Kaz | Enfo | Ayiti | Litérati | KAPES | Kont | Fowòm | Lyannaj | Pwèm | Plan |
Accueil | Actualité | Haïti | Bibliographie | CAPES | Contes | Forum | Liens | Poèmes | Sommaire |
Lyonel Trouillot, Menm si w gen Yon repons an senk (5) kesyon @MichelDeGraff @MITHaiti |
- Èske Lyonel Trouillot (L.T.) sonje masak ak kadejak ann Ayiti nan lane 2004 rive 2006 kont dè milye konpatriyòt nou yo?
Lè sa a, L.T. te chèf kabinè nan Ministère de la Culture et de la Communication Haïti nan gouvènman de fakto Boniface Alexandre / Gérard Latortue. Se gouvènman ilejitim sa a ki te akeyi MINUSTAH ann Ayiti e ki te mande Lafrans padon pou Prezidan Jean-Bertrand Aristide ki, an 2003, te mande Lafrans pou l remèt ranson yo te vòlè nan men Ayiti a (egal: US$ 21 bilyon). Sanble demann sa a se youn nan rezon ki te fè Lafrans, Etazini ak Kanada te patisipe nan kou d eta kont Aristide.
- Lyonel Trouillot ekri: «yon minis [Nesmy Manigat] solidè ak aksyon gouvènman li»
Dapre lojik sa a, èske sa vle di li menm, Lyonel Trouillot, te solidè masak ansanm ak tout kalte vyolans kont dè milye Ayisyen — kadejak te ladan tou — sou kontwòl gouvènman de fakto Alexandre/Latortue sa a L.T. t ap sèvi a?
- Èske se bliye Lyonel Trouillot bliye masak ak kadejak 2004–2006 sa yo? Oswa: Èske se yon komisyon kolonyalis Ambassade de France en Haïti mande l fè kòm «Chevalier des Arts et des Lettres»? Sanbe sa se ta yon komisyon ki mande L.T. monte sou chwal li pou l atake atik Michel DeGraff 14 oktòb 2022 nan New York Times?
- Kòm Lyonel Trouillot te travay nan Ministè Kilti ak Kominikasyon nan gouvènman de fakto Alexandre/Latortue sa a (2004–2006) e kòm L.T. se direktè literè nan Atelye Jedi Swa, an n mande: Ki konsèy, rekòmandasyon oswa kritik L.T. ka ofri MIT-Ayiti pou n amelyore travay n ap fè pou n ede nan tabli fondasyon solid pou lekòl tèt an wo ann Ayiti — pou n ede nan mete peyi a tèt an wo? Petèt L.T. ava ofri rekòmandasyon konkrè konsènan aplikasyon Dekrè 30 mas 1982 a (Refòm Joseph C. Bernard).
- Nan menm objektif sa a, èske Lyonel Trouillot ta ka pataje analiz li sou estrateji Pwòf Istoryen Pierre Buteau (an kopi nan imel la) ki te Minis Edikasyon (2004–2006) nan menm gouvènman de fakto Alexandre/Latortue sa a kote L.T. te Chèf Kabinè nan Ministè Kilti ? Èske Pwòf Buteau, li menm tou, te solidè ak aksyon yon gouvènman ilejitim ki t ap maspinen pitit peyi a? An tou ka, m espere estrateji ak bilan P. Buteau kòm Minis Edikasyon 2004–2006 ka ede n konprann pi bon fason pou n ede tout pitit peyi a jwenn bon jan edikasyon — edikasyon nan yon lang tout ti moun yo konprann dapre Dekrè 30 mas 1982 a (Refòm Joseph C. Bernard). Petèt analiz bilan Pwòf Pierre Buteau kòm Minis Edikasyon an 2004–2006 (slogan: «Éducation pour tous; tous pour l'éducation») ava ede n amelyore travay n ap fè jounen jodi a nan dosye fondamantal sa a.
