU CHIMEN AKADEMI KREYÒL AYISYEN» se yon egzanp vivan ki montre Leta peyi nou AYITI ka vanse nan bon direksyon si nou chak sitwayen nou chache jwe wòl nou. Nannan kilti peyi nou aprann nou: «Yon sèl dwèt pa manje kalalou. Men anpil, chay pal ou. Ti pay, ti pay, zwazo fè nich». Filozofi pwovèb nou yo ka sèvi nou poto endikatè pou klere wout la devan nou.
Mèsi Fritz. Istwa Chimen pou tabli Akademi kreyòl Ayisyen se yon egzanp moun ka kopye. Gen anpil batay Ayiti ap ranpòte laviktwa sou yo. Viktwa nou vize yo se misyon chak pitit peyi a. Ni sa ki andedan Ayiti, ni sa ki deyò Ayiti. Vle pa vle, lang kreyòl ayisyen an ap kontinye trase chimen sou tout otowout lavi nou. Lavi pou tout moun. Ni sa ki pou, ni sa ki kont. Nèg mande wè. Nou fèk tanmen wè sa nou ka reyalize lè nou mete nou ansanm. Mèsi ankò pou SOU CHIMEN AKADEMI KREYÒL AYISYEN.
Pauris Jean-Baptiste
Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen
Oktòb 2018