An final, nan analiz pa m, atak Lyonel Trouillot sou atik mwen nan New York Times ta sanble ak yon lòt konsekans gwojemoni ki fè sèten konpatriyòt pami plim e ank nou yo — kit se nan «ladwat», kit se nan «lagoch», kit se nan «dwat e goch» — souvan ap chache kraze sa ki ka bon pou peyi a paske fòk yo defann ideyoloji ak enterè pa yo epi fòk yo jete bebe a pandan y ap jete dlo beny bebe a. Aksyon sa yo se pa pou enterè nasyon an, non.
Enben, sou bò pa m, mwen rete kwè pwovèb kreyòl sa a gen sajès ladan: «Rayi chen; men, di dan l blanch».
An franse:
«... il faut rompre avec le discours paresseux et réactionnaire qui veut que l'ensemble de la fonction publique soit corrompu — il y a eu sous tous les gouvernements des fonctionnaires honnêtes qui ne demandaient qu'à bien faire leur travail ... » (Lyonel Trouillot nan _Le prix du Jean-Claudisme_ C3 Éditions, editè: Pierre Buteau ak Lyonel Trouillot, 2013, paj 14)
Ki donk, lè Chèf Kabinè Lyonel Trouillot ekri:
«yon minis solidè ak aksyon gouvènman li»
li kontredi pwòp tèt li pandan l ap akize pwòp tèt li tou. Kontradiksyon sa yo sanble ak konsekans demagoji gwojemoni k ap chache make pwen pou enterè pèsonèl san okenn respè pou verite ak enterè nasyon an. Nan lojik sa a, sanble fòk nou ta 100% neglije lavni ti moun yo — sispann tout kalite inisyativ pou n amelyore lekòl yo — toutotan pati politik nou rayi a o pouvwa!
Nou menm nan MIT-Ayiti, se pou jenerasyon jodi ak jenerasyon demen n ap travay. Se foumi k ava pote bon nouvèl rezilta yo ban nou.
Sila yo ki enterese pi plis nan doye sa a, mwen pataje lòt referans nan afich sa a sou Facebook.
Epi m ap pataje kèk referans isit la tou:
- Kou d eta kont Prezidan Aristide (2004) apre li te mande pou Lafrans remèt ranson li te vòlè nan men Ayiti depi 1825.
- Premye Minis Gérard Latortue k ap mande Prezidan Chirac padon pou Prezidan Aristide.
- Pierre Buteau ap mande «reparasyon senbolik» pou ranson US$ 21 milya Lafrans te vòlè ann Ayiti.
- Human rights abuse & other criminal violations in Port-au-Prince, Haiti — 2004–2006 (Otè: Athena Kolbe & Royce A. Hutson nan The Lancet).
- Haiti: Events of 2005 (Otè: Human Rights Watch)
- Why Leading Artists and Intellectuals in Haiti supported the 2004 coup? (An kreyòl: An n analize aksyon atis ak entelektyèl de «gòch» k ap sèvi Lagrandyab a «dwat»?)
- Orijin pouvwa PHTK a se nan kominote entènasyonal la — mèsi Pwòf Ricardo Seitenfus pou analiz ou.
- Echèk kominote entènasyonal la nan kòkòt ak figawo ak elit peyi «dwat e gòch» peyi a — yon lòt analiz Pwòf Ricardo Seitenfus.
- Asasina nan tout enpinite: Masak ki jwenn enpinite leta [PHTK] ann Ayiti (Otè: Human Rights Program at Harvard Law School).
- Atik Michel DeGraff nan New York Times: Ann Ayiti, lekòl yo aprann nou rayi lang nou epi rayi tèt nou.
- Fich prezantasyon MIT-Ayiti.
- Atik Michel DeGraff sou «Rèv Yves Dejean» pou lekòl tèt an wo».
- Atik Michel DeGraff sou «Ki lang lajistis dwe pale?».
__________________________
@MichelDeGraff @MITHaiti
http://mit.edu/degraff
https://MIT-Ayiti.NET/
http://Haiti.MIT.edu/
https://MIT-Ayiti.NET/sa-n-ap-fe/
